Lysias Cossier, pwofesè matematik

Papa m te toujou di m li te ale lekòl sèlman lè li te gen 15 zan paske pwòp papa l pa te okipe l. Men, li te ban mwen chans pou mwen vin lekòl depi tou piti. Depi lè sa a, mwen te pran lekòl la ak tout kè m. Mwen etidye isit la, nan Collège La Sainte-Famille.

Eksperyans mwen te fè lekòl ki te make m plis se lè mwen te nan katriyèm ane. Anjeneral, lè mwen rive lakay mwen, mwen gade chapit matematik yo, men tou, nan tout matyè yo. Mwen te fè tout egzèsis yo. Yon jou, mwen pa konnen sa ki rive m, men mwen neglije etid mwen an. Mwen pa te etidye, mwen pa te travay. Nan demen, pwofesè a te ofri nou yon egzèsis ki te mande pou rezoud yon pwoblèm. Ò! se te anbarasan pou tout klas la. Nan epòk sa a, te gen sa yo te rele fwèt pou kale timoun. Nan kèk etablisman an Ayiti, yo te toujou itilize l, men se pa nan CSF. Menm lè a, mwen te resevwa kou anpil, epi mwen te di tèt mwen: « Ebyen, mwen dwe bay tèt mwen objektif pou travay ak etidye chak jou. » Wi, se sa mwen fikse objektif. Depi lè sa a, li swiv mwen. Apresa, mwen kominike sa a bay elèv mwen yo chak jou: « Pa kite liv ou fèmen, liv pa ta dwe rete fèmen. Chak fwa ou rive lakay ou, ou dwe louvri yo pou wè sa ou te aprann, verifye sit entènèt yo pou wè sa ki ajou, pou ou ka pwogrese nan aprantisaj ou. »

Yon lòt eksperyans nan menm klas sa a te make m. Yo te konn ban m dikte nan lang fransè. Nou te rive nan yon mo, pou egzanp mo a regrettable (an fransè). Kòk nou te ekri mo sa a. Anvan yo bay dikte a, pwofesè a pase yon trè anba mo ak òtograf ki pi difisil yo. Menm lè a, li te rive sou mo regrettable. Epi se te yon gwo pwoblèm pou nou te ka ekri mo sa! Se lè sa a mwen te vire sou sa yo rele sifiks pou kapab byen ekri mo regrettable la. Se konsa, mwen te di tèt mwen: « Regretable dwe soti nan vèb sa regretter, de tout fason. Mwen te di tèt mwen, nou dwe ajoute « able »: men ki jan yo ajoute « able » nan « regretter »? Mwen te panse : « Bon, fòk gen yon mwayen pou fè sa. » Epi yon sèl kou, mwe nwè gen sifiks, menmjan gen prefiks. Sifiks yo la pou kreye nouvo mo apati yon baz. Se konsa, se pou kont mwen, mwen te fè dekouvèt sa a.

Apresa, mwen te vin pwofesè. Mwen anseye matematik nan lise ak kolèj. An Ayiti, lise yo se lekòl segondè leta, alòske kolèj yo se lekòl segondè prive. Pa egzanp, isit la se Collège La Sainte-Famille. Lòtbò a se Lycée Fabre Nicholas Geffrard. Mwen te resevwa fòmasyon nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS – an fransè) nan Pòtoprens nan matematik epi mwen te gen yon lisans. M ap anseye depi dezan, mwen te fini etid inivèsitè m nan ENS an septanm 2015. Se pa yon travay ki fasil, men se pwofesyon ki pi nòb la tou. Nou fòme jenerasyon kap vini yo, nou prepare kad pou peyi a paske tout moun ap pase la. Si ansèyman pa fèt byen, se kolòn vètebral peyi a ki an danje. Antanke yon pwofesè, mwen pa pral ansenye sèlman matematik, men tou, aprann yo sa mwen ta ka rele devwa sivik. Mwen ansenye pou yo vin yon bon sitwayen. Epitou, yon bon sitwayen vle di kiltive lanmou pou peyi a. Peyi sa se yon peyi kote chak ayisyen ta dwe renmen li. Mwen transmèt sa tankou mesaj nan pwofesyon mwen an.

Aprèsa, kòm yon anseyan, mwen remake an Ayiti, gen plizyè lekòl. Gen sa ki ta ka rele « lekòl lavil », ak « lekòl andeyò ». Lekòl lavil, se pa egzanp nan gwo vil yo: yon moun ka site Pòtoprens, Gonayiv, Sen Mak, Okap petèt. Lekòl andeyò, se pa egzanp nan seksyon kominal yo. Nan peyi nou an, gen dis depatman kote yo chak gen yon vil prensipal, pi gwo vil nan depatman an. Apresa, gen komin yo, vil ki pi enpòtan yo, epi gen seksyon kominal yo. Pa egzanp, mwen travay nan yon vil ki sitiye yon tikras nan lès Gonayiv, nan papòt Gonayiv. Ou pral remake ke sa a se pa menm reyalite a ak elèv yo nan Collège La Sainte-Famille. Elèv yo pagen menm bezwen.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Copyright © 2024 by Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus is licensed under a License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, except where otherwise noted.

Partagez ce livre