Caroline Dupont, pwofesè literati

Mwen te toujou renmen fransè. Li pa te vini lontan. Segondè 1 ak 2, mwen te lekòl nan Les Hauteurs, 50 kilomèt nan sid Rimouski. Mwen soti anba nèt! Nou te gen pwofesè ki te vrèman èkstraòdinè. Nan segondè 1, mwen te gen yon pwofesè fransè ak teyat ke mwen te vinn jwenn nan segondè 5 nan yon lòt lekòl, nan Mistral nan Mont-Joli. Yon pwofesè pasyone! Li te toujou kominike avèk nou. Se pa te yon diskou pwofesè li t ap fè nou. Li te mennen klas la nan yon bèl fason. Lè mwen wè sa k ap pase, anplis, nan dokiman sou jesyon sal klas, enpòtans ki genyen nan « abite espas la », se ak li mwen panse a: Daniel Marchand. Li te rele Marchand epi li te pase yon bon moman nan klas la! Kèk fwa, li vire sanzatann bò kote nou, epi lè sa yo, nou te toujou mete nou sou sa ak sa li te di n yo nan fason li. Li te gen karaktè. Paran mwen te deplase ane pase, bagay lekòl mwen te rete lakay mwen. Se konsa, mwen te jwenn kaye ak evalyasyon Daniel yo. Mwen reli yo: kòmantè yo te enpòtan, tout tan. Nan klas la, nou te fè sa nou abitye fè menm tou nou konn trase lèt ak men leve.  Pa te gen pwofesè ki te konn fè sa, fè nou aprann ekri pi byen, ak lèt atache! Mwen pa ekri konsa jodi a ankò, men tou piti! Li te konn fè nou fè kalite bagay sa yo. Li te egzijan anpil anpil.

Nan fransè, lè mwen te nan segondè 2, mwen te gen Renée-Jeanne Bernier, ke yo te rele « la calleuse[1] »! Lè gen dans tradisyonèl ki fèt isit la, nan Rimouski, se li menm, Renée-Jeanne, ki konn dirije yo, sa vle di li nonmen tout etap ki dwe fèt yo. Nan je m, li reprezante yon lòt pasyone ki te nan fen karyè li, ki te gen yon eksperyans pou li pataje. Gen bagay mwen panse pafwa sou li ke mwen aprann sou li. Pami lòt bagay, repetisyon, ke nou eseye evite nan yon tèks. Nan segondè 2, se te premye fwa mwen tande pale sou li. Li te di nou: « Li pa konplike, redondans la se tankou yon gwo nèg k ap rebondi sou vant li. » Ou konnen, kèk bagay konsa. Li te toujou gen imajinasyon. Mwen te vrèman renmen pwofesè sa a. Li te selebre 50yèm anivèsè maryaj li sa gen kèk ane. Se Stéphanie Pelletier, animatè radyo, ki te responsab òganize sware a. Li te vin fè entrevi ak ansyen elèv yo, epi mwen te gen chans bay yon temwayaj pou li, pou m di jan li te gen enpak sou karyè mwen. Li menm ak Daniel te tou nan menm sal nan sware sa a.

Moun sa yo se moun ki te gen yon enpak pozitif sou mwen. Pwen komen antre yo se rigè, pasyon, paske travay yo te yon pati te gen anpil enpòtans nan lavi yo. Nou vrèman te santi lanmou nan klas sa yo. Sa a pa te diminye ak tan ki pase yo. Ane aprè, Renée-Jeanne te pran retrèt li, epi mwen te vin ale an Almay pou yon ti tan — lè m te fè yon etid pou metriz, mwen te gen chans pase twa mwa edmi la —, epi mwen te vle manman voye kèk dokiman ban mwen paske mwen te bezwen yo pou m ekri. Se Renée-Jeanne ki te mete men l sou tout kalite dokiman pandan y ap chèche nan bibliyotèk la, manman m te kontakte l paske yo soti nan menm zòn. Pa gen kanpe nan misyon li avè m! An jeneral, li te toujou gen kè sansib. Li se yonn nan moun ki pasyone ak sa l ap fè a ki fè bay moun angouman pou fè travay sa a. Sa mwen te aprann nan men pwofesè sa yo se enpòtans pou konstwi relasyon ak elèv ou yo, epi toujou raple nou ke yo wè joua van nou. Pafwa, nou ka bliye relasyon sa a : pa konsidere poutèt ke se elèv yo ki bay sans nan egzistans nou kòm pwofesè, menm si li difisil pafwa. Pwofesè sa yo depi adolesans mwen te gen klas ki pa t fasil, mwen sonje yon nan klas yo ki pa t evidan nan ti anviwonman nou te ye a, yon ti kras defavorize, ak fanmi ki nan travay ki pi difisil kote lekòl pa t vrèman yon priyorite. Kidonk, pwofesè yo te oblije fè fa sak tout kalite defi. Mwen di tèt mwen, byen jodi a —nan 25 lane pita, menm plis —, sa ap chanje, men pa tèlman nan sans ke nou toujou rankontre elèv pou ki priyorite a se pa nesesèman etid yo, paske nou nan yon sosyete kote   konsomasyon egzajere. Etidyan yo pa toujou disponib pou etid yo, pou rezon ke nou dwe eseye gade. Sa pa toujou fasil pou w pran etidyan an kote l ye a, epi eseye mennen l pi lwen, men li rete yon defi ki enteresan.


  1. Se yon moun ki pran initiativ pou danse epi bay konsiy pandan yon dans tradisyonèl kebekwaz.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Copyright © 2024 by Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus is licensed under a License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, except where otherwise noted.

Partagez ce livre