ENTWODIKSYON

Daprè Annie-Claude Prud’homme ak kolaborasyon Jean Noé Alcéus

Relasyon ki genyen ant Ayiti ak Kebèk pa yon sekrè pou pèsonn. Istwa ki make relasyon Ayiti ak Kebèk komanse depi nan tan lakoloni. Lè sa a, de bout tè sa yo te sou kontwòl Lafrans ak Anpi britanik. Enplis tou, nan lane 1960, kominote ayisyen nan Kebèk ta pral pran rasin, sa ki te yon etap kle nan zanmitay de teritwa sa yo. Relasyon sa vin pi fò, pi devlope tou nan mitan defi ak konplisite ki genyen (Exama 2018; Icart 2006). Pou te akeyi Ayisyen k ap komanse debake Kebèk epi pou te sipote echanj kiltirèl yo, plizyè òganizasyon kominotè te kòmanse pran nesans tankou La Maison d’Haïti, Bureau de la communauté haïtienne de Montréal ak Association haïtienne de Québec. Sa pa gen lontan, kèk piblikasyon nan jounal pale sou relasyon ki pa sispann boujonnen nan mitan de pèp yo. Pami kèk piblikasyon nan La Presse, yon medya nimerik kebèkwa, nou jwenn : atik ke Yves Boisvert pibliye (2020a, 2020b, 2023) ak Chantal Guy (2022). Guy te menm kontribye nan kolektif Ayiti-Kèbek Bonjour voisine ki te soti nan Mémoire d’encrier (Poitras 2013). Edisyon sa ke Rodney Saint-Eloi t ap dirije, kontinye fè konnen zèv anpil otè ayisyen. Se menm bagay la tou pou Éditions Sciences et bien commun (Ésbc) gras ak koleksyon Ayiti (Blanc et Madhère 2017; Gourges et Hien 2022; Lainy 2020; elatriye), ki kontribye nan jistis kognitif ak yon fason pou mond lan kapab ki byen konprann opinyon ayisyen. Anplis, jounal ayisyen yo pa kite lanmò antwòpològ, etisyèn ak fondatris epi direktris Ésbc pwofesè Florence Piron sou silans nan prentan 2021 an. Espesyalman, Le Nouvelliste, jounal ayisyen, fè rapò sou omaj ke Réseau des jeunes bénévoles des classiques en sciences sociales te òganize nan Inivèsite teknoloji Ayiti nan memwa zami Ayiti sa a…

Nan lane 2008, gouvènman Kebèk ak gouvènman Repiblik Dayiti te siyen yon akò pou sipòte echanj ant de kilti yo: se yon Deklarasyon konjwent ki chita sou koperasyon nan domèn kiltirèl ak kominikasyon. Kolaborasyon sa a te afime yon lòt fwa nan 2018, pita li ta pral laji nan lòt domèn tou, tankou sa ki te reflete nan Entente de coopération entre le gouvernement du Québec et le gouvernement de la République d’Haïti. Finalman, nan 2022, Kébèk te lanse Stratégie territoriale pour l’Amérique latine et les Antilles, pou sipòte kreyasyon nouvo patenarya. Se nan kad sa a yon relasyon te devlope ant Cégep Rimouski (Cégep) ak Collège La Sainte-Famille (CSF) nan Gonayiv:  ak finansman akò koperasyon an, yon delege Cégep te fè yon vizit nan Latibonit nan janvye 2018 pou fè yon analiz sou bezwen fòmasyon pwofesè nan CSF, espesyalman moun k ap mete anplas « nouvo segondè » a avèk yon apwòch ki chita sou konpetans[1]. Delegasyon sa a te gen Odette Lefebvre, fòmatris nan nivo preskolè ak primè, mwen menm, chaje pwojè ak fòmatris pou nivo segondè, ansanm ak Marie-Ange Faro epi Daniel Bénéteau, de moun ki anplike nan divès pwojè pou amelyore aksè swen lasante, edikasyon, ak dlo pwòp an Ayiti (Tremblay 2020) ki te sipòte nou, sitou lè yo pran responsabilite pou aspè logistik ak lang kreyòl la. Ekip la te genyen kontribisyon Jean-François Girard tou, ki te yon konsiltan nan devlopman pwojè entènasyonal nan Cégep.

Depi nan orijin pwojè sa a, nou jwenn vizyon yon sitwayen ayisyen ki gen anpil angajman: se Pè Gérard Dormeville. Li se fondatè ak direkè jeneral Collège La Sainte-Famille, yon pè katòlik ki angaje nan pastoral sosyal Legliz depi prèske 30 lane. Nan yon atik li ekri ki rele « Christianisme et développement économique » (2019) ki te pibliye nan jounal CSF la, li prezante yon refleksyon sou wòl sosyal Legliz la, ki koresponn ak anpil piblikasyon otorite legliz la konn adrese kwayan yo, ki koresponn tou ak refleksyon kèk pè nan legliz la ak pozisyon pastè nan Lamerik latin nan konn pran nan lane 70 ak 80 yo. Refleksyon pè Gerard a chita tou sou dokiman « L’Église dans la Cité » ke Konferans Evèk Ayisyen yo (C.E.H. an fransè) te pwodwi nan lane 1972. Epitou, avèk enspirasyon Saint-Thomas D’Aquin sa a « moun yo bezwen yon minimòm byennèt pou yo pratike vèti », Pè Dormeville kwè nan yon Legliz ki pi pre moun yo, yon Legliz ki angaje l nan devlopman sosyal ak ekonomik peyi Dayiti. Kidonk, depi lè li fèk pè, li pa rete nan aktivite seremoni relijyez yo sèlman: men, li pran responsabilite tou nan direksyon Karitas dyosezèn Gonayiv la ak nan direksyon Mains Unies, epi li te fonde CSF la pou ofri edikasyon pou moun ki pi fèb yo. Li toujou konsyan ke angajman sosyal li yo depann de moun k ap bay finansman yo, Pè Dormeville te vle divèsifye sipò li yo nan kreye patenarya ak sitwayen epi òganizasyon nan diferan peyi ak diferan konfesyon relijyez. San kenn dout, gran angajman li nan mitan moun ki pi pòv nan Latibonit lan, lespri devlopman li, ak ouvèti li yo se baz kolaborasyon ant CSF ak Cégep Rimouski, kolaborasyon ki te pèmèt nou rankontre nan lane 2018. Jean Noé se te prensipal moun qui te responsab pwojè a pou pati ayisyen an epi se te depi 2018 aprè chanjman pòs kòdonatè pedagogik la, ki te avan li an Pè Rubens Valcin, se ak li Cégep la te fè premye kontak yo.

Aprè vizit ekip Cégep Rimouski a nan Gonayiv, problèm politik ak sosyal, peyilòk[2], ak pandemi ki t ap ravaje mond lan te parèt yon baryè nan tout sa nou te gen kòm defi. Men sa pa t anpeche nou kenbe relasyon yo sere. Nan mwa fevriye 2021, ak mwayen teknoloji nou te kontinye fòmasyon pwofesè ayisyen yo nan distans. Se te yon premye okazyon pou de òganizasyon nou yo. Pwojè sa a te vini pou ranfòse fratènite ayisyen ak kebekwa yo, epi pou renfòse koperasyon Cégep-CSF la. Nou te kopere nan òganize ak fè atelye sou planifikasyon leson yo, Jean Noé kòdonatè pedagojik CSF ak pwofesè syans sosyal epi mwen menm kòm chaje pwojè ak fòmatris. Pwofesè nan Cégep la te envite pou patisipe nan sesyon chak jou nan pataje pratik pedagojik nan yon tètatèt atravè videyo konferans.

Depi nan planifikasyon fòmasyon yo, nou te kominike regilyèman pou nou te antann nou sou valè ki dwe gide pwojè nou an, sou objektif yo, epi mete chita yon pwosesis pou nou rive nan bout objektif nou. Nou te konsilte yon gwoup pwofesè ayisyen pou te konfime apwòch n ap itilize a epi rann li pi adapte pou travay la. Byen bonè, nou te deside enplante apwòch la ki chita sou respè yonn pou lòt, respè otonomi pwofesyonèl san okenn jijman sou koperasyon ak tèt ansanm.  Donk, valè sa yo anpòtan nan òganizasyon nou yo[3]. Pou evite etabli yon relasyon inegal kote manb nan delegasyon kebekwaz yo tap gen èstati ekspè epi moun nan CSF yo pou te konsidere yo tankou novis, nou te ofri aktivite ki chita sou pratik reflèksyon ak koperasyon, pou pèmèt konesans ki soti nan eksperyans pwofesyonèl pwofesè yo vini ak fòs ak pwòp kapasite yo pou jwenn repons pou kesyon pedyagojik yo.

Apwòch sa te reveye yon kesyon mwen te pataje avèk pwofesè yo nan CSF nan lane 2018, enpisrasyon sa te soti nan Le Plaisir d’apprendre (Meirieu 2014): ki eksperyans aprantisaj ou te viv lè w te timoun, lè w te adolèsan oubyen lè w granmoun, nan lekòl oswa yon lòt kote ki gen yon efliyans sou moun ke ou ye jodya ? Pwofesè yo ki te vle pataje repons yo te envite pou yo tèmwaye. Menm apwòch sa a te pwopoze tou pou pwofesè ki gen eksperyans nan Cégep Rimouski ki enplike yo nan fòmasyon nouvo pwofesè yo.

Pandan plizyè ane ap pase, nou te toujou kontinye diskite nan tètatèt atravè videyo konferans ak kominikasyon nan kouryèl pou pataje opinyon nou sou aktivite pedagojik ak entèkiltirèl nou te fè, sou tèmwayaj pwofesè yo, ak sou sa nou aprann nan pwosesis la. Nou te tou eksplore opinyon Marie-Ange Faro, Ayisyèn, ki rete Rimouski depi 2010. Marie-Ange gen yon metriz nan edikasyon epi li se pwofesè kreyòl ak entèvenant sosyal. Li te patisipe nan vwayaj Gonayiv la an 2018 ak fòmasyon a distans an 2021. Imigrasyon li nan Rimouski bay yon pèspektiv enteresan sou kilti ayisyen ak kilti kebekwa.

Nan lane 2022, sitiyasyon peyi Dayiti te vin pi mal epi sa te frape CSF trè fò : gang yo te debalize lekòl la, pote ale tout materyèl ki te nan èspas la, sa ki te lakòz lekòl la te fèmen pou yon ti bout tan. Echanj yo te koupe antre nou, paske nou pa t gen ase resous teknolojik, men ki ta pral vin retabli an janvye 2023, nan moman CSF te relouvri pòt li. Liv sa ki nan men w jodi a se rezilta yon relasyon pwofesyonèl ak fratènite ki travèse difikilte pandan plizyè ane. Nan liv sa, nou jwenn istwa sou eksperyans aprantisaj, diskisyon pedagojik, ak pòtrè tou de kilti yo, anplis li temwaye yon gwo rankont ki te pèmèt diferans ak resanblans yo kwaze epi tou k ap sèvi yon bon zouti aprantisaj.

Nan premye pati a, genyen yon dyalòg ki dewoule nan mitan nou. Dialòg sa te tanmen nan lane 2018 nan Gonayiv epi ki t al kontinye aprè kèk ane avèk mwayen kouryèl epi rankont sou platfòm elektronik yo. Dyalòg sa rakonte istwa nou nan nò peyi Dayiti, nan Latibonit. Li rakonte tou pwojè fòmasyon ke nou te reyalize ak pwojè sou ekriti ki te vin pran plas li. Tèm nou te abòde yo se : vwayaj la ak lapèrèz sa te bay, lang fransè ak lang kreyòl, ledikasyon ak sistèm èskolè a, pwofesyon anseyan ak rapò travay, lasante ak maladi, respè pou tèt ou ak pou lòt la, istwa lavi ak dyalòg, lafwa ak rezistans pou kontinye kenbe.

Nan dezyèm pati a, li gen twa chapit ladan l ki bay lapawòl ak pwofesè ayisyen epi kebewa yo. De premye chapit yo regwoupe temwayaj pwofesè ayisyen ak kebekwa yo nan antrevi yo te genyen nan Gonayiv nan lane 2018. Yo te anrejistre yo epi transkri sa yo te di yo nan menm èstil oral moun ki te pale yo. Profesè CSF ki te temwanye yo se : Jean Noé Alcéus (syans sosyal), Francesca Auguste (kreyòl), Jean Bien-Aimé (literati), Lysias Cossier (matematik), Magnès Cossier (literati), Nicole Narcisse (fransè epi savwaviv) et Fabius Permélus (espanyòl ak mizik). Profesè Cégep ki te temwanye yo gen yon pwen komen : fè pati ekip fomatè nan nouvo pèsonèl Cégep la (Microprogramme de 2e cycle en insertion professionnelle en enseignement au collégial [MIPEC], Performa, Université de Sherbrooke); se Mélanie Arsenault (achitekti), Caroline Dupont (literati), Barbara Hébert (forè), Gina Lévesque (syans enfimyè), David Pelletier (biyoloji), Nathalie Poirier (jeni batiman) et Hélène Rhéaume (travay sosyal).

Nan istwa eksperyans aprentisaj sa yo, yo ajoute yon twazyèm chapit ki gen ladan l echanj ant pwofesè ayisyen ak pwofesè kebèk. Sa ki te fèt nan lane 2021, prezante fòmasyon nan distans sou apwòch ki chita sou konpetans pou pwofesè ayisyen yo. Nan pati sa a, nou abòde kesyon didaktik ak pedagojik tankou: aktyalizasyon kontni leson yo, materyèl didaktik, rapò ak lang pwofesè a, didaktik fransè, etik ak politik, jeyografi ak entèdisiplinarite, itilizasyon imaj nan klas, ensèyman forè, sensibilizasyon sou kesyon enviwònman, elatriye. Pwofesè ki te patisipe nan diskisyon yo soti nan domèn tankou fransè, filozofi, jeyografi, biyoloji, enfòmatik, matematik, forè ak sinema. Pwofesè nan Cégep la ki te pran lapawòl yo se : Jérôme Bossé, Sarah Doiron, Caroline Dupont, Barbara Hébert, Caroline Laberge, Marcel Landry, Gabrielle Thibeault-Brisson. Pwofesè nan CSF ki te anrejistre nan fòmasyon an liy pou 12 ak 13 fevriye 2021 ki te envite pou patisipe nan echanj lib yo se : Josué Antoine, Francesca Auguste, Jean Bien-Aimé, Kenaz Brunis, Carl Aubain Dorvil, Lysias Cossier, Magnès Cossier, Choubert Gustave, David Jean, Wilmarc Jean Baptiste, Jean Riclaire Jean-Pierre, Chesnel Jeune, Wilbert Jeune, Bauny Joseph, Gesnel Méus, Rino Paphius, Jean Claude Philogène, Nicodème Rislin et Homere Zidor. Jean Noé te la tou.

Twazyèm pati ki se dènye pati liv la pwopoze fason ke yonn wè lòt sou istwa eksperyans aprantisaj yo ak dyalòg nou jwenn nan dezyèm pati a. Yon chapit bay Marie-Ange lapawòl. Li rakonte pwòp eksperyans li eksperyans li sou kilti ayisyèn epi kebekwaz ak sa li aprann nan yo, obsèvasyon li fè sou diferan rapò ki genyen ant pwofesè ayisyen ak pwofesè kebekwa. Pou dènye chapit la, se swit dyalòg mwen ak Jean Noé. Nou pwopoze yon lekti sou eksperyans aprantisaj ak echanj ant pwofesè CSF ak pwofesè Cégep Rimouski, sou gid konesans ki byen eksperimante ak referans anpil teyori. Nou te diskite sou sitiyasyon pedagojik, rapò ki genyen ak konesans, wòl erè nan aprantisaj la, devlopman pwofesyonèl, enpòtans pratik ki chita sou refleksyon ak aprantisaj pandan tout lavi a.

Nan mitan twa pati yo, nou jwen kèk ankadreman ki pèmèt nou pote yon limyè ki chita sou teyori nan tout pawòl nou di yo. Nan pati ki ankadre yo, nou prezante rezime panse yonn oubyen plizyè otè ki akonpanye kèk fwa ak tibout nan liv otè sa a. Se pa nan lide pou nou fè yon revi literè konplè sou yon tèm, men pito se pou nou ka pwopoze yon kanal ak moun k ap li liv la pou li gen aksè sou refleksyon pansè, pratisyen oubyen chèchè sou pwosesis ki mennen dyalòg yo ak temwayaj yo ki nan liv la ak nosyon pedagojik ak didaktik nou pran pou referans yo.


  1. Pou aprann plis sou apwòch ki chita konpetans yo, ou kapab konsilte sit entènèt Centre de pédagogie universitaire de l’Université de Montréal : https://cpu.umontreal.ca/enseignement-apprentissage/organisation-programme/approche-programme/ Ou kapab konsilte tou, atik ki rele « L’actualisation de programmes centre sur le développement de compétences : entrevue avec Robert Howe » disponib sou sit entènèt Eductive (2023). https://eductive.ca/ressource/lactualisation-de-programmes-centree-sur-le-developpement-de-competences-entrevue-avec-robert-howe/
  2. Ekspreyon « peyilòk » te parèt nan literati ayisyen nan 2019 lè opozisyon politik la ak yon gwo pati nan popilasyon peyi a te deside fèmen tout antre ak soti gwo vil yo pou mande bese pri pwodwi premye nesesite yo ki pa te sispann monte. Apresa, mande Prezidan Jovenel Moïse pou li te demisyonne, epi sa te fèt anvan fen manda l ki ta pral bout nan mwa fevriye 2022. « Peyilòk » la te mennen nan manifestasyon, barikad nan wout yo, machandiz ak machin prive tankou piblik t ap boule, ak lòt bagay ankò. Daprè yon jounalis nan Le Nouvelliste, sa a ki rele « enfermement récursif de la population dans les foyers » ta yon « nouvo fòm rezistans kont sistèm lan an Ayiti » (Occilien,2019). Daprè Jean Noé Alcéus, « peyilòk » vle di ke peyi a fèmen, epi ekspreyon sa a gen yon sans konpòte pi rèd pase « peyi a bouke » ki te sèvi tou: « peyilòk » se yon fòm rezistans radikal ak ekstremis ke pèp la ak opozisyon politik la pratike nan objektif pou detounen gouvènman eli yo.
  3. Valè sa yo defini nan rapò a ki te pwodwi nan kad pwojè sa a (Lefebvre ak Prud’homme 2018).

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Copyright © 2024 by Daprè Annie-Claude Prud’homme ak kolaborasyon Jean Noé Alcéus is licensed under a License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, except where otherwise noted.

Partagez ce livre