Dyalòg ant Jean Noé Alcéus ak Annie-Claude Prud’homme

ACP : Jean Noé, èske ou pa trouve li enteresan pou w tande anseyan yo k ap pale sou epòk yo pat konnen, oubyen epòk kote yo pòkò te pwofesè. Yo rankontre, yo chak, bagay yo aprann granmesi paran yo, pwofesè yo, zanmi yo, elèv yo san ke yo pa te menm konsyans de sa.

JNA : Pwofesè a pandan l ap anseye, ap aprann tou. Li aprann pandan l ap anseye. Epi sa, se kote ki pozitif nan modèm edikasyon : nou aprann nan tout laj, nan tout moman.

ACP : Sepandan, nan yonn nan reyinyon fòmasyon sou entènèt yo, yon pwofesè ayisyen te mande yon pwofesè kebekwa kisa li fè lè li fè yon erè pandan l ap rezoud yon pwoblèm sou tablo a. Yon diskisyon sou dwa pou fè erè swiv. Pwofesè ayisyen yo eksplike ke si yo fè yon erè, yo pèdi respè yo devan elèv yo. Yo wè yo tankou mèt yo, kidonk yo dwe konnen tout bagay. Men, temwayaj yo nou rekolte isit la montre ke elèv la aprann nan men pwofesè a, pwofesè yo aprann nan men elèv yo tou. Wou a vire san yo pa konsidere relasyon pouvwa, yerachi, relasyon otorite, ki montre verite yo anpil ak konplèks nan mond lan ki an mouvman. Chemen libète a pa nan yon sèl direksyon epi li sanble gen plizyè branch. « Poukisa ou limite tèt ou padan mond lan pa limite nou? », sa ke pwofesè Fabius Permélus te repete avèk rezon. Pwofesè yo vin transmetè konesans paske yon jou, yo te aprann panse lib gras ak yon moun oswa yon eksperyans ki te fè yo reflechi. Se ka Marie-Ange Faro! Vreman vre, plizyè aprantisaj fèt nan aksyon, epi fè yon chwa ki souliye konsekans yo, anpil bagay pale sou libète ak responsablite, sou limit yo. Eske sa kapab fòmatè pou etidyan ak elèv nan kolèj nou an èspesyalman pou yo li, non?

JNA : Non sèlman pou elèv yo, men tou pou lòt pwofesè yo. Paske enseyan ki pral li tèks la pral pote atansyon sou eksperyans ke li fè nan klas : lè w ap anseye, li gen kèk bagay ki pase, men nou pa menm rannkont, epi se bagay ki merite pou kenbe nan tèt nou, pou gade yo. Nan ensèyman, nou dwe gade tras yo.

ACP : Eske se yon fòm pratik refleksiv?

JNA : Wi, pou egzanp pou rekonèt siy aprantisaj yo. Lè mwen gade temwayaj pwofesè Cégep yo, mwen wè ke lè nou aprann, gen ezitasyon. Pa egzanp, temwayaj Francesca Auguste, Nicole Narcisse ak Mélanie Arsenault montre ezitasyon sa a. Papa Francesca te pale avè l sou ansèyman, li te ezite, li te eseye yon lòt bagay, answit li te retounen nan sa yo te konseye l. Menm istwa konsènan Nicole. Mélanie pa t kwè ke li te kapab kondwi machin nan nan mòd chanjman. Obsèvasyon an se ke nan aprantisaj, gen ezitasyon ki tout kote.

ACP : Mwen pa t wè sa. Yon ezitasyon pou fè tèt ou konfyans ak yon ezitasyon pou fè chwa? Yon zanmi, Léane Arsenault, te deja eksplike m ke ezitasyon eksprime dout, epi ke se dout ki pèmèt nou pase soti nan paradig nan ekspètiz nan sa ki nan ensètitid, jan sikològ la ak pwofesè Yves St-Arnaud (2002) te di l la. Moun ki nan paradigm ekspètiz la santi li responsab pou gen repons pou nenpòt kesyon epi li gen difikilte pou fè eksperyans rezistans moun ak moun yo kominike, pandan ke moun ki nan paradig ensètitid la aksepte rezistans ak dout kòm opòtinite pou dekouvri nouvo konesans. Vreman vre, se dout ki kreye mouvman : li pèmèt nou louvri espas ki nesesè pou nouvo aprantisaj.

JNA : Pou mwen menm, mwen konprenn ke ezitasyon se yon eleman menm nan aprantisaj la. Se ezitasyon ki pral fè ou gen konfyanns. Nou ezite, nou pran konfyans epi nou aprann.

ACP : Wi, Sa bon. Nou mesire anplè defi a, nou mande tèt nou si nou gen kapasite ke nou ta dwe gen, aprèsa nou lanse nou.

JNA : Yon lòt bagay : aprantisaj se pa sèlman akademik. Aprantisaj ka fèt nan lekòl, lakay ou ak fanmi epi menm nan lari a. Mwen konprann ke ou ka aprann nenpòt kote, nenpòt lè. M ap pale sou aprantisaj an jeneral, pa sèlman aprantisaj nan lekòl. Pawòl kèk pwofesè yo pi devlope pase lòt, men toujou, chak moun rakonte yon istwa aprantisaj oswa yon eksperyans ansèyman ki montre ke tout kote, nou fè eksperyans, tout kote nou aprann.

ACP : Mwen jwenn ke istwa yo kolekte yo ede nou wè ki jan nou aprann nan eksperyans nou yo ak poukisa nou bay tèt nou plezi sa a … oswa lapèn sa a!

JNA : Obsèvasyon mwen fè se ke nou aprann depi nou piti, kit nou fèt ann Ayiti, kit nou fèt Kebèk. Temwayaj yo pèmèt nou dekouvri, apa de modèl rechèch edikatif yo trase, diferan fason pou aprann. Nou rive konprann ke pa gen okenn fason ofisyèl yo aprann. Nou aprann selon mwayen ki dispose yo, selon metòd ak teknik pwofesè nou yo itilize. Aprantisaj ka fèt fòmèl oswa enfòmèl. Renkont nan yon kad administratif nan mitan yon anseyan ak aprenan pwodui premye fòm lan. Pandan w ap koute radyo oswa gade televizyon ou ka jwenn konesans, sa mennen nou nan aprantisaj enfòmèl. Nou admèt ke tout bagay dwe aprann, kit se pa tèt ou oswa nan men yon lòt moun. Ou aprann nan erè w yo menm jan ak nan erè lòt moun. Ou aprann tou nan men sak pi gran oubyen nan men sa ki pi piti yo tou. Annou raple nou pwovèb sa a : « Souvan nou bezwen yon moun ki pi piti pase tèt nou. » Nou aprann nan gade oswa obsève lanati ak bèl ti mòn yo, mòn yo ki ba ak gwo altitid, flèv ki gen bato yo ak kannòt yo, rivyè kote sab yo ak wòch yo woule, zwazo ki vole ale epi ki chante, plant yo leve epi ki grandi, lanmè a ak bato li yo ak pwason li yo k ap fè kous. Nou aprann nan reponn epi nan poze kesyon initil pafwa, nan li bèl istwa, nan ekri istwa lejand an èstwòp oubyen paragraf, nan jwe ak koute mizik, nan chante, jan maestro Fabius Permélus fè sa. Nou aprann nan men zanmi nou, nan men paran nou, menm nan men lènmi nou yo. Nou aprann nan liv, nan kaye, nan grafiti, nan jounal, nan magazin ak nan rezo sosyal yo, nou aprann nan feblès nou, nan fòs nou, nan pwòp eksperyans nou. Nou aprann tout bagay nan men Bondye, kreyatè linivè a.

Ankadreman 4 : Aprantisaj pandan tout lavi a

Nosyon aprantisaj la nan tout lavi a enplike yon disolisyon nan fwontyè ki genyen ant aprantisaj ak lavi chak jou a: nou ka aprann nan diferan fason ak nan diferan kontèks. Nosyon sa a chita sou ipotèz kote ke nan sosyete nou yo, nou wè gen yon transfòmasyon san kanpe, se poutèt sa konesans ki « apwopriye ak fòmasyon lespri yo pa ta ka rete an rezèv nan zafè lekòl ak zafè etid nan inivèsite. » (Merle 2006, 1). Tandiske konsèp fòmasyon pou granmou souvan prezante sou fòm adaptasyon pou mendèv la nan chanjman sou mache travay la, nosyon aprantisaj la nan tout dire lavi a mete aksan sou aktyalizasyon konesans san kanpe ak devlòpman moun (ibid.). Lekòl la se poto mitan nan yon sosyete ki gen pwojè depase relasyon dominasyon an, men sa pa kapab fèt san yo pa mete lekòl la an kontak ak lòt pati nan domèn edikasyon an, tankou « paran, fanmi pwolonje, gwoup kanmarad, asosyasyon yo, anviwònman fizik la, medya yo, elatriye. » (Meirieu 2023, sou entènèt) Angwo, aprantisaj la benefisye yon konsiderasyon nan « ekosistèm edikasyonèl la » (ibid.). Li  pwobab ke se nan kòmansman ane 1960 yo nosyon aprantisaj la pandan tout lavi a parèt nan diskisyon nan mitan ekspè yo, epi nan kòmansman ane 1970 yo ke li te entegre nan politik piblik yo (Merle 2006, 1).Sou sit entènèt la nan Enstitisyon pou aprantisaj pandan tout lavi a (UIL), UNESCO presize ke nosyon an « kouvri aktivite aprantisaj la pandan tout lavi apou moun, nan tout laj (timoun, jèn moun, granmoun ak vye granmoun, tifi tankou tigason, gason tankou fanm), nan tout kontèks lavi a (fanmi, lekòl, kominote a, espas travay, elatriye) ak atravè tout yon seri modalite (fòmèl, ki pa fòmèl ak enfòmèl), sa ki fè li posib pou satisfè yon pakèt bezwen ak demand aprantisaj tout ansanm » (UIL [n.d.], sou entènèt). Dènye ankèt UNESCO a revele ke anviwònman politik nasyonal yo se gwo ankourajman pou avansman aprantisaj la dire pandan tout lavi anta y ap bay li tout konsiderasyon li nan enstitisyon ki bay ansèyman ki pi pouse yo. Vreman vre, mobilizasyon potansyèl aprantisaj la ki dire pandan tout lavi a chita sou rekonesans, validasyon ak akreditasyon konpetans jwenn nan kontèks ki pa fòmèl ak sa ki enfòmèl.

Aprantisaj pandan tout lavi a se yon priyorite paske li ka kontribye nan jistis sosyal ak devlòpman dirab :

Devan tout  defi k ap tann nou, sitou  popilasyon an k ap fin granmoun, avni pou travay, dijitalizasyon ak chanjman klimatik la, pa gen tan pèdi nan fè sosyete nou yo ak ekonomi ki pi rezistan. (UNESCO [UIL] ak Université ouverte de Shanghai 2023, 25 ak 64)

Sepandan, pou Meirieu, defi ki vini ak aprantisaj yo mande pou yo redekouvri pandan tout lavi a ke ou dezi pou aprann ak lajwa pou konprann. Nan Le plaisir d’apprendre, li rasanble temwayaj douz pèsonalite ki rakonte yon eksperyans aprantisaj ki te desizif nan lavi yo, kit li te fèt nan lekòl oswa andeyò lekòl la, paske li te gen konviksyon ke « nan kous san kanpe ke pitit nou yo ap viv jodi a, ki chaje ak yon lavi k ap twope zye moun ak nan tan reyèl, dekouvèt pou jwenn plezi pou aprann rete yon aksyon ki bay nesann ak tout edikasyon » (2014, quatrième de couverture).

ACP : Nan je mwen tou, eksperyans aprantisaj ke nou te rekòlte yo fè eko yonn ak lòt nan plizyè okazyon, byenke yo make pa pwòp kilti yo epi yo montre relasyon ak reyalite diferan. Yo travèse pa menm limanite a, menm kapasite pou aprann ak menm swaf libète. Pwofesè yo sonje devouman yon pwofesè ki disponib pou elèv li yo, ki motive pou ede yo simonte yon difikilte malgre pwòp defi pa yo, menm aprè ane elèv li yo te fini etid yo. Gen kèk ki pale de yon pwofesè eksepsyonèl ki poutan pa t pi flanbwayan : tout zèv li yo te remake pou chak fwa li te apiye sou yon elèv pou ede yo avèk pasyans. Nan anpil ka, eritaj la te plis yon atitid pase konesans: konsantrasyon, konesans sou pwòp tèt ou, konfyans nan tèt ou, disiplin, pèseverans, atansyon pou lòt moun, èd mityèl… Mwen panse, pa egzanp, sou istwa Hélène Rhéaume. Finalman, sa yo se konpetans emosyonèl ak relasyonèl ki travèse plizyè jenerasyon.

JNA : Mwen dakò. An jeneral, nou aprann vin miyò, pou garanti bonè nou ak bonè moun ki depann de nou. Nou aprann, san dout, pou n libere tèt nou anba laperèz, grangou ak swaf. Refize aprann, se tankou w mete tèt ou sou wout perdisyon ak povrete. Lekòl la, espas pou ansèyman-aprantisaj la, nou ka wè l tankou yon otobis k ap vwayaje soti nan yon pwen pou rive nan yon lòt pwen, soti nan Gonayiv rive Pòtoprens, pa egzanp. Men, pou deplase, otobis la bezwen yon chofè ak pasaje yo. Pwofesè a se chofè a, epi elèv yo, elèv k ap aprann yo, se pasaje yo. Kidonk, pwofesè a dwe asire ke li jwenn elèv yo nan yon pwen pou li fè yo rive nan yon lòt pwen, kèlkeswa sa sa ap koute. Metafò sa a te enspire nan temwayaj Caroline Dupont nan Cégep. Mwen konprann ke sa ki esansyèl nan travay ansèyman se mennen elèv la pi lwen nan antan l ap chèche konesans. Tout moun ka gen yon bagay pou anseye ak anpil bagay pou aprann.

ACP : Metafò ou sou otobis la enteresan pou ilistre wòl gid pwofesè a. Mwen wè ke moun ki kondwi machin nan jwe yon wòl aktif. Men, ki wòl elèv yo nan otobis la? Imaj la sanble limite m nan yon wòl pasif…

JNA : Elèv la, nan kòmansman, se pasajè ki vle ale yon kote. Li gen volonte, men li pa gen kapasite pou li ale nan destinasyon an pou kont li. Nan otobis la, li kontwole destinasyon an, trajektwa a, epi li sipòte mounk ap kondwi a. Si pwofesè a fè yon move pa, elèv la la pou korije li. Elèv la pa inaktif, li p ap dòmi : li mande si otobis la pral nan kote li vle a. Elèv la bay direksyon an. Pafwa tou, gen moun ki desann nan wout. Gen lòt ki rive nan destinasyon yo, men yo vle pran yon lòt otobis pou ale pi lwen. Elèv la pa ka rive pou kont li, kidonk li bezwen èd, epi lekòl la se vwayaj la.

ACP : Èske w gen yon egzanp nan eksperyans ou?

JNA : Sa rive si nan yon leson, sa pwofesè a di pa ale nan direksyon sa elèv yo vle a. Lè sa a, elèv yo gen dwa reprimande pwofesè a, rele pwofesè a nan lòd pou di l : se sa nou vle, se la nou vle ale. Pa egzanp, mwen panse ak ka pwofesè ki antre nan sal la epi pase tan yo fè blag. Pafwa blag yo pa vrèman satisfè atant elèv, yo ki ka di : « Mèt, nou pa la pou kalite blag sa a. Nou la pou sa oswa pou sa. » Lè sa a, pwofesè a dwe ajiste l epi pran yon nouvo direksyon.

Ankadreman 5 : Sitiyasyon pedagojik la  

Pou ilistre sitiyasyon pedagojik la ki konpoze avèk relasyon ki genyen ant pwofesè a, elèv ak konesans la, Jean Houssaye, pwofesè emerit nan syans edikasyon nan Université de Rouen, pwopoze modèl « triyang pedagojik la »[1], ki te vin tradisyonèl. Modèl sa a pote sans pou moun ki vle reflechi sou pratik pedagojik yo epi moun tou ki vle fè yon chwa eklere, pandan y ap pran an konsiderasyon tout aspè nan sitiyasyon pedagojik la: « Sitiyasyon pedagojik la ka defini tankou yon triyang ki konpoze avèk twa eleman, konesans, pwofesè a ak elèv la […]. » (2014, 11). Ant pwofesè a ak konesans lan nou jwenn relasyon didaktik la, ant elèv la ak konesans, nou jwenn relasyon aprantisaj la, ant pwofesè a ak elèv la, nou jwenn relasyon pedagojik la, epi chak nan twa relasyon sa yo esansyèl pou pote siksè nan pwosesis aprantisaj la. Sepandan, nan reyalite a, de nan eleman yo ki konstitye tèt yo tankou « sijè », pandan ke twazyèm nan dwe asepte parèt tankou se yon pwen mò oubyen li mete l tankou yon fou. (ibid.) Sijè a se sila ki ka etabli yon relasyon, sa ki konte, ki pèmèt nou egziste nan yon fason resipwòk, alòske pwen mò a (oswa moun fou a) se « sila ki etabli yon twou nan relasyon an », sa ki pa sijè a, ki pa nan resipwosite a, ki pasif la:

Tout pedagoji atikile sou relasyon privilejye ant de nan twa eleman yo ak esklizyon twazyèm nan, sepandan se ak li chak eleman yo dwe kenbe kontak. Chanje pedagoji se chanje relasyon baz la, oswa pwosesis la. (ibid., 12)

Kòm egzanp, yon pwofesè ki mete tout atansyon l sou relasyon didaktik la lè li sitou okipe l sou preparasyon prezantasyon kou li yo (konesans la ak pwofesè a se sijè nan sans sa) kite akote pwent ke elèv la ye a (yo mete elèv yo nan pozisyon nou ka rele pwen mò), ki pral nwi pwosesis aprantisaj la. Si pwofesè a pa te bay mwayen pou detekte enkonpreyansyon sa pandan prezantasyon li (ki anrejistre nan relasyon pedagojik la) oswa si elèv yo pa envite pou fè aktivite pratik pou fè yo aplike aprantisaj yo (ki fè pati nan relasyon aprantisaj la), gen risk pou elèv ki byen plase yo nan pwen mò a kòmanse jwe wòl moun fou a, sa vle di, detache nan sitiyasyon pedagojik la pandan l ap dewoule, ep sa ka deranje lòt elèv yo.

Okontrè, yon pwofesè ki pi fò nan tan priyorite relasyon pedagojik la ak elèv yo kite pati konesans lan nan fènwa. Lè sa a, konesans lan ka « parèt dezòdone » lè yo pa gen èstrikti ase. San pa gen refleksyon didaktik davans, kòm egzanp, pwofesè a riske pèdi aprantisaj ki priyorite ke elèv yo dwe fè nan kad kou yo, epi li riske pa eksplike byen klè enpòtans yo nan gwoup la epi pa pran an konsiderasyon lè y ap planifye aktivite pedagojik yo, pa pran tou an konsiderasyon defi patikilye ki genyen nan kalite aprantisaj yo dwe fè. Natirèlman, kominikasyon ant pwofesè a ak elèv yo se yon mwayen esansyèl pou konsève ekilib nan sitiyasyon aprantisaj la.

ACP : Mwen konprann pi byen kounye a. Daprè ou menm, etidyan an gen devwa pou l diskite ak pwofesè a. Reyaksyon pwofesè CSF yo vin nan tèt oubyen ankò lè m di pwofesè a gen dwa fè erè. Yo te di m: « Non, ou se pwofesè nan klas la epi si ou fè yon erè, elèv yo pèdi konfyans nan ou epi kèk nan yo ap menm pèdi estim yo te gen pou ou.»

JNA : Wi mwen sonje. Mwen gen yon kòmantè ke mwen pa t fè sou kesyon sa a. Mwen pral fè l. Lè elèv la di « pwofesè a pa gen dwa pou fè erè », se petèt akòz fason pwofesè a prezante tèt li. Si, antanke pwofesè, mwen prezante tèt mwen tankou yon mèt tout panse, tankou detantè tout konesans – tankou sèl moun ki konnen, sèl moun ki gen rezon, moun ki konnen tout bagay – kidonk, si mwen fè yon erè, elèv yo pral di m : « Non, pwofesè, si ou se rezon an, si ou prezante tèt ou kòm detantè a nan rezon, ou pa gen dwa fè erè. » Men, si mwen prezante tèt mwen tankou yon gid, yon asistan, elèv la pa pral fè kalite repons sa a.

ACP : Sa depann jan nou konpòte fas ak gwoup la ki devan nou an?

JNA : Wi, sa depann jan nou vann tèt ou an. Si ou kwè ou se mèt rezon ak tout nosyon, nan ka sa, ou pa gen plas pou erè. Si ou konnen depi nan kòmansman ke ou se yon moun, ou ka toujou fè erè, si ou prezante tèt ou ak imilite devan elèv yo epi si ou mete elèv yo devan sal la nan, pa dèyè, lè sa a elèv yo pral kolabore fasil epi ede pwofesè a rezoud pwoblèm nan.

ACP : Lè w kapab rekonèt erè w antanke pwofesè se yon siy onètete entelektyèl! Lè aji sa, pwofesè a mete valè sa a nan tèt elèv yo epi li anseye yo yon bagay. Erè pa detèmine kiyès ou ye, men sa nou fè ak erè nou yo! Erè se yon opòtinite aprantisaj epi li enpòtan pou bay tèt ou dwa pou fè erè, malgre pwofesè a gen wòl èspesyalis nan domèn li. Aylwin (2000) rezime prensip sa a trè byen nan Petit guide pédagogique li a. Li prezante senk « lide èstresan » ke pwofesè yo ta dwe fè atansyon : « Mwen dwe pafè », « Fòk yo fè lwanj mwen », « Tout moun dwe gade m epi koute m », « Mwen dwe andire nenpòt bagay » epi « Mwen dwe konnen tout bagay ». Menm èspesyalis yo pa gen repons pou tout bagay, men yo ka toujou yon modèl pou konnen kòman yo chèche yon repons. Sa w di a fè m tounen nan ilistrasyon ou a sou otobis la. Mwen jis imajine otobis la kanpe, pwofesè a vire nan direksyon gwoup li a epi li mande : « konnya, ki jan peyizaj la te ye? Kisa nou te wè? Nan ki direksyon nou prale kounye a? Ki kesyon nou genyen? » Sa w ap di a se pafwa pwofesè a ta dwe vire sou elèv yo epi diskite sou sa yo te aprann.

JNA : Wi, nou rele li yon ti repo! Paske lè nou fatige, nou bezwen yon ti repo anvan nou retounen sou wout la, epi lè sa a, nou pran plezi ak elèv yo, nou poze kesyon epi nou wè si tout bagay ap mache byen epitou si gen yon bagay pou korije, nou korije. li.

ACP : Pou mwen, espas sa a pral petèt menm pi enpòtan an. Mwen pa ta rele li yon « poz », mwen ta rele li yon « moman refleksyon ». Pandan dènye reyinyon ak pwofesè mwen te akonpaye nan CSF la, pa egzanp, mwen pa t abòde nouvo konsèp, mwen pito te vle konsolide sa yo akeri nan ofri yo aktive yon lòt fwa aprantisaj la epi aplike li nan reyalite yo. Se te an menm tan yon evalyasyon fòmativ paske mwen te wè sa pwofesè yo te aprann nan apwòch ki chita sou konpetans la. Gen kèk bagay ki te nòmal, gen lòt nou te dwe revize, epi nou te diskite sou tout sa yo ansanm. Egzèsis sa a te ede m anpil pou m konsidere rès fòmasyon an paske mwen te wè moun ki te konprann mwens. Epi nan klas yo, an Ayiti, ki kalite erè ki rive pi souvan? Ki jan ou konsidere sa nan planifikasyon leson yo?

JNA : Nan listwa ayisyen, elèv yo gen difikilte pou sonje dat yo. Tankou yo te gen yon lòt travay kognitif anplis. Yo gen difikilte tou pou asosye yon sitasyon ak otè li, tankou sa Tousen Louvèti, prekisè endepandans peyi Dayiti : « Lè yo te ranvèse m, yo te koupe nan Sendomeng pye bwa libète a, men li pral tounen grandi gras ak rasin li yo paske yo fon nan tè epi yo anpil. » Oswa pawòl Jean-Jacques Dessalines, fondatè nasyon an : «Tout moun ki vle viv lib ranje yo bò kote m, men moun ki vle tounen esklav fransè ankò kite fò a. » Elèv yo tou gen difikilte pou etidye toutbon vre…

ACP : Difikilte pou itilize metòd travay entelektyèl yo? Sa manke Gen kèk etidyan nan Cégep la tou. Pwofesè yo ede yo devlope èstrateji pou yo etidye lè y ap anseye yo, pa egzanp, teknik pou pran nòt, fè chema oswa itilize tablo rezime. Pwofesè sa yo di m ke defi a ap pran tan ki nesesè pou fè ansèyman sa a nan klas la. Pi bon moman se lè elèv yo dwe kòmanse prepare pou yon evalyasyon : yo ka imedyatman aplike metòd yo te aprann yo.

JNA : Avantaj la se lè ou aprann yon estrateji aprantisaj, li la pou lavi! Lè m te nan 6yèm ane, yon nivo ki koresponn ak 7yèm ane jodi a, mwen te gen yon pwofesè syans sosyal ki te montre nou yon trè bon teknik. Mwen ta menm di ke metòd li te transfòme lavi mwen. Li te rele Kettely Alce, yo rele l Miss Kettely. Li pa t renmen resite pa kè, li te pito fè leson nou eksplike li nan pwòp mo pa nou. Yon bò, metòd li a te konsiste nan eksplike nou leson an anvan nou etidye li epi, yon lòt bò, nan fè nou jwenn ekspresyon ki sanble ak sa yo ki te nan liv yo. Metòd sa a te trè efikas paske li te fè li posib pou konprann ak eksplike sa nou te etidye. Pandan tout karyè lekòl mwen an, mwen te itilize metòd sa a. Lè m vin yon pwofesè, mwen te divèsifye estrateji m yo, men wi, men mwen te kenbe metòd Pwofesè Kettely a an pati.

ACP : Reformilasyon an mande pou fè koneksyon ant nouvo konesans ak sa nou deja konnen. Se jisteman efò kognitif sa a ki garanti aprantisaj la. Anplis de sa, ou te gen inisyativ pou itilize metòd Pwofesè Kettely la nan lòt kontèks ke kou li a, san dout sa ki konsolide aprantisaj ou nan teknik sa a. Mwen wè yon lyen ak istwa Lysias Cossier, ki di li te konprann règ òtograf poutèt li nan reflechi sou sifiks ak prefiks, kidonk nan transfere aprantisaj li te fè a nan yon nouvo kontèks.

JNA : Epitou, pafwa elèv yo rive ak konesans yo te aprann nan yon kou anvan, ki diferan ak sa ke pwofesè a vle anseye a, jan pwofesè yo te diskite a, ou sonje? Elèv yo aprann nan yon leson ke gen kat sezon epi, nan yon lòt leson, gen aktyèlman de an Ayiti, sezon sèk la ak sezon lapli. Sa te fè yon deba ant pwofesè CSF yo, ki pa t dakò sou chwa didaktik pou fè sou sijè sa a. Yon lòt egzanp : pafwa, elèv yo konfonn nosyon « klas » ak « lòd sosyal »; Nan Ansyen Réjim, an Frans, te gen « lòd sosyal », men elèv yo itilize ekspresyon « klas sosyal » ke yo aprann nan yon lòt kou pou refere a «lòd sosyal ».

ACP : Kesyon sa yo se gwo opòtinite pou ekip ansèyman yo pale ak elèv yo sou relasyon ak konesans, yo eksplike ke konesans se lye ak yon kontèks epi souvan plizyè opinyon konn posib. Li enpòtan pou anseye elèv pou yo gen panse kritik, kiryozite entelektyèl ak rigè, pa egzanp, lè yo site sous enfòmasyon yo. Konesans lan dwe sitiye nan kontèks li. Èske sa a ki kalite pòz refleksyon ke ou pafwa fè nan klas la, lè ou kanpe bis la pou koze ak elèv yo?

Ankadreman 6 : Relasyon ak konesans yo

Sitiyasyon pedagojik la, jan triyang pedagojik Jean Houssaye la prezante nan Ankadreman 5 lan montre l, gen ladan l relasyon didaktik ak relasyon aprantisaj la, de kategori relasyon ak konesans ki byen lye. Vreman vre, fason pwofesè yo pale sou konesans yo transmèt gen yon enfliyans sou konsepsyon elèv yo pral genyen sou li. Se poutèt sa li enpòtan pou chak pwofesè ak antrenè vin okouran de pèsepsyon li genyen sou konesans yo dwe anseye yo.

Vreman vre, « yon relasyon ak konesans nan yon kalite relatif » nan mitan pwofesè a ta favorab nan devlòpman panse refleksiv nan mitan elèv yo (Doudin et al. 2003, 19). Pou adopte pwèstans sa a, pwofesè a dwe kesyone kwayans li ak konesans li, epi rekonèt limit konesans li, paske valè yo depann de relasyon yo genyen ak yon lòt bagay, pa egzanp nan yon kontèks patikilye (Prud’homme 2015b, 38). Nan atik li a « Ki plas ki gen nan relasyon ak konesans nan edikasyon? », Mathieu Gagnon, pwofesè syans edikasyon nan Université de Sherbrooke, ofri kèk refleksyon pou pèsonèl ansèyman yo. Pa egzanp:

·  Lè elèv yo remake konesans tankou yon bagay ki pa ka chanje, yo gen plis difikilte pou yo fòmile ipotèz pou yo travay.

·  Si elèv yo kwè ke konesans se yon seri de reyalite ki pa gen rapò yonn ak lòt, yo gen mwens motivasyon pou aprann, kontwole tèt yo mwens epi konprann tèks ki konplèks yo avèk plis difikilte.

·  Elèv ki wè ladrès aprantisaj tankou kapasite natirèl (pa egzanp, yon don nan matematik) bay mwens valè sou edikasyon epi yo gen difikilte pou rezoud pwoblèm konplèks yo.

·  Finalman, elèv ki kwè ke aprantisaj se yon pwosesis rapid ki gen mwens siksè nan travay ki mande plis tan. (Gagnon 2015, 31)

Lòt refleksyon ki genyen yon nati didaktik ka ajoute nan refleksyon sou konesans disiplinè ak pwofesyonèl, sètadi sa yo ki sou konesans yo dwe anseye detèmine avèk pwogram nasyonal la ak pwogram lokal la, sou difikilte ak obstak nan aprantisaj ke elèv yo ap konnen, sou materyèl didaktik ak sou èstrateji pedagojik yo dwe favorize daprè kontni kou a. Yon pwofesè ki vle reflechi sou relasyon li ak konesans kapab poze kesyon sou chak aspè sa yo nan sitiyasyon pedagojik la. Gwoup pou travay sou didaktik (Performa, Université de Sherbrooke) lan te pwopoze yon modèl pou sipòte kesyon sa a (Prud’homme 2015a, 40-41 ak 2015b, 6-37; Bizier 2008, 15-16 ak 2014, 60-67):

1.    Ki domèn konpetans disiplinè oswa pwofesyonèl mwen genyen epi ki enpak li genyen sou fason mwen anseye matyè a nan kou mwen an? Okontrè, ki jan pwòp defi mwen genyen nan konpreyansyon sèten nosyon enfliyanse enpòtans mwen bay yon aspè nan sijè mwen anseye a konpare ak yon lòt? (relasyon pwofesè a ak pwòp konesans disiplinè ak pwofesyonèl li)

2.  Ki konpetans[2] ki asosye ak kou m ap bay la? Ki objektif aprantisaj ki gen rapò ak kou mwen an? Èske kòlèg mwen yo gen menm entèpretasyon ak mwen nan leson ki pi enpòtan yo dwe aprann nan kou mwen anseye a? Nan lespri yon apwòch pwogram, ki lyen yo ka fè ak lòt kou yo? (relasyon ak konesans pou anseye jan sa dekri nan dokiman pwogram ofisyèl yo)

3.   Ki difikilte elèv yo rankontre pi souvan lè yo aprann konesans sa a? Ki mwayen mwen ta ka ede yo devlope pou ede yo aprann yon konesans, yon metòd ak yon atitid ? (relasyon elèv yo ak konesans yo dwe aprann)

4.   Ki jan yo abòde konesans sa a nan volim oswa tèks yo itilize yo? Ki apwòch disiplinè oswa pwofesyonèl yo mete devan? Èske mwen dakò ak chwa sa yo? Sinon, ki enfliyans pozisyon mwen genyen sou itilizasyon travay sa yo? Èske elèv yo kapab itilize materyèl sa a poukont yo? (konpare ak materyèl didaktik)

5.  Ki pi bon èstrateji pedagojik pou ankouraje konesans mwen anseye yo? Ki estrateji aprantisaj ki ta ede elèv yo aktif ak endepandan nan aprantisaj yo dwe fè a? Ki metòd evalyasyon ki ta apwopriye pou byen mezire akizisyon konesans? Èske mwen konnen ase estrateji pou m ka chwazi yonn ki pi apwopriye nan yon kontèks patikilye? (relasyon ak estrateji ansèyman, aprantisaj ak evalyasyon)

JNA : Wi! Epi ou konnen, an Ayiti, lè pasaje yo nan otobis la, yo kondwi ak chofè a.

ACP : Oh wi? Nan taptap yo, se konsa?

JNA : Wi! Pafwa pasaje yo kenbe chofè a kout. Chofè a gendwa gen dòmi, li gendwa gen yon bagay ki pase nan tèt li, men pasaje yo la epi yo ka di : « tèl bagay, tèl bagay ». Moun sa yo ap kondwi ak chofè a.

ACP : Gen yon dimansyon kiltirèl nan metafò ou a ki te chape m! Gen anpil moun nan machin nan an menm tan, pa vre?

JNA : Wi! Epi nou di tèt nou: « Si m kite chofè a pou kont li, l ap ka distrè, bliye travay li, bliye wout la epi li ka fè aksidan. » Kidonk pasaje yo ap veye chofè a trè pre. Pafwa se chofè a ki mande sa a! Lè l ap kondwi, li vle moun ki chita pi pre li a se yon moun ki vrèman aktif, yon bèl moun ki ta ka pale avè l! Moun sa a ede l fè travay li, vwayaj li. Si pa gen moun ki pale ak li, ki pafwa fè blag ak yo, chofè a ka kagou.

ACP : Kagou?

JNA : Wi! Bouké! Fatige, dekonsantre. Yo se sinonim. Chofè a vle yon moun ki aktif anpil bò kote l. Yon bagay pral rive nan yon distans, epi pasaje a pral di: « Fè atansyon, chofè, gen yon bagay ak yon tèl bagay nan yon distans konsa. » Si w konnen ki jan pou w kondwi, nan kèk distans ak yon obstak, ou dwe kapab ralanti: yon machin, bèt ki travèse wout la, elatriye. An konsekans, chofè a pa vrèman pou kont li. Menm lè se li ki kondwi, pasaje yo travay tou, yo kondwi avè l.

ACP :  Wi, epi lavi pa yo an danje tou!

Ankadreman 7 : Wòl erè nan aprantisaj la

Reflechi sou relasyon yon moun ak konesans pou pwofesè a se yon opòtinite tou pou reflechi sou relasyon yon moun ak erè a. Pwofesè a ka mande ki jan li wè pwòp erè pa l, ki asosye ak sa li anseye, ak chwa pedagojik li oswa ak entèraksyon li ak elèv yo, ak erè elèv li yo tou. Fason li reyaji devan pwòp erè li yo ak nan erè lòt moun ap gen yon enpak sou fason elèv yo wè li, ak nan fason elèv yo pral reyaji lè yo rankontre difikilte:

Erè, atravè diskou li pwovoke, atravè mesaj li voye a, atravè referans li kreye, se tout bon vektè prensipal kominikasyon sou sa ki esansyèlman fòme relasyon didaktik la : anseye, aprann… epi montre ke nou konnen. (Ravestein and Sensevy 1993, sou entènèt)

Kidonk, pwofesè a kapab yon modèl pou elèv yo sou plizyè nivo, sitou lè li mete nan tèt yon elèv ka aprann nan defi k ap swiv li yo.

Jean-Pierre Astolfi, yon èspesyalis nan ansèyman syans ki te fè rechèch li nan Enstiti nasyonal pou rechèch pedagojik (INRP) ak Université de Rouen, etidye plizyè pèsepsyon nan erè daprè modèl pedagojik la kote pwofesè a twouve l. Nan modèl transmisif la, erè a parèt tankou yon fot (transmisyon pwofesè-elèv la echwe, akòz elèv la), ak nan modèl konpòtman an, tankou yon « ensèk » (pwofesè a te echwe nan konsepsyon li nan sitiyasyon aprantisaj la). Nan de ka yo, li se yon siy echèk. Yon lòt bò, nan modèl konstriktif la, erè a se enfòmasyon enpòtan sou pwosesis aprantisaj elèv la, se obstak elèv la fè fas la ki fè efò pou konprann kontni yo anseye a:

Aprann vle di toujou pran risk pou fè erè. Lè lekòl la bliye sa, bon sans lan la pou fè nou sonje sa, ki di se sèlman moun ki pap fè anyen ki pap janm fè erè. Apati de fot la tankou yon « echèk » nan aprantisaj la, nou pote konsiderasyon nou nan kèk ka, tankou temwen nan pwosesis yo entelektyèl ki an pwogrè, tankou siyal ak sa panse elèv la ap afronte nan rezolisyon fas ak yon pwoblèm. Li menm rive, nan pèspektiv sa a, ke sa nou rele erè se sèlman yon aparans epi nan reyalite a gen yon pwogrè pou reyalize ki kache. (Astolfi 2015, 22-23)

Pou rezon sa a, Astolfi pwopoze yon klasman sou erè yo pou sipòte analiz yo, padan n ap distenge uit kòz ki posib:

– erè ki gen rapò ak konprann enstriksyon yo pou yon travay yo dwe fè;

– erè nou jwenn nan abitid yo nan lekòl la bò kote elèv la oswa move konpreyansyon sou sa pwofesè a ap atann;

– erè ki soti sou konsepsyon plizyè posiblite ke elèv yo gen devan yo;

– erè ki te koze nan enplikasyon konpleksite aktivite entelektyèl yo;

– erè ki rive nan yon move chwa nan èstrateji oswa apwòch elèv la itilize;

– erè ki rive akvèk anpil chaj kognitif (egzanp limit kapasite memorizasyon);

– erè ki gen lyen ak aprantisaj ki pa te transfere soti nan yon kontèks pou rive nan yon lòt, nan yon disiplin pou rive nan yon lòt;

– erè ki rive akòz difikilte patikilye nan konesans pou aprann.

Byen konprann erè elèv yo pèmèt ou ajiste entèvansyon pedagojik ou yo daprè kontèks la : « Erè a pèmèt ou gen plis posiblite pou fè diferans ant konsèp elèv yo aprann ak sa yo dwe revize pou konsolide aprantisaj yo » (Brière 2018, 31).

Fidbak sou yon erè benefisye de pran an konsiderasyon ki kalite erè nan kesyon an pou endike elèv la ki jan yo simonte li. Pa egzanp, aprè yo fin idantifye erè ki te koze poutèt apwòch elèv yo itilize yo koresponn ak sa li te espere, pwofesè a te kapab adapte aktivite aprantisaj li a ak kalite erè sa a. Lè sa a, li pral gen benefis lè li bay elèv yo opòtinite pou yo diskite sou èstrateji ki pèmèt yo obsève diferan apwòch posib yo (ki pral petèt mennen yo fè eksperyans konfli sosyo-kognitif ki se sous aprantisaj), pandan y ap pwopoze kesyon pou yo tcheke chwa yo ak pwogrè yo (Laxague, 2012). San kenn dout, kesyon erè pa ka separe ak aprantisaj la.

JNA : Nan tout ka, elèv yo pa reyèlman pasif, men yo an aksyon. Epi elèv nou yo pataje kèk valè. Pou retounen nan atitid pwofesè a transmèt, mwen ta di ke estim sou pwòp tèt ou, konfyans, respè, jenerozite, kouraj, jistis se sa ke pwofesè yo ak elèv yo bezwen kiltive nan relasyon yo pou yon bon amonizasyon ansèyman ak aprantisaj. yon gwo avantaj nan chèn « ansèyman-aprantisaj la », sijere Jean Bien-Aimé nan CSF la ak Mélanie Arsenault nan Cégep. Konfyans se pwen pou komanse nenpòt bon konpreyansyon ant pwofesè ak elèv k ap aprann. Elèv la, menm jan ak pwofesè a, dwe santi li gen valè, respekte, lonè nan travay li pou li kapab bay bon rezilta. Jodi a, pwofesè yo bezwen koute elèv yo tankou yon papa oswa yon manman ki koute pitit yo pou konprann bezwen yo, jan byolojis David Pelletier deklare nan temwayaj li. Men poto mitan ki dwe dirije pwofesè a nan wòl sa a se lanmou pou pwofesyon li. Nenpòt moun ki chwazi yon karyè nan ansèyman dwe yon moun modès, ki gen imilite, tankou bèje k ap dirije twoupo l la.

ACP : Konparezon ou fè ant pwofesè a ak bèje a sanble biblik anpil pou mwen epi li fè m sonje yon mo plizyè pwofesè an Ayiti te konn itilize pou pale de pwofesyon yo : sasèdòs la. Kisa ekspresyon sa a di nou sou vizyon yo genyen sou travayyo?

JNA : Istwa ansèyman an Ayiti remonte depi nan peryòd kolonyal la epi li gen yon lyen sere ak relijyon, ak Legliz. Li pa t pèmèt nenpòt moun egzèse pwofesyon sa a: se prèt yo ki te gen privilèj sa a. Nan liv Contribution de l’île d’Haïti à l’histoire de la civilisation, istoryen ayisyen Louis Mercier fè konnen: « Nan Amerik la,se an Ayiti Ewopeyen yo te konstwi premye kay yo, premye legliz yo, premye monastè yo, premye lekòl yo, premye fò yo ak  premye vil yo… Nan lane 1504, Ayiti te gen 15 vil, anpil fòtifikasyon, legliz, monastè kote mwàn fransiken ak dominiken konvèti moun kip a fidèl yo, an menm tan yo  fè ansèyman alfabè ak katechis. » (Mercier 1949, 12) Epi menm aprè lendepandans Ayiti, ak konkòda 28 mas 1860, yo te remèt ansèyman bay relijye ak relijyez yo. Etandone ke prèt la oswa pastè te egzèse yon ministè nan legliz yo, li te pale tou de ansèyman tankou yon sasèdòs. Jodi a, moun ki san yon fòmasyon davans oswa san y opa pase nan yon lekòl nòmal, relijye ak relijyez yo envite yo pou anseye sou baz kapasite akademik yo oswa paske yo gen yon bon kondwit paske yo jis kwè ansèyman se yon sasèdòs. Fòk nou di tou, te gen yon tan kote edikasyon te prèske gratis an Ayiti. Atik 36 konstitisyon 1816 prezidan Alexandre Pétion di ke edikasyon primè gratis epi obligatwa. Lòt pwofesè panse tou ke pwofesyon an se yon sasèdòs paske yo pa ka viv sou salè yo resevwa nan ansèyman an. Pafwa, yo pase plizyè mwa san peye epi yo oblije rete nan pwofesyon an nan lanmou ak konpasyon pou elèv yo, ak espwa bagay yo pral amelyore. Yon lòt bò, dekrè 29 oktòb 1984 la, atik 3, endike ke « pwofesè a se nenpòt pwofesyonèl ansèyman ki egzèse yon aktivite fòmèl nan établissements ki bay edikasyon ki depann sou ministè Edikasyon oswa ministè a rekonèt li ».  Se konsa moun ki te etidye nan yon sant fòmasyon oswa yon lekòl nòmal kwè ke ansèyman se yon travay, yon pwofesyon, epi yo ap prepare pou goumen pou pwomosyon bèl pwofesyon sa a epi pou yo respekte dwa yo. Se poutèt sa yo kreye òganizasyon sendika pwofesè yo. Jodi a, gen òganizasyon non-gouvènmantal ak òganizasyon entènasyonal k ap sipòte ak defann dwa pwofesè atravè mond lan. Rekòmandasyon konsènan kondisyon pèsonèl ansèyman UNESCO ak Òganizasyon entènasyonal travay la, ki te adopte nan konferans espesyal entègouvènmantal la nan Pari nan dat 5 oktòb 1966, deziyen pwofesè a tankou nenpòt moun ki responsab pou anseye edikasyon elèv yo. An Ayiti, lèt ministè Edikasyon nasyonal pou nonmen yon pwofesè nan yon lekòl nasyonal oswa yon lekòl segondè (lise) kounye a sèvi tankou yon lèt angajman ke yo bay pèsonèl ansèyman an. Men, klèman, ansèyman pa pèmèt ou viv nan liks. Pwofesè nan Kebèk, an Ayiti ak lòt kote nan mond lan dakò ke pi lwen pase enterè, se lanmou ki motive yo tout. Epi sa se natirèl.

ACP : Temwayaj Magnès Cossier montre nou tout sakrifis yon pwofesè fè pou elèv li yo, nan lanmou. Sepandan, gen kèk moun ki te raple eksperyans ki pi negatif, ki ta sanble ke se nan yo aprantisaj ki enpòtan yo te soti. Kisa ou te panse sou eksperyans sa yo? Pa egzanp, yo te fwete yon pwofesè ayisyen epi evènman sa a sanble te pouse l etidye plis. Nan Kebèk, nou te fè eksperyans kalite sa a nan pratik nan tan lontan an. Kisa ou panse? Epitou, yon pwofesè Kebèk, Gina Lévesque, di li te soufri lè li te remake enjistis, pa egzanp lefèt ke yon pwofesè te gen preferans, sa vle di se menm elèv yo li te toujou mete an valè.

JNA : An Ayiti, nou aboli fwèt la nan salklas yo sa gen ven ane konsa. Men, jenerasyon mwen an ak yonn apre a te konnen itilizasyon fwèt la. Se konsa, wi, nou te admèt fwèt la nan ansèyman. Lysias Cossier, ki rakonte eksperyans li, soti nan yon tan lè yo te otorize fwèt la. Moun ki gen 35, 40 ane pwobableman fè eksperyans fwèt la. Sa a se ka pou mwen menm tou.

ACP : Ki jan ou te fè eksperyans sa a?

JNA : Fwèt la, kisa l fè? Nan sistèm kòmandè an, fwèt la raple w sa ou dwe fè. Yo ka pa menm touche w menm, men lè ou wè fwèt la, ou sonje devwa ou, responsablite ou. Pou pa resevwa kout fwèt, ou aranje w : ou fè devwa ou, ou etid… Donk fwèt la pou w toujou sonje sa w gen pou w fè. Se vre, se yon enstriman pou pinisyon, men nan kay la, lè paran an mete fwèt la sou yon tab, oswa si li fè li vizib, timoun nan ki wè li a pa panse dirèkteman ak lòt bagay, men ak fwèt la. Panse ak devwa li. Paske fwèt la pa la pou pini li enjis, men pou sanksyone lè timoun nan pa fè devwa li, travay li. Mwen ta di ke pratik sa a se pa yon bon bagay, men fwèt la fè nou sonje yon bagay.

ACP : Ki sa ou ka di sou « sistèm kòmandè a »?

JNA : Nan sistèm esklav la, toujou gen yon kòmandè, epi kòmandè a gen yon fwèt nan men l. Kòmandè a se moun ki sipèvize travay esklav yo. Esklav la ki gen pou travay a dizè epi ki yon kote ki pa fè anyen, kòmandè a di l ak yon kout fwèt ke li dwe retounen nan travay li.

ACP : Kidonk fwèt la an Ayiti se te yon eritaj sistèm esklav la? Eske se pou sa li te entèdi?

JNA : Nan yon sèten mezi, nou ka di an Ayiti, fwèt la se vre se yon eritaj sistèm esklav la, paske li se yon enstriman dezimanizasyon. Nan tout sosyete, fwèt la itilize pou bèt ki manke rezon nan yon sans. Men, nou dwe fè remake ke menm sosyete ki pa gen eksperyans esklavaj konnen yo sèvi ak fwèt la, swa nan sistèm penal la oswa lekòl. Donk fwèt la toujou itilize nan sistèm penal nou an, men li aboli nan sistèm lekòl la. Epitou, majorite paran yo sèvi ak fwèt la lakay yo pou pini oswa sanksyone timoun yo.

ACP : Pinisyon kòporèl se te yon pratik komen nan Kebèk tou, patikilyèman nan lekòl la. Jenerasyon paran mwen yo ak moun ki te deja devanse yo konn fè eksperyans pratik sa a. Mwen konprann ke w ap pote fwèt la tounen nan dimansyon senbolik li yo. Sa fè m panse ke lòt objè ka jwe wòl sa a. Fwèt la fè nou sonje sa w dwe fè, men èske lòt objè yo ka raple nou konsekans pou pa fè devwa yo, tankou konsekans moral?

JNA : Wi, nan yon klas nou itilize senbòl. Pou egzanp, nou ka gen yon ti drapo epi nou di : « Sa a se senbòl la ». Ou ka di « Kreyòl pa pèmèt nan klas la » epi bay elèv ki pale kreyòl la senbòl la. Nan fen jounen an, elèv la dwe ale lakay li ak senbòl la, epi paran yo pral mande, « Poukisa sa? » Senbòl la se yon kalite presyon. Pwofesè a ka mande w pou w ekri kèk liy pou w retounen nan klas la. Li se yon senbòl tou pou raple elèv la ke li koupab oubyen li te echwe nan yon misyon.

Ankadreman 8 : Relasyon pedagojik la, pratik enkliziv ak klima aprantisaj la

Daprè Anastassis Kozanitis, konseye pedagojik nan Polytechnique Montréal, atitid pwofesè a, ki responsab tout sitiyasyon pedagojik la desizif pou pwosesis aprantisaj la. Sèten konpòtman kontribye nan etabli yon klima nan respè, epi sa yo depann de kilti pou mete aprantisaj la chita. Nan Kebèk, sondaj opinyon yo te fè nan mitan etidyan yo nan kolèj ak inivèsite yo endike ke yo prefere ke pwofesè a gen kapasite, ka mete lòd, ka anseye, kenbe tout moun nan travay, sans paspouki (pa gen pi favori ni chaplèt) pandan yo dwe toujou janti, ak respè, bon kalite epi ki gen yon sans akfektif (Kozanitis 2015, 5; sitasyon sa a se pou Langevin, 1996).

Nan ka ta gen difikilte nan relasyon yo, dyalòg la ka pèmèt ou jwenn solisyon pou defi yo, olye ke ou itilize fòs:

Anplis de sa, malgre nati pwoblèm li fè fas yo, pwofesè a dwe toujou konsidere pozisyon otorite li genyen an relasyon ak etidyan yo epi li dwe evite adopte konpòtman ki riske denigre yo. Pa ekzanp, boulvèsman, ti bagay mesken ak remak ki chokan ka mennen nan resantiman, wont, kòlè ak resantiman, epi kontribye nan yon deteryorasyon nan klima klas la. Nan majorite ka yo, kreyasyon yon dyalòg ouvè ak apwopriye pi fasil posib pou rezoud pwoblèm ki parèt sou nivo relasyon an. (Kozanitis 2015, 6)

Se poutèt sa kominikasyon moun ak moun esansyèl nan yon kontèks pedagojik. Diferan degre sou ouvèti posib, ki detèmine ak « pèsonalite moun k ap anseye a, sikonstans yo, istwa gwoup la, kilti a ak koutim sosyal » (ibid.). Kidonk, pwofesè yo pral konfòtab pou pataje kèk nan eksperyans pèsonèl yo pou nouri relasyon yo ak elèv yo oswa pou ilistre enpak kèk aprantisaj sou lavi yo, ak lòt moun (ibid.). Se poutèt sa, se chak pwofesè pou ki detèmine degre ouvèti li vle adopte a, pandan l ap asire l li pa neglije enpòtans relasyon li kenbe ak elèv yo epi li dwe aji kòmsadwa selon valè li, sa ki dwe gen bon jan rapò ak etablisman kote l ap anseye a. (Desaulniers 2007).

Se poutèt sa, yo dwe konsidere anviwònman edikasyon kote sitiyasyon ansèyman-aprantisaj la ap fèt la. Eksperyans elèv yo genyen nan anviwònman lekòl yo ak pèsepsyon yo genyen sou espas edikasyon an ap fèt la ki dwe gen yon enpak sou aprantisaj yo:

Aksepte, rekonèt epi santi ke ou fè pati nan yon anviwònman etid se yon lyen dirèk ak siksè nan kolèj ak inivèsite (Strayhorn, 2018). Vreman vre, moun ki devlope yon santiman ki fè pati anviwònman yo epi ki patisipe nan lavi lekòl la ta gen plis chans pou yo reyisi (Samura, 2022). » (Observatoire sur la réussite en enseignement supérieur [ORES] 2023, 10)

Kidonk, nosyon « klima lavi a » esansyèl pou nenpòt moun ki enterese pou siksè nan lekòl la. Nosyon sa a konsène klima sikolojik (pèsepsyon, atitid ak kwayans elèv yo wè), klima konpòtman (fason moun yo kominike nan etablisman an); eksperyans kèk gwoup ke yo  gendwa te mete a kote nan lekòl la; pou plis ke kreyasyon epi kenbe yon santiman ki fè pati yon anviwònman ke yo trouve ki an sekirite (ibid.).

Sans dout, sa pa vle di ke elèv yo pa pral pafwa destabilize! Konsèp espas ki an sekirite a gen limit li: « Aprann nesesèman enplike sitou kote yo adopte yon pozisyon kritik epi kesyone non sèlman lide lòt moun, men tou, pwòp tèt ou, sa ki ka kreye pafwa kèk malèz. » (Loisel 2022, 38) Loisel tire sou konklizyon Betty Barrett la, ki kwè ke « pwofesè yo pa ka, etikman, garanti elèv yo ke klas la pral sèlman pwodwi eta sikolojik pozitif yo », pandan y ap gen « tach kiltirèl yo tou pou patisipe nan yo nati entegral elèv yo kòm èt entelektyèl, emosyonèl, sosyal ak èspirityèl (2010, 9-10) » (ibid.). Se poutèt sa, objektif la se reyalizasyon potansyèl chak moun pandan y ap pran an konsiderasyon inik yo, jan apwòch enklizif la rekòmande : « Adopte yon apwòch enklizif nan edikasyon vle di […] ankouraje divèsite epi ede elimine obstak nan aprantisaj pou sipòte siksè tout moun (Fortier and Bergeron, 2016). » (ORES 2023, 15).

ACP : Nan temwayaj moun Kebèk yo, nou jwenn tou fason pou nou fè bagay ki pa koresponn ak sa nou konsidere tankou bon pratik ansèyman, pa egzanp, kondesandans anvè elèv yo oswa pwomosyon pou sa ki pi fò yo fas ak sa a ki pi fèb, tankou Gina Lévesque. ak Barbara Hébert di nou. Kisa ou panse sou sa?

JNA : Nou ka wè sa tou an Ayiti. Sa rive souvan ke nou priyorite yon kategori elèv. Gen kèk pwofesè ki bay elèv ki pi entèlijan yo plis enpòtans. Avèk elèv sa yo, yo ale pi vit. Nou ka menm di ke pafwa, kèk pwofesè konsidere elèv sa yo tankou oksilyè. Si gen yon bagay pou fè ak gwoup la, yo konfye travay la bay etidyan sa yo, ki vin tounen chouchou jan ou di l la. Sa rive nan tout sistèm edikasyon, mwen panse. Men, sa lakòz yon pwoblèm. Pwofesè a dwe enterese avèk tout elèv yo, epi elèv ki pi fèb yo mande plis atansyon. Pa egzanp, mwen gen de pitit gason. Moun ki pi gran an bezwen plis atansyon paske li mwens enkyete. Mwen ka konte sou pi piti a paske li konnen li dwe fè devwa li, alòske pi gran an mande plis atansyon. Nan yon sistèm lekòl kote yo ap chèche siksè, pwofesè a dwe bay plis atansyon ak sa ki « pi fèb » la pase sa ki « pi fò » a.

ACP : Wi, tout bon. Kanta pou elèv ki pi fò yo, ki jan nou ka ankouraje yo depase tèt yo, pou yo leve defi yo, pou eksplwate tout potansyèl yo genyen, pandan y ap aprann jere estrès pèfòmans yo?

JNA : Se pou bay atansyon ak sa ki pi fèb yo, men se pa nan lide pou detriman sa ki pi fò yo. Sa a se paske pi fò a deja gen yon avantaj. Lè nou di « pi fò a », sa yo se elèv yo ki aprann pi vit. Si nou kenbe vitès ak sa ki pi fò, sa ki pi fèb pral vrèman dèyè epi yo p ap kapab kenbe. Pou rann li pi fasil pou moun ki pi fèb yo, nou ba yo priyorite, men an reyalite, se mennen yo nan menm nivo, si sa posib. Se pou pèmèt moun ki pi fèb yo rejwenn sa ki pi fò nan chèche konesans. Se pou yo bay tou de gwoup yo menm ansèyman, men ak plis sousi pou sa ki pi fèb yo.

ACP : Eske se opinyon pèsonèl ou oswa èske se yon vizyon majorite pwofesè ou konnen yo pataje?

JNA : Li difisil. Ou konnen, nan kontèks n ap anseye a, pwofesè a pa menm ka detèmine kiyès ki pi fò ak ki pi fèb la. Ak yon klas senkant, swasant elèv, li difisil pou pwofesè a detèmine sa. Petèt se rezilta yo ki idantifye yo. Sepandan, lè pwofesè a poze yon kesyon, li ka wè kiyès ki pi bon pou reponn, kiyès ki toujou reponn, kiyès ki pa reponn. Men, orè pwofesè a limite : apre èdtan li nan yon lekòl, li pa ka rete ede yon elèv ki gen difikilte paske gen lòt elèv k ap tann li nan yon lòt lekòl. Gen lekòl elit kote pwofesè yo bay plis èdtan, swa pou ede elèv yo fè devwa yo oswa pou ede elèv ki gen difikilte. Nan lòt lekòl, li difisil.

Ankadreman 9 : Zòn pwoksimal pou devlòpman, sipò ak motivasyon

Pou yon aktivite kapab yon sous aprantisaj, li dwe lokalize nan zòn pwoksimal pou devlòpman elèv la oswa gwoup elèv la, sa vle di, li dwe reyalize pandan li poze yon defi rezonab. Sa vle di, si travay la twò fasil, elèv la vin anwiye epi li pa aprann, tandiske si li twò difisil, li vin dekouraje paske li pa gen mwayen pou l fè sa. Konsèp zòn pwoksimal la nan devlòpman atribiye ak sikològ ris Lev Vygotsky (1985 [1934]). Kidonk, objektif aprantisaj yo ak sipò yo ofri yo dwe adapte ak nivo gwoup elèv yo epi, otan ke sa posib, ak nivo chak moun (egzanp : èske elèv la bezwen yon siy adisyonèl pou defi egzèsis sa a reprezante a rezonab?).

Si gen senk zòn aprantisaj (zòn annwi, zòn konfò, zòn aprantisaj, zòn malèz, zòn panik), se zòn aprantisaj la ki « ideyal pou elèv yo vin otonòm epi pou yo pwogrese » (Herling [s.d.]b, sou entènèt) . An reyalite, pwofesè a gen defi pou l jwenn zòn ekilib la ki pèmèt elèv la reaktive aprantisaj li anvan yo epi konstwi lòt bagay, epi li benefisye nouvo evalye regilyèman zòn kote aktivite yo ye a, selon konpleksite a nan aprantisaj yo dwe fè ak aprantisaj elèv yo reyalize. San kenn dout, avantaj ki genyen nan ansèyman an pou konside zòn nan nan devlòpman proximal yo anpil:

.   li gide preparasyon kou yo ak aktivite yo;

.   li pèmèt yo ajiste estrateji ansèyman ak aprantisaj la selon pwogrè elèv yo nan konesans ak konpetans yo;

.   li ankouraje eksperyans siksè ki kontribye nan angajman ak motivasyon elèv yo nan pwosesis aprantisaj yo;

.   li pèmèt kondisyon yo ogmante pi plis pou elèv yo reyisi nan aprantisaj ki parèt difisil tanzantan

.   li sèvi yon referans pou mezire èd yo dwe ofri elèv yo epi pou retire li piti piti pou yo vin pi otonòm nan aprantisaj yo (Renaud et al. 2016, sou entènèt).

Se poutèt sa, refleksyon sou degre sipò pwofesè a bay elèv la esansyèl pou etabli yon zòn devlòpman proksimal. Sikològ ameriken Jerome Bruner rele asistans pwofesè a « eteyaj[3] » (Deleau 2016, 358). Piske aprantisaj la ap evolye, sipò yo souvan bezwen evalye yon lòt fwa:

Se avèk « eteyaj sa », nou konprann èd pou yon ti tan ke pwofesè a pral adapte selon bezwen elèv la jiskaske elèv la gen ladrès pou rezoud pwoblèm nan poukont li. Tankou yon titè, pwofesè a ede ak eleman nan travay la ke elèv la pa ka ranpli poukont li. (Messager ak Vergerau, 2018). (Rugis [n.d.], sou entènèt)

Ansèyman daprè zòn devlòpman proksimal la, an patikilye nan mete anplas sipò apwopriye, nan kou gen yon efè pozitif sou motivasyon elèv la, kit li se « fò » oswa « fèb » paske « yon elèv pèdi enterè byen vit nan yon siksè ki pa koute l kenn efò oswa nan yon echèk akòz enkapasite li pou konplete avèk siksè yon aktivite» (Viau 2000, sou entènèt). Vrèmanvre, ofri yon aktivite aprantisaj ki bay yon defi rezonab se yonn nan kondisyon pou sipòte motivasyon (ibid.).

An jeneral, lè w konsidere zòn devlòpman proksimal la, ka gen yon efè dirèk sou santiman konpetans elèv yo, santiman kontwòl yo ak plezi yo genyen pou aprann, twa detèminan nan motivasyon elèv yo (Herling [s.d.]a , sou entènèt).

ACP : Mwen konprann ke an Ayiti, yo peye pwofesè pou kantite èdtan kou yo founi, pa gen anyen anplis. Kidonk yo pran plizyè kontra, nan plizyè lekòl, pou yo gen ase revni, epi travay anpil. Nan kontèks sa a, etik relasyon ke Mireille Cifali (2019) pwopoze a pa fasil pou mete an plas… Malgre pou Freud ansèyman se yonn. Nan « twa pwofesyon enposib yo » (edike, pote gerizon, gouvène), Cifali pwone yon depasman pou « enposib » sa a pou pwofesè yo jwenn premye jès yo nan etik : abandone pouvwa, simonte teyori, akòde yon plas nan estetik …

JNA : Nan kontèks nou an, wi, se yon defi. Sa mwen eseye fè se koute. Sa lòt moun ap di enpòtan. Mwen aprann nan obsèvasyon, nan gade. Mwen eseye konprann kontèks la epi sèvi ak sa mwen te aprann lè sa apwopriye. Pa gen limit nan konesans, pa gen limit. Menm lè nou kwè ke nou konnen tout bagay anpeche pwogrè nan sosyete nou an. Lè nou admèt ke nou pa konnen tout bagay epi lè nou bay kiryozite nou, nou jwenn libète. Mwen pral rakonte ou yon istwa. Anvan m te bati kay mwen an, mwen te konn vizite yon zanmi ki te mande m : « Èske w kòmanse bati kay ou a? » Avèk salè ou kòm yon pwofesè, ou pa ka bati… » Mwen te panse sou sa, mwen deside fè ekonomi, epi mwen te kòmanse konstriksyon an. Zanmi an te pase bò konstriksyon an, li wè chantye a, li di : « Non, sa a se pa kay yon pwofesè… Salè pwofesè a pa pèmèt lòt bagay ke konsomasyon chak jou. » Mwen te aprann yon leson : « Sa lòt moun di ka enfliyanse nou pozitivman oswa negatifman. Lè nou koute lòt moun, nou ka pran bon desizyon, pafwa nou ale nan direksyon opoze ak sa yo di nou. »

Ankadreman 10 : Pratik refleksiv ak devlòpman pwofesyonèl

Ansèyman se yon travay konplèks ki mande anpil adaptasyon nan chak sitiyasyon. Daprè Stanley Valbrun, otè tèz Le métier d’enseignant en Haïti : biographisation et professionnalisation des parcours d’enseignants, kle a se nan koute ak atansyon bezwen elèv yo ak pratik meditativ :

[…] zak ansèyman pwofesè a merite pou n pran avèk konsiderasyon tout dimansyon yon moun dwe jwenn yon esèyman avèk kalite pou bay yon bon rezilta. Se yon pwosesis trè delika epi ki difisil akoz chak moun inik nan idantite yo, sa vle di yo gen valè yo, kwayans yo, objektif yo, referans yo, koutim yo. Nou dwe fè fas ak tout sa yo anseye san yo pa mete akote pèsonn sou kenn pretèks. Pwofesè a dwe li menm, gras avèk gwo kapasite li genyen pou li ouvri nan fason li ye, jwenn metòd ki apwopriye pou aprann elèv la. (Valbrun 2016, 11)

Vrèmanvre, daprè Donald A. Schön, yon pwofesè ki espesyalize nan pratik refleksiv, pwofesè a dwe bay tèt li dwa « pou yo sezi, dezoryante oswa konfonn fas ak yon sitiyasyon ki parèt ensèten oswa diferan devan li » (1983, 68). Si li panse sou fenomèn nan devan l ak sa konpòtman li revele sou premye entèpretasyon li, li ka konprann fenomèn nan yon fason diferan epi chanje sitiyasyon an (ibid.). Teyorisyen nan edikasyon David Allen Kolb dekri tou fason ke yon moun ka aprann nan eksperyans yo : « aprantisaj nan eksperyans » se yon chèn ki gen eksperyans, obsèvasyon refleksyon, konseptyalizasyon ak eksperimantasyon (1984, 32-33). Tankou pou Cifali, nan travay li ak Myftiu, li souliye enterè istwa refleksiv pwofesè yo, paske yo pèmèt « yon konstriksyon nan konesans soti nan eksperyans » tankou « transmisyon » yo (2019, 56).

Pratik refleksiv la se yon mwayen trè pwomèt pou moun ki vle pwogrese nan pwofesyon an :

Daprè Zuzovsky (2001), devlòpman pwofesyonèl la ka reyalize atravè akizisyon nouvo konpetans ak nouvo konesans (tankou atravè fòmasyon kontinyèl), menm jan li ka chita sou refleksyon sou pratik, opinyon ki trouve l nan liy travay Schön (1994). Refleksyon sou pratik sa a ka fèt endividyèlman, byenke Zola (1992) konsidere ke pwofesè a devlope atravè echanj refleksyon li genyen ak kòlèg li yo konsènan pratik pwofesyonèl li. (Nault 2007, 14)

Devlòpman pwofesyonèl pwofesè a petèt enplike yon transfòmasyon nan idantite pwofesyonèl li, pa egzanp si yon èspesyalis nan yon disiplin oswa yon pwofesyon vin yon fòmatè. Pa idantite pwofesyonèl, nou vle di « wòl sosyal ak pwofesyonèl yon moun », « fason li prezante tèt li nan sosyete a » (ibid., 14). Se plis patikilyèman pandan entèraksyon ak kamarad yo ke idantite pwofesyonèl la chanje : sa deklanche « diferan pwosesis sikolojik ki konstitye pwosesis pou konstwi idantite pwofesyonèl la (Martineau, Breton ak Presseau 2005, 191) » (ibid.). Echanj ant kòlèg yo ka ede pwofesè a devlope yon vizyon ki pataje sou wòl yo, responsablite yo, pwofesyon an, pandan y ap bay tèt yo opòtinite pou pataje konesans ki soti nan eksperyans ke yo viv nan klas la, depi ke kontèks la favorab ak egzèsis la nan pratik refleksiv ak refleksyon nan mitan kòlèg yo.


  1. « Triyang pedagojik la se yon modèl, nan sans modelizasyon pou konprann fonksyònman sitiyasyon edikatif la. Li soti nan yon tèz Deta nan syans edikasyon ki te defann nan inivèsite Nanterre an 1982, avèk tit Le triangle pédagogique. Théorie et pratiques de la situation éducative » (Houssaye 2014, 7).
  2. Pou jwenn plis enfòmasyon sou apwòch la ki santre sou devlòpman konpetans ak apwòch-pwogram ki tache ak li, ou ka konsilte sit entènèt Sant pou pedagoji inivèsitè a nan Université de Montréal.
  3. Nan sans sa a, eteyaj la vle di « soutyen pou elèv yo ».

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Copyright © 2024 by Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus is licensed under a License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, except where otherwise noted.

Partagez ce livre