Remèsiman

Ane aprè ane, ta dwe gen anpil rezon pou nou abandone pwòj kolektif nou an, men konfyans enseyan yo ki te patisipe nan pwojè a, te pouse nou kontinye. Mèsi pou chak kolèg ki te aksepte bay temwanyaj ak pataje eksperyans yo nan liv la!

Kolaborasyon ki te devlope nan mitan moun sa yo te posib gras avèk angajman Cégep de Rimouski ak Collège La Sainte-Famille (CSF), epi gras avèk koperasyon ant Repiblik Dayiti ak gouvènman Kebèk la (ministè Relasyon entènasyonal ak Fransafoni), ke nou remèsye.

Mèsi Pè Gérard Dormeville, fondatè ak direktè jeneral CSF ki, menm lè li te malad, te kontinye manifeste enterè l nan pwojè a epi bay sipò li, ansanm avèk Pè Élie Geffrard ak Pè Emmanuel Dorvil, ki ede li bay sipò moral ak pedagojik pou pèsonèl anseyan CSF la.

Liv la pa ta ka rive pran nesans san ekip Éditions science et bien commun (Ésbc), espesyalman Florence Piron, fondatris la, ki te kwè nan pwojè a epi ki te bay li tan malgre maladi li, sa te fèt kèk semèn avan lanmò l; Érika Nimmis ak Marie-Claude Bernard, responsab travay edisyon an, ki te montre anpil ouvèti ak pwofesyonalis; Philippe Etchecopar, zanmi ak manb komite syantifik Ésbc la, ki te gen preveziyon pou mete nou an kontak avèk Florence Piron.

Rekonesans nou ale jwenn tou Léane Arsenault, Sylvie Fortier, ak Catherine Paradis pou lèkti atantif yo ak konplisite yo. Yon mèsi pou Rodrig Bauge pou èd li. Mèsi Marie-Ange Faro ak Djery Baptiste pou tradiksyon presiz soti nan franse rive nan kreyòl. Mèsi lalibrey L’Alphabet (Rimouski) ki te finanse enprime liv yo bay kolaboratè ak kolaboratris yo. Mèsi Daniel Bénéteau ki, atravè Fondasyon L’AMIE, pèmèt transfè dirèk benefis ki fèt soti nan vann liv la bay CSF an Ayiti.

Finalman, tout rekonesans nou ale jwenn fanmi ak zanmi nou yo, ansanm ak kòlèg nou yo ki te ankouraje nou kontinye pwojè a malgre anpil defi. Ak tout kè nou, mèsi anpil!

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre