Jean Noé Alcéus, pwofesè syans sosyal

Mwen te nan Lekòl Nòmal Siperyè, aprè mwen te fin fè klas filo, pou m etidye syans sosyal. Aprè twazan etid, yo te mete yon etid anplis nan Lekòl Nòmal la ki dire yon lòt ane ankò. Lè sa a, mwen t ap travay Gonayiv kòm pwofesè, men etid sa a te mande pou m ale Pòtoprens pou m patisipe nan yon kou istwa ak jewografi pou lisans. Yon bò, te gen travay, kou pou prepare nan Gonayiv, yon lòtbò, kou pou mwen te pran Pòtoprens : mwen te yon pwofesè ak yon aprenan an menm tan. Sa te mande m yon kalite dinamik pou m te kapab òganize orè pou m ale Pòtoprens nan wikenn yo.

Sa ki te motive m pou m reyalize pwojè sa a se dezi pou m ale pi lwen. Aprè twazan nan Lekòl Nòmal, mwen te gen yon sèten kapasite. Men, yon pwovèb kanadyen di nou: « Plis nou fòme, se plis nou ka defann tèt nou nan lavi sa a ». Mwen te aprann pwovèb sa a yon jou nan tribinal: te gen yon akize ki t ap defann tèt li, ki te lanse pwovèb sa a ke li te aprann pandan yon sejou nan Kanada. Li te gen fòmasyon ki te pèmèt li debouye li nan lavi a. Sa te enterese m! Mwen te di: twazan pa ase, mwen bezwen plis konesans, plis fòmasyon.

Ki donk mwen te fè aranjman pou m kite Gonayiv chak vandredi epi pou m te rantre Pòtoprens nan apremidi poum mwen te etidye lòtbò a vandredi, samdi ak dimanch… Mwen te oblije retounen Gonayiv lendi pou m te kontinye travay mwen kòm pwofesè. Sa te difisil anpil! Epi sa te dire yon lane konsa. Pandan seri fòmasyon yo, anpil etidyan te abandone. Sa pat fasil! Men mwen menm, mwen te di jiskobou. Mwen fè egzamen yo epi mwen te pase tout twa tès yo. Menm jou evalyasyon yo, kèk etidyan rive, yo gade tèks la epi yo wè yo paka reponn, yo abandone. Mwen te di: jiskobou! Mwen te fè egzamen yo epi mwen te rive pase twa tès yo. Nou te fè yon tès ak yon pwofesè fransè, ki te rele misye Thomas, yon tès ak yon pwofesè ayisyen ki te rektè Inivèsite Limonad epi ki te travay an Frans, mesye Théodat, yon lòt tès ak yon pwofesè ayisyen, madanm Gustie Gallard. Nou te anviwon 20 moun pou kòmanse pwogram nan men, nan lafen an, te gen sèlman 10 ki rete.

Eksperyans sa a te ban m volonte ak kouraj pou m kontinye menm lè sa pa t fasil. Mwen vin konprann, aprann pa fasil. Nan moman fòmasyon sa a, pwofesè jewografi a te rakonte nou kèk bagay sou lavi li ki te touche m anpil. Li te di mwen lè li te timoun, li t ap viv ak manman l, li pa konn wè papa li souvan. Sa pa te anpeche papa l ba li tout sa li bezwen. Lè li vin jèn gason epi granmoun, pwofesè a te anvi marye. Nan sans sa, li ekri papa l yon lèt pou mete l okouran sou pwojè maryaj la. Papa l te reponn li nan yon fraz tou kout : « Pa fè sa ». Pwofesè a pa t prete atansyon ak sa papa l te di l la, epi tou li pa poze l kesyon. Li te konprann papa l jis dekonseye l pou li pa marye paske papa li menm pap viv anndan maryaj. Profesè a reyalize maryaj li san li pa tcheke sou sa papa l te di li a. Aprè li vin gen de timoun ak madanm li, gen yon bagay ki vin pase epi li pran desizyon pou li divòse epi tou li remarye ak yon lòt fanm. Avan lontan, li vin jwenn plis pwoblèm ak dezyèm madanm nan. Pwofesè a te rakonte papa l pou li di tout sa ki rive l nan maryaj. Se nan moman sa, papa l eksplike li sa ki te rive li ak manman l epi pou ki rezon li te mande pwofesè a pou l pa t marye. Pwofesè a te konprann konpleksite ki gen nan maryaj epi li pale regrè li genyen paske li te divòse ak premye madanm li jis paske te genyen yon enkonpreyansyon ki pa te menm gen enpòtans. Se bagay ki te ka jere si li te gentan konnen istwa papa l ak manman l. Pwofesè mwen an bann konsèy kouman pou nou mezire angajman n ap pran epi pou nou pa pran desizyon lè nou sou emosyon. Daprè mwen, papa l pa te konseye li pou l pa t ale marye, menm pito pou li te mezire pwoblèm ki gen nan maryaj avan li al rantre ladan l. Mwen konprann ke lè w rankontre difikite nan lavi a, ou pa dwe chèche koupe fache devan sitiyasyon an men pito rete soude pou kontinye wout la.

Mwen te vin yon pwofesè syans sosyal nan klas filo. Mwen ap travay nan CSF depi 2008. Mwen kwè lè w ap anseye, ou dwe vize byennèt timoun yo. Mwen te li sa nan yon atik: pwofesè a ka gen tout pwoblèm nan mond lan, men li pa dwe bliye li gen fonksyon akonpaye timoun yo. Epi timoun yo pa bezwen konnen pwoblèm pwofesè a, yo pa vin pou tande pwoblèm yo. Yo vin pou jwenn yon bagay. Yon lòt bò, pwofesè a dwe fè efò pou l ale pi lwen pou satisfè elèv yo, poul pa fè elèv li yo pote pwoblèm pèsonèl li yo.

Yon jou, mwen te gen pou m te ale anseye nan lekòl presbiteral nan Lestè. Yon elèv te di yon bagay ki pa fè m plezi. Mwen tande sa li te di a. Mwen te mande l pou li reprann sa l te di a, epi li te di yon lòt bagay. Men, elèv ki te bò kote li yo te tande, yo di tèt yo: « Nou pral wè sa pwofesè a pral fè! » Paske elèv la, ak pawòl li a, te ensilte m. Mwen te mande elèv la reprann sa li di a, epi li te di yon lòt bagay. Mwen te kite l, men lòt elèv yo te choke. Yo mande m: « Poukisa? Poukisa ou pa reyaji? Poukisa ou aksepte sa elèv la di a? Nou te tande byen klè sa li te di anvan ». Mwen te di tèt mwen: « Elèv la ka gen yon ti pwoblèm ak tèt li, men li te resezi li. Li pa kontinye nan menm sans lan, fòk mwen kite l trankil ». Elèv yo te sezi reyaksyon mwen an. Paske mwen te konprann ke elèv la te ka gen yon ti pwoblèm lakay li e ke li te rive nan kè li nan klas la ki te ba li yon reyaksyon ki pa kòrèk, men nou pa te kapab pini li. Lè nou ap anseye, nou dwe vize pou byennèt timoun yo. Se sa, sa yo se eksperyans kòm pwofesè epi kòm yon travayè isit.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre