Premye koze

Vijonet Demero

Liv sa a ki gen pou tit : De syèk pwotestantis ann Ayiti (1816-2016) : enplantasyon, konvèsyon ak sekilarizasyon se rezilta brase lide ki te fèt nan kòlòk Inivèsite INUFOCAD te òganize nan dat 15 pou rive 17 out 2016 la.  Kòlòk sa a te fèt nan moman lidè pwotestan yo t ap prepare pou selebre de san lane depi Legliz Pwotestan te tabli epi ap fonksyone  ann Ayiti.

Evennman syantifik sa a te rive fèt nan tèt kole ak Federasyon Pwotestan d Ayiti (FPH). Li te sèvi espas pou sitwayen peyi a reflechi sou relijyon sa a ki enstale nan peyi a depi 1816.  Se te yon okazyon pou inivèsitè ak moun k ap fè rechèch yo pataje ak kominote syantifik la epi lidè nan sektè pwotestan yo, yon konesans kritik sou fenomèn relijye sa a,  yon fason pou yo pote kontribisyon pa yo nan devlopman sosyoloji relijyon an, ann Ayiti.

Sou plan istorik, gen 3 sistèm relijye  ki make peyi d Ayiti : relijyon katolik, vodou ak relijyon pwotestan. Soti nan Ayiti pou rive nan Ispanyola, pase pa Sendomeng pou n retonbe nan Ayiti, larelijyon te  toujou la toupatou pou l enprime mak li tankou yon faktè sosyal pwisan toupatou nan sosyete a.  Nan kad pwojè liv sa a, objektif la se pa prezante aspè repantans la nan reyalite relijye Ayisyen an,  men  se pito eseye sènen fenomèn sa a anndan yon kad sosyal ki ba li sans.

Kesyon rapò ant politik ak relijyon ann Ayiti pa ka rete san nou pa etidye l.  Nan sans sa a, gen plizyè kesyon ki dwe poze : Eske gen yon relasyon ant responsabilite sitwayen kretyen yo avèk plas yo nan lavi politik la ? Eske nou kapab di politik la pa genyen ase plas oswa pran twòp plas nan sektè pwotestan ayisyen an ?  Kijan nou ta ka jwenn yon ekilib si sa ta nesesè ? Eske edikasyon sivik nan lekòl yo ta kapab mache ansanm ak atikilasyon sa a si li pa makònen ak enterè majorite a, sitou nan lavi katye yo ?  Kijan nou kapab konsilye lafwa avèk bwat bilten vòt nan pwosesis evanjelizasyon an ? Kesyon sa yo voye nou reflechi sou ni difikilte sou plan kiltirèl  ni difikilte sou plan relijye ki manifeste nan rapò mòd fonksyònman sosyete a genyen ak modènizasyon peyi a.  Repons kesyon sa yo regade tout moun. Chak otè yo, nan fason pa yo, eseye pote kèk eleman repons pou kesyon sa yo.

NB. Pozisyon ak lide ki devlope nan tèks sa yo angaje sèlman moun ki ekri yo a. Lide ki devlope nan liv la makònen ak prensip « Libète konsyans » ke pwotestan yo te toujou revandike depi tout tan.

 

Vijonet DEMERO
Chanselye – Institut universitaire de Formation des Cadres (INUFOCAD)
Vis-Prezidan – Fédération Protestante d’Haïti (FPH)

Licence

Symbole de Licence Creative Commons Attribution 4.0 International

Deux siècles de protestantisme en Haïti (1816-2016) Copyright © 2017 by Vijonet Demero is licensed under a Licence Creative Commons Attribution 4.0 International, except where otherwise noted.

Partagez ce livre