Nathalie Poirier, pwofesè jeni batiman

Nan nivo segondè, nan Ecole Paul-Hubert de Rimouski, mwen te fè eksperyans ki te make m anpil. Se te nan fransè, segondè 4, mwen kwè. Yon pwofesè fransè te fè nou aprann règ gramè yo pakè, pa egzanp règ akò fransè yo. Se te yon pwofesè ki te nan senkant ane yo konsa, byen seryè. Nou te fè anpil analiz gramatikal. Nan kòmansman chak leson, li te fè tout gwoup la, anviwon trant lèv, repete règ akò yo mo pou mo, epi mwen te sonje tout bagay. Mwen te renmen sa. Sa te dire lontan, sa pa t yon aprantisaj ke mwen bliye byen vit. Pa gen anpil elèv ki te renmen analiz gramatikal, men mwen te renmen li, sa ki biza. Nou te gen yon fraz, epi nou analize tout bagay: sijè, vèb, konpleman, apre sa nou itilize koulè pou souliye vèb la, fè wonn sijè a, epi nou fè lyen ak flèch pou fè lyen ak règ gramè yo.

Mwen sèvi ak règ gramè yo mwen te aprann nan chak jou. Mwen pa sèvi ak yo byen fò, mwen pa resite yo ankò, men yo rete nan tèt mwen mo pou mo. Lè mwen ekri, mwen panse sou sa. Pa egzanp, akò patisip pase ak avoir epi être (an fransè) : patisip pase ak être akòde nan jan ak nan nonb epi akò avoir ak konpleman objè dirèk la si li plase anvan. Mwen te aprann ke repetisyon ede kapte sa ou aprann nan pou lontan. Ki pa vrèman itilize ankò. Nan kolèj la, nou pa gen tan sèvi ak repetisyon regilyèman. Ak pitit mwen yo, mwen souvan repete menm bagay la. Mwen pa konnen si li pral gen menm efè a, men mwen panse sa. Kòm yon paran, lè nou repete menm bagay plizyè fwa ak timoun yo, sa ap rete pou yo aprè, mwen fè sa san mwen pa renn mwen kont. Pa egzanp, mwen mande yo pou yo vide sak yo lè yo soti lekòl! Yo souvan panse sou li, men yo toujou bliye pa fwa, petèt san yo pa rann yo kont.

Mwen te gen yon pwofesè tou nan Inivèsite Kebèk nan Rimouski ki te anseye nou nan yon kou sou pwojè epi ki te enspire m anpil. Nou te gen pou n te fabrike yon bagay. Nan kad kou a, nou te gen pou nou fabrike yon robo ponpye an ekip, nan lide pou nou t al patisipe nan yon konpetisyon nan Calgary nan finisman ane a. Te gen anpil pwogramamasyon ladan. Li te konplike anpil. Robo nou an t ap mache nan yon labirent ki reprezante yon kay ki gen koridò ak chanm, epi li te dwe jwen dife anndan kay la pou li etenn Se te yon chandèl, se pa t yon dife vre! Pwofesè sa a te enspire m anpil ak jenewozite li ak prezans li. Li te vrèman patisipe nan pwojè elèv li yo. Li te bay tan li anpil. Nan finisman, lè nou te kwense epi fòk nou yo te ale nan konpetisyon an epi pwojè a pa te fini nèt, li te konn vini nan wikenn. Li te konn apral regle afè li, epi li pase wè si tout bagay ap mache. Anpil fwa, sa p ap byen mache, li te konn rete pou li debloke nou pou n kontinye.

Sa te gen yon enpak sou pratik mwen. Lè w devwe, bay tan pou ou asire w ke elèv yo pa bloke. Mwen reponn kouryèl mwen yo nan aswè a, nan wikenn. Mwen twouve ke sa pa pran m anpil tan, tan ke ou sove lè w ap chèche repons kesyon yo. Mwen te aprann tou ke apwòch ki chita sou pwojè pèmèt ou wè anpil bagay nan aprantisaj la, men tou li pèmèt ou aprann anpil lòt bagay ki nouvo. Apwòch sa a make, plis pase kou yo bay nan yon fason metriz, jis nan klas la. Li make plis paske nou pèsonèlman patisipe nan pwojè a. Epi tou paske li souvan fèt tankou yon ekip, gen plis echanj ak lòt moun. Nou sonje plis paske nou pa sèlman wè, ekri, tande : nou pran aksyon. Mwen te aprann rezoud konfli, se sèten : moun ki mwens enplike, ki fè mwens pase ou, oswa ki pa dakò ak solisyon ou yo. Pèsonèlman, se pwofesè a, pèsonalite pwofesè a ak èd li bay nou ki te chanje m. Pwofesè sa a te jennen anpil, ansèyman te èstrese l anpil. Men, lè li te ede nou yonn pa yonn oswa tankou yon ekip epi li te wè ke nou te enterese vre ak sijè li a, li te timid epi li te trè disponib. Pi gwo kalite li se te jenerozite li pou etidyan li yo.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre