Dyalòg ant Marie-Ange Faro ak Annie-Claude Prud’homme

ACP : Marie-Ange, ou konnen kilti ayisyen ak kilti kebekwa byen, epi ou te gen chans travay nan nivo primè, segondè ak kolèj, nan Gonayiv ak Rimouski. Èske ou ka pale nou sou vwayaj ou soti Ayiti pou rive Kebèk, kisa sa te aprann ou, epi an patikilye evolisyon refleksyon pedagojik ou?

MAF : Lè m te nan lekòl segondè nan Pòtoprens, nan klas reto ak filo, mwen te aprann yon bagay sou amitye. Mwen te bon nan matematik ak fizik anpil. Chak fwa mwen te fè yon devwa, mwen te jwenn 10 sou 10. Repons yo te vin jwenn mwen poukont mwen, mwen te di tèt mwen : « OK, si nou fè li konsa… » Se tankou se yon rezo mwen te gen bò kote m : lòt moun yo konpare yo nòt ak pa mwen, aprèsa, tout moun te vle pale avè m. Zanmi yo pat vle remèt devwa yo san mwen pa bay opinyon mwen, san se pa menm repons nou jwenn. Nou te kòmanse travay an ekip, fè devwa ansanm. Te gen moun ki te fè li tankou se kòlèg travay, men te gen lòt ke mwen te pi byen ak yo. Lè n ap travay ansanm, nan ede youn lòt, nou te vin zanmi. An Ayiti, amitye yo vrèman solid. Nou pa pale souvan, men lè nou pale, yonn rejwenn li nan lòt. Relasyon sa yo toujou kenbe jodi a, tankou lè nou te nan reto ak filo. Nou sonje tout tisouvni yo tankou nou frè oswa sè. Gen zanmi mwen genyen depi nan lekòl segondè ke mwen ka toujou konte sou yo. Pa egzanp, yon fwa mwen te bezwen yon papye pou yon aplikasyon nan imigrasyon. Se te yon bagay ki te difisil pou mwen, mwen te mande yon zanmi ki nan Pòtoprens :  « Èske ou ka ale chèche yon bagay pou mwen ? » Se te konplike paske an Ayiti, bagay yo pa fasil. Sa te gen lontan nou pa te pale, men zanmi sa a te ede m.

Epitou, yon jou, mwen te pran yon desizyon ki te trè enpòtan nan lavi m, ki te yon sous aprantisaj. Se te an 2010. Lè m te pran desizyon sa a, pa t gen anpil moun ki te aksepte l. Mwen te gen yon zanmi relijyez, yon Ursuline ke mwen te rankontre nan Desdunes nan kòmansman etid segondè mwen, mwen te kenbe kontak ak li, ki te kominike avè m aprè tranblemanntè a. Li te yon enfimyè nan yon kongregasyon nan Pòtoprens. Li mande m si mwen vle vin ede l pran swen moun ki te nan debri yo, sa mwen te fè. Se te yon bon aksyon pou m te kite kay mwen. Mwen te ede zanmi m nan Pòtoprens jiskaske mwen te ale Koray avè l, nan Jeremi. Mwen te kontinye avè l, mwen te nan moman prezan an, mwen pa t ap panse ak lepase ankò. Mwen te konnen presyon an te wo, men mwen reyèlman atache ak desizyon sa a. Se te premye fwa nan lavi m kòm jèn adil ke mwen te pran yon desizyon konsa. Mwen te aprann ke libète m, lavi m, se mwen menm ki responsab li, se pa lòt moun. Sa te aprann mwen ke tout lavi mwen, fòk mwen pran desizyon malgre lòt moun ka wè sa yon lòt jan, fòk mwen pran desizyon pou tèt mwen, epi se mwen pouki responsab desizyon ke mwen pran yo. Si mwen pat pran desizyon sa a, mwen pa t ap gen kè kontan jodi a. La mwen kontan, mwen kontan ak moun mwen vin tounen jodi a. Sa fè m mal pou w wè moun ki bò kote w yo k ap soufri oswa ki meprize, men lè w poze aksyon, fè sa w vle pou tèt ou, sa se yon bagay ki vrèman enpòtan pou mwen.

Se konsa mwen te rive Kebèk nan lane 2010. Mwen te etidye nan Cégep nan Rimouski, answit nan sikosyoloji nan inivèsite. Mwen te toujou timid epi mwen te gen yon ti difikilte pou eksprime m, pou bay opinyon m. Mwen te toujou santi tankou moun mwen t ap pale ak yo men yo pa konprann mwen. Nan sikosyoloji, nou pale anpil sou tèt nou, sou emosyon nou, sitou nan premye ane a. Pwofesè yo te vrèman ede m. Pandan diplòm bakaloreya mwen, mwen te aprann eksprime opinyon mwen san laperèz, sa ke m te gen difikilte pou m fè. Lè mwen te kòmanse eksprime m nan ekip travay yo, sa pa t toujou ale byen, men mwen eksprime m kanmenm, mwen eseye… Pèsonèlman, mwen pa renmen konfli, men lè sa rive, mwen eseye bay opinyon mwen. Lè mwen wè ke pa gen moun bò kote m ki te pran sa mal, mwen di tèt mwen : « OK, mwen kapab bay opinyon mwen ». Lè moun nan pa dakò, mwen eksplike yo byen… Mwen mande moun nan : « Èske ou konprann mwen oubyen ou pa konprann mwen? » Li di m : « OK, mwen konprann ». Se yonn nan bagay mwen te aprann ki fè m vin moun mwen ye a.

ACP : Mwen konprann ke aprantisaj pèsonèl ou te fè a te gen yon enpak dirèk sou akonpanyatriz ak entèvenat ke ou vin devni. Ou te konplete tou yon metriz nan edikasyon nan Université de Quebec nan Rimouski. Sou ki sijè?

MAF : Li te chita sou konsiderasyon bezwen patikilye elèv yo.

ACP : Pandan w ap apiye sou travay ou ak pwòp pakou ou, ki sa ou obsève nan istwa sou eksperyans aprantisaj pwofesè yo nan peyi Dayiti ak Kebèk ke nou te rekòl?

MAF : Mwen te touche epi enpresyone lè m t ap li temwayaj yo te rekòlte isit la. Aprantisaj yo souvan gen pwen komen pou sa ki gen pou wè ak valè chak kilti yo. Li ta sanble ke pwofesè yo te devlope yon manyè : transmèt elèv yo pèseverans yo te aprann, ak yon touch ki gen anpil sansiblite ak yon lespri enklizyon. Nan Kebèk an patikilye, gen gwo pwogrè pou sa ki gen pou wè avèk entegrasyon epi enklizyon nan lekòl yo. Mwen fè konsta sa a paske nan temwayaj yo, pwofesè yo eksprime li ouvètman daprè sa yo te fè kòm eksperyans. Anplis de sa, mwen remake imilite lakay kèk nan yo ki eksprime tou sa yo ka aprann nan men elèv yo, paske relasyon pedagojik nan mitan pwofesè  ak elèv pote benefis non sèlman pou elèv la, men tou pou pwofesè a, jan Houssaye fè remake sa. Yonn ka aprann nan men lòt, menm jan chak gen responsablite pa yo. Li enpòtan pou kreye kondisyon pou relasyon sa a pi byen chita toujou.

Bò kote pwofesè ayisyen yo, mwen wè fyète lakay yo pou ansèyman. Fyète pou gen nouvo konesans ak konpetans pou yo ka pi byen ekipe. Angouman ke yo gen pou fòme tèt yo a fè m panse ak sa mwen aprann nan sikosyoloji : konnen tèt ou pou w pi bien akonpanye lòt yo. Avèk menm pèspektiv sa a, mwen ka afime enpòtans pou w premye jere pwòp emosyon ou anvan ou ede lòt moun jere pa yo. Se nan sans sa, mwen kwè ke pwofesè yo adopte yon atitid nan disèneman ak senpati nan lide pou yo pi byen gide elèv yo nan aprantisaj la. Mwen remake tou yo fyè pou yo pale sou pwogrè aprantisaj elèv pa yo. Mwen konstate tou malgre defi pwofesyon an genyen, pwofesè ayisyen fè pwofesyon an tounen yon pasyon epi konsakre tout yo menm. Se pou rezon sa a, mwen kwè, kèk moun konpare pwofesyon an tankou se yon sasèdòs. Menmsi yo sèvi ak tèm sasèdòs la nan kontèks Legliz Katolik pou ministè prèt yo, nou ka di pwofesè ayisyen yo egzekite relijyezman fonksyon yo nan pwofesyon an. Yo tèlman devwe nan kòz la, menm si defi yo anpil akademikman nan peyi pa yo a.

Mwen wè tou reyalite nan fanmi yo gen yon gwo enpak: paran yo jwe yon gwo wòl nan lavi pwofesè yo, sa ki lakòz yo vin devni moun ki sansib epi ki gen anpil pasyans ak jèn yo. An Ayiti, absans paran yo fè jèn oblije debouye yo, yo vin otonòm pi rapid. Mwen wè bèl richès sa a se yon privilèj pou pwofesè ki pataje ak elèv yo epi ki kontan jwe wòl edikatè. Paske edikasyon se kle devlopman pou chak moun, tout aprantisaj, menm si se yon pi piti, li enpòtan pou ede jèn yo devlope. Pa egzanp, kèk pwofesè temwaye ke yo bay elèv yo konsèy, epi yo te remake yo kontinye mete konsèy sa yo an pratik menm lè yo pa lekòl ankò.

Anplis de sa, gen kèk paran ki fè gwo presyon sou pitit yo pou swiv yon karyè ki pa chwa timoun nan. Sa a se te ka mwen ak ka kèk pwofesè ki, finalman, te chwazi chemen ke paran yo te vle pou yo. Menm si moun nan gen lòt pasyon, presyon an vin tèlman fò ke chwa paran an parèt pi senp epi pi fasil. Nan ka mwen, aprè mwen te deside poukont mwen ke mwen pa vle kontinye sou wout mwen te chwazi a ankò, mwen te oblije viv tankou yo koupab ak wont paske mwen te desevwa kèk moun bò kote m ki pa t renmen desizyon mwen an. Pwosesis gerizon an ka difisil ak long lè ou anba presyon nan yon chwa ke ou fè sou lavi ou. Depi mwen te aprann oze pran plas mwen, pami lòt yo pandan fòmasyon mwen nan psikosyoloji, mwen kwè se responsablite mwen pou mchwazi sa ki bon pou mwen, pou lavi mwen. Mwen konprann tou moun ki opoze ak chwa mwen an responsab sa l ap di yo, nan ka sa a, mwen pa ka fè anyen pou moun sa a. Okontrè, ann Ayiti, nou wè paran ki pral pouse pitit yo pou yo avanse epi mete yo an konfyans.

Detèminasyon pwofesè nan Rimouski ak Gonayiv yo enpòtan pou ede elèv yo pwogrese nan aprantisaj yo. Kalite sa a mennen pwofesè yo pou evolye pwofesyonèlman depi yo kontinye, malgre revandikasyon yo ak enkonvenyans yo, bay tout yo menm pou yo edike sitwayen demen yo. Mwen jwenn pwofesyon sa a trè nòb. Anplis de sa, dènye metriz mwen an nan edikasyon te fè m konnen ki kantite travay pwofesè yo dwe fè pou pran an konsiderasyon diferan karakteristik bò kote elèv yo (kognitif, emosyonèl, sosyal, elatriye) nan itilize divès estrateji pou sipòte siksè yo. Sa a enplike yo planifikasyon ak preparasyon pou kou a delivre pi byen toujou. Èske pasyans, jenerozite, sajès, resous, pèseverans ak senpati pa chita sou kalite ak konpetans pwofesè yo, kèlkeswa kilti yo?

ACP : Mèsi Marie-Ange, pou pataj eksperyans entèkiltirèl ou ak pou pèspektiv trè eklere ou pran sou istwa eksperyans aprantisaj pwofesè nou te rankontre yo.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre