Francesca Auguste, pwofesè kreyòl
Nan fanmi mwen, nou ka di ke ansèyman te toujou prezan. Pandan klas segondè m, mwen pa te gen dezi pou m anseye, men papa m te gen yon vizyon pou mwen. Li di m souvan: « Francesca, parapò ak pèfòmans ou nan lekòl la, fòk ou vin yon nòmalyèn. » Apre m fini etid klasik mwen, mwen te etidye jesyon. Malgre tout rechèch mwen fè, mwen pa t kapab jwenn yon travay. Yon aswè, pandan mwen t ap dòmi, m te reve ke m te nan yon klas k ap anseye literati fransè. Mwen sonje li trè byen! Lè m leve, mwen di manman m sa. Li te ankouraje m pou m chèche kou pou mwen anseye. Mwen te di, « Manman, mwen pa yon Nòmalyèn, mwen pap jwenn kou ». Li di m: « W ap chèche kou, apre sa w ap ale nan Lekòl Nòmal ». Men, mwen te di : « Elèv yo twò anmèdan, manmi, mwen sonje lè mwen te lekòl ». Epi, sak pi mal la, lè mwen te premye mande yo anseye, mwen te anboche touswit. Mwen te kòmanse nan yon lekòl segondè nan Pòtoprens, nan kapital la, sa gen trèz lane. Mwen te kòmanse ak tout dinamik ki nesesè pou reyalize objèktif mwen. Ane ki vini an, mwen te enskri nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS – an fransè) epi mwen te etidye syans sosyal. Depilè sa a, mwen se yon pwofesè.
Ansèyman se yon sasèdòs li ye pou mwen. Mwen renmen anseye, menm si gen difikilte. Kounye a, an Ayiti, pwofesè yo ap travèse anpil difikilte, men mwen pa gen entansyon rete san anseye. Gen refòm kontinyèl paske li vrèman lou, sitou pou kèk elèv. Avèk « nouvo segondè a », sa gen pou chanje. Li reprezante pou nou yon lòt fason pou viv ensèyman an. Gen kèk elèv ki te etidye nan segondè tradisyonèl la epi yo te entegre nan nouvo segondè a, sa lakòz anpil difikilte pou pwofesè yo. Edikasyon an Ayiti dwe chanje. Pwofesè yo bezwen resevwa plis fòmasyon, pa egzanp, sou apwòch ki chita sou konpetans lan. Nou menm pwofesè yo, nou toujou bezwen aprann.