Dyalòg ant Jean Noé Alcéus ak Annie-Claude Prud’homme

JNA : Annie-Claude, ou te pran avyon nan dat ki te 10 janvye 2018 la ak lòt moun ki te nan delegasyon Cégep de Rimouski a pou te vini Ayiti. Ou te di m voyaj la te ba ou laperèz. Kisa ki te enkyete w?

ACP : Se vre ke mwen te pati pou m ale Ayiti ak anpil perèz. M te rekonèt mwen nan deskripsyon Dany Laferrière te fè bay jounalis Chantal Guy nan yon jounal ki rele Tout bouge autour de moi. Mwen te li tèks sa lè mwen retounen Kebèk epi mwen te konstate mwen menm tou, mwen te di wi ak tout mwen menm pou yon pwojè vwayaj nan peyi Dayiti, men aprè plizyè moun pale avèk mwen, dout la te vin retounen ankò. Li te sanble yon danje pou ta mete pye ou Ayiti! Yon ti tan aprè, mwen te vin pè pou chalè, maladi tropikal, katastwòf natirèl ak kidnapin. Mwen te sonje ke mwen te pè pandan ke mwen te vle patisipe tout bon nan pwojè a.

JNA : Koman premye moman yo te ye lè ou te rive Ayiti?

ACP : Yo te akeyi m tankou yon fanmi. Nan Okap, nan Gran-Rivyèdinò, nan Lenbe ak Nan Gonayiv, akèy yo te fè pèrèz la fonn lakay mwen. Kontak nou ak kontak ki te fèt depi an Ayiti te pèmèt vwayaj la te byen pase. Nan kèk katye mwen te pwonmennen, mwen jwenn moun ki te gen visaj yo byen mare, epi yo fikse sou mwen pandan y ap pale yon lang mwen pa konnen. Ki sa gason, fanm ak timoun sa yo panse lè yo wè yon visaj ke yo pa konnen ap pase nan lari a? Mwen te oze di yo bonjou, koman ou ye? Epi mwen jwenn kèk bèl souri. La, mwen te wè yon renkont ki make lajwa, ki te posib ak kèk mo, men tou ak ouvèti moun sa yo ki pa te gade m sou koulè po m.

JNA : Sa w dekouvri sou Ayiti pa t koresponn ak sa w te li oswa tande?

ACP : Anpati, nan figi peyi a, mwen obsève tras ki make povrete a, sa medya yo konn difize : visaj ki make mizè, kay moun abite ki pa nan bon eta, fatra, gang ak zam ki devan kèk kay ak plizyè magazen. Mwen wè fè nwa, men mwen wè limyè tou.  Medya entènasyonal yo pa pale souvan de kèk bagay k ap pase nan peyi a tankou regwoupman sitwayen yo, anpil inisyatif ki pran pou pèmèt moun nan zòn yo jwenn dlo potab, travay ki fèt pou anpeche sitris yo fin disparèt, kreyasyon chabon vèt, rebwazman savann ak tèt mòn yo, pou kenbe yon lakilti san pwodwi chimik ak anpil lòt pwojè ankò. Yo montre nou yon pati nan reyalite la, lòt pati a pa gen pwojektè sou li. Pandan tan sa, peyi a ap pèdi anpil okazyon nan kesyon solidarite paske tout moun pa byen konnen ki sa ki Ayiti a tout bon. Sa se yon bagay ki reyèl nan sa ki gen pou wè ak lekòl an Ayiti. Mwen te li limit sistèm edikasyon an genyen sitou majorite lekòl se etablisman prive. Se timoun fanmi yo ka peye inifòm ak materyè èskolè ki sitou gen chans pou ale lekòl. Mwen te konnen pwofesyon fè lekòl se pa bagay ki gen anpil valè nan peyi Dayiti epi pèsonel yo pa byen touche, se menm bagay pou plizyè peyi rich, men ak yon lòt nivo.

JNA : Se vre. An Ayiti, pafwa yo rele pwofesè yo « machann lè ».

ACP : Paske chak pwofesè ap travay nan plizyè lekòl?

JNA : Wi, yon pwofesè nan segondè ka travay nan kat oubyen senk lekòl pandan yon jounen epi li touche pou kantite lè li travay. Men reyalite a diferan pou matènèl ak primè jis paske anseyan an angaje l pou yon jounen travay ki gen sis èdtan konsa.

ACP : Pou mwen menm, mwen dekouvri nan CSF yon ekip nan direksyon an ki okipe l nan fòmasyon pèsonèl li yo, ki gen sousi pou reponn ak vrè bezwen yo, epi mwen rankontre tou enseyan ki gen ouvèti lespri, ki okipe yo ak byennèt elèv yo, ki toujou ap mete yo ajou ak apwòch pedagogik tou nèf, ki konsyan limit yo genyen ak konesans ke yo manke. Yo pa machann lè ke mwen konn rankontre, men pito yo se moun ki gen anpil konsyans pou travay y ap fè a. E ou menm, koman ou te viv moman lè delegasyon nou an te rive?

JNA : Kolèj nou an toujou ap goumen pou bay pwofesè li yo yon kantite bagaj pedagojik pou pèmèt yo pi efikas nan fonksyon ke yo genyen. Ki se edike timoun kominote Twousab yo nan Gonayiv. Delegasyon ou an te rive nan janvye 2018 pandan sezon livè a ki pat gen anpil solèy… Lajwa te konble kè nou lè nou t ap akeyi bèl delegasyon ou an lakay nou. Nou te prepare nou pou n te resevwa etranje, men reyalite a se te yon lòt bagay : se zanmi n nou t ap resevwa. Se tankou nou te ka di yonn te gentan konn lòt. Paske solidarite ki te parèt la te san parèy. Nou menm ki te nan delegasyon an, nou te entwodwi nou ak yon salitasyon nan lang kreyòl : « bonjou, koman nou ye? » Sa ki monte ke nou te gentan ap chèche entegre nou nan lang matènèl ak kilti pa nou. Depi lè vwayaj sa, ou te renkontre anseyan yo yonn aprè lòt lè gen poz epi aprè rankont yo, pou te mande yo pou yo temwaye sa yo viv nan moman ansèyman yo. Mwen te yonn nan yo paske mwen se pwofesè istwa, epi se mwen ki kòdonatè pedagojik lekòl la. Anpil relasyon pèsonèl te kreye tou nan moman rankont sa yo.

ACP :  Rankontre avèk profesè yo pou antrevi yo aprè fòmasyon yo se te yon eksperyans kiltirèl. Istwa pa yo te kouvri ak kontèks ki nan anviwònman yo… Anpil fwa bri ki gen lekòl la melanje ak vwa pwofesè yo tankou yon vag nan lanmè. Vwa timoun yo, ri yo ak chante yo nan lakou lekòl la konn menm pèse mi ki fèt ak beton yo, sa ki toujou rive sou mwen. Na lari a, nou jwen bri machann ki chita ak sa k ap pwomennen, bri vwati ak gwo kamyon k ap pase konn antre nan tout fenèt yo, anplis pousyè yo tou ki melanje ak pousyè lakrè tablo ki kouvri visaj nou pandan n ap pale. Mwen t ap koute ak anpil atansyon pandan mwen depoze menm sou ban an ki pa twò chaje ak pousyè, se tankou yon sitiyasyon ki vrè men tou ki sanble yon imajinasyon. Pafwa, mwen te gen enpresyon gramoun ki devan m lan te yon lòt fwa ankò yon elèv nan lekòl vilaj li a. Fòk mwen di nou, gen yon nwit mw pa t ka domi, kout tanbou te fè m pa te ka fonti fèmen je m. Yon vwazen tou pre a te mete yon potomitan nan lakou li, li ta fè rityèl vodou li tout nwit la.

JNA : Wi, se yon reyalite ke vodou a prezan anpil an Ayiti. Orijin li soti depi nan epòk kolonizasyon ak esklavaj kote esklaj yo ki soti Lafrik te sèvi ak sa pou òganise rezistans koupe fache ak lopresyon blan kolon yo. Istoryen ayisyen Dantès Bellegarde konsidere vodou a tankou yon relijyon men tou tankou yon asosiyasyon politik. Bellagarde ekri: « seremoni yo te ranpli ak anpil bagay lòt moun pa t rive konprann » (1938, p.65).

ACP : Mwen te gen yon apèsi ak yon kè kontan! Pandan tout vwayaj la, se sèl devouvèt mwen t ap fè. Padan konvèsasyon yo ak anseyan yo, mwen te toujou ap mande yo pou eksplike m yon aspè nan kilti yo a oubyen yon bagay yo di ke mwen pa rive konprann menm ke se fransè n ap pale. Mwen repanse ak yon pwofesè apa. Mwen santi lakay li, yon moun ki gen anpil enèji men ki eksplike anpil bagay an menm tan se tankou plizyè ide monte nan tèt li ansanm epi li ta vle di tout san kite yonn. Se tankou nan espri l li se yon moun ki konn tout bagay epi ki pa rèspèkte epòk, ni domèn k ap pale a, ni bagay ki regade yon moun ak bagay ki regade tout moun. Anplis, li te di m pati souvan pou yon « lòt mond ». Mwen te kesyone li sou sa, li te eksplike m se yon fason pale, mw pa bezwen enkiyete m. Mwen panse mwen te ka konprann sa li te vle dim nan pandan mwen t ap li Passion Haïti yon liv ke Rodney Saint-Eloi te ekri. Se pasaj ki dekri ke yon anseyan ayisyen k ap travèse lari pou li al fè kou : « Li t ap mache pandan li t ap resite pa kè plis pase dis powèm. Li t ap imajine mond lan. Li te pwisan, li te bèl. Li enkane nan tèt li yon lougawou ki abite nan lari a. Li ap drive nan tout miray yo ak sou twotwa yo nan lari a, padan l ap envante yon chante ak kè kontan, se tankou se nan yon mize oubyen yon jaden.  Li fasil anpil pou yon moun vin ekriven an Ayiti, yon sèl bagay ou beswen fè, se mete reyalite yon bò epi konble espas vid yo ak manti » (2016, p.65). Mwen byen panse ke mwen te renkontre yon ekriven ayisyen.

JNA : Se tankou mwen ta di, nan chak temwayaj yo nou dekouvri yon pèsonalite ki genyen pwòp rapò li ak mond lan.

ACP : Sa ki parèt jis, lè mwen vin retwouve pwofesè yo sou platfòm elektwonik nan distans, sa te pèmèt mwen vin renfòse konpreyansyon mwen sou fason yo wè mond lan ak reyalite a. Ou, ou te pran tan pou w te eksplike nou bagay yo byen. Mwen panse ak konvèsasyon nou an sou kesyon tanperati a. Ou te di m, nan mwa mas ki te pase, Gonayiv te fè frèt anpil ki te rive nan vennsenk degre selsiyis. Pandan mwen t ap ri, mwen te mande sa sa vle di, paske jou sa mèki a te desann byen ba nan Kebèk. Ou sonje sa ou te di mwen ?

JNA : Chalè a se yon medikamen pou nou. Popilasyon an grangou, timoun yo ki soti lekòl ap mouri ak grangou. Nou pa twò santi grangou a nan moman chalè a.

ACP : Wi, se sa ou te di m, nan moman sa te gen yon silans ki te fèt. Ou te repale de tanperati a kote mwen te mande ou ki obsèvasyon ou fè sou echanj pedagojik yo sou videyo konferans lan nan moman livè 2021 an.

JNA : Se te yon mèvèy pou n te gade enseyan Kebèk yo, pandan tanperati a pi ba ke zewo, echanje yo ap fèt yonn ak lòt padan lakay nou li fè plis ke ven degre. Eske sa se pa mirak teknoloji a? Yon paj nan listwa kolektif sou ansèyman-aprantisaj la te komanse ap ekri. Malgre divèsite etnik, klimatik ak kiltirèl. Depi nan komansman, sa ki te make m se dezi pou mwen te aprann. Kebekwa yo pat gen nan yo yon pretansyon siperyorite. Yo te kwè pou yo ka chanje eksperyans yo ak fason pou konn anseye avèk pa nou yo.

ACP : Pou mwen menm, lè mwen sonje rankont sa yo, mwen panse ak visaj pwofesè Gonayiv ki konn briye dèfwa fatige ke mwen te konn wè nan televizyon. Se tankou lespwa pou yon landemen te toujou la, ak yon fatig ki kache. Nan mitan 2018 ak 2021, tan an te pase konsa… Lè mwen te vin rejwenn anseyan yo ak mwayen entènèt, mwen mande tèt mwen : koman yo te viv pandan twa dènye ane sa yo ak twoub politik la epi pandemi an? Mwen te poze yo kesyon epi yo te reponn mwen : « sa pa mal », men tou, kèk fwa « difisil ». Lè yo te poze m menm kesyon, mwen te reponn : « N’ap boulè », yon fason pou m te di yo tou bagay byen. Sa te fè yo ri, sitou lè mwen te di yo « pa pi mal ». Yon Kanadyèn blanch te ka reponn konsa? Yo te reponn mwen wi. Sa vle di nan sans literal « Nou ap brile ». Mwen te panse : 1804, premye repiblik nèg nan mond lan, yon pèp ki bay tèt li libète, sann yo pa t ni konn li ni konn ekri, sans yon èstrikti sosyal.  Nan san yo ak tèt yo make plis ke yon syèk kote yo te nan esklavaj, epi jodya, jèn nanchon jèn rete kanpe malgre tout bagay. San dout, konvèsasyon nou te bay plas ak yon pon entèkiltirel, entèdisiplinè ak entègenerasyon ki rich anpil. Echanj sa yo, di anpil bagay sou lavi pwofesè sa yo nan tout sans. Kesyon nou te travay sou yo a, se gran kesyon ki touche nan nannan aprantisaj la, lekòl la, relasyon pedagojik la, menm istwa Lamerik la. Se kesyon fondamental ki mande anpil refleksyon : « Poukisa apwòch ki chita sou konpetans lan? Koman ou ka pran tan pou w koute chak elèv pandan klas la chaje?  Ki kote wòl anseyan fini, kote wòl paran yo komanse? Elèv yo ki nan zòn defavorize yo, eske yo gen chans pou yo reyisi? Koman pou motive elèv yo aprann matematik, fizik, fansè, ki se matyè jèn yo twouve ki difisil? Koman nou ka ankouraje medam yo enterese ak lasyans? Koman pou enseye listwa, syans sosyal, politik, filozofi lè ke pèsonaj piblik ke medya pale de yo a anpil fwa pa bon modèl, epitou se moun ki vire do bay bon konpòtman yo? Koman nou ka anseye enpak pwovrete a genyen, sipopilasyon, yon èskolarizasyon ki en degraba nan sosyete ak anviwonnman? » Nan yon anviwònman degrengòch anpil fwa, men kesyon sou dives kalite sans nan mitan elèv ak etidyan yo. Kesyon enpòtan poutèt mo sa yo antre nan responsablite ki pa menm pou moun k ap anseye yo! Yo di m se nan sans sa mo disiplin vin ajoute an Ayiti, ta sanble ke lekòl an Ayiti yo gen yon jan yo wè èspirityalite a tankou sa te ye Kebèk nan tan lontan. Mwen konprann sa : kelke swa kontèks la, yon moun k ap aprann rete yon moun k ap aprann, ak tout sa ki genyen kòm defi ke moun ki la pou akonpanye l la ap fè fas. Nou rive mete kesyon nou yo nan menm panye, lide nou yo ak èstrateji nou yo pou nou anpeche chak moun rete ak pwoblèm yo men pou nou avanse ansanm : « Ou menm sèl, ou prale vit, men nou tout ansanm n ap rive pi lwen », jan pwovèb afriken an di a.

JNA : Echanj sa yo raple m ke Kebewa ak Ayisyen, nou se se frè ak sè. Listwa nou yo fè nou gen bon jan rapò tou, sitou ak lyen ke nou chak geneyen ak Lafranse. Sa eksplike poukisa nou pale franse, byenke aksan kebekwa a pi pwenti epi pi rafine pase pa nou an.

ACP : Kisa ou vle di, lè ou pale de « pwenti ak rafine »? Ou vle pale de varyete vokabilè? Se sitou rit la ki make diferans lan. Mwen sonje kèk fwa, nou konn gen difikilte pou konprann pwofesè Cégep yo ki pale vit.

JNA : Se byen. Ou itilize yon vokabilè ki pi rich. Ou pi alèz ak lang lan. Ou pale vit, gen delè nou konn menm gen difikil te pou nou konprann ! Se sak te rive nan seyans avèk pwofesè yo te envite yo. Pou ou menm, lè ou t ap bay fòmasyon an, ou pa t prese lè nou t ap pale pou n te konprann. Pwofesè yo te remake sa, yo te di ou fè efò pou ou pale menm jan ak nou. Fransè ayisyen pi lou pase franse kebèk la, paske lang franse se premye lang pou kebekwa yo tandiske lang franse se yon dezyèm lang pou ayisyen yo. Pou pale franse, ayisyen yo oblije aprann mo yo, règ, gramè, elatriye. Sa fè ke nou pran plis tan pou nou di yon fraz, pou pase sou yon bagay. Tandiske ou menm, ou pa gen tout tèt chaje sa yo. Sa eksplike tou poukisa menm fransè yo pale a se menm fransè sa yo ekri tou nan Kebèk. Pou Ayiti, nou ka repete yon mo oubyen yon fraz lè n ap pale pantan n ap chechè lòt mo pou nou kontinye, men lè n ap ekri, nou pa jwenn repetisyon sa. Sa ka rive tou yon mo franse ka glise pandan n ap pale franse a men lè se ekri sa pa posib. Sa make diferans ant yon konvèsasyon ak yon dokiman ki ekri. Lè nou ap ekri, nou pote koreksyon, nou di tèt nou : « Mo sa pa nan plas li, fòk nou jwen mo ki bon an ». Sa ki enteresan an se paske menm règ gramè ke ou dwe swiv oubyen konnen an se menm bagay la tout kote yo ap aprann franse, tankou jan Nathalie Poirier te di nou nan temwayaj li a. Men ta sanble kebekwa yo remake chak moun gen yon aksan ki pwòp a yo menm.

ACP : Se menm bagay la tou pou temwayaj pwofesè ayisyen yo ki te fèt nan lang franse, paske mwen pa t konnen kreyòl la ase. Sa fè ke temwayaj pa yo toujou pi kout ke pa pwofesè kebek yo ki t ap eksprime yo nan lang manman ak papa yo. Sa pat enpeche tou antrevi yo te dire menm kantite lè, men ayisyen yo te toujou komanse tipa tipa, epi nou te toujou bezwen rekòmanse. Sa te rive dèfwa ke nou toujou bezwen pou yo eksplike nou kèk mo, dèfwa sa te konn fè nan bon zanmitay.

JNA : Wi. Ayisyen yo ap pale franse pandan y ap reflechi sa yo pral di a nan kreyòl. Gen de mouvman ki fèt an menm tan : refleksyon an fèt nan lang kreyòl se paske lide ak mo ki pèmèt refleksyon an fèt la se kreyòl. Epi kreyòl la pral tradwi nan lang franse lè y ap pale. Lè yo ap pale, yo fè yon doub aktivite. Yon refleksyon nan yon lang ak yon esplikasyon nan yon lòt lang. Sa bay difikilte pou jwen yon fraz ki korèk tout bon. Se poutèt sa yo itilise anpil « c’est-à-dire[1] », paske yo dwe eksplike ak lòt mo sa yo vle di a tout bon. Sa se pwoblèm fransè a. Yo pa trò kwè sa yo di a se sa yo te vle di tout bon vre. Pou yo kore oubyen pou yo asire yo sa yo di a se sa yo te vle di a tout bon, yo itilize « c’est-à-dire, c’est-à-dire »!

ACP : Nou ka di, nan yon menm lang, sa rive ke yonn pa konprann lòt. Mwen te tande yon konferansye ke mwen pa sonje non li ki te di : « Mo yo se yon pakèt tibato ki trouve yo nan yon oseyan ki rele sans ». Sa se yon lide mwen jwenn nan yon liv yo rele dyalòg : « Yon mo ka komen pou de moun k ap pale, epi sans ak valè ke yo chak bay mo sa pa menm », sa ki bay yon diferans ant sa ou te viv wap eksprime ak sa lòt la konprann (Gira 2012, p. 75).

Ankadreman 1 : Dyalòg la

Daprè Dennis Gira, espesyalis nan boudis ak dyalòg entèrelijye, otè kontanporen ki fè fas ak dyalòg, kit entèkiltirèl, entèrelijye, elatriye mete aksan sou « ijans pou lavni nan limonite ». Dyalòg se « yon echanj pawòl ak ekout resipwòk ki enplike de oswa plisyè moun, ki gen diferans men ki egal tou » (Basset 1996, site pa Gira 2012, 38). Sepandan, yon dyalòg konsa gen anpil defi ki enplike. Pou rezon sa a, li enpòtan, daprè Gira, pou gen « yon konsyans klè » sou rezon ki fè yo dwe angaje ladan l, nan fason pou yo pèsevere nan moman ki pi difisil. Kominike motivasyon ou yo bay entèlokitè ou a se yon sèvis tou pou ede l entèprete avèk presizyon sa w ap eksprime yo.

Nan Le dialogue à la portée de tous… (ou presque), Gira etabli « yon règleman ki presye » pou sipòte nenpòt dyalòg pou fè li reyisi.

  1. « Pa chèche nan lòt moun nan sa ki enpòtan pou nou » (2012, 42). Règ sa a se baz tout lòt yo apiye : « […] kle pou konprann lòt la nesesèman soti, li pa soti nan pwòp eksperyans pa nou, men nan lòt la li menm ak nan koyerans entèn nan tradisyon li ak nan kilti li » (ibid.).

  2. « Rekonèt limit mo yo » ki kache otan yo revele yo (ibid. 59). Chak lang gen mo ki pa gen ekivalan nan lòt lang. Se poutèt sa li enpòtan pou nou gen imilite pou rekonèt ke gen nesesèman yon diferans ant eksperyans lòt moun ak sa nou ka konprann lè yo kominike li nan pwòp mo pa nou. Menm lè yon mo komen pou de moun, siyifikasyon yo bay li a ka diferan.

  3. « Genyen yon prensip pou òganize » (ibid. 76). Règ sa a konsène idantite epi fè pati nan yon kilti, nan yon tradisyon. Pou yon rankont vin tounen yon dyalòg, chak moun ki enplike yo dwe klè sou trajèktwa lavi yo ak valè ki pi chè pou yo. Si gen enplikasyon de kilti, de tradisyon, yo dwe kesyone chak moun sou konesans yo genyen sou kilti sa yo, sou koyerans entèn yo, sou egzijans yo, sou pratik ki pi enpòtan ke yo genyen ak sou enplikasyon yo nan fason mond lan wè yo.

  4. « Jije tradisyon lòt la daprè “gran valè li yo” men se pa nan “kote negatif yo” » (ibid. 91). Prensip sa a se enspire nan yon fraz Albert Camus, eksplike Gira : « Onètete, jan li tedi, se jije yon doktrin pou sa li vo, men se pa sou kote negatif li yo » (1948,  Gira te site, 92). Koute lòt moun antan w ap pote yon atansyon patikilye sou kote ki pozitif nan kilti yo olye ke se sou kote ki pa twò klè yo, sa ap evite lòt la oblije defann kèk bagay nan tradisyon li yo epi, yon fwa ou nan pozisyon sa a, ou pral wè nan entèlokitè ou yo awogans oswa agresivite, ki ka menmen trè souvan menm bagay la lakay lòt la. Sepandan, se pa yon kesyon pou n inyore limit yon kilti, men pou n pa kite nou tonbe avèg devan yo, pou pi byen dekouvri sa ki fè lòt moun viv. Konnen dezavantaj pwòp tradisyon yon moun pèmèt ou sonje ke se yon moun ki te pote l epi moun sa ka gen menm feblès ak moun ki te kreye « detay yo » nan lòt tradisyon yo. Sa vle di, li pi fasil, daprè Dennis Gira, pou akeyi kòmantè sou zòn ki pa twò klè yo nan kilti nou an lè nou konnen ke lòt la te wè gran liy nan kilti li a epi te petèt menm pote admirasyon l yo.

  5. « De bagay ka gen yon diferans radikal san yo pa opoze dyametralman » (ibid. 106). Lè yon moun envesti nan konpreyansyon pwòp tradisyon yo ak tradisyon lòt moun, kit nan koute atantif oswa nan yon pwosesis aprantisaj fòmèl, nou ka jwenn yon « pon » sanzatan. Anplis de sa, vizyon diferan sou yon prensip ki sansi ka vin tounen sijè ak yon dyalòg reyèl ki pote benefis pou limanite, ak kondisyon ke tout pati konsène yo kite kad panse abityèl yo.

ACP : Aprann li ak ekri nan yon dezyèm lang ke ou poko menm konnen sanble pou mwen yon gwo defi pou elèv ayisyen k ap komanse ale lekòl. Defi sa rive jis nan granmou yo lè yo vle gen yon lavi entelektyèl nan lang franse. Mobilize lespri w pou ou fòmile yon lide epi tradwi li an menm tan se yon bagay ki egzijan anpil. ansèyman nan lang kreyòl ki se prensipal lang manman ak papa tout ayisyen parèt tankou se yon wout ke mwen dwe konsidere (Calmont et Mérat 2015; Ndao, 2016), nan pèspektiv pou « dekolonize lekòl an Ayiti » (Gourgues, 2022).

JNA : Si nou pa gen yon fòmasyon nan lang franse ki ka pèmèt nou konprann yon tèks epi konnen koman pou nou itilize fraz yo, nou ta ka pase tout lavi nou san nou pa rive pwodwi yon tèks menm. Pwodiksyon ekri, se bagay ki pi difisil ke pale franse. Nou ka wè gen anpil entelektyèl ki pale franse nan radyo, nan televizyon Ayiti yo men lè se pou yo pwodwi yon dokiman se la difikilte a ye. Mwen ta renmen poze ou yon kesyon : eske nan Kanada, Kebekwa yo pale anglè pi plis chak jou?

ACP : Jodya la, anglè ak fransè se de lang yo plis pale nan peyi Kanada. Nan Kebèk, fransè a se lan prensipal, se sa yon lejislasyon te mete dakò sou sijè sa, epi anglè se yon dezyèm lang. Nan pwovens pa nou an, lang lan make yon idantite. Nou konnen listwa Kebèk, revandikasyon k ap menmen pou rekonèt li tankou yon sosyete ki diferan ak rès Kanada? Li te genyen de referandòm pou Kebèk te endepandan, men ki poko ka rive nan bout li jiska prezan. Pou mwen menm, mwen grandi nan yon rejyon kote majorite moun ki la se anglofòn, nan lwès zile Monreyal, byenke paranm se frankofòn. Mwen te ale nan lekòl ki bay enseyman nan lang franse, men nan lakou lekòl la, nan bis lekòl la, nan pak, nan ekip foutbòl, timoun yo pale anglè. Yo te byen wè yo k ap pale anglè! Mwen sonje, pwofesè dans mwen te pale sèlman anglè, sa ki te bay mwen difikilte pou mwen te konpran konsiy yo! Mwen raple tou ke mwen te swete leve yon jou poum wè m k ap pale lang sa. Mwen viv eksperans kote mwen nan pwòp peyi m epi mwen santi m etranje. Tan sa te pase, frè m, sè m epi mwen menm t ap grandi pandan n ap apran anglè. Yon ti tan aprè, mwen vin chwazi etidye literati fransè ak Kebekwa, epi mwen apran lang panyòl pou m te etidye literati panyòl ameriken pou m te ka vwayaje nan lamerik latin nan tou. Mwen panse ke pale plizyè lang se yon chans, yon richès, men komansman pa t fasil. Konnya, nan Kebèk, gen yon deba k ap fè k ap fè pale anpil nan medya yo. Se pou premye fwa yo jwenn anpil anpil imigran ak etidyan prefere pale anglè nan plas franse, jis paske yo kwè yo ka jwen plis chans pou yo trouve travay.

JNA : Wi anglè vin yon lang komèsyal. Mw poze kesyon sa paske mwen konnen Kebèk gen yon listwa apa. Mwen konnen tou teritwa se anglè yo ki te kolonise l.

ACP : Se vre, teritwa sa se fransè yo ki te kolonize li anvan, aprèsa nan lane 1760, nou te vin yon koloni britanik. Kòz sitiyasyon sa, frankofòn yo te pran yon frap nan ekonomi yo.

JNA : Sa ou dekri la, se menm reyalite a pou Ayiti. Timoun yo pale fransè nan sal klas yo, men nan lakou, nan lari, nan kamyonèt se kreyòl yo pale. Ti ayisyen yo pale kreyòl la tout kote, selman lè yo lekòl. Kreyòl la se premye lang yo epi franse a se yon dezyèm lang. Menm jan pou ou franse a se premye lang.

ACP : Gen yon gwo diferans, paske mwen menm mwen etidye nan lang manman m ak papa m. Lakay mw paran m te ka montre mw fè devwa paske yo se frankofòn epi yo konprann konsiy pwofesè yo. An Ayiti, l ap difisil pou paran yo ka ede pitit yo si yo pale kreyòl sèlman tandiske ansèyman fèt nan lang fransè.

JNA : Se yon reyalite, majorite paran yo pa konn li ni ekri epi tou yo pa pale franse. Paske lekòl pa te priyorite yo. Ta sanbe se paske se fè richès ki enpòtan pou yo. Pou yo, richès la se nan travay latè men pa nan lekòl. Konnya, lekòl fin yon priyorite, yon oblgasyon. Jodya la, paran ki voye timoun yo lekòl se ak lespwa yo ka jwenn yon landemen miyò. Yo di timoun ki fòme epi edike a se richès. Sa depase lespwa yo te mete sou travay late a. Konnya, paran yo pa mete lespwa yo nan travay latè ankò men yo mete li nan levasyon timoun yo. Yo fè tout mwayen pou bay timoun yo moso ledikasyon menm si yo menm yo pa konn li ni ekri. Yo kwè timoun yo ka devni yon moun demen si yo reyisi nan lekòl yo.

ACP : Sa ou di m la, fè m sonje temwayaj ou a kòm pwofesè. Ou te di m gwo richès la se moso ledikasyon.

JNA : Wi, fraz misyonè kanadyen sa te make m : « Plis ou fòme, se plis ou kapab soti tèt ou nan lavi a ». Aprentisaj la se yon chans. Avèk aprantisaj la, ou ka rive bout kenpòt objèktif. Sinon, ou ka bloke.

ACP : Pou mwen menm, lè m ap aprann, reyalite a parèt enteresan pou mwen, pi rich. Yon pwofesè kebekwaz te fè refleksyon sa pou mwen : yon fwa ou fin aprann yon bagay, li enposib pou w fè bak, enposib pou w wè mond lan menm jan. Aprantisaj la chanje yon fwa pou tout fason ou te wè mond lan. Antan n ap koute istwa eksperyans aprantisaj pwofesè yo, Mwen te aprann anpil sou sak sanble ak sa ki pa sanble nan mitan kilti nou yo, epi sa te transfòme m.

JNA : Ki kote lide pou kolekte temwayaj sa yo soti?

ACP : Mwen te li yon liv Philippe Meirieu, Le plaisr d’apprendre, kote li te bay plizyè zanmi toupatou lapawòl, yo te rakonte eksperyans yon aprantisaj espesyal. Mwen te aprann anpil nan liv sa ki mete byen klè kote chak moun se aprantisaj la ki konstri yo. Pou plis ke li rakonte lavi li te deja souliye evolisyon sa. Dapè Pineau ak Le Grand, istwa lavi moun se yon « rechèch, se konstriksyon sans yo ki soti nan bagay ki pase pèsonèlman » (2019, 3). Mw vin konprenn aprantisaj la enstwi nou epi istwa aprantisaj la transfòme nou piplis toujou. Mwen wè ke sa itil pou n sonje pwosesis sa lè nan milye ki gen rapò ak ledikasyon, enpòt kote nou ta jwen nou. Egzanp, Si mwen aprann nan tout fòmasyon, li itil pou komanse nan sa patisipan yo gen fòmasyon ladan l yo avan ou pran yon lòt sijè, pedagoji a rich nan mwen. Si mwen pran konsyans aprantisaj sa epi mwen eksplike l, mwen mete tout chans yo bò kote m pou yo ka jwenn rasin yo nan mwen, pou pratik mwen yo ka pote transfòmasyon ki dire, pou santiman mwen yo ka gen amoni epi ogmante! Yo plizyè te reflechi sou pwosesis ki antre nan jwèt la nan sa ke Schön (1983) rele pratik refleksib. Cifali ale nan menm sans lan : « istwa » se yon zouti pou analize praktik li yo nan mezi kote ou rive dekri yon eksperyans nan pwòp mo l yo (2018, 195-197). Anplis ankò, yon istwa sou eksperyans aprantisaj, ke se listwa lavi, ki pèmèt yo bay lapawòl non selman ak moun ki gen otorite sosyal oubyen pwofesyonèl, men toua k moun kip a gen sa yo tou. Daprè Pineau ak Le Grand, listwa lavi rakonte plis bagay ke lavi moun pou plis ke nou pran li nan mouvman enviwònman deyo ak anndan, fizik oubyen sosyal » (2019, 4). Nou wè byen, lè pwofesè nou rankontre yo fè referans nan sa y ap di nan fanmi yo, nan lekòl yo, nan milye sosyal, nan kilti yo, elatriye.

Ankadreman 2 : Istwa sou eksperyans aprantisaj ak istwa lavi a

Yon istwa sou eksperyans aprantisaj se yon fòm istwa lavi, jan Gaston Pineau ak Jean-Louis Le Grand defini li a : «Istwa lavi a se yon rechèch ak konstriksyon siyifikasyon ki soti nan reyalite tanporèl pèsonèl yo, li angaje yon pwosesis ekspresyon eksperyans » (2019, 3). Se yon pwodiksyon ki chita sou yon relasyon ak sou plizyè etap :

1. kout je nan prezan sou pase;

2. entèraksyon sosyal nan mitan moun ki rakonte eksperyans li a (naratè a) ak moun ki nan pozisyon pou koute a, ki chita nan yon kontèks enstitisyonèl (entèlokitè), ak moun ki ideyalman devlope yon lyen avèk konfyans;

3. transfòmasyon pou soti nan pwodiksyon oral pou rive nan pwodiksyon ekri ki komanse defini epi k ap enstitisyonalize selon kote nou vle rive a (ibid., 105).

Plizyè aspè, istwa lavi a entegre lapawòl epi li ale pi lwen pase limit espas pèsonèl enteryè a pou l laji nan yon « ansanm » (ibid., 3-4). Vreman vre, yon istwa eksperyans pèmèt, menm jan ak yon istwa lavi, tire valè ki ajoute nan lavi yon moun epi kontribye nan « òganize yon lòt fwa sosyalman nan domèn pwodiksyon ak difizyon konesans yo » (ibid., 102):

Se [ …] pa lòd anvan an ki etabli posiblite pou objè istorik la. Se souvan menm opoze a, aparisyon nan yon evènman kote siyifikasyon se chèche epi konstwi li aprè. Epi se jisteman paske lavi moun se pa yon istwa men se twoub nan mitan de près avèk istwa, kote tout moun ap gougen pou fè de chemen fè yon sèl, se chemen ki bay chans pou kontinye ak chemen ki pa bay chans pou kontinye. (ibid., 72).

Toujou daprè Pineau ak Le Grand, nati a ak efè istwa lavi yo detèmine nan kondisyon sosyal kote li fèt (ibid., 117). Nenpòt apwòch istwa lavi a enplike yon fòm enstitisyonalizasyon, paske li toujou fèt nan yon sitiyasyon kote gen yon diferans ki pi gran oswa pi piti ant enterè endividyèl ak misyon enstitisyonèl yo (ibid., 105):

Apwòch istwa lavi se pa yon apwòch deyò yon pwojè, yon estrateji konesans, yon pwogram rechèch, yon pwoblèm. Anplis de sa, fòk istwa lavi kolabore ak lòt mòd refleksyon/rechèch. (ibid., 107)

Anplis faktè enstitisyonèl la, Pineau ak Le Grand ogmante diferans ki genyen nan mitan moun k ap rakonte a ak moun y ap rakonte a, ki kapab enfliyanse enfòmasyon yo bay yo. Se poutèt sa, li esansyèl pou kominike klèman depi nan kòmansman objektif yo, pozisyon enstitisyonèl yo nan tèm pouvwa ak libète angajman nan pwosesis la (ibid., 109-111):

Se pou istwa lavi, depann sou kondisyon yo egzèse a, kapab yon zèv pwisan nan otonòm ak konesans oswa nan soumisyon ak izolman, ki egzije kondisyon sa yo yo dwe eksplike ak negosye otan ke sa posib. Lè ou kapab fè li oswa ou ou pa ka, se yon endikatè ki granmoun nan pouvwa sa ki gen lavi nan travay la (ibid., 118).

Istwa lavi a pèmèt ou eksplike lyen ant panse ak aksyon, ant teyori ak pratik, ant pase, prezan ak lavni, ki ka trè rich nan yon pèspektiv devlopman pwofesyonèl: « Nan yon pèspektiv plis ekzistans, konbyen moun, pou tèt yo men tou nan egzèsis pwofesyon yo antanke pwofesè, fòmatè, pa pouswiv objektif sa a pou fè rapwochman sa a, pou asire yo tabli yon dyalòg ant de rejis aktivite [teyori ak pratik] sa yo nan objektif pou sansibilize yo? […] Pèspektif pwojè lavi a ak aksyon fondamantal isit la. (ibid., 104)

Jean Jacques Demba ak Liliane Mbazogue-Owono, rèspektivman pwofesè-chèchè ak pwofesè didaktik nan École Normale Supérieure nan Libreville (Gabon), menm jan tou pou Marie-Claude Bernard, pwofesè titilè nan Fakilte syans edikasyon nan Inivèsite Laval (Kebèk), etidye metòd istwa lavi yo tankou yon fòm konesans nan pèspektiv etnografi lekòl la. Daprè yo, ekspresyon istwa lavi yo kouvri yon seri de pwodiksyon langaj, ki gen ladan istwa pratik ki « ka rakonte yon epizòd sengilye ki lye ak lavi nan klas la oswa prezante yon temwayaj sou rezolisyon yon ka [sou egzèsis la nan yon pratik pwofesyonèl] » (Demba et al. 2020, 147). Sanble istwa lavi nan edikasyon fè li posib pou bay vwa moun ki pa genyen l:

Pou vwa moun ki inyore nan rechèch ak, nan ka patikilye edikasyon an, moun yo pa tande vwa yo nan politik edikasyon an, nan yon fason pèspektiv nan pedagoji kritik epi liberal pedagòg Paulo Freire a. […] Apwòch biyografik pi patikilyèman istwa lavi yo ta jwe yon wòl enpòtan nan pozisyon pwofesè yo kòm sitwayen angaje. (ibid., 148)

Vreman vre, daprè Florence Piron (2019), pran lapawòl ka ankouraje yon pwosesis nan otonomi an, nan pran chaj pa moun nan rakonte vwayaj yo atravè travay la, nan kreye siyifikasyon ke yo pote nan di lòt moun sou tèt yo. Se poutèt sa istwa lavi yo sanble pote pou moun ki vle angaje yo nan sosyete yo nan lòd yo kontribye nan pi gran « jistis kognitif » (Piron, Regulus ak Dibounje Badiba 2016).

JNA : Èske w te obsève ke lè yo rakonte istwa yo, pwofesè yo pran konsyans?

ACP : Mwen kwè se vre. Pwofesè ayisyen yo sanble gen lakontantman nan kè yo lè yonn renkontre lòt. Yo fè sa ak santiman ke yo konprann yo, pandan y ap pran tan yo pou chwasi mo yo lè y ap pale franse. Pwofesè Kebèk yo, yo menm pran tan yo pou yo byen konpran kesyon an, yo gen nan tèt yo de oubyen twa repons epi yo okipe yo pou yo fè istwa byen fonde ki chita sou oryentasyon pwojè yo. Yo te plis pale, lè se nan lang manman ak papa yo yo t ape temwaye.

JNA : Entèvyou yo pa te fèt nan menm kontèks pou pwofesè CSF ak Cégep yo.

ACP : Vrèman, mwen pase tou dimensyon enstitisyonèl yo dwe konsidere pou ka entèprete istwa yo, poutèt ke pwofesè  ayisyen yo te temwaye nan  kontèks analiz bezwen  fòmasyon ke delegasyon Kebèk la te fè. Malgre tout sa ki te okipe lespri nou, li pa te enposib pou yon moun te santi li evalye. Jisteman, mwen te li pa twò lontan Paul Ricoeur. Nan Soi-même comme un autre, Ricoeur eksplike enpak « inegalite » sou yon relasyon, dezekilib sa a soti nan kondisyon kiltirèl ak politik, oubyen li soti nan « premye pozisyon ou pran ak lòt la nan dinamik solisitid la » (1990, 225). Daprè Ricoeur, retounen ak egalite se fè sa tout moun di sou frajilite, epi finalman mòtalite » (ibid.). Ta sanble lide sa jwenn ak lide Cifali a ki pwopoze pou li aksepte, nan relasyon pedagojik, yon « manyè maladwa[2] » (2018, 288-289) : yon moun ki vle akonpanye yon lòt dwe akeyan, moun sa dwe montre li vilnerab devan lòt la olye li kouri kite l, epi li dwe devwale sa avèk franchiz paske se yon moun epi se lejitim. Nan yon lòt fason nou te ka di, tankou Ricoeur, Cifali defann posiblite pou yon konpansasyon inegal pwisan pa resipwosite nan yon echanj. Mwen panse ke ou ak mwen, petèt nou gen apèsi ekilib sa ke Ricoeur ak Cifali dekri a.

JNA : Vrèman?

ACP : Wi, tankou, lè yonn nan rankont nou yo sou entènèt nan lane 2020, ou te vle konnen si mwen te regrèt vwayaj mwen te fè lakay nou. Ou te konnen lane ki vin vini an, mwen te tonbe malad sa fè ke mwen pat ka ale nan travay mwen pandan plizyè mwa.

JNA : Wi se sa, sak fè mwen te mande tèt mwen si ou panse se rezilta vwayaj la…

ACP : M ap reponn ou ak franchiz pandan mwen tou pè reyaksyon w. Mwen fè chwa pou mwen devwale jan mwen vilnerab, jan mwen frajil, tankou Ricoeur di. Mwen eksplike ou ke m pa te gen regrè epi mwen pa kwè se vwayaj la ki te fèm malad. Mwen fè w konfyans ke plizyè mwa aprè tan mwen te pase nan Gonayiv la, mwen te jwenn mwen epwize ni nan kò m ni nan lèspri m. Èstrès te lakòz mwen pèdi ekilib nan lèspri mwen padan lontan sa te vin lakòz tou mwen   pèdi ekilib nan kò m. Byen ke mwen te pè pou m pat fè moun ki bò kote m yo wont, zanmi Ayiti m yo ladan l tou wi, mwen te kanpe tout bagay pou yon titan. Mwen pa konn ki mo pou m itilise pou eksplike nou eprèv sa paske yo te di m konsèp epwize nan travay, sa egziste an Ayiti. Nan Kebèk, se pa yon dyagnostik ki ofisyèl, medsen yo pale pito sou troub ki gen pou wè ak adaptasyon oubyen depresyon.

JNA : Mwen sonje, ou te di m vwayaj an Ayiti a se te yon pwojè ki chita sou valè w yo, epi lyen ke ou te twouve yo te motive pou te pran swen tèt ou, pandan w ap espere yon jou w ap reprann echanj yo.

ACP : Sa bon wi, yon kò kraze rive pandan yon bout tan epi gen anpil lòt bagay ki ka fè sa rive. Mwen aprann anpil. Tankou lè m bezwen fonti ralanti, lèm beswen yon ti tann tou. Mwen t ap tann sa, se poutèt sa mwen te bezwen plizyè mwa pou mwen te pran fòm kò m. Ou te di m ou konprann, se te yon moman kote kò a te bezwen fon lache. Eske se yon reyalite ou te déjà wè oswa konnen?

JNA : Wi, li gen èstrès, li ka gen pwoblèm nan fanmi, pwoblèm nan travay. Èstrès la ka dekonekte nou nan tout sa ki gen pou wè ak travay nou. Si gen yon pwoblèm ke nou pa ka jere rapid, sa ap gen enpak sou nou : nou ka pa enterese ak travay la ankò epi nou ka pa ka bay resilta ki enteresan. Sa se resilta chòk ki gen pou wè ak sikoloji. Tankou, mwen konnen yon moun k ap travay nan yon òganisasyon entènasyonal epi ki toujou gen pwoblèm. Li mande tèt li kisa pou l fè nan sitiyasyon sa. Nou tout pa gen menm kapasite pou nou konnen koman pou n aji lè nou nan yon pwobèm. Mwen, lè mwen gen yon pwoblèm mw toujou avanse malgre sa. Sa se premye atitid mwen. Kenpòt pwoblèm nan, mwen gade trankilite m. Aprèsa, mwen rele Bondye, mwen konsilte l, m ap fè tèt mwen travay pou mwen ka pran pi bon desizyon an. Men fòs mwen, se paske mwen envite Bondye nan tout sa m ap fè. M ap bay yon blag, men se yon verite! Mwen gen chyen lakay mwen. Yon manman chyen sot mèlba, li fè sèt tichyen. Depi lè li fin mèlba, li vin mechan. Lè li soti nan lari, li mode moun. Dènye fwa, mwen te anndan kay la, yo rele m pou di mwen li mode yon moun. Mwen pale ak moun nan, mwen mande l pou li ale lopital pou li ka pran swen epi mwen di li yon bagay. Mwen di li : « Mwen pral priye pou chyen an. »

ACP : Pou chen an?

JNA : Men wi! Mwen te mande Bondye pou li te anestezi dan chyen an lè li deyò a. Si yon chyen bliye dan l, il pap ka mode. Chyen mwen an te vin mechan, mwen te dwe evite ke sa rive ankò. Depi lè sa, li pa janm mode okenn moun ankò. Li nan lari a, l ap gade moun k ap pase, men li pa mode ankò.

ACP : Èstrès se san dout yon pati nan lavi a chak jou ou. Sanble difikilte yo anpil an Ayiti. Tankou, dènyeman, lekòl katolik yo te kanpe travay paske kidnapin nan t ap ogmante chak jou nan peyi a. Mwen konsyan ke mwen, mwen viv pi pasab, pi lib, men mwen pa ka kenbe. Li difisil pou m eksplike kontèks sa bay yon moun k ap viv nan yon reyalite ki pa menm ak pa m nan. Nan menm tan, mwen konnen yon moun kit se an Ayiti kit se nan Kanada, gen limit li, difikilte ak obstak. Se jis sa ke Ricoeur di nou. Eske ou wè sa mwen vledi?

JNA : Mwen wè, li posib pou genyen plis èstrès bò kote nou. Chak sosyete gen difikilte pa yo nan nivo pa yo. Nou ka pa gen menm reyaksyon fas ak yon sitiyasyon oubyen lòt. Sa ki etone nou, se paske nou menm ayisyen nou ka fè rezistans ak chòk yo. Paske chòk yo nan lavi nou chak jou. Nou ka di nou fin abitye ak chòk yo. Pou ou, se pa menm bagay. Pran egzanm, ensekirite a. Li vin tounen lajan monen an Ayiti, men nou fonksyone kanmenm. Nou pa aksepte ensekirite a jan li a, men nou eseye fonksyone kanmenm. Pliske nou vle fonksyone, nou mete nou nan yon nivo kote ensekite a pa ka kanpe nou nan travay nou yo ak nan aktivite nou yo.

ACP : Se tankou se sa mwen wè. Epitou, mwen panse ke li gen yon defi, lè ke nou pataje lide sou reyalite nou yo. Li toujou gen yon pwoblèm lè yonn ap fè imajinasyon sou yon lòt. Mwen koute ou, epi mwen gen chwa pou m wèw pi saj, pi fò, ak plis rezistans ke mwen, oubyen pou m wè nou egal nan diferans nou genyen. Mwen panse ke mete nou nan menm nivo ap enpòtan pou yon zanmitay kilti nan kilti ka pran nesans. Mwen di tèt mwen : mwen gen anpil admirasyon pou nou, mwen wè aprentisaj ki gen nan sa n ap fè a. Mwen konnen ke mwen menm tou, mwen ka aprann, tankou pou mwen ka vin gen plis rezistans. Se sa m ap aprann pandan m ap koute ak gade kouman ekip kolèj ou a ap ale. Ou swiv mwen ?

JNA :  Wi, m ap di ou sa ak tout senserite : mwen raple m lè mwen te rankontre ou nan lane 2018. Li te gen kèk bagay ki te motive m. Se volonte pou mwen apran ankò. Paske gen yon moman mwen te kanpe epi te di tèt mwen, mwen gen timoun pou okipe, mwen gen sa, mwen gen sa pou fè, mwen pa ka kontinye aprann. Men lè mwen te renkontre ou, mwen te wè fason ou te prezante travay ou, talan ou genyen pou travay la epi mwen te di tèt mwen : me yon moun ki atache ak travay li epi ki fè travay li, mwen te di sa se byen. Nan moman sa, mwen te di tèt mwen ankò : « Se vre se yon travay, men mwen panse ke mwen pa bay ase tan ». Paske an Ayiti, nou fè twòp bagay nan menm tan. Epi sa vin bay yon reta, oubyen yon mankman, nou pa vrèman nan nivo nou ta dwe ye a. Mwen di tèt mwen : « Mwen dwe  amelyore konpetans mwen, nan travay mwen, ameloyere tou kou m ap fè yo ak nan travay biwo a.» Mwen twouve nan nou egzanp moun ki pwofesyonel, ki konnen tout bon vre sa l ap fè a. Mwen aprann anpil bagay nan ou ak nan ekip ou.

ACP : Mèsi paske ou eksprime sa pou mwen!

JNA : Mwen sonje tou ou te remake kèk bagay ki te ede m anpil. Ou te di m konsa lè mwen di yon bagay, mwen pran tan pou mwen di l. Ou konnen, mwen pran tan se paske mwen bèg. Yo di bèg an Ayiti lè w pa ka di yon mo byen fasil. Lè mwen te nan klas prime, Yo te di m : « Fòk ou pran tan, epi di mo yo ak pasyans pou lòt la ka konprann. » Mwen konprann ke si wap pale epi moun wap pale avè l la pa tande, se tankou ou pa pale. Nan moman pase yo, mwen te konn pale vit, men konnya, mwen ranje m pou mwen di san prese sa mwen dwe di, pou mesaj la ka pase. Sa bay rezilta paske lè mwen ap pale ak yon elèv oubyen ak yon etranje : li tande epi li konprann. Se rezon sa ki fè mwen toujou pran tan sou mo mwen yo. Mwen pran tan ke sa mande pou mwen lanse yon fraz.

ACP : Titan nou toujou pran lè nou ap pale franse a, mwen ap eseye fè antre plis nan lavi m, pou mwen fè bagay yo yon lòt jan.

JNA : Pou sa ki gen pou wè ak pale lan an, kòm ekzanp? Sa ap itil pou yonn konpann tèt ou, lè n ap pale yon lang ki pa lang manman ak papa ou. Sa bay lapenn paske ak dyalòg, nou dekouvri anpil bagay pase lè n ap ekri yon tèks poukont nou. Nou ka dekouvri bagay ki nèf. Pandan n ap pale, lide yo ap vini epi nou ka diskite pi fasil sou kèk bagay ke nou pa t ap menm ekri.

ACP : Wi, Nou ka depase kèk bagay nou pat ka rive konprann ki gen lyen ak diferans kiltirèl yo, oubyen tou sou chak moun tankou nou sòt fè la.

Ankadreman 3 : Relasyon an

Pèspektiv sou konsèp relasyon an anpil, yon lòt fwa ankò, miltidisiplinè. Paul Ricoeur, yon referans esansyèl pou moun ki enterese avèk « dyalèktik la nan ou menm ak nan lòt la », adopte yon pèspektiv filozofik. Nan Soi-même comme un autre, li mete limyè sou konsèp pwòp tèt ou lè li konsantre sou siyifikasyon etik li, nan nosyon « bon lavi » an relasyon ak obligasyon (nòm moral la) ak konfli. Pou fè sa, li konte sou definisyon ak prensip aristoteliyen yo, enkli lide ke amitye pa nan yon sèl espès, ke li se ekivòk epi nati li pa ka revele san refleksyon sou orijin li. Kesyon pou w poze : èske amitye baze sou sa ki byen, sou sa ki itil oswa sou sa ki bèl? Pwiske trè souvan, de moun ki enplike nan relasyon yo pa egal nan kapasite pou yo aji oswa nan otorite, prezans nan solitid mityèl se, daprè Ricoeur, li nesesè pou fè emèje nan yon amitye ki chita sou « bonte ». Li dekri solitid sa a tankou yon « rechèch pou egalite atravè inegalite a », toupre « yon ak lòt » Aristote (1990, 224-225). Sa vle di, « egalite a retabli sèlman lè tout moun rekonèt frajilite ak mòtalite yo » (ibid.). Kidonk, li envite nou kite tout fòm grandizè sou kote : « Lè se pwòp tèt ou ki raple vilnerablite mòtalite a, sa ka resevwa plis nan feblès zanmi an pou plis ke li pa ba li l lè li sèvi avèk pwòp rezèv fòs li » (ibid., 223). Sètènman, solitid la ta gen limit li:

Nan yon vrè senpati, pwòp tèt ou, ki gen pouvwa pou aji nan kòmansman pi gran pase sa lòt moun, twouve l afekte avèk tout sa lòt moun ki soufri a ofri l nan retou. Paske, lòt moun ki soufri a soti yon don ki pa soti nan pwisans li pou l aji epi egziste ankò, men nan feblès li. Sa kapab yon gran eprèv nan solitid li, ke inegalite nan pwisans lan vin konpanse avèk yon resiprosite natif natal nan echanj lan […]. (ibid., 223)

Li ale san yo pa di ke pou filozòf la, sa a se yon aprantisaj enpòtan pou nenpòt moun ki vle etabli relasyon ki chita sou egalite.

Mireille Cifali, istoryen, sikanalis ak pwofesè onorè nan Seksyon syans edikasyon nan Inivèsite Jenèv, fè panse Paul Ricoeur a fè eko pandan l ap bay yon limyè enteresan sou lyen ki genyen ant relasyon ak aprantisaj nan yon kontèks ansèyman. Pi presizeman, li fè fas ak angajman pwofesè a nan eksperyans akonpayman pedagojik la ak enpòtans ki genyen nan abite relasyon an:

Abite kò ou, abite pawòl ou, abite yon espas. Lè w andedan, ak konsyan, pou pa fèmen tèt ou nan mete akote sa ki deyò. Pèmèt lòt la rankontre yon konsistans, tèt ou, pandan w ap kenbe yon mouvman rechèchnan ouvèti ak sa ki pa nan ou menm. Ouvèti sa a posib sèlman si kote sa a ou abite ak yon foul moun, lòt moun ki konstitye nou. (2018, 12)

Relasyon ki abite a ta dwe « yon akseleratè enkonsyan » », epi li ta mande pou « jwe » yon pati nan tèt ou, nan istwa yon moun (ibid., 40). Cifali envite nou pran risk nan relasyon an paske li ta bon, pafwa, si « prezans lòt la pa kite nou pou kont nou » (ibid., 58), sa vle di, li ebrale konsepsyon nan tèt nou ak nan mond lan. Se ta yon kesyon de « respè pandan n ap pouse » (ibid., 61), pandan y ap fè « reflechi chak jou sou konsekans aksyon nou yo » (ibid., 76).

Pou Cifali, relasyon an mande travay, sitou si li twouve l nan yon kontèks enstitisyonèl, ki rejwenn pawòl Ricoeur a: « Yon relasyon pa ka devwale, se viv pou w viv li. Lè sa a, se yon kesyon nan « pran swen li », nan gen « yon enkyetid pou lyen an » » (2019, 15; sitasyon yo se pou Prairat, 2017). Li pwopoze pou chèche koman relasyon an ap mache (pou li pa detwi), lyen an (pou ke li bati ansanm) ak rankont la (pou li transfòme), twa eksperyans presye nan lavi moun ak lavi pwofesyonèl (ibid.). Pawòl Cifali ki rejwenn ak Frederic Worms (2014), yon filozòf ki enterese nan domèn swen, lè li ekri:

Se sou relasyon an nou panse. Nan relasyon nou aprann. […] Pa gen okenn transmisyon yon objè san yo pa kenbe l nan yon relasyon; pa gen okenn relasyon ak tèt li, san yo pa dekouvri yon objè. Ansèyman gen, pa egzanp, kenbe tou de: objè a ak relasyon an. (2019, 26).

Apre Ricoeur, Cifali envite yon « etik sou diferans », sa vle di pa janm chozifye yon lòt oswa inyore l pou jan li ye oubyen pou moun li ye a, men pito rekonèt yo tankou yon sijè ki responsab pou evolisyon yo. Sa manifeste nan « aksyon ki adrese epi ki enterese nan sa yo genyen kòm yon konsekans pou yonn oswa lòt; pawòl ki soti nan dyalòg avèk li; aparans ki sijere yon estim pou moun yo rankontre konsa » (ibid., 37). Nan fason sa a, yon koneksyon ka pafwa vire an relasyon, epi pafwa, nan yon rankont ki gen sans.

Men, koute lòt moun pa mande w pou bliye tèt ou, pa egzanp rete gade silans pou w pa blese, sa ki ta bay yon monològ olye ke yon dyalòg: « Echanj lan ka fèt nan diferan nou yo. Nou pa oblije nye tèt nou pou benefis li, li pa bezwen yon glas an fas li men yon rankont ak yon lòt moun ki pran l an konsiderasyon. » (2019, 60) Lide sa a rejwen pawòl Gira yo (2012) paske, daprè Cifali, pa gen okenn prezans nan lòt la san otantisite:

Otantisite nan aksyon ak nan reyaksyon vle di yon bagay tankou “yo prezan nan lòt moun ak tèt nou”, san yon mask, menm fè anbarasman nou, malèz ak maladrèz nou vizib. […] Nou kanpe “an fas” epi nou pare pou tande sa yon lòt santi sou prezans sa a. (Cifali 2019, 139)

Daprè li menm toujou, « [dyalòg] se temwen konfyans ak fidelite, yon batay ke nan chak rankont nou mennen, ak frajilite nou yo ak blese nou yo, pou koute sila ki pale, rekonèt li, konfwonte nou, kenbe relasyon an » (Cifali 2020, 11).

Plis toujou, li montre defi ak posiblite relasyon pwofesyonèl nan mitan de moun ki pa egzèse menm fonksyon, pandan n ap pran egzanp pwofesè a ak teknisyen nan terapi ki akonpaye yon etidyan. Se « pran risk pou yo deplase », fòk « ou kesyone tèt ou sou jan ou pale, sou fason ou itilize teyori yo », fòk ou asepte pa gen repons pou tout bagay:

Pou de moun, li gen bagay nou ta kapab fè menm, nou pa te ka travay pou kont nou sou yo. Egzijans travay enteryè pou nou menm [pwofesè] tankou pou li [terapis ki akonpaye elèv la]. Travay komen, rejwisans nan panse menm lè nou antrene nan soufrans lan. Kòmanse travay, paske nou yonn rekonèt lòt mityèlman. Kesyon ap pase, sijesyon ap fèt, konstri refleksyon ansanm. Ni konsèy ni lòd: sijesyon ak swivi. Ke nou pa santi nou pou kont nou. (ibid., 177).

An gwo, daprè Cifali, « tout pwofesyon, ki gen yon moun kòm yon patnè k ap travay, gen responsablite pou yon rankont parèy » (ibid., 189).

JNA : An gwo, Ki sa ki te plis touche w pandan vwayaj ou a lakay nou?

ACP : Mwen te touche anpil ak sa mwen te tande nan bouch fanm ak gason mwen te rankontre. Mwen te touche plis toujou lè nou te mande m pou m pale de krent mwen te genyen ki te ka fè m rete Kebèk, lè m pran chans pou m rakonte sa, pou m te bay avi yon etranje ki konnen yon ti kal bagay sou Ayiti malgre tout lèkti mwen te fè. Mwen santi ouvèti ki gen lakay ou ak apresiyasyon m pou mwen koute ou. Mwen di sa avèk emosyon epi mwen replonje nan sa ki se yon eksperyans tout moun alawonbadè, se yon reyalite : sa ki se yon vwayaj andeyò peyi m ki vin devni yon vwayaj andan peyi a gras ak renkont yo ki gen anpil siyifikasyon. Mwen panse m te touche sa yon moun gen ki pi bèl lakay li : yon kapasite pou antre nan relasyon malgre diferans epi pou nou depase ansanm limit chak moun. Yon povèb ayisyen di nou : « Lavi a, se yon pwoblèm » ? Mwen, sa mwen aprann, se kouraj mwen ki depase lapèrèz, pasyans fyète lespwa ke mwen te li akote sousi yo ak nan kwen je. Ou gen lafwa, epi « tout latè se yon fri lesperans » (Saint-Eloi, 2013, 54), se pa vre? Mwen anvi di : sou gran zile sa ki se latè, tankou li lesansyèl pou nou wouze jaden an ansanm ! Yon pati nan mwen menm rete lakay ou, epi yon pati nan pèp ou nan mwen. Mwen te pran avyon ak anpil laperèz, mwen retounen ak lamitye nan kè mwen, epi mwen vle pou tras eksperyans sa rete. Eske ekriti pa pèmèt mwen depase distans pou m fè lòt rankont tou nèf reparèt ankò?

JNA : Wi, temwanyaj ak echanj pedagojik ke nou reyini yo, se yon zèv kolektif ak bileng, yon plas pou lonè ke nou voye pou tout pwofesè nan mond lan ki sa krifye yo pou bay tout yo men avèk elèv nou yo. Ki sa nou ka ofri ki pi bon ewo liv, lakrè, kaye, bik ak tablo sa yo? Sa tou, se pwojè k ap yon souvni sou yon rankont ki pote fri nan mitan kolèg pwofesè ki nan de kolèj, CSF ak Cégep. L ap pote yon mesaj fratènite, solidarite nan mitan de pèp ki te sibi kolonizasyon, men jodya ki pa gen menm reyalite sosyal, politik, ekonomik ak kiltirèl. Nou ka aprann anpil, men moun pa janm aprann twòp et nou p ap janm fin aprann. Sans lavi a twouve li nan travay ak aprantisaj. Liv sa ap yon bouke flè ki ap adrese ak aprenan yo nan Cégep la ak nan CSF epi ak tout mond lan, pou nou di yo pwofesè yo a renmen yo anpil, l ap tann tou sa ki pi bon lakay yo. Mwen te anvi di : « Chè etidyan, nou ka reyisi etid nou epi rive bout objèktif nou, si nou vle fè sakrifis pou sa. Aprantisaj la pa fasi, men ou pa ka mete l akote tou si ou vle devni yon moun ki gen diyite. Nou menm tou kolèg anseyan yo : se pou nou fyè de pwofesyon kip a gen pri. Nou nan sèvis inosan yo ak lavni an. Annou fè travay nou ak tout kè no, sa vle di avèk lanmou ak anpil pwofesyonalis tou. Se pou grenn nou simen yo tonbe nan bon tè ». Tankou Pè Gerard Dormeville, fondatè CSF te di : « Pou yon moun, lavi se yon byen ki pi presye pou defann. » (2019)

Anseyan yo nan CSF (Gonayiv, Ayiti) ki te pataje yon istwa sou eksperyans. Soti nan goch rive nan dwat : Magnès Cossier (literati), Jean Noé Alcéus (syans sosyal), Nicole Narcisse (franse ak savwa viv), Jean Bien-Aimé (literati), Lysias Cossier (matematik), Francesca Auguste (kreyòl) ak Fabius Permélus (panyòl ak mizik).
Anseyan yo nan Cégep de Rimouski (QC, Kanada) ki te pataje yon istwa eksperyans. Soti nan goch rive nan dwat : David Pelletier (biyoloji), Gina Lévesque (swen enfimyè), Hélène Rhéaume (sosyal travay), Mélanie Arsenault (arkitèkti), Nathalie Poirier (injinyè bati), Caroline Dupont (lang ak literati). Absan sou foto sa a : Barbara Hébert (fòwèsri).
Anseyan yo nan CSF nan fòmasyon janvye 2018 la (Gonayiv, Ayiti). Nan mitan : A.-C. Prud’homme.  Devan nan bò goch : M.-A. Faro.
Anseyan nan CSF ki te tèmine avèk fòmasyon ki te ofri nan mòd sinwòn sou Zoom nan mwa fevriye 2021. Sou bò dwat la nèt : Pè Dormevil, fondatè ak direktè jeneral CSF (Gonayiv, Ayiti).

  1. Tradiksyon : sa vle di.
  2. En français : ethos de la maladresse.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Copyright © 2024 by Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus is licensed under a License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, except where otherwise noted.

Partagez ce livre