David Pelletier, pwofesè biyoloji

Nan yon nivo pwofesyonèl, mwen vle vin yon pwofesè ki gen kè sansib, ki enterese ak moun ki devan m nan. Mwen panse ke sa soti anpil nan yon koneksyon ak yon pwofesè fanm ke mwen te gen nan klas segondè, Colette Dupont. Se te yon pwofesè nan ansyen kou Fòmasyon pèsonèl ak posyal (FPS). Mwen panse ke li te bay leson sou lamoral tou, petèt nan relijyon tou, men mwen te gen kou sou lamoral. Nan klas FPS yo, te gen kou sou relasyon moun ak moun, seksyalite, ak aspè etik yo ki te konn diskite tou. Te gen deba, tankou sou pèn lanmò, e li te afekte moralite a. Te gen eleman nan kilti jeneral, reyalite nan sosyete a tankou entimidasyon. Kou sa a pita te vin kou Etik ak kilti relijyez, kote yo te mete ansanm moral ak etik. Brèf, se pwofesè kou sa a ki te make m anpil paske li te aprann nou fè yon ti rete sou nou menm pandan aprantisaj la. Li te yon pwofesè tout moun te vrèman apresye.

Anpil fwa, li te fè nou fè vizyalizasyon, Se te yon ti jan tankou meditasyon. Nou te aprann kèk bagay epi apresa, nou te oblije mete tèt nou sou biwo a, epi li te fè nou vwayaje, se tankou nou te plonje nan nou menm. Nou te koute l, li te rakonte nou yon istwa ki te dire anviwon dis minit. Li souvan di nou imajine yon forè epi li envite nou santi nou byen, fè nou tande zwazo yo k ap chante. Nou te rankontre karaktè ki te gen lyen ak kontni yo te anseyenou an. Li te toujou gen rapò ak aprantisaj nou an, ki gen rapò ak moralite. Se te petèt yon mannyè ki favorab pou sa, men pou mwen, sa te pèmèt mwen konekte ak tèt mwen, byen bonè kanmen pou plis mwen te nan segondè twa. Jèn nan nivo sa yo te kapab nan laj yo pa antre tèt yo nan bagay konsa paske sa te diferan anpil parapò sa lòt pwofesè yo te pwopoze nou. Men, nan memwa, tout moun te anbake. Lè yon moun te bay, li t ap di: « Gen mach toupre lokal la, ou ka monte jis nan twazyèm etaj la, fè sa de oubyen twa fwa, epi retounen ». Elèv yo te koute, yo tounen epi yo te nan bon fòm yo. Sa pat yon lòd, se te pou byen yo. Li te respèkte elèv yo ak tout moun.  Li pa t konn pale ak otorite.

Mwen t ap jwe baskètbòl, lè sa a mwen sonje mwen te gade kèk match anvan m te al jwe. Vizyalizasyon ede anpil pou pou èspòtif yo jwenn konsantrasyon. Mwen pa sonje si se mwen menm ki fè koneksyon an, ki transfere sa mwen te aprann ak Colette nan yon lòt zòn, oswa si se antrenè a ki te anseye nou sa, men mwen panse ke se te yon pwosesis pèsonèl. Mwen te fè sa nan preparasyon pou tounwa.

Li se yon moun ki enpòtan, Colette. Li te yon pwofesè yo te apresye anpil. Li dwe te nan 40 tan nan moman an paske li te pran retrèt li sa gen senk oswa sis ane deja. Nan fen karyè li, li pa te nan sektè jeneral la ankò, li te nan Lekòl Gwo Defi, li te travay ak jèn ki gen gwo difikilte. Mwen te rankontre moun ki te gen li, e li te enpòtan pou yo.

Mwen santi ke fason li te konn travay la te ede m pou avanse. Aprann pou m pa kanpe nan wout, pita li te fè m enterese nan meditasyon, nan boudis. Li te ede m wè ki moun mwen te ye, aktive yon pwosesis ki vle m konnen plis sou tèt mwen. Lè w konnen tèt ou, lè w aprann konnen tèt ou, ou gen tandans tou pou w konnen kisa lòt moun ye. Mwen gen yon enterè pou lòt la, pou tout moun.

Kòm yon pwofesè, mwen te aprann anpil nan men Colette. Mwen konsidere tèt mwen tankou yon gid nan aprantisaj elèv yo, se poutèt sa mwen vle devlope pwojè tankou aktivite inisyasyon sou rechèch. Mwen akonpaye ak eksperyans mwen, men mwen panse mwen ka retire bagay sa yo nan men elèv yo jan yo pral retire nan sa mwen ka anseye yo. Lè m ap travay, mwen pito mete m nan mitan elèv yo olye ke mwen mete m tankou yon chèf. Li pa jis pou travay mwen ankou yon pwofesè. Mwen pral rèspèkte moun pou sa yo ye, men mwen pap rèspèkte moun nan paske yo gen yon tit patikilye. Pwobableman Colette se yon moun ki make m pousa. Respè se yonn nan valè enpòtan mwen yo.

Nan wòl mwen kòm papa tou, mwen vle toujou koute pitit mwen yo. Mwen vle tou vin yon gid. Nan kèk sikonstans, mwen pral jwe wòl otorite mwen, men chak fwa, mwen admèt ke mwen gen pwoblèm pou m jere sa. Ann admèt ke lè mwen fache, anpil fwa, mwen santi mwen mal apre. Men, yon relasyon paran-pitit pa menm jan ak yon relasyon pwofesè-elèv. Ka gen bagay ki parèt souvan lè n ap leve yon timoun, epi nou eseye dezamòse bagay sa yo. Mwen panse ke Colette te gide m tou nan lavi mwen kòm paran.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre