Entwodiksyon

Samuel Regulus

Paske li se yon ajan sosyalizasyon puisan, larelijyon okipe yon plas enpòtan anndan sosyete ayisyen an. Lè nou konsidere jan legliz ak tanp ap miltipliye nan vil yo tankou nan zòn andeyò yo, kantite tan antèn – emisyon evanjelik yo genyen nan medya yo, endikatè sa yo montre nou aklè kijan larelijyon peze lou nan balans lespri pèp ayisyen an.  Sou divès fòm ak denominasyon li yo (vodou, katolik, pwotestan, islam), larelijyon patisipe nan fòmasyon idantite endividyèl ak kolektif pèp ayisyen an.  Nan sans sa a, anviwònman relijye  ayisyen an vin divèsifye; divèsifikasyon sa a pran plas sou baz konpetisyon ak kèk « siy  rekonpozisyon ».

Si listwa montre nou se legliz katolik ki t ap taye banda epi domine anviwònman relijye a an Ayiti, nou ka wè, depi anviwon senkant (50) ane konsa, yon fenomèn estwòdinè kote pwotestantis la  grandi epi devlope nan tout peyi a. Charles-Poisset Romain (1986), youn nan espesyalis pwotestantis ayisyen an, fè remake « tout peyi a fin kouvri » epi nan « Pòtoprens [kapital Ayiti], legliz yo pouse tankou dyondyon ».  Nan analiz li t ap fè sou kwasans rapid diferan kouran pwotestantis la, Andre Corten (2014) soutni yon ipotèz li rele « pannkotizasyon sosyete a ». Kwasans sa a, selon li menm, anrasinen nan yon pwosesis jeneral kote legliz pwotestan yo ap asimile pratik pannkotis yo, tankou legliz katolik yo, atravè mouvman Renouvo Karismatik la.

Sepandan, malgre anrasinman legliz katolik la nan istwa peyi a, malgre jan pwotestantis lan  ouvè kò l epi  rale anpil moun dèyè l nan tout peyi a, ta sanble konvèsyon moun yo nan relijyon kretyèn yo, sou kèlkeswa fòm nan, ta plis chita sou kantite pase kalite.  Dapre yon pè katolik,  pè Foisset, nan lane 1946,  anviwon 90% Ayisyen yo se te kretyen batize, men  80%  nan pousantaj sa a te vodouyizan tou, si n ap konsidere relasyon yo te kenbe ak vodou a nan fason yo t ap pratike larelijyon,  menm lè yo te konn ale nan legliz kretyen yo tou (Romain 1986).  Bò kote pa legliz refòme yo, gen yon ankèt ki fè konnen 13,5% nan moun ki konvèti yo retounen nan pratik vodou yo ; sa ki ta montre egzistans yon « enkiltirasyon sipèfisyèl » jan Fritz Fontus (2001) te montre sa nan analiz li a. Reyalite konplèks sa a  enspire yon blag (militan vodou  yo fè mache) ki di konsa nan popilasyon kwayan yo ann Ayiti, gen 85% se katolik, 15% se pwotestan, epi 100%  se vodouyizan.

Konsiderasyon sa yo mennen nou nan yon seri pwoblematik konplèks, tankou konvèsyon ak  validite estatistik sou relijyon yo nan yon kontèks relijyon dominan  nan relasyon l ak relijyon domine/maltrete; pwosesis transmisyon relijyon yo epi efikasite estrateji evanjelizasyon yo, pwoblèm kriz idantite a ak  entèpretasyon fenomèn relijye yo nan yon espas k ap ofri  divès kalite relijyon. Nan lide pou nou reflechi sou kesyon sa yo  yon fason objektif, yon kòlòk syantifik te reyalize nan okazyon komemorasyon de san (200) lane pwotestantis la ann Ayiti (1816-2016).

Liv sa a: Deux siècles de protestantisme en Haïti (1816-2016) : implantation, conversion et sécularisation rasanble kontribisyon  plizyè espesyalis. Objektif  li, se retounen sou diferan etap devlopman pwotestantis la ann Ayiti epi  reflechi sou wòl li genyen sou plan etik, sosyal ak politik nan sosyete ayisyen an. Liv sa a genyen twa chapit. Premye a rakonte kijan  pwotestantis lan te vin rive tabli ann Ayiti.  Dezyèm chapit la  mezire  pwogrè ki fèt yo ak difikilte legliz pwotestan yo rankontre nan enplantasyon yo, pwosesis konvèsyon an ak transmisyon valè yo nan yon kontèks transfòmasyon ki gen pou wè ak sekilarizasyon epi mondyalizasyon. Pou fini, twazyèm chapit la analize pwotestantis ayisyen an kòm yon fòs transfòmasyon sosyal  nan tout konpleksite l,  ak pwoblèm pou l rezoud yo epi defi pou li leve yo.

Li enpòtan pou nou fè remake piblikasyon sa a ki se rezilta kòlòk syantifik ki te fèt nan kad komemorasyon de san (200) lane pwotestantis la ann Ayiti (1816-2016) eksprime yon nivo matirite relijye sektè pwotestan an vin genyen. Sa vle di, lidè yo  montre volonte pou yo fè yon bon jan dyagnostik sektè relijye sa a sans fòs kote, ni  griyen dan. Epi tou, otè yo te gen pou yo prezante analiz yo t ap fè a san presyon, epi ak yon lespri kritik nan lide pou yo te rive founi yon travay syantifik ki enplike tou pozisyon ak estati prezantatè yo. Egzèsis sila a ap pèmèt chak aktè ki nan sektè pwotestan an rive konprann pase ak prezan li yon fason pou li ka pi byen defini wòl li ak avni li nan sosyete ayisyen an. Menm jan istoryen Oxford la, McGrath (2007) te montre l tèlman byen nan  tèks li a,: « Christianity’s today Dangerous Idea. The Protestant Revolution, « Esans pwotestantis lan menm, se kapasite l pou l egzamine epi renouvle tèt li chak fwa sa nesesè. »

Referans

Corten, Andre, « Pentecôtisme, baptisme et système politique en Haïti », Histoire, monde et cultures religieuses, 29, 1 (2014), 119-132.

Fontus, Fritz, Les églises protestantes en Haïti: Communication et inculturation, L’Harmattan, 2001.

McGrath, Alister E., Christianity’s Dangerous Idea. The Protestant Revolution – A History from the Sixteenth Century to the Twenty-First, HarperCollins, New York, 2007

Romain, Charles-Poisset, Le protestantisme dans la société haïtienne : contribution à l’étude sociologique d’une religion, Henri Deschamps, Port-au-Prince, 1986.

 

Licence

Symbole de Licence Creative Commons Attribution 4.0 International

Deux siècles de protestantisme en Haïti (1816-2016) Copyright © 2017 by Samuel Regulus is licensed under a Licence Creative Commons Attribution 4.0 International, except where otherwise noted.

Partagez ce livre