Barbara Hébert, pwofesè sou forè

Aprantisaj mwen an gen rapò ak rekonesans, ak enpòtans rekonesans genyen. Lè m te nan premye ane, pwofesè a te di, « Pou semèn k ap vini an, nou pral aprann yon powèm ki rele “Poupe a malad” ». M te sou chèz mwen epi m te di: « Ò, mwen deja kòmanse aprann li, mwen konnen li! » Mwen te eksite, mwen te vin pi devan nan liv lèkti mwen an… Pwofesè a te di : « Dakò, Barbara, vin resite powèm nan ba nou an premye. » Mwen te di tèt mwen « Oke », mwen te pran kouraj mwen ale, mwen te resite powèm nan yon bout rive nan lòt epi mwen te eskize m antan mwen di: « Ebyen mwen te ka mete plis entonasyon, wi mwen gen travay pou m fè toujou … » Pwofesè a te vle imilye m devan klas la. Mwen tounen lakay mwen epi mwen di tèt mwen: « Ou pa toujou oblije kwè granmoun, yo pa toujou gen bon pawòl la ». Mwen panse evènman sa a te mennen m jwenn pwòp verite pa m, pou m toujou gen yon kote ki difisil, yon espas ki gen dout, pou m di: « Petèt wi, petèt non ». Mwen te aprann konnen lè li bon osinon lè li pa bon, reyaksyon lòt la, pou m pa kite sa kraze m nèt, pou m ka detache m ak fòm rega li yo, men se pa an jeneral, se pat ou pou m izole tèt mwen. Mwen aprann pran sa ki pou mwen epi kite sa ki pou lòt yo. Mwen te konnen pwofesè a pa t janti avèm, mwen te konnen mwen pa merite sa li te fè mwen an, kidonk mwen pa te fache ak li.

Mwen reflechi sou yon tifi mwen te ye a epi mwen wè ke mwen te kapab padone pwofesè a. Mwen te padone l paske li pa te rekonèt lajwa m te genyen, plezi m te genyen lè m vinn lekòl, jiskaske m te ale pi lwen nan liv mwen.  Mwen konnen mwen manyen kote blese a ye a pa paske mwen mechan vre epi mwen pa te vreman yon timoun ki dezòd, se te lajwa pou m te rive nan powèm sa a ke mwen te renmen depi lontan. Sa ki t ap pouse m nan moman mwen te gen lajwa, se ta tande : « Barbara, ki sa ki fè kè w kontan konsa konsa? » Lè sa a, si li te soufle sou sa, si li te soufle lefèt ke mwen te renmen literati. Se te liv premye ane mwen an, men kanmenm, li te ka ankouraje sa, men li pat fè sa. Pwofesè sa a, li te manke bon avè m nan moman sa a, men gen lòt moun ke mwen te rankontre aprè epi sa te fè m konn gou   rekonesans lan.

Mwen panse ke se sa ki te gide m nan verite ak entegrite. Ak etidyan yo, nan yon kou, lè mwen fè yon erè, mwen fè yon meyakoulpa, mwen fè eskize mwen. Pou mwen, se yon nosyon respè ki enpòtan. Mwen te aprann ke nou ka pèmèt lòt moun ouvri zèl yo. Pou mwen, nan pozisyon mwen kòm pwofesè nan kolèj, mwen rekonèt ke nou gen yon gwo wòl pou nou jwe nan relasyon ak etidyan yo ki ap pase, se yon moman pasaj pou elèv yo, sa ki nan 17 lane, 20 lane. Yo ap konstwi idantite yo. Depi lè mwen rekonèt yo, lè mwen mete bon mo pou yo, yo rekonèt tèt yo. Li pa sèlman rive soti deyò! Se yon envitasyon pou rekonèt tèt yo. Nan apwòch mwen an, mwen pa jis vle yo rete tann pou lòt moun di yo : « Hey, ou se bon! » Men, mwen vle di yo pito: « Gade, mwen te obsève sa… E ou menm, èske ou te wè ou kapab fè li? » Mwen mennen yo wè, nan gade tèt yo, kòmsi mwen te jwe wòl yon glas. Mwen ede yo wè aprantisaj yo, men plis ankò. Ak kòlèg mwen yo, chak ane, nou pran karant etidyan nou yo sou kesyon forè, epi pou chak nan yo, nou soti yonn, de ak twa kalite. Lè sa a, nou ekri yo yon ti kat ak kalite sa yo epi nou ba yo li. Chak ane nou fè sa. Sa vrèman touche m gen etidyan ki di, apre twazan: « Mwen gen twa bwat mwen yo, nan bwat kreyon mwen an ». Se ti kat ki gen koulè, ki donk yo gen yon koulè diferan chak ane. Rasin rityèl sa a se nan anekdot mwen te rakonte a.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre