Prefas

Marie-Claude Bernard

Daprè Marie-Claude Bernard, pwofesè titilè nan Université Laval, Fakilte syans edikasyon, Depatman etid sou ansèyman ak aprantisaj.

***

Liv ke Annie-Claude Prud’homme ak Jean Noé Alcéus dirije a pale de yon relasyon ki pote transfòmasyon. Li te fèt aprè yon patenarya ant Cégep de Rimouski[1] (Kebèk) ak Collège La Sainte-Famille (CSF) (Ayiti), ki te jwenn sipò Akò Koperasyon ant gouvènman Kebèk ak Repiblik Dayiti. Lide liv la te pran fòm lè yon delegasyon nan Cégep de Rimouski te pati Gonayiv pou patisipe nan devlopman anseyan nan Collège La Sainte-Famille. Nou te mete sou pye yon fòmasyon ki ta pral fini nan distans. Dyalòg la te etabli epi li te bay fwi. Konesans yo daprè eksperyans yo ta pral rete la, men egzèsis dyalòg entèkiltirèl la, rezilta echanj « pratikan refleksif » yo, jan Schön ta di a, te mete sou fòm ekriti epi anplifye sijè ki te abòde yo. Kontèks sa a prezante sou fòm dyalòg nan premye pati a.

Menm jan ak Claire epi Marc Héber-Suffrin[2], mwen afime ke konesans gen valè atravè fwi li yo. Nan pwojè sa a, konesans yo konstwi atravè dyalòg epi pran chè nan relasyon resipwòk yo. Konesans yo pran rasin nan echanj pwofesè yo pandan y ap rakonte istwa yo. Di ki jan chak moun te aprann, koman yo te aprann yo, koman yo te anseye yo epi ki jan yo menm yo anseye, pou n prete ankò pawòl Héber-Suffrin (2017, 66). Annie-Claude Prud’homme ak Jean Noé Alcéus te enspire nan liv Philippe Meirieu a, Le plaisir d’apprendre kote pedagòg la te envite douz moun ki soti nan diferan orijin[3] pou eksprime « plezi pou aprann ak lajwa pou panse » (2014, 53).

Katòz tèks te pwodui nan demach ke direktè ak direktris travay la te pwopoze kamarad yo: ki baze sou eksperyans aprantisaj yo te viv nan diferan etap nan devlopman yo (timoun, jèn, granmoun), nan lekòl la oswa andeyò lekòl la, ki te gen yon enfliyans sou moun yo devni jodi a. Sèt (7) istwa sou eksperyans aprantisaj nan men pwofesè CSF ak pwofesè Cégep de Rimouski te kolekte. Istwa sa yo fòme dezyèm pati liv la, ki fini ak yon echanj pedagojik nan mitan de gwoup pwofesè ki soti nan CSF la ak Cégep la. Yon twazyèm pati kontinye ak dyalòg pedagojik ant Annie-Claude Prud’homme ak Marie-Ange Faro, manm delegasyon Cégep nan Gonayiv, epi ak Jean Noé Alcéus. Echanj yo montre klè ke rankont sa a pa te yon senp kontak ant pwofesè yo, men yon koneksyon ki te kreye nan mitan moun ki pratike pwofesyon fòmatè nan diferan kontèks fas avèk menm defi yo. Dyalòg sa ouvri chemen pou refleksyon pedagojik komen pandan y ap devlope yon konpreyansyon sou diferan anviwònman kiltirèl. Pi lwen pase diferans ki parèt ant lekòl Gonayiv la ak sila ki Rimouski a, chemen refleksyon sa yo mete aksan sou valè ke anseyan yo bay ansèyman, enpòtans wòl sosyal lekòl la ansanm ak enpak moun ki te kontribye nan aprantisaj ki enpòtan nan lavi yo. Nou jwenn tou, atravè istwa eksperyans aprantisaj sa yo ak echanj sa yo, dezi pou kontinye fòmasyon an, gou pou aprann ak konstriksyon yon relasyon ak konesans ki mobilize yo nan aksyon ansèyman yo. Nou dekouvri medyatè ki gen rapò avèk konesans ki chèche kominike ak elèv yo valè lekòl ak aprantisaj. Anplis de sa, yon sentèz konseptyèl pwolonje kontribisyon istwa sou eksperyans yo, avèk echanj ak dyalòg pedagojik sou fòm ankadreman. Lektè ki vle ka jwenn nan aspè teyorik kle sa yo ki konsèptyalize demach la.

Liv sa a se yon egzanp reflèktivite pwofesyonèl yo egzèse nan aksyon aprantisaj la. Li temwaye konpetans entèkiltirèl ki mobilize bò kote patisipan yo, li temwaye tou ki jan atansyon pou yonn koute lòt pou respè ak lisidite jèmen, sa ki pote rekonesans bò kote yonn lòt. Li montre tou pozisyon direktè ak direktris travay la ki favorize demokratizasyon konesans ki fèt sou jesyon konesans eksperyans yo. Liv sa a sansibilize sou diferan anviwonman ak lekòl yo epi li ankouraje lyen ant pèp ayisyen an ak kebewa yo, de pèp ki pataje lang franse a ak yon teritwa nan Amerik yo pandan yo gen yon istwa ki distenge yo. Angwo, yonn nan pi gwo kontribisyon nan liv sa a se ke li anonse diferan laj ke Jean-Yves Robin (2017) mansyone epi li bay opòtinite pou avanse nan direksyon sa a.

Bibliyografi

Dervin, Fred (2007). « Évaluer l’interculturel : problématiques et pistes de travail ». Dans Évaluer les compétences langagières et interculturelles dans l’enseignement supérieur. Sous la direction de Fred Dervin et Eija Suomela-Salmi, p. 95-118. Turku : Université de Turku, Département d’études françaises. https://www.utupub.fi/bitstream/handle/10024/69212/assessment.pdf?sequence=1&isAllowed=y

Héber-Suffrin, Claire et Marc Héber-Suffrin (2017). Penser, apprendre, agir en réseaux. Donner, recevoir, donner aussi… La réciprocité pour réussir. Lyon : Chronique Sociale.

Lani-Bayle, Martine, Maria Passeggi et Sandra Vasconcelos (coord.) (2022). Des écoliers racontent leur école. Découvertes, jeux, apprentissages. Paris : L’Harmattan.

Meirieu, Philippe (2014). Le plaisir d’apprendre. Paris : Autrement.

Pineau, Gaston et Hervé Breton (2021). Vingt-cinq ans de vie d’une collection. Quelle(s) histoire(s) en formation? Paris : L’Harmattan.

Robin, Jean-Yves (2017). « Le savoir entre saveurs et nausées ». Dans Jean-Pierre Gaté (dir.). Le rapport aux savoirs en Éducation, postface, p. 155-166. Paris : Les acteurs du savoir.

Schön, Donald Alan (1994). Le praticien réflexif. À la recherche du savoir caché dans l’agir professionnel. Montréal : Éditions Logiques.


  1. Cégep se yon akwonim fransè ki vle di Kòlèj pou Ansèyman Jeneral ak Pwofesyonèl (Cégep : Collège d'enseignement général et Professionnel).
  2. Claire ak Marc Héber-Suffrin se inisyatè Réseaux d’échanges réciproques de savoirs (RERS) avèk Gaston Pineau, ki se yon figi anblematie nan listwa lavi nan fòmasyon.
  3. Kit se nan domèn ansèyman ak fòmasyon (nan lekòl primè, nan nivo inivèsite oswa menm avèk Compagnons du Devoir et du Tour de France), nan domèn sosyoloji, sikyatri ak sikanaliz, filozofi, istwa, tradiksyon ak jounalis, literati ak èskilti oubyen ki soti nan angajman asosyativ.

Partagez ce livre