Avanpwopo

Ricarson Dorcé et Émilie Tremblay

Lide fè liv kolektif sa a te sòti nan plizyè diskisyon nou te genyen nan kòmansman sezon otòn 2017 la. Nan peryòd sa a, nou t ap reflechi sou yon fason orijinal nou ta kapab make 25 ane egzistans bibliyotèk nimerik frankofòn « Les Classiques des sciences sociales » la, yon inisyativ ki enpòtan anpil pou nou, kòm administratris konsèy administrasyon ak direktè koleksyon « Études haïtiennes » nan, men espesyalman kòm jèn chèchè nan syans sosyal ki entèrese epi ki ap batay depi plizyè ane pou yon aksè gratis ak konesans.

Se te yon gwo defi akòz dèle tou kout nou te genyen pou nou lanse liv sa a nan okazyon kòlòk Platfòm, achiv, ak bibliyotèk nimerik an lib aksè : pwoblèm, opòtinite ak konsekans sou rechèch nan syans sosyal nan frankofoni nou t ap òganize 9 me 2018 nan kongrè anyèl Asosyasyon frankofòn pou konesans (ACFAS). Nan plas piblikasyon sa ki te pase nan kòlòk la, nou te chwazi lanse yon pwojè liv kolektif nan lide pou n fè tande plizyè vwa, ni syantifik ni moun ki pa syantifik, ki soti alafwa nan peyi Nò ak peyi Sid yo; yon divèsite moun ki pa t ap ka nesesèman patisipe nan kòlòk nou an. Chwa nou fè pou nou sòti liv sa a nan « Éditions science et bien commun », yon edisyon ki pibliye an lib aksè, sou entènèt la, ak lisans louvri « Creative Commons » ki pi laj la (CC BY), antre nan menm lojik angajman nou pran pou lib aksè a. Se te yon gwo defi, yon bèl defi! Se avèk anpil kè kontan nou kapab di jodi a nou leve defi a.

Nou ta renmen remèsye tout moun ki te kontribye nan liv sa a. Angajman yo nan pwojè sa a te pèmèt nou pwodui yon liv kalite, pou selebre yon anivèsè ki enpòtan pou bibliyotèk nimerik « Les Classiques des sciences sociales » la ak pou fondatè li, Jean-Marie Tremblay. Liv sa a kontribye tou nan anrichi refleksyon sou dirabilite, devlopman ak pwofesyonalizasyon inisyativ sa a. An reyalite, « Les Classiques des sciences sociales », tankou yon pakèt lòt bibliyotèk, achiv ak platfòm nimerik, ap konfwonte anpil defi ekonomik, teknik, teknolojik, jiridik ak prezèvasyon resous nimerik yo. Se konsa, depi 2016, ekip la kòmanse yon seri refleksyon sou modèl fonksyònman ki baze sou benevola, sipò kèk enstitisyon piblik – espesyalman « Université du Québec à Chicoutimi » (UQAC) ak « Cégep de Chicoutimi » -, sipò kèk lòt moun epi aksè gratis, lapoula, ak tèks ki disponib sou entènèt yo. Nou sensèman espere liv sa a pral kontribye nan refleksyon pou konsolide inisyativ sa a ki fasilite aksè yon pati nan patrimwàn syans sosyal ak syans moun ki pwodui nan Kebèk ak nan tout zòn frankofoni an.

Jodi a, selebrasyon 25yèm rekòt kafe « Les Classiques des sciences sociales » la atravè pwojè liv kolaboratif sa a reflete filozofi inisyativ sa a, ki antre tèt li, depi nan kòmansman, nan yon dinamik patisipasyon sitwayen ak rechèch bon kalite nan domèn difizyon travay syantifik yo. Liv sa, se yon okazyon san parèy pou nou tounen sou sa ki deja akonpli, men tou pou nou gade sa ki ta dwe fèt osnon refèt yon lòt fason pou pèmèt avanti pataj konesans sa a dire nèt al kole. Bon lekti!

Partagez ce livre