Twokèt

Judite Blanc ak Serge Madhère

Liv sa a se rezilta yon woumble entènasyonal ki te òganize nan Institut d’Etudes et de Recherches Africaines d’Haiti-(IERAH/ISERSS) nan Inivèsite Leta D Ayiti nan Pòtoprens an Me 2016. Judite Blanc ak Sterlin Ulysse, ki te majòjon inisyativ la, te chwazi kòm tematik prensipal woumble a pou patisipan yo analize diferan fason lesklavaj ak kolonizasyon kite mak-donnen ni sou po nou ni nan lespri nou. Jistifikasyon teyorik pou chwa sa a soti nan 2 gran sous ki ap alimante rechèch nan Sikoloji alèkile : Dabò gen yon seri modèl ki ede n sènen pi byen konsekans vyolans sou devlopman ak ekilib moun. Ansuit gen yon lòt seri modèl ki ap kadriye faktò epijenetik yo, kidonk ki pote yon lòt limyè sou entèraksyon ant byoloji ak ekoloji (sa vle di, anviwònman ni fizik ni sosyal moun).

Konsènan premye modèl yo, yon moun kapab konsilte Manyèl Dyagnostik sou Deranjman Mantal (Diagnostic and Statistical Manual for Mental Disorders) Asosyasyon Amerikèn pou Sikyatri pibliye an 2013. Nan liv referans sa a, yo admèt genyen gwo risk pou yon moun (timoun ou menm granmoun) vin devlope sèten fòm deranjman nan konpòtman l, apre li te fin sible oswa tou senpleman li te twouve l kòm temwen (li te wè ak 2 je l; li te tande ak 2 zòrèy li) nan mitan yon sitiyasyon twomatik, kote gen kretyen-vivan ki mouri oswa blese gravman grav (APA, 2013). Menas pou touye oswa blese yon moun, menm jan ak nenpòt ki atanta sou entegrite fizik limenm ak pwòch li, sifi pou vire lòlòj moun lan tèt anba (Hill & Madhère, 1996). Konsènan dezyèm seri model yo, travay syantifik grasa etid sou epijenetik pèmèt yo dekouvri kòman twoma yon grandèt sibi kapab kite sekèl ki pase de jenerasyon an jenerasyon. Etid sa yo (ki fèt nan yon kad yo defini kòm “biyo-siko-sosyal”) rive konekte sèten varyason jenetik ak koub devlopman yon moun, san bliye kontribisyon chapant lafanmi an ak anviwònman sosyal la. Pa manke piblikasyon kounye a ki dokimante kòman twoma pase soti nan yon jenerasyon al nan yon lòt. Yo deja dekri divès kategori moun ki rive chape anba 4 kalite evènman twomatik :

  1. Gwo twoma istorik : olokòs Jwif yo, jenosid ki te fèt sou pèp Amenyen an, viktim diktati nan peyi Chili ak Ajantin;
  2. Veteran lagè modèn yo, tankou sila yo ki te nan batay Vietnam;
  3. Vyolans ki pete nan zafè sèks san konsantman oswa lè bagay yo gate ant 2 moun ki ap viv nan menm kay;
  4. Evènman ki make sèten sosyete : Atanta ki te fèt jou 11 sektanm 2011 lan nan peyi Etazini.

Anplis deranjman nan konpòtman, yo idantifye tou kèk dezekilib newolojik kay plizyè timoun ki te ekspoze anba kondisyon twomatik depi nan vant manman yo. Dezekilib sa yo manifeste nan reyaksyon fizyolojik timoun yo devan strès : kèsere pou anyen; pwoblèm nan konsantrasyon (atansyon), nan devlopman langaj, avèk nan aprantisaj; yon konpòtman ki montre timoun lan toujou sou pinga l, oswa yon atitid ki fè li evite kontak ak lòt moun; boutofen, yon mouvman san rete sou sikui ki konekte 2 ògàn anndan sèvo a (ipotalamis ak glann ipofiz moun lan) : Se sa ki mennen timoun lan vin gen yon to elve pou kòtizòl, òmòn ki make strès la (Kinney et al., 2008), kòmsi li te gen yon foulay mantal.

Lè nou pran tout etid sa yo an konsiderasyon, èske se pa yon ipotèz lejitim pou n sipoze tout twoma zansèt nou yo te sibi pandan peryòd lesklavaj ak kolonizasyon an kite yon rado sekèl ki peze sou nou menm desandan yo grenn pa grenn epitou kòm kominote? Si se vre, pandan konbyen tan sekèl sa yo dire? Sou ki fòm epi pa ki mwayen egzakteman transmisyon sa a fèt? Kòman sa manifeste nan diferan domèn nan lavi nou? Se nan objektif pou nou louvri chemen refleksyon ak rechèch sou tout kesyon sa yo ki fè nou deside prepare liv sa a ke Judite Blanc, anseyan nan Inivèsite Leta d Ayiti ak Serge Madhère, pwofesè retrete nan Inivèsite Howard nan Wachintonn dirije.

Anvan n al pi lwen, n ap pwofite di yon grap mèsi bay Dekana a nan IERAH, bay Direksyon Biwo Nasyonal Etnoloji a, bay dirijan Fondasyon Maurice Sixto yo, poutèt gwo kontribisyon yo te pote pou nou dekwa pou woumble a li menm te kapab rive reyalize : « Men anpil, chay pa lou ».  N ap tou deplwaye drapo rekonesans nou devan pòt 4 lòt moun ki te kouri ranmase pwojè liv la ak 2 bra : (a) Florence Piron mete n alèz pou n sèvi ak tout resous ESBC, (b) Edwin Beck Magloire trase yon konsèp wodpòte pou remèt nou yon kouvèti wololoy, kot penti Ayisyèn pot labanyè Dogon, pou imaj ak koulè liminen sans kache; nan menm gam sa a, nou pap bliye Pascal Merisier ki te konsanti pou nou itilize tablo l la, (c) Michel Anne Frederic DeGraff pa janm machande n konsèy li chak fwa li fin li tèks Kreyòl nou yo. Dènye ochan an se li ki pi swa : fòk nou rele ayibobo pou jan 7 otè ki konpayèl nou yo fè nou konfyans epi montre anpil pasyans depi lè yo te vin depoze travay yo a nan men nou.

Se yon travay kolektif kidonk ki mande pou plizyè otè pote-kole. Lektè a ap santi yon divèsite nan apwòch yo ni nan ekriti yo. Nou rive gade koyerans tematik la, san nou pa al chèche efase diferans yo. Kòm moun ki ap dirije ouvraj la, pou nou pa tonbe nan pyèj « inifòmite », nou te kenbe nan lespri n pawòl Lyndon B. Johnson lan : « Nan yon gwoup, si w wè tout moun panse epi pale menm jan tout tan, ou mèt konn se yon sèl grenn ki ap panse reyèlman» (1965, p. 722).

Demach pou n evalye konsekans lesklavaj ak kolonizasyon an, nou pa te vle fè l an viktim, an rechinya, an plenyadò. Pou nou reprann Serge Madhère (1987, p.6), « si n chèche konprann yè, se pou n kab pare demen » . Kidonk nou tap chèche konprann an menm tan ki fòm rezistans ak ki sekrè-batay pèp nou an te rive devlope pou eksperyans makawon sa a pa te fin desounen l nèt. Nou vin reyalize byen vit mòd tematik sa a pa kab trete kòmsadwa san nou pa soulve yon seri kesyon sou epistemoloji. Eske n ap janm rive wete lespri n nan chenn si nou pa dezantòtye tèt nou nan pèlen epistemolojik edikasyon ewopeyen an tann pou nou an? Se vre yon apwòch kritik sou filozofi ewopeyen te toujou kapab fèt san nou pa soti anndan lakou Ewòp la. Apretou nou familye ak travay sèten filozòf tankou Mortimer Adler ki detaye 10 erè epistemolojik (1985) ki lakòz kouran panse ewopeyen yo fè bèk atè kèk jou. Men nou te pi pito manyen kesyon yo sou yon lòt ang nèt, al kanpe sou yon bit diferan totalman. Konsa nou vin plase travay nou nan yon kouran refleksyon plizyè nèg-lespri Afriken nan 4 kwen kontinan an ap mennen depi kèk tan.

Li pa posib, nan kad entwodiksyon sa a, pou nou ta fè yon rale sou tout filozòf Afriken modèn sa yo. Men n ap louvri yon fenèt sou travay 3 nan yo ki danse-kole ak pwòp lide pa nou. Premye a se Souleymane Bachir Diagne ki soti Senegal. Misye ofri nou yon « evalyasyon meta-kritik sou larezon », kote li ekspoze prejije ak fòskote ki genyen nan refleksyon pi gwo filozòf Ewopeyen yo sou desandan Nèg Lafrik. Yon dezyèm save Afriken ki pote yon lòt ekleraj pou nou se Achille Mbembe ki soti Kamewoun. Nan yon liv ki rele « De la post colonie » (2000), misye fè remake kòman filozòf Ewopeyen yo pèdi lidèchip entènasyonal la paske yo pa kapab menm jwenn repons pou pwoblèm ki poze anndan pwòp peyi yo. Sou bit yo kanpe a, lè yo resi di yon koze sou nou menm Nèg, se kò nou sèlman yo wè, epi yo menm redui kò sa a nan eta yon « objè », yon veso pou yo annik sèvi avè l. Gen yon twazyèm ekriven, Sabelo Ndlovu-Gatsheni ki soti Zimbabwe; li fè yon analiz (2013) ki ale nan menm sans lan. Konklizyon pa l se pou nou soti anba bouch moun sa yo, pou nou fè yon « divòs epistemik » avèk filozòf Ewopeyen yo.

Men èske Ayiti kapab fè tande vwa l nan yon deba sou epistemoloji ak filozofi? Pou nou di verite, nou pa genyen yon kouran filozofik ki djanm nan peyi a. Gen dezoutwa nan nèg save nou yo ki ekri bèl analiz sou filozòf Ewopeyen (paregzanp, Hurbon gen yon liv sou Ernst Bloch, ki te parèt an 1974). Men anpil gen tandans sèvi ak kilti nasyon an tankou yon lamayòt : Yo montre l pou etranje pran yon jòf. Men yo pa al pi lwen pase senp ti istwa ak ti desen, yo pa pouse analiz la pou ede pwòp pèp nou an devlope refleksyon l, jouk pou l ta konprann pi byen kondisyon l kòm moun.

Nou seleksyone 9 nan prezantasyon ki te fèt nan woumble a pou n òganize chapit liv la. Genyen 2 faktò enpòtan nou pran an konsiderasyon nan seleksyon sa a. Premyèman, nou te vle liv la byen balanse ant ekriven gason ak ekriven fanm. Se pou n te evite yon fòskote ki rive twò souvan : se mesye yo sèlman ki kouri pran lapawòl. Sa lakòz gen de bagay nan sosyete a nou pa wè ditou osnon nou mal konprann. Nou pa kapab kontinye pèdi tout richès nan travay medam Ayisyèn yo ap pwodui a depi plizyè lanne, paske n pa vle lage vye prejije ak move mès. Kidonk se pa ti kontan nou kontan dèske prèske mwatye nan chapit yo se fanm ki ekri yo. Dezyèmman, sou 9 chapit yo, gen 3 ki an Kreyòl : 2 an Kreyòl Ayisyen, youn an Kreyòl Gwadloupeyen. Se yon fason pou nou pran pozisyon sou yon pwoblèm ki ap brase bil sosyete nou yo seryezman : Nou kab defini pwoblèm sa a nan kad yon jefò pou “jistis kognitif”, sa vle di ki plas pou nou bay lang lokal yo, lang-manman mas pèp la nan peyi ki te kolonize yo? Pwoblèm sa a poze kounye a nan anpil peyi sou kontinan Afriken an. Li te poze ann Ayiti depi nan ane 1950 yo anba plim F. Morisseau Leroy epi tou J.S. Alexis (1956). Li te vin poze an Gwadloup tou nan ane 1970 yo, jan nou kab wè sa nan liv Bébel-Gisler ak Hurbon an (1975). Gen peyi an Afrik, tankou Rwanda, ki fè anpil pwogrè sou kesyon an. Kenya ap leve pye l tou. Men ann Ayiti, si n avanse se tankou tòti, malgre 70 lane jefò. Nan liv sa a, nou pa te deside annik kontinye repete jan nou an favè lang Kreyòl, san nou pa demontre kòman nou kapab pwodui bon kalite kontni an Kreyòl. Nou pa te dakò rebobine yon pratik kote nèg ap fè bèl analiz sou Kreyòl men nan yon lang etranjè. Se kòmsi nou kite mantalite kolonyal la paralize n : nou byen konprann nesesite pou nou kreye konesans, men nou pito rale dèyè n dèyè pou konesans lan pa distribye lajman laj epi egalego. Nou pa di se an Kreyòl sèlman pou yon Ayisyen ekri, (laprèv liv nou an bileng). Men fòk nèg-save ak nègès-save Ayisyen (ki serye) poze tèt yo kesyon sa a : Eske sosyete nou an kapab jwenn yon nivo devlopman kote majorite moun tire pwofi si, nan fè kou rèd, nou neglije, meprize, epi refize sèvi ak sèl lang majorite moun yo pale a?

Pou n rann lekti liv la pi fasil, nou òganize l an 5 pati. Nan premye pati a, Serge Madhère pwopoze nou yon kad refleksyon jeneral pou nou byen sènen tout konsekans esklavaj ak kolonizasyon an genyen sou nou. Li apiye l sou yon modèl teyorik ki rele INGAM pou li demontre sou ki levye kolon yo jwe pou rive mete anplas yon sistèm ki depatcha nou pakanpak. Li devlope dabò yon nosyon dechoukay kiltirèl, ki mennen dèyè l mafwezay po-nwè / mas-blan, pourisman rapò sosyal yo, depandans, ak ratresisman « espas sikolojik » kolonize yo. Ansuit li fè n wè aklè nan ki mezi eksperyans dyab-krabinay yo rele « latrèt negriye » a rive deklannche nan kò moun yon seri reyaksyon fizyolojik, e sa gen konsekans manch long sou sante popilasyon an. Dezyèm pati liv la (« Defi : Twoma ak Patrimwàn ») ekspoze dimansyon twoma kolonizasyon an nan konpòtman nou devan patrimwàn materyèl (fizik) ak patrimwàn imateryèl (pratik espirityèl) peyi a. Nan premye chapit (2) nan seksyon sa a, Jerry Michel analize konsekans sa genyen sou memwa nou ak pwòp imaj nou kòm pèp lè nou neglije oswa menm bandonnen yon seri anplasman nan peyi a kote zansèt nou yo te konn viv chak jou. Si Madhère pale de « espas sikolojik kòm yon kalòj an griyaj », nan lide pa Michel nou pa menm aji nan espas fizik la kòmsi li te janm rele n chèmèt-chèmètrès. Nan pwochen chapit la (3), Kesler Bien-Aimé etidye an detay yon egzanp mafwezay po-nwè / mas-blan an ki parèt sou fòm “mimétisme chrétien”. Otè a ap fè n wè kòman se yon bonèt kolonizasyon an taye foure nan tèt nou. Listwa ta vle pouse n kopye relijyon ewopeyen yo; men, anpil fwa, gen yon degre “disonans” ki lakòz bagay yo mal pou fonn ansanm : Nan moman lanmò paregzanp, pratik Katolik yo ak Vodou a rete tankou dlo ak luil ki pa kab melanje. Twazyèm pati liv la (« Idantite ak Kreyativite anba Jouk ») montre kòman kolonizasyon an vire lavi nou lanvè landrèt. Nan premye chapit (4) nan seksyon sa a, Lucie-Carmel Paul sonnen lalam sou danje ki menase n lè sa ki sipoze fòs nou tounen feblès nou : Li eseye bay limyè sou fason konsèp mawonaj la ap pouri nan men nou : Se paske mefyans fin anvlimen rapò sosyal nou yo. Nan kout kat la, nou vin tonbe nan fè mawonnaj youn ak lòt, e menm ak pwòp tèt nou. Nan yon lòt chapit (5), Sterlin Ulysse ekspoze jwèt kolonizasyon an nan tan modèn, ak dispozisyon li pran pou kontinye dechoukay kiltirèl Madhère dekri a. Dapre li, depi 1942, « kanpay rejete » a kreye yon chimen-jennen ki anpeche eskilti Ayisyen jwenn plas pou li ta layite kò l nan sosyete a, malgre talan pa manke. Se kòmsi nou gen laperèz pou nou monte nan yon wotè kote kilti nou ta kapab mennen nou. Katriyèm pati liv la (« Opòtinite pou Solidarite ») laji sèk la. Nan 3 chapit, li detaye kòman se menm pwoblèm yo ki antòtye moun menm jan nan diferan ansyen koloni. Kidonk li soulve posiblite pou menm solisyon yo ta petèt mache pou libere nou tout anba chenn lesklavaj la kite nan sèvo nou an. Nan premye chapit (6) nan seksyon sa a, Ena Eluther montre n, malgre kout grif kolonizasyon an, anpil eleman nan mantalite (sikoloji) Afriken pèsiste epi yo boujonnen nan literati Nèg nan Karayib la. Nan yon lòt chapit (7), Angelo Destin fè paralèl la ant Ayiti ak Benen : Li souliyen wòl Vodou nan fason toude pèp yo rive bati pan memwa yo epi konprann eksperyans lesklavaj la. Nan dènye chapit (8) nan seksyon sa a, Iramène Destin analize kòman sistèm kolonyal la mete an plas ni an Ayiti ni nan peyi Burkina Faso yon kalte lekòl ki se yon moul pou fòme tyoul. Li mande si nou pa ta kapab refòmate nouvo teknik pedagojik yo pou n wè si nou ta bay edikasyon an yon lòt direksyon ki pi nan enterè nasyon nou. Nan senkyèm pati liv la, Judite Blanc fè yon ranmase nan gran laye sou kesyon epistemolojik yo : Kòman pou nou fè konnen nou konnen? Kote pou n al chèche referans pou nou rive valide konesans nou? Eske nou poze tout bon kesyon ki merite poze yo? Eske gen yon mòd espitemoloji ki pote mak-fabrik Ayiti? Se yon seri kesyon ki kab parèt teyorik. Men toutotan nou pa jwenn repons pou yo, nou pap janm rive soti nan faz jako-repèt la, pou n antre nan yon lòt faz kote n ap kreye konesans ki itil tout bon.

Liv sa a pa vini ak kòmandman fètefouni sou okenn nan sijè nou prezante yo. Sou yon planèt ki an boulvès konsa, tankou yon lanmè tanpèt ap ajite e kote vag yo fin awoyo, se dangoye bato n ap dangoye : Se lite n ap lite pou lespri n pa fè fon. Se sa n endike depi nan soutit Kreyòl liv la : « Dangoyaj Afwo-Karayibeyen ». Se la sans travay nou an chita. Kidonk chak chapit yo gen anpil chans soulve plis kesyon pase yo pote repons. Depi sou premye jou woumble a menm, diskisyon cho te leve lè Madhère te lage de konsèp tounèf tankou gedeyizasyon ak badagrizasyon pou dekri konpòtman nan sosyete nou an. Nou pap sezi si menm bagay la rive pou tout lòt chapit nan liv la. Sa vle di chak chapit yo te kapab sèvi kòm baz pou yon lòt woumble, pou brase-lide yo ta kapab kontinye pi lwen. Si sa ta rive fèt, enben nou tap di n akonpli youn nan pi gwo objektif nou yo.

Judite Blanc, nan Margate, Florida  

Serge Madhère, nan Boukan-lapli, Ayiti

Referans

Adler, M.J. (1985). Ten philosophical mistakes. New York : MacMillan Publishing.

Alexis, J.S. (1956). Prolégomènes au réalisme merveilleux des Haitiens. Paris : Présence Africaine.

American Presidency Project (1965). Public papers of the presidents of the United States: Lyndon B. Johnson. Washington, DC: Government Printing Office

American Psychiatric Association. (2013). Diagnostic and Statistical Manual of Mental. Disorders (5th ed. Text revision). Washington, DC : Author.

Bébel-Gisler, D., & Hurbon, L. (1975). Cultures et pouvoir dans la Caraibe : Langue créole, vaudou, sectes religieuses en Guadeloupe et en Haiti. Paris : L’Harmattan.

Diagne, S.B. (2013). L’encre des savants : Réflexions sur la philosophie en Afrique. Paris : Présence Africaine.

Hill, H.M. & Madhère, S. (1996). « Exposure to community violence and African American children ». Journal of Community Psychology, 24, 1, 26-43.

Hurbon, L. (1974). Ernst Bloch : Utopie et espérance. Paris : Cerf.

Johnson, Lyndon B. (1965). The Public papers of the Presidents of the United States: Lyndon B. Johnson, American Presidency Project. Washington, DC: Government Printing Office.

Kinney, D.K., Miller, A.M., Crowley, D.J., Huang, E., & Gerber, E. (2008). « Prenatal  stress and risk for autism » Neurosci Biobehav Rev. October, 32, (8), 1519–1532. doi :10.1016/j.neubiorev.2008.06.004.

Madhère, S. (1987). Piti piti plen kay. New York : Kapab.

Mbembe, A. (2000). De la postcolonie : Essai sur l’imagination politique dans l’Afrique contemporaine. Paris : Karthala.

Ndlovu-Gatsheni, S.J. (2013). « The entrapment of Africa within the colonial matrices of power ». Journal of Developing Societies, 29, 4, 331-353.

License

Icon for the Creative Commons Attribution 4.0 International License

Twokèt by Judite Blanc ak Serge Madhère is licensed under a Creative Commons Attribution 4.0 International License, except where otherwise noted.

Partagez ce livre