Magnès Cossier, pwofesè literati

Mwen swete temwaye eksperyans mwen kòm pwofesè, men tou sou sa mwen te viv lè mwen te elèv, yon anseyan patikilye ke mwen te gen chans rankontre sou wout mwen. Tout sa mwen pral di yo se pa pou mwen fè bèl fraz, men se pou rakonte yon bagay ke mwen te viv epi ki te make m lè m te etidyan epi ki toujou enspire m jodi a, me konnya m ap egzèse metye sa.

Mwen fèt nan yon peyi kote ki gen anpil difikilte, men paran m, menm si yo pat gen gwo mwayen, menm si yo pa te gen gran konesans, te fè anpil efò pou mete m lekòl. Mwen dwe fè remake majorite lekò an Ayiti se prive… Lè yon timoun nan lekòl an Ayiti, gen anpil rezon pou l abandone. Men bèl eksperyans mwen te fè a te plis tankou yon avanti ki te fè m anvi kontinye, mwen te tankou yon eksploratè, mwen te vle dekouvri sa ki t ap tann mwen. Mwen pa ka anpeche m pale sou rankont mwen ak yon pwofesè. Yon madmwazèl, tankou nou an Ayiti. Peyi nou se yonn nan kèk peyi kote salè yon pwofesè tèlman ba, men mwen te sezi wè jan jènfi sa a mete nanm li, mete kò l, mete kèl nan sa l ap fè. Menm si mwen pa t gen anpil lespri, mwen te kapab wè bagay sa yo. Jodi a, mwen konprann plis toujou.

Mwen te nan lekòl primè. Sa mwen pral rakonte la, se yonn nan santèn istwa mwen te kapab rakonte yo… Pwofesè sa a, jan mwen te deja di, te mete tout li menm nan travay li. Ou te gen enpresyon ke li t ap travay pou karant timoun plis pase nou, ak klas nou yo ki deja gen yon bon kantite elèv. Mwen pap site non li… Petèt li pa menm sonje de sa m ap pale a. Yonn nan bagay ki pi frape m se ke yon jou, malgre pitit li malad, li te prefere neglije sante pitit li yo pou l te ka ede nou grandi. Mwen te santi sa paske mwen te kapab li tristès ak lapenn nan figi l, sitou lè li te esplike nou sa li t ap travèse malgre li pate sèten nou t ap vin konprann. Eksperyans sa a ak anpil lòt te motive m pouswiv yon karyè nan edikasyon. Mwen fyè jodi a pou m di mwen se yon pwofesè. Mwen fyè tou pou m di mwen se yon bon pwofesè. Se vre travay sa a pa fasil prèske tout kote nan mond lan, sitou an Ayiti, men mwen wè li tankou yon sasèdos. Nou dwe travay pi fò nan jounen an plizyè fwa san repo. Klas nou yo gen anpil elèv, materyèl la manke, timoun yo pa ka aprann tou pou rezon nou konnen yo. Malgre tout difikilte sa yo, mwen ta renmen di ke se yon onè ak yon privilèj pou mwen patisipe nan konstriksyon sosyete kote m ap viv la.

Mwen anseye fransè nan plizyè lekòl nan vil Gonayiv nan yon wo nivo. Mwen akonpaye elèv yo sitou nan pwodiksyon ak entèpretasyon tèks. Souvan, lè mwen rankontre yo, sa yo genyen kòm baz pa ase ditou. Men, kòm metye mwen an mande pou mwen pran pasyans. Mwen renmen ede yo dekouvri ki konpetans yo deja genyen. Jodi a, mwen kontan epi m fyè pou mwen di yo vrèman amelyore.

Nou gen yon peyi pou nou bati. Sa pap posib san anseyan ki bon sitwayen yo. Mwen touche lè mwen wè koman timoun yo swaf prezans nou, koman yo anvi koute nou. Li fè m konprann tou plas mwen pa lòt kote ke an Ayiti.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre