Mélanie Arsenault, pwofesè achitekti

Yon jou, papa m te aprann mwen kijan pou m kondwi yon machin manyèl. Sa ki te frape m se fason li t ap aprann mwen an. Mwen te deja gen pèmi kondwi mwen, men mwen jis konn kondwi otomatik. Papa m te gen yon machin manyèl, epi manman m, yon machin otomatik, ki te fè li konplike, pafwa, pou yo pataje vwati. Se konsa, papa m te di m: « La, ou dwe aprann kondwi manyèlman ». Epi li te vrèman pasyan. Men, mwen pa t vle kondwi manyèl paske manman m te toujou di li te difisil, kidonk mwen te gen zewo konfyans nan tèt mwen. Mwen te sèten li te vrèman difisil, mwen te kwè li! Mwen te wè li tankou yon gwo bagay.

Mwen sonje jan papa m te konn montre m sa, avèk anpil pasyans. Li dekonstwi lide ke mwen pa t kapab, li te ban m konfyans pandan li tap sipòte m nan sa. Li te vini avèk mwen tout tan, men mwen pa janm vle ale nan machin nan pou kont mwen. Nan yon moman, lè li te santi mwen te pare, li te itilize yon fason… Olye li te vin mennen m tounen nan travay mwen, li te di: « Jodi a, si ou vle ale, ou pral oblije pran machin nan! » Li di m sa minit anvan travay. Li te konnen mwen te pare, ke mwen te kapab fè li, epi tout sa mwen te bezwen se te konfyans ak yon ti pousad. Finalman, tout bagay trè byen pase. Mwen te gen 17 lane — mwen te gen lisans mwen an lè m te ge 16 lane — mwen te lakay, se te ete. Se te nan Baie-des-Chaleurs nan Gaspésie. Pa te gen okenn trafik, men te gen yon ti mòn. Defi a nan ti mòn lan, ak kondwi manyèl! Frè m pat gen li sans li — mwen pa konnen si mwen ta dwe di sa — men li te deja konnen ki jan yo kondwi manyèlman, epi li te pi piti pase m, kidonk sa te mete yon ti presyon anplis sou mwen!

Papa m te itilize kèk mo. Li te chita bò kote m epi li di: « OK, li bon, ou ka ale, ou ka fè li. » Li te obsève sa m t ap fè a, li te fè kòmantè sou sa m te fè yo, li te souke tèt li pou l di « sa bon ». Men, li pa pèdi tan nan fè mil kòmantè. Li pa t la ankò pou l di m si li kòrèk. De tan zan tan yon ti kòmantè, men tou piti, kidonk sa li te ban mwen yo te make m. Pami lòt bagay, konsèy pou lè w ap kanpe nan yon pano èstop epi ou vle redemare. Li te di m: « Si w ezite, pa ale, e si w ale, pa ezite! » Sa, se papa m!

Mwen panse sou sa souvan. Lè nou vle fè yon bagay, pi gwo baryè nou se mank konfyans nou. Se lè nou dwe fè li ke nou pran etap la. Lè m okouran de sa, pafwa mwen eseye pa ale byen lwen epi pran devan, epi ale pi lwen pou kont mwen. « Si ou ezite, pa ale pou li, epi si ou ale, pa ezite » »: mwen panse sou sa souvan tou, epi yo pa sèlman nan lè wap kondwi, nan tout pwojè mwen patisipe tou.

Kòm yon pwofesè achitekti, mwen eseye ankouraje sa elèv mwen yo komanse fè byen, mwen di li byen fò. Mwen ankouraje yo, mwen di yo souvan tou: « Ou ka fyè de tèt ou », pa sèlman « Mwen fyè de ou ». Mwen eseye konsantre sou sa yo fè byen. Mwen panse sa byen fonksyone. Pafwa, gen ladan yo ki sezi nou di yo bagay konsa, yo sanble sezi, yo èspere ke nou pral montre yo erè yo tout tan olye ke nou di yo « Sa, se bon. ». Mwen eseye konsantre sou sa ki pozitif la.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre