Biyografi

Annie-Claude Prud’homme te fèt nan lwès zile Monreyal an 1978. Li gen yon lisans nan literati fransè ak kèbèkwa nan Inivèsite Laval, yon metriz nan literati kèbèkwa nan Inivèsite McGill, epi yon diplòm nan ansèyman nan kolèj nan Performa (Inivèsite de Sherbrooke). Kounye a, li responsab Carrefour de la réussite au collégial, li anime kominote pratik yo epi li fòmatè tou. Li te konseye pedagojik nan Cégep de Rimouski ak pwofesè literati pandan plizyè lane. Anplis pase li enterese nan pedagoji, didaktik, ak devlopman konpetans, li anime atelye kreyasyon literè. Li te pibliye koleksyon pwezi (haïkus) Déjeuner à la pointe (Editions Tire-Veille, 2014) epi li te kolabore nan plizyè kolektif. Nan 2008, li te etabli tèt li nan Bas-du-Fleuve pou lapwòch de lanmè; depi lè sa a, li pataje tan li ant Rimouski ak Monreyal.

 

Jean Noé Alceus fèt 1er janvye 1972, nan Sen Michel Latalaye, nan peyi Dayiti. Li te fè klas li yo nan Collège Le Bon Berger nan Sen Michel; nan Gonayiv nan Lycée Fab Geffrard ak nan Potoprens nan Lycée Toussaint Louverture. Soti 1994 rive 1999, li etidye syans sosyal nan Ecole Normale Superieure epi dwa nan lekòl Dwa ak Syans Ekonomik nan Gonayiv. L ap anseye istwa ak jewografi depi 1999 epi kòmanse yon lisans nan domenn nan ak inivesite antiy Giyane nan 2002. Li se kretyen, li marye an 2005 ak Léonide Clerveaux kote yo fè 2 pitit gason : Joé Lenz ak JohnLey. Jean Noé lisansye nan dwa an 2012, li se avoka nan Baro Gonayiv, li se kòdonatè pedagojik ak pwojè nan Collège La Sainte-Famille kote li egzekite kèk pwojè ak Karitas Swis, ak Cégep Rimouski. Li kolabore ak pwofesè Annie-Claude Prud’homme nan fè fòmasyon pou pwofesè ak ekri liv sa.

Licence

Symbole de License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International

Yon relasyon ki pote transfòmasyon Droit d'auteur © 2024 par Annie-Claude Prud’homme et Jean Noé Alcéus est sous licence License Creative Commons Attribution - Pas d’utilisation commerciale - Partage dans les mêmes conditions 4.0 International, sauf indication contraire.

Partagez ce livre