Pati II. Istwa sou eksperyans aprantisaj ak echanj pedagojik

Istwa sou eksperyans aprantisaj yo ki rasanble isit la se sa pwofesè ki soti Ayiti ak Kebèk ki te dakò reponn kesyon sa : ki eksperyans aprantisaj ou te viv lè w te timoun, lè w te adolèsan oubyen lè w granmoun, nan lekòl oswa yon lòt kote ki gen yon efliyans sou moun ke ou ye jodya? Senk pwofesè gason ak de pwofesè fanm nan CSF, responsab kou nan nivo segondè, te dakò patisipe nan pwosesis la. Nan Cégep, yo te apwoche pwofesè ki gen eksperyans ki fè pati ekip formatè yo epi ki gen kredi nouvo pèsonèl anseyan (Microprogramme en enseignement au collégial, Performa, Université de Sherbrooke) : sis pwofesè fanm ak yon pwofesè gason ki soti nan divès disiplin te dakò pataje eksperyans yo. Nan lane 2018, te dirije yon bout nan antrevi yo yonn pa yonn : yo te reponn an menm tan, pawòl yo te konstwi gras ak yon seri kesyon tou louvri ke moun ki tap fè antrevi a te poze pou te apwofondi kèk ide. Nan yon titan ki te dire nèf minit, echanj yo te anrejistre sou fòma MP3 epi ekri yo sou papye san manke yon yota pou te ka konsève èstil langaj la ki aloral. Li nesesè pou mete aksan sou kesyon lang lan : demach la te fèt nan lang fransè yon dezyèm lang pou pwofesè ayisyen yo, pou te pèmèt yonn konprann lòt, fòmatris la gen yon ti konesans tou piti nan lang kreyòl la. Chwa sa te rann pwofesè CSF yo yon defi patikilye ki te ka gen yon enpak sou konpreyansyon kesyon epi tou sou presizyon temwayaj yo a. Pou nou asire nou ke sa ki di nan anrejistreman odyo yo se sa ki ekri sou papye san fay, nou te ba yo wè tèks yo pou yo te bay apwobasyon yo. Yon lòt defi teknik te parèt : nan kèk ka, li te difisil pou te jwenn òdinatè nan kèk zòn pou te ka komante moso tèks yo. Yo te oblije debwouye yo pou te imajine kèk mwayen pou te fè koneksyon sou kesyon konvèsasyon sou entènèt la gras ak yon aplikasyon mesaj ak apèl videyo gratis. Pwofesè Kebèk yo te pote kèk ajisteman nan kontni yo ak nan fòm transkripsyon yo pandan yo t ap note kèk vèsyon preliminè ke yo te pwopoze yo.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre