Gina Lévesque, pwofesè swen enfimyè

Nan lekòl primè, mwen te gen yon pwofesè ki te fè atelye chak aprè lekòl lage, pa egzanp pou montre ekri ak lèt tache, men jis pou elèv ki te gen plis fasilite, pou ede yo avanse. Li te vle bay tan li pou l montre kòman ekri konsa paske nan twazyèmane, nou te toujou ekri ak lèt detache. Pwofesè a pat chwazi m… Se domaj, mwen te jwenn sa se paske mwen te gen lenpresyon pwofesè a te chwazi timoun li te plis antann li pi byen ak yo. Lè sa a, yonn nan zanmi m yo te di m sans ezite: « Mwen pa konprann poukisa li pa te pran ou. Ou ta dwe vini jwenn nou. » Mwen aksepte. Pwofesè a te di: « Men, se mwen menm ki te chwazi elèv yo! Ou pa ta dwe envite moun konsa! » Menmsi presans mwen te ofanse li, li te reyalize ke mwen te kapab aprann fòm ekriti sa a. Finalman, se konsa mwen te fè pati gwoup la. Sa te fè m reyalize ke li enpòtan pou antre m nan mitan tout elèv yo nan aktivite yo ap fè yo epi pou m kwè nan potansyèl chak elèv nou yo. Si pwofesè a jije ke yon elèv gen mwens kapasite, olye pou yo mete li akote, yo ka eseye jwenn yon aktivite ki pral pèmèt li patisipe, epi menm pi byen, ankouraje asistans ak aprantisaj nan mitan elèv yo. Sa a se prensip la nan kokonstriktivis. Mwen kwè ke privilejye kèk elèv ka domaje èstim lòt elèv yo mete akote yo, anplis sa mete yon distans nan mitan elèv yo : sa devlope yon santiman ki fè kèk nan yo kwè yo pi siperyè epi gen lòt yo kwè tou ki enferyè nan mitan yo. Se te yon eksperyans ki te make m anpil.

Nan yon lòt lè, nou te gen yon èspektak dans pou fè, epi li te pase sou televizyon kominote a. Sou ekran an, yo te toujou wè menm elèv yo. Mwen te di: « Nou te wè yon moun konsa anpil. » Pwofesè mwen an reponn: « Yo jis montre pi bèl yo. » Mwen sèten li te di sa pou fè elèv ki enplike yo plezi, men sa te aprann mwen pou m fè atansyon ak sa w di pou pa blese Kèk elèv.

Yon lòt pwofesè nan lekòl primè te montre m enpòtans nosyon sou respè ak egalite, yon ti jan nan menm sans ak sa yo anseye nan klas pedagoji: pa panse, kòm yon pwofesè, ou siperyè elèv nou yo, men pito tankou yon gid. Li te anseye dezyèm oswa twazyèmane. Li te pale ak timoun yo konmsi yo te « granmoun ». Li te mande yo opinyon yo, li te pale ak yo ak vokabilè granmoun. Li te pran yo tankou yon moun antye, li te pran tan pou koute yo epi kominike avèk yo. Te gen respè tou lè li ap pale antre yo.

Sitiyasyon tèt anba sa a te ede m vinn pi sansib nan lide pou m entegre epi bay respè ak tout elèv mwen yo. Si mwen wè kèk nan yo ki gen plis difikilte, ki plis lan, mwen eseye sipòte yo pou yo pi byen entegre. Nan menm sans sa, nan metye mwen kòm enfimyè, Mwen respèkte tout pasyan mwen yo, kelkeswa èstati sosyal oubyen nivo edikasyon ke yo genyen. Mwen sonje yon komantè yon pwofesyonèl lasante ke mwen te konn travay ak li te fè. Te gen pami pasyan nou yo, yon dam ki te gen yon ka pi egzajere epi enfimyè a te di : « Mwen konprann sa ki fè li konsa, ou pa wè kote li soti? » Li te di sa paske dam nan se te moun andeyò kote ki lwen lavil, paske moun nan soti nan yon zòn ki devaforize. Poutan, se pa paske moun nan rete andeyò, paske li pa gen anpil lajan osinon paske li pa gen gwo enfliyans nan sosyete a ke moun sa merite yon swen ki difiran oubyen mwens konsiderasyon ke tout lòt moun. Malerezman, yo konn obsève nan lavi sa, moun ke yo trete pi byen ak plis enfliyans oubyen plis konsiderasyon.

Pandan etid mwen nan swen enfimyè nan cegep, pwofesè mwen te genyen yo te modèl. Yo te gen menm valè ak mwen, respè, jistis. Mwen sonje pwofesè ki te fè kou dinamik lan, ki te fè elèv yo pataje tou, ki te al jwenn elèv ki pale mwens. Lè sa a, mwen reyalize li, men kounye a mwen reyalize li menm plis. Si se menm moun ki te leve men yo, yo ta di: « Nou pral kite lòt yo pale. » Kèk pwofesè swen enfimyè te patikilyèman sansib pou sa.

Mwen twouve li enpòtan pou mwen gen sansiblite pou sa elèv yo ap viv. Pafwa, nou pa konnen epi nou kouri jije: « Pou mwen, li sanble ke li manke fè travay li, li pa te prepare èstaj li ase pou semèn sa. » Pafwa, nou konnen aprè sa yo te fè eksperyans yon bagay. Souvan yo di yo: « Pale nou sou sa. Wi, nou eseye imajine ke li pa toujou egal nan lavi ou, men lè nou konnen rezon an, li ede nou menm plis konprann. » Se pa tout moun ki ouvè menm jan ak lòt. Gen kèk moun ki p ap mete dlo nan bouch yo pou di sa epi jistifye reta yo a.  Epi gen lòt ki pral fè menm remak la men ki pa pral pale. Egzanp, elèv premye ane yo gen mwens zouti. Souvan yo fèk rive nan cegep, gen kèk ki lwen fanmi yo, kòmanse lavi nan apatman. Mwen ta di li pi mal akòz kontèks la. Nan dezyèm ak twazyèm ane yo, yo ka fè eksperyans ki difisil tou, men souvan yo te gen tan pou yo abitye ak nouvo anviwònman yo, yo devlope zouti yo, resous alantou yo. Matirite a jwe yon wòl nan sa tou, menm si yon moun ka rive nan matirite nan premye ane a, gras ak yon kontèks ki pi favorab.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre