KONKLIZYON

Daprè Jean Noé Alcéus ak Annie-Claude Prud’homme

Nan kilti ayisyen an, yo di : « de mòn pa kontre, men de moun kapab ». Lè nou mete ansanm istwa sou eksperyans aprantisaj sa yo la, echanj ak dyalòg, nou te vle temwaye sou rankont ki te fèt atravè yon pwojè pedagojik ki mete ansanm Cégep de Rimouski ak Collège La Sainte-Famille nan Gonayiv soti nan lane 2018 rive nan 2021, epi sitou relasyon ak aprantisaj ki te dewoule nan peryòd la, pou nou menm ak pou kèk nan moun ki te enplike yo.

Dyalòg ke nou te genyen depi 2018 jiska jodi a, pèmèt nou devlope yon relasyon entèkiltirèl ki pote anpil dekouvèt. Lè nou gade istwa sou eksperyans pwofesè yo an Ayiti ak nan Kebèk, nou te touche ak plas fondamantal ke relasyon an okipe. Li te klè pou nou ke nan sant aprantisaj la, souvan, gen yon relasyon, sa a ka soti nan domèn pedagojik, intèkiltirèl, oswa nan moun senpleman. Nou te vle rann omaj ak moun ki chwazi travay nan domèn edikasyon an, ki leve defi pa yo chak jou, pou antre nan relasyon ak lòt moun pou akonpanye lòt la, pou ouvri je yo sou reyalite a. Moun sa yo te elèv yo menm, yo aksepte kontinye aprann ankò epi pou ka adapte yo nan yon mond k ap chanje. Istwa pa yo rakonte anpil dekouvèt ki transfòme yo epi eksperyans pèsonèl ak pwofesyonèl ki kontinye fòme yo. San dout, opòtinite pou aprantisaj pa manke, nan tout lavi a, pou moun ki pran chans reflechi sou sa yo viv ak sou pratik yo. Defi yo ka bay yon bon elan ak erè yo, tankou yon sous enspirasyon pou grandi. Lè gen nouvo pèspektiv nan mond lan, anvi wè pran devan sou sètitid, sou konesans, ki vire nan yon kontèks kote reyalite a vin parèt nan tout divèsite li.

Nenpòt ki jan, tout sa a pa posib san lòt la, san yon rankont. Se vre, tout relasyon pa menm, men tout gen potansyèl pou transfòme tèt yo epi transfòme lòt moun, si gen yon rekonesans nan yon gwoup ki frajil, si chak moun pote « memwa lè li te elèv » ak konsyans (Batraville 2015, 28-29) epi li pote yon rega klè sou « chemins défoncés de [son] histoire » li (Miron 1998, 102). Se konsa, yon vrè dyalòg kreye ant ou menm ak lòt moun. Pi lwen pase resanblans ak diferans ki genyen, pi lwen pase fè nwa ak limyè, yon bon zanmitay ka parèt ki depase inegalite yo epi ki louvri pòt sou viv ansanm, se kapab aprantisaj ki pi gwo ak pi enpòtan yo.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Daprè Jean Noé Alcéus ak Annie-Claude Prud’homme est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre