Perspectives : L’épistémologie haïtienne / Pike devan: Epistemoloji ayisyen an

9 Ki non epistemoloji ayisyen an? Ki sa l vle di pou pratik sikoloji ann ayiti?

Judite Blanc

Nòt biyografik

Apre li fin fè lisans li nan Inivèsite Leta d Ayiti nan sikoloji, Judite Blanc te pati nan peyi Lafrans kote l fè yon metriz nan Universite Toulouse 2 epi yon doktora nan sikoloji klinik nan Universite de Paris 13. Doktè Blanc fè kèk piblikasyon nan revi entènasyonal sou konsekans sikolojik tranblemann tè 12 Janvye 2010 la sitou sou tibebe ki te nan vant manman yo pandan katastwòf la. Judite Blanc anseye Sikoloji nan Inivèsite Leta d Ayiti ak nan kèk lòt Inivèsite prive nan Potoprens. An 2015, li te fonde ak kèk lòt kòlèg Asosyasyon Sikotwomatis ak Afrikanite (SITWOMAFRIKA). Sou menm wout rechèch ki deja fèt ki montre gen konsekans pou devlopman sikolojik moun kite viv lè yo tibebe nan vant manman evènman malouk, Judite Blanc ap kontinye ak rechèch li nan peyi Etazini sou konsèp Sikotwomatis nan vant manman, Ras, Sèks ak Devlopman Biyosikososyal.
  1. Twokèt la
  2. De ki sa epistemoloji pale nou?
  3. Kad konsepsyèl : kèk kouran panse epistemolojik
  4. Teyori lakonesans : nan tradisyon pèp afriken
  5. Kijan lakonesans defini selon tradisyon Ayisyen an?
  6. Vodou : yon wout sinatirèl ak natirèl pou jwenn lakonesans?

    –  Vodou : botanik, famakoloji, ak syans fizik

  7. Teyori lakonesans nan tradisyon oral ann Ayiti : egzanp kèk pwovèb!
  8. Pwovèb ak Apwòch Anpirik (empirisme)
  9. Kisa ki apwòch anpirik?
  10. Afwosantrisite, panse antikolonyalis, revolisyon ayisyen nan 1791 : pansè filozofi politik?
  11. Yon tantativ definisyon sou epistemoloji ayisyen
  12. Enplikasyon pou pratik syans sikoloji ann Ayiti nan 21 inyèm syèk la
  13. Dènye pawòl
  14. Referans

Twokèt la

Èske genyen yon epistemoloji ayisyen ki egziste? Kòman pou mwen abòde ekspresyon epistemoloji nan yon kontèks ki redwi, kote m rale l mete sou yon teritwa oswa ba li yon nasyonalite? Kounye a la ki sa adjektif « ayisyen » ta vle di nan ekspresyon an : « epistemoloji ayisyen an »? Èske nou genyen yon tradisyon ki rele n chè mèt chè mètrès nan jan nou konprann monn ki viwonen nou an ak jan nou brase lide sou yo? Èske se Lang Kreyòl la? Èske se yon kare jeyografik? Èske se yon kolòn pratik? Yon jan nou itilize metodoloji oswa kèk teyori? Oswa yon latriye otè (Jacques Stephen Alexis, Jacques Roumain, Jean Price-Mars ak pitit li Louis Mars, Anténor Firmin, Felix Morisseau Leroy, Max Beauvoir, Frankétienne, Serge Madhère, Marie-Vieux Chauvet oswa Suzanne Cormhaire-Sylvain)?

Men avan, èske m pa ta ka ale pi lwen nan listwa peyi a, nan fouye zo nan kalalou nasyon an, pou m rive konprann depi kilè epistemoloji ayisyen te siman kòmanse parèt pwent tèt li? Èske se pa t depi avan tan lakoloni depi sou kontinan kote majorite zansèt Afriken nou yo ta moun?

Ki plas Revolisyon lame endijèn 1791/1803 genyen nan kesyon an? Epi ki sa filozofi Vodou ka reprezante nan epistemoloji sa? Si genyen yon epistemoloji ayisyen, li siman anrasinen depi sou kontinan Lafrik. Men èske m pa ta dwe pase men pran tou eritaj amerendyen ak ewopeyen yo te kite pou nou akòz lesklavaj ki te dire anviwon kat (4) syèk? Apati de repons ak kesyon sa yo, m kapab rive konnen epistemoloji ayisyen ki non l pote, epi petèt ki sa l ka pote pou devlopman syans sikoloji lakay nou.

Men avan, m pa vle pase pou moun ki gen gwo tanta, m panse yon travay kon sa ta sipoze devlope nan yon liv apa pou kont li kote plizyè otè ap bay dizon pa l selon domèn li etidye. Men sa p ap anpeche nou fè egzèsis pou n eseye reponn ak kesyon nou sot poze piwo a la.

M ap eseye defini konsèp epistemoloji a selon twa (3) tradisyon (anglosakson, frankofòn epi afriken); m ap analize epistemoloji ayisyen an selon kritè teyori lakonesans afriken (plas vodou ak tradisyon oral yo); analiz sa ap pase pran tou kouran epistemoloji anpiris (yon kouran sou panse ki bay anpil enpòtans ak eksperyans nou fè ak senk sans nou); rapò revolisyon ayisyen an 1791 lan ak mòd filozofi rasyonalis (yon mòd panse ki fè kwè ke lide ak konesans ka egziste avan w fè eksperyans) p ap rete atè. Lè m fin fè tout konsiderasyon sou sa ki sanble sèvi kòm wòch dife chodyè epistemoloji nan kontèks ayisyen an; m ap eseye bout refleksyon mwen sou plas epistemoloji sa a ka genyen pou pratik sikoloji ann Ayiti, sitou nan sa ki gen pou wè ak konseptyalizasyon devlopman entèlèktyèl selon modèl devlopman entèlijans Serge Madhère.

De ki sa epistemoloji pale nou?

Selon literati ki soti ann Ewòp, se yon filozòf ki te fèt nan peyi Ekòs : James Frederic Ferrier (1808-1864) ki ta sanble itilize neyolojis “Epistemology” sa pou premye fwa an 1854 nan liv li ki rele : “Institutes of metaphysic, The theory of knowing and being”.

Mo Epistemoloji a gen rasin li nan mo Grèk sa yo : “episteme” ki vle di “ konesans ki laverite” – “syans”, epi “logos” ki vle di «etid»- “diskou”. Si m baze m sou definisyon rasin mo yo, sa ta vle di ke epistemoloji se teyori lakonesans (opinyon, pwenn d vi, modèl moun eklere) ak validite l. Mwen ka di selon de (2) tradisyon filozofik ki pi koni nan monn oksidantal la, definisyon branch sa a ki soti nan filozofi gen de (2) poto ki kenbe l.

Yon bò, nou jwenn yon poto, nan peyi ki pale Angle yo, kote alèkile, epistemoloji reprezante yon konsèp filozofik, ki vle di teyori lakonesans (Theory of Knowledge). Lè sa li charye tout bagay ki mande fè analiz sou ki sa lakonesans ye, jiski kote chouk li rive, Èske nou ka fè l konfyans, oswa kilè n ka bat lestomak nou pou n di nou mete men sou sa yo rele konesans lan. Tout bagay sa yo regade epistemoloji a. Yon lòt bò menm, li genyen yon lòt poto nan tradisyon filozofik peyi ki pale Franse yo, kote yo wè epistemoloji tankou teyori lasyans (theorie de la science) an jeneral. Mwen ap raple ke Lasyans[1] se tout sa k konsène konesans yon moun posede oswa l ka ranmase nan bat bèt li (etidye), nan reflechi, oswa sa eksperyans li fè kite nan li. Mwen ka ajoute tou, yo pale de syans pou tout sa k gen awè ak yon ekip konesans ki mache bradsibradsa ak lòt ki bay esplikasyon sou yon fenomèn ki gen lwa objektif (ki pa depann de moun) k ap gouvène li. Kòt fanmi konesans sa yo pran chè, se lè w fin mete lòd nan dezòd, kidonk ak metòd ou aplike pou sa.

Kon sa, yo pale de epistemoloji syans fizik ak chimik, biyolojik e menm lalojik. Se jisteman branch epistemoloji lalojik la ki mache men nan men ak konsepsyon epistemoloji nan peyi anglosakson yo, paske li bay anpil atansyon ak tout kalte vizyon ki genyen pou teyori lakonesans. Teyori sa ap fouye zo nan kalalou pou l konprann fondasyon fenomèn lakonesans la, ki jan l layite l, ki sa ki pitit li, sa l pote nan djakout li, epi ki kote l vle rive (Browaeys, 2004).

Ban m voye je gade nan domen filzofi lasyans, pou m wè ki kouran (yon mòd panse) ki pran kòn lan pou yo. Mwen jwenn senk (5) ke m pral site nan tablo ki pral vini la :

Kad konsepsyèl : kèk kouran panse epistemolojik

Tablo 1 : Kouran epistemolojik ki pi popilè yo (Adapte selon tablo : Riopel, 2013)

Kouran Definisyon Otè teyorisyen
Rasyonalis (17yèm syèk)

 

 

 

Tout konesans ki valab se bon pitit larezon.

 

Platon (428- 347 avan Jezikri.) Descartes (1596- 1650), Leibnitz (1646- 1716), Euclide (300 avan Jezikri), Pythagore (495- 580 avan Jezikri), Emmanuel Kant (1724- 1804).
Anpiris (18yèm syèk)

 

 

Tout konesans valab se bon pitit eksperyans nou fè at senk sans nou.

 

Anaximène (610-545 avan Jezikri.) Bacon (1561 -1626), Locke (1632 -1704), Newton (1642- 1726), Berkeley (1685- 1753), David Hume (1711-1776), William James (1842-1910).
Pozitivis (19yèm syèk) La syans pwogrese paske l apiye sou bagay ou ka mezire, ki vin tounen modèl pou moun panse sou baz kèk ezanp patikilye ki pèmèt ou devlope lwa jeneral (rezònman endiksyon). Tout sa w pa ka mezire, oswa wè aklè dirèkteman pa egziste. Sextus Empiricus (160-210), Auguste Comte (1718-1857), Stuart Mill (1806-1873), Mach (1838- 1916), Bridgman (1882-1961), Bohr (1885- 1962), Carnap (1891-1970).
Konstriktivis (20yèm syèk)

 

Monn lan pa depann de lespri moun. Men konesans nou genyen sou monn lan se konstwi moun ak sosyete a konstwi sa. Héraclite (550-480 avan Jezikri), Protagoras (485-410 avan Jezikri), Brouwer (1881- 1966), Jean
Piaget (1896 -1980).
Reyalis (20tyèm syèk) Modèl syantifik yo se nou ki konstwi yo pou n ka esplike reyalite moun wè aklè (objektif) ki pa depann de moun k ap gade a. Aristote (384-322 avan Jezikri), Reid (1710- 1796), Planck (1858- 1947), Russel (1872- 1970), Albert Einstein (1879-1955).

Pou Riopel (2013), klasifikasyon sa se rezilta refleksyon filozòf, syantifik ak didaktisyen sou istwa lasyans. Konsepsyon yon syantifik ka genyen de lasyans, ka depann de matyè a : li kapab genyen atitid pozitivis nan entèpretasyon l bay fizik kantik, poutan li gen dwa gen lide rasyonalis nan refleksyon li sou rapò koub ant espas-ak-tan. Menm si souvan yo gen tandans makonnen yon kouran ak yon potorik syantifik; men, nou pa oblije makonnen yon grenn kouran epistemolojik ak chak syantifik. Se sa k rive nan ka pa Newton (1642-1727), mwen te ajoute l nan kouran anpiris ki te ap banbile nan peryòd msye t ap viv sou tè a, men, gen moun ki konn mete l tou nan kategori reyalis.

Toujou nan menm lide limit definisyon epistemoloji a, gran epistemològ franse ki rele Gaston Bachelard (1884-1962) te poze kesyon sou rapò ki genyen ant epistemoloji rejyonal yo ak posibilite pou yon epistemoloji jeneral egziste. Nan analiz Bachelard (1980), epistemoloji rejyonal yo mare sosis ak yon grenn syans, yon grenn metòd. Espesyalis apwòch rejyonalis bout di sa a, pa tolere ankenn enonsyasyon ki pale de verite jeneral sou lasyans. Pou li, sèl epistemoloji ki pwòp (san tach), ki pa gen lòt grenn zanno kay òfèv se sa k rejyonal la. Yon rechèch sipoze adapte l ak zouti li akouche yo. Nan ka sa a, epistemoloji ki egziste tout bon an se sak adapte l ak rechèch la pandan l ap deplòtònen (lide sou dekoupaj disiplin yo).

Men yon lòt bò mwen ka di ke sa yo rele epistemoloji jeneral la, se lè w ap fouye zo nan kalalou syans, rechèch syantifik alawonbadè, epi w w ap mande tèt ou ki metòd ki metòd syantifik? Mwen p ap gentan fè twòp pale anpil sou relasyon epistemoloji ak lasyans. Nan kad travay sa a, se sitou definisyon epistemoloji antan ke teyori lakonesans an jeneral, ki nati konesans ak ki limit konesans yon moun posede ke mwen ap chache konprann. Se kon sa mwen pral kontinye vwayaj epistemolojik lan, apre ke m fin montre kòman yo wè kesyon an nan de (2) rejyon nan monn lan, ki fè pati kilti oksidantal la. Kounye a mwen pral fè ti kout pye sou kontinan Lafrik, kote mòd panse ayisyen an ta sipoze gen premye grenn zanno kay òfèv sa.

Teyori lakonesans : nan tradisyon pèp afriken

Li lejitim si m panse ke, menm jan lòt peyi Anglosakson ak Frankofòn yo te devlope pwòp vizyon pa yo sou ki wout ki miyò nan chache konnen; pèp k ap viv sou lòt kontinan te konn pran wout sa tou. Tankou pèp ki ap viv Lafrik oswa ki gen zansèt ki soti la, nan eksperyans yo te fè antan ke moun, dwe genyen yon teyori tou sou konesans. Yon pèp ki gen istwa l ki date depi ti konmkonm t ap goumen ak berejèn, èske eksperyans y ap fè antan ke kominote, nan listwa limanite, èske yo menm tou pa genyen yon fason ki rele yo chè mèt chè mètrès nan jan yo konprann monn lan epi esplike konpleksite sitiyasyon moun k ap viv sou tè a? Pou mwen reponn ak kesyon sa yo, mwen te refere m ak sentèz Mutombo Nkulu-N’Sengha te fè nan tèks li African Epistemology (2005) (epistemoloji afriken) in Encyclopedia of Black Studies (Ansiklopedi Etid sou moun Nwa) ke de (2) gran zotobre syantifik nan domèn afrikoloji : Molefi Asante ak Ama Mazama dirije. Pou otè a ki fè yon bèl rale mennen vini sou kesyon an, pou rakonte listwa epistemoloji afriken sa a; ki konsèp ki pi enpòtan pou li; ak tout entèlèktyèl ak filozòf alawonnbadè sou kontinan an ak nan diaspora a ki ba l richès li; gen plizyè fason ak kote nou kapab detekte prezans epistemoloji sa. Sa k vini antèt, se sajès ke sosyete sa transmèt nan bouch (mit oswa lejann sou kreyasyon lemonn, kont popilè yo, ak pwovèb); fason yo chache jwenn laverite anndan sosyete sa yo, nan aparèy jistis, nan politik, nan legliz; nan travay medsen fèy; nan jan yo chache jwenn koupab yo lè yo trennen yo lajistis; epi tout fason Afriken rezoud zafè bouch louvri ki gen nan fanmi yo ak nan sosyete a. Nan yon kontèks afwosantrik, Asante (1996) fè konnen ke wout chache konnen pase pa disiplin Afrikoloji, li pase pa lang yo, mit oswa lejann yo, souvni nou kenbe de zansèt yo, lakreyasyon (danse, jwe mizik, elatriye), ak lasyans. Tout sa yo se sous pou n ranmase konesans, rekonèt ki sa k prèv ak ki sa k laverite.

Kon sa nou pa dwe neglije enpòtans ansyen dokiman ki te ekri depi peryòd Kemèt oswa Kamit (premye non pèp ki sot nan peyi Ejip an n Afrik pote), ki ofri premye tras epistemoloji afriken an; pa egzanp nan definisyon nou jwenn sou kiyès yon filozòf ye nan Enskripsyon (pawòl ki grave sou mi, wòch, elt) Antef (12yèm Dinasti, 2000-1768 avan JeziKri), ak Ptahhotep (25yèm syèk, avan JeziKri), Enskripsyon Nebmare-Nakt (sou papiris, 12yèm syèk avan Jezikri), Enskripsyon san non sou papiris ke Chester Beatty IV (12yèm syèk avan JeziKri) te jwenn, epi leson sou etik (lamoral) ke Amenemope te fè. Tout tèks sa yo ansanm betonnen wout afriken pran pou chache lakonesans. Yon bò nou jwenn nan tèks Zera Yacob (Hatata), ki rele epistemoloji Bwino ki soti nan filozofi pèp Bantu yo ak epistemoloji Ofamfa-Matemasie kay pèp Akan pou nou site sa yo sèlman. Men, jounen jodi, konsekans lesklavaj, kolonyalis, neyokolonyalis ak rasis vin ap fè fas kare ak yon kouran epistemolojik afriken k ap kritike lakonesans ki mare sosis ak pouvwa politik ak ekonomik. Kouran afwosantris sa a demontre epi denonse kòman kòkòday ki genyen ant lasyans ak politik epi ekonomi te lakoz ke tout analiz ak etid ki panche sou moun afwodesandan toujou defini yo apati de linèt kolon yo oswa mèt esklav yo, ki pa t janm pran yo kòm moun ki egal yo.

Pou N’Sengha (2005), gen kat (4) fason selon tradisyon afriken an moun ranmanse konesans ke n ka regwoupe ankò selon twa (3) kategori : 1) Sinatirèl (divinò ak revelasyon), 2) natirèl (entwisyon – lè lide w di w fè yon bagay, ak larezon), ak 3) paranòmal oswa pèsepsyon ekstrasansoryèl ki rive pi lwen ke sans nou yo (kay moun ki fèt ankwaf ak lè w nan telepati ou rive fè lespri w kominike ak lòt moun alòs ke nou lwen youn ak lòt).

Kidonk, nou ka remake ke epistemoloji afriken an, ki kite plas pou diferan mòd kognitif lè moun ap chache konnen, se yon panse ki sibi anpil vyolans epistemik tou anba men kolon epi plim neyokolonyalis moun save ewodesandan. Moun sa yo pran pretèks ke epistemoloji afriken pa danse kole ak larezon, oswa ke panse afriken an se lekontrè epistemoloji sosyete oksidantal yo, e menm limanite alawonbadè. Ak paradigm afwosantrik la, anpil zotobre afwodesandan nan diaspora a, te rive demontre ke ak epistemoloji yo, pèp ki t ap viv sou kontinan lafrik la, avan ke lasyans modèn te kòmanse devlope, te gentan konn sèvi kòm sa dwa ak zannimo ki gen kat (4) pye, tankou cheval, fè agrikilti, envante almanak astwonomik, deja maton nan plant medisinal, bay timoun lenstriksyon epi soti vivan apre gwo evenman malouk ak lanmò pandye; paske yo te gentan gen ase konesans ki te pèmèt yo louvri bwat sekrè lanati epi louvri pòt sou lojik k ap gouvène egzistans moun.

Si epistemoloji afriken an, menm jan ak sa k soti nan peyi desandan ewopeyen yo, kite plas pou rasyonalite kidonk larezon; men, sa pa anpeche ke l genyen trè pa l, ki rann li orijinal, kote ke ni objè etid la ni sijè fè yon sèl gras ak yon apwòch olistik (selon apwòch sa a yon fenomèn se plizyè pati ki kole youn ak lòt ki fè youn). Nou konprann, yon moun ki gen eritaj afriken, se yon sijè ki panse, non sèlman ak tèt li; men, li panse ak kè l tou. Nan ka sa, kilti sa a voye jete koze divizyon ant larezon ak emosyon/santiman sou baz lojik Katezyen (logique cartesienne) an (Descartes, 1637).

Pran wout chache konnen nan tradisyon afriken an, kòmanse dabò ak imilite epistemolojik. Paske ou pa filozòf jis paske w wè pi klè nan kèk bagay; men, ou se filozòf paske w toujou ap chache opinyon lòt moun, pa sèlman kay saj yo, men kay moun ki inyoran yo e menm kay ti sèvant ki anba nèt nan nechèl sosyete a. Nan vizyon di monn (vision du monde) pèp Yoruba Ifa, tout moun fè pati yon kòt kosmik (cosmos), ki rasanble tout fòm lavi ak enèji ki gen nan linivè. Se sa ki pou asire ekilib ak amoni ki endispansab pou lasante ak kè kontan moun. Se pou sa epistemoloji afriken an pa kite plas pou separasyon ant sa ki sakre (legliz) ak sa ki pwofàn (nan lemonn), ant metòd espiritiyèl ak metòd anpirik nan efò pou n chache lakonesans. Pou kilti afriken an, pa gen koupefache (dualisme) ant matyè (kò) ak lespri (panse), ant lafwa ak lakonesans, yo pa sitire divizyon ant lasyans ak relijyon. Travay gerisè (medsen fèy) afriken yo montre reyalite sa klè kou dlo kokoye, kote moun sa yo toujou travay ansanm ak tout modalite kognitif yo pou jwenn bonjan rezilta kont pwoblèm sante. Nan kontèks sa a, ou konprann yon bagay oswa ou konnen li, se lè w rive mete men sou koneksyon ki genyen pami tout bagay nèt. Gwoup moun sa yo prefere pale pito ak sa yo swete konnen an : « Y ap tounen pye bwa ak pye bwa a- wòch ak wòch la- dlo ak dlo a- van ak van an » (N’ Sengha, ibid, paj 42). Si w divize konesans ak metòd yo an miyèt moso (konpatimantalizasyon), ou riske tonbe sou « eskizofrèni entèlèktyèl » tankou lè w pèdi yon fèy. Konpatimantalizasyon sa a se konesans an chikèt de grenn gòch. Se sèlman yon gwo van ti lapli li ofri. Entèdisiplinarite epi chita pale ant epistemoloji yo se mèt kesyon apwòch olistik sa a. Se yon panse ki kwè ke meyè fason pou konnen se lè w itilize tout kalte zouti ak metòd ke w ka jwenn.

An sòm, nan kilti sa a, yon moun ki saj se pa yon moun ki genyen yon sèl sajès epi ki metrize yon sèl domèn. Li se yon saj paske, li kapab rive jwe wòl yon sikològ, yon anseyan, yon mèt espirityèl, yon atis, yon achitèk, yon pansè epi yon moun k ap mete konesans an pratik (pratisyen) an menm tan.

Kòm mwen te anonse nan twokèt la, m ap fè yon rale sou epistemoloji ayisyen. Genyen anpil rezon ki fè m kwè epistemoloji ayisyen an nou kapab konsidere l dabò tankou bon pitit epistemoloji afriken. Yon lòt bò, m ap gade tou èske panse ayisyen sa a pa sanble tèt koupe ak lòt epistemoloji ki devlope pami lòt pèp nan monn lan, sitou pèp ewopeyen ak amerendyen? Se yon sikonstans twomatik ki te fè pèp sa yo rankontre sou tè d Amerik depi plizyè syèk.

Ki jan lakonesans defini selon tradisyon Ayisyen an?

An Kreyòl, lè yon moun pa gen konsyans de ki kote l ye, ki lè li ye, ak tout sa k viwonnen li, yo di l pèdi konesans. Nan kèk sitiyasyon, yo konn di l endispoze tou. Lakay nou, yo itilize mo konesans lan, tou pou pale de Lide, moso limyè w kapab genyen sou yon bagay, yon sitiyasyon, yon moun. Egzanp : lè w ka fè diferans ant byen ak mal. Lè w konnen Bondye. Ou konnen yon moun. Ou konn tout pati kò w. Ou konn pale yon lang. Ou konnen yon kote. Ou konn yon peyi. Ou konn sa k pral rive. Ou vin dekouvri yon bagay. Lè w fèk rankontre yon moun pou premye fwa, ou di w fè konesans ak moun lan. Lè w pa gen enfòmasyon de yon bagay, yo di w pa konnen anyen sou sa. Si w gen enfòmasyon, yo ka di w, ou konnen sa w ap fè a byen, oswa w konnen de ki sa w ap pale a. Nan ka moun ki pase lekòl, nan inivèsite, ki fè anpil tan ap itilize liv ann Ayiti, yo souvan pale de moun sa yo tankou de moun ki konnen. Paske tout sa k gen awè ak espas lekòl ak inivèsite sitou kote moun ap sèvi ak ekriti yo souvan rele yo bagay lespri. Moun ki pase anpil tan nan espas sa yo, yo konn rele moun sa yo moun lespri tou; moun ki li nan ti lèt fen, oswa nan gwo liv. Nan sans sa a, se konn yon lòt fason pou di moun lan fò. Tankou, moun yo rele moun lespri a, se yon moun ki pase anpil tan ap chache konnen bagay ki pa klè devan je nenpòt ki moun touswit.

Kounye a la, si mwen mete m dakò ak definisyon epistemoloji antan ke wout chache konnen, teyori lakonesans, epi m ajoute tou teyori lasyans, mwen imajine ke anpil lektè ak lektris siman gentan tonbe nan pyèj la, nan kouri kole yon etikèt sou do epistemoloji ayisyen an pou ba li pote non yon grenn kouran epistemolojik selon tradisyon kilti oksidantal la. Nan je pa yo, se ta kon sa pou bay yon pi bon radyografi de ki sa k reprezante konesans ki gen pi plis valè nan sosyete ayisyen an. Men, pou nou se yon demach ki riske kache ke dèyè mòn gen mòn nan epistemoloji sa ki gen kòd lonbrik li mare ak manman Lafrik avan. Selon deskripsyon nou sot fè de epistemoloji afriken an, nou kwè ke nan tèt yon ayisyen natif natal, ke l konsyan oswa pa konsyan de sa, gen diferan wout ki ka pèmèt ou jwen konesans ki valid :

  1. Sinatirèl : Souvan nou konn tande lakay nou, anpil moun ki kwayan, ap repete ke se bondye ki bay lakonesans, e ke tout sa lèzom ak fanm rive akonpli ki grandyoz nan fè tèt li travay se men bondye ki dèyè yo. Sa vle di, selon vizyon di monn ayisyen an, moun kapab dekouvri lakonesans gras ak èd yon èt ki gen plis pouvwa pase moun, tankou Bondye, lespri yo, lwa yo nan relijyon Vodou, gras ak sèvis divinò (oungan, manbo), revelasyon (mesaj yo pote bay moun lan nan dòmi oswa nan vizyon li genyen). Nan Divinasyon ak revelasyon kòm mòd kognitif, lakonesans pase oswa vini dirèkteman de entèvansyon èt sinatirèl –lespri, zansèt yo, fanmi ki te mouri, divinite ki vini nan rèv yo, oswa ki pase pa divinò, ougan ak manbo, zannimo, oswa kèk evènman lavi ki ra, oswa fenomèn natirèl ki mande yon atansyon espesyal (Vornax, 2008).
  2. Natirèl : nan epistemoloji ayisyen an, moun kapab dekouvri konesans tou, gras ak lide ki pase nan tèt yo oswa nan fè lespri yo travay sou yon sitiyasyon – yon pwoblèm. Mwen te ka rele wout sa a « rasyonalite ayisyen ». Ann Ayiti, tout sa ki mande pou fè tèt ou travay, oswa ki pase pa travay lapanse se gwo koze. Anpil pwovèb nan lang Kreyòl envite nou respekte granmoun yo- paske eksperyans yo se nan tèt yo li ye. Men an menm tan an, yon jèn moun ki pase anpil tan ap travay ak liv ki rete anpil tan lekòl vin pase pou moun ki gen anpil bagay nan tèt li.
  3. Paranòmal : pèsepsyon ekstrasansoryèl (perception extrasensorielle). Nan kilti ayisyen an, li kouran pou tande pale de moun ki di depi lè yo tou piti yo te gen don pou wè sa tout moun pa ka wè oswa kominike ak lespri oswa moun ki mouri deja.

Vodou : yon wout sinatirèl ak natirèl pou jwenn lakonesans?

Selon lang afriken ki rele Fon, mo Vodou a vle di Fòs, enèji ak lespri. Vodou ayisyen an jounen jodi reprezante yon sistèm relijyon ki konplèks anpil. Pou kont li se yon pèspektiv tèlman laj, ke l rive akeyi nan sen l lòt sistèm relijyon tankou Katolisis, Chamanis Amerendyen, Franmason, pratik Wozkwa ak Agnostisis. Selon Crosley (2000), relijyon ayisyen sa a te egziste avan yon pakèt lòt relijyon sou latè paske li gen rasin nan Saara neyolitik ann Afrik (Sahara Neolithique)[2]. Filozofi relijyon sa a wè moun tankou yon konsèp konplèks ki siyifi yon « ansanm », ki genyen yon nanm (nyam= yon pati nan yon ansanm nan lang afriken). Nanm sa rasanble yon bann ak yon pakèt dimansyon espirityèl kay moun lan : Ti Bon anj, Gwo Bon anj, Nanm, Lwa mèt tèt, Wonsiyon, Lwa rasin yo (ki soti nan manman ak papa) konn pote non Lwa eritaj ; genyen yon lwa zetwal k ap viv deyò kò moun lan nan yon zetwal nan syèl la. Depi premye jou moun lan vini sou tè a. Tout ajan espirityèl sa yo (tablo 2 bay kèk egzanp), ki se enèji k ap fè mouvman se yo ki drese ideyal ak nòm pou lalojik, lamoral, etik ak estetik. Epi an menm tan yo pa sèlman zafè yon grenn moun; men, yo blayi sou tout sosyete a ak anviwonman an. Antite sa yo gide moun tou sou wout lapè ak bonè. Tout moun eksperimante yo, epi nou tout depann youn de lòt, paske ankenn moun pa ka egziste si l pa gen rapò ak lòt moun parèy li nan je gwo prèt vodou Max Beauvoir (Crosley, 2000). Katafal konesans sa yo pase de bouch an bouch de yon jenerasyon ak yon lòt, sitou pandan peryòd inisyasyon (kanzo).

Tablo 2: Lwa prensipal yo ak konsèp yo reprezante

Lwa Konsèp yo reprezante
Legba Li louvri pòt pou antre nan monn espirityèl – Kominikasyon
Dambalah Wèdo (Koulèv): Kreyatè tout lwa –Solèy la “Animus” (Maskilinite) – lanmou papa gen pou pitit –
Azaka Mede Agrikilti – travay di
Kouzen Zaka (Frè Azaka)(Peyizan) Agrikilti – lavi yon moun peyizan
Ayida Wèdo (Patnè fanm Dambalah): Lalin lan Lakansyèl – “Anima” (Feminite)
Ezilie Dantò Lanmou manman pou pitit– mefyans – andwojini (trè gason ansanm ak fanm) – lezbyèn
Ezili Freda Dahome (Matlòt Dantò) Lanmou – poligami ( gen plizyè nèg oswa fanm) – rèv
Ogou Feray Gèrye politik
Ogou Badagri Lwa save – lapwofesi
Bawon Lanmò
Gede (pitit Bawon Samdi ak Grann Brijit) Lespri zansèt yo– lè w travèse soti nan lavi ale nan lanmò – pwoteksyon timoun piti
Kalfou (Gede, move vizaj Legba) Sak bon ak sak pa bon- move chans – malè –
Simbi Metrès Dlo – sous remèd pou maladi  natirèl
Marassa Fètilite – andwojini – jalouzi – Sous bon remèd

Vodou : botanik, famakoloji, ak syans fizik

Vodou se yon sistèm laswenyay total kapital. Andedan li ou jwenn yon ekip moun ki resevwa resèt remèd nan men lwa nan dòmi pou bay laswenyay. Pafwa lwa a gen dwa monte moun lan tou epi l fè remèd la li menm. Vodou se yon sistèm ki genyen modèl teyori pa l pou esplike maladi ke yo konn akize moun responsab (swa se malad la oswa yon moun deyò). Epi nan menm sistèm sa a, ou jwenn yon pakèt mwayen pou bay laswenyay, geri malad epi pwoteje moun pou maladi pa antre sou ou (Beauvoir, 2006).

Vornax (2008) fè konnen ke genyen yon medsin kreyòl ki te egziste nan tan lakoni sou Zile Sendomeng. Kòm esklavize yo te gentan gen abitid itilize sa yo jwenn nan antouraj yo pou trete maladi, li te vin fasil pou yo kontinye ak tradisyon sa yo te soti lakay yo ak li a. Pandan yo ap adapte yo ak yon nouvèl anviwonman ekolojik, yo pwofite remete an pratik tout sa yo te aprann fè pou bay laswenyay depi Lafrik. Ti pa ti pa, yo devlope solisyon kont maladi ki te vin ap maltrete yo nan nouvo monn lan. Yo kolepyese yon medsin anpirik ak eksperyans ansanm ak tout mwayen ki vin disponib pou yo. Se vre kolon yo te konn pèsekite yo pou pratik sa yo ke yo te konfonn ak bagay malfektè; men, sa pa t anpeche konesans sou fèy ak plant kay swayan yo, fanmchay yo epi pratik ki melanje medsin ak relijyon devlope. Medsin kreyòl ayisyen sa grandi epi simaye alawonbadè bouch an bouch kote ke jodi a li se yon medsin tout moun konnen (yon bann remèd ak pratik ki diferan youn ak lòt) eki chaje espesyalite ladan (tankou fanmchay, doktè-fèy, ansanm ak Ougan epi Manbo). Fanmchay yo pran ede fanm akouche epi yo trete tibebe, pafwa yo konn prepare remèd fèy pou lòt maladi pi yo rale moun. Doktè fèy la konn trete moun ak « senp », poze sansi, yo mete gad sou moun epi yo konn trete pwoblèm zo kase oswa ki deplase. Kategori moun sa yo menm jan ak fanmchay la itilize fèy ak chouk bwa osnon kèk lòt resèt natirèl pou fè remèd pou moun malad. Vodouyizan genyen anpil plas nan medsin kreyòl sa malgre tout pèsekisyon yo te sibi nan men kretyen yo sa pa gen two lontan (Vornax, 2008).

Nan sa k konsène rapò Vodou ak syans fizik, Doktè Reginald Crosley, nan liv li ekri sou Vodou ak rapò li ak fizik kantik : « The Vodou Quantum leap » (2000), estime ke lasyans nan 20yèm syèk pou kont li te rive rebat kat la nan diskisyon sou ki sa ki yon reyalite, paske l rive rezoud twoke-kòn ant matyè ak lespri ke epistemoloji vodou a, ki enspire de epistemoloji afriken an, voye jete depi syèk. Genyen yon kontinyòm ant kò ak lespri. Enèji espirityèl layite nan tout fraktal (ti zing ak miyèt) ki konpoze linivè. Pou otè « The Vodou Quantum leap » la, ou jwenn vizyon kantik la anpil nan pratik vodou a, sitou lè ougan, manbo oswa bòkò a ap fè leson, wanga epi ap pratike fenomèn lougawou (lycanthropisme). Yon ounsi kanzo dwe genyen yon bon relasyon ak yon lwa espesyal l ap sèvi (lwa gad). Lè sèvitè (chwal) sa a mouri, sipoze genyen yon seremoni espesyal ki fèt pou rive separe sèvitè a ak lwa gad li (desounen).

Pou m fini pati sa sou enpòtans teyori fizik kantik la pou louvri bwat sekrè sistèm Vodou a, epi souliye wout natirèl li ofri pou dekouvri lakonesans, mwen kapab apiye agimantasyon mwen, sou travay yon syantifik ayisyen, Serge Madhère (2012). Yon espesyalis nan evalyasyon sikolojik, ki kwè ke kilti ayisyen an chaje zouti natirèl ke n kapab itilize pou fasilite timoun ayisyen aprann matyè tankou matematik ak syans.

Sous : Madhère (2012).

Pou demontre aplikasyon yon apwòch pedagojik ‘Mayamay’ (Maieutique socratique) kòm metòd pou gide elèv ayisyen yo, youn nan twa (3) pwodwi kiltirèl Madhère te pran kòm egzanp se te rapò sistèm VèVè (yon desen ki ranpli ak liy koub, ki fèt ak farin frans, ki senbolize epi fasilite dyalòg k ap fèt ant moun ak lwa yo nan reljyon Vodou) genyen ak sistèm fraktal yo (repwodiksyon fòm jeometrik ki gen nan lanati). Nan sa ki konsène itilizasyon sistèm fraktal pou konstwi antèn elektrik, enjenyè ki travay nan kominikasyon satelit remake ke mòd antèn sa yo kapab kapte yon bann kantite siyal menm lè w itilize yon ti espas tou piti. Madhère (2012) fè remake resanblans ki genyen ant yon chema enjenyè yo konnen sou non « Minkowski design » epi vèvè pou Lwa Kalfou a. Ansuit li soulve ipotèz ke si n rive asosye yon chema Minkowski ak yon chema vèvè Kalfou, kantite enfòmasyon nou ka rive kapte a t ap plis ke sa n t ap rekolte ak yon senp chema Minkowski.

Teyori lakonesans nan tradisyon oral ann Ayiti : egzanp kèk pwovèb!

Kiyès moun k ap viv sou tè Desalin lan, ki pa yon fwa nan vi l, ou menm detanzantan nan konvèzasyon ak refleksyon l ap fè an kreyòl sou sitiyasyon ki gen rapò ak lakonesans, ki pa konn tande oswa itilize youn nan maksim (pwovèb) sa yo?

Tablo 3:  Dis Pwovèb ayisyen ak kouran epstemolojik yo antre ladan l

Pwovèb Apwòch oswa paradig epistemolojik
Se sentoma w ye lè w wè w kwè.  Anpiris
Fòk ou konnen la pou ale la ? Anpiris
Sa w pa konnen pi gran pase w. Anpiris- Rasyonalis
Analfabèt pa bèt. Anpiris- Rasyonalis
Bouch gran moun lan santi men pawòl nan bouch li pa santi. Anpiris- Rasyonalis
Eksperyans granmoun lan se nan tèt li. Rasyonalis- Anpiris
Se mèt kò ki veye kò. Anpiris
Mache chache pa dòmi san soupe. Anpiris
Sa w fè se li w wè. Anpiris
Entèl pèdi yon fèy. Anpiris

Selon pwovèb ki nan tablo sa, mwen konprann yo tankou machin k ap transpòte teyori sou lakonesans.  Yo chak kapab pran sans ki pwòp ak yo, epi veyikile yon sajès espesyal. Pa egzanp, andedan chak grenn li pa parèt two konplike pou jwenn aklè plas enpòtan sans ak eksperyans, lide ki grave nan lespri, egzistans yon reyalite objektif . Dapre pwovèb sa yo moun lan k ap fè jefò sou wout chache konnen an kapab yon sous konesans ki gen laverite nan li. Mwen jwenn tou lide ke objè etid ak sijè a makonnen nan domèn lakonesans. Pou anpil moun, pwovèb se sous vizyon di monn pou konprann epistemoloji; jan w jwenn sa souvan nan tradisyon oksidantal la, si w analize yo byen ou ka idantifye kèk tras kouran epistemik ki popilè ladan yo.

Pwovèb ak Apwòch Anpirik (empirisme)

Pi wo a, mwen te bay yon avètisman sou fasilite anpil nan nou genyen pou kole yon grenn etikèt epistemolojik sou teyori lakonesans nan kilti ayisyen an, senpleman sou baz analiz kontni pwovèb, oswa relasyon doukla (dyalis) ki konn sanble ap taye banda ant objè n ap etidye a ak sijè a…

Pa egzanp, nou di moun « se sentoma w ye lè w wè w kwè », sitou nan ka ke moun lan refize kwè yon pawòl ke w di l nan bouch, ke li menm li pa wè ak je l oswa santi l.

« Fòk ou konnen la pou ale la », se yon fason pou n admèt ke kèlkeswa pwoblèm ou anfas li, si w pa t gen enfòmasyon solid deja sou sa, eben li pral enposib pou rezoud li kòm sa dwa.

« Sa w pa konnen pi gran pase w» se yon ideyal ki ankouraje w pou w pa janm sispann aprann konnen. Paske lakonesans pa andedan w sèlman, li deyò w sitou ak nan anviwon w. Plis w ap aprann plis w ap grandi, e pou w grandi fòk ou toujou ap chache konnen. Fòk ou eksperimante yon bagay ak sans ou pou konnen l. Sa w pa konnen pi gran pase w men sa pa vle di w sòt oswa w pa konnen anyen.

« Analfabèt pa bèt », nou remake malgre mepri ayisyen konn genyen pou moun ki pa konn li ak ekri oswa ki fè ti klas piti, li pa janm ezite rekonèt epi wete chapo devan moun yo di ki analfabèt, e ki konn rive rezoud pwoblèm ak entèlijans. Analfabèt pa bèt, nou tande sa souvan, lè diyite moun nan dlo, epi n bezwen raple ke se pa lekòl ke moun aprann tout bagay nan lavi a. Pwovèb kreyòl sa raple prensip imilite epistemolojik ki chè nan tradisyon teyori lakonesans ann Afrik yo.

« Bouch gran moun lan santi; men, pawòl nan bouch li pa santi », se youn nan pwovèb nou souvan tande, lè n bezwen raple enpòtans grandèt yo ak eksperyans yo charye ki ka sèvi nou pou n avanse kòm pi piti.

« Eksperyans gran moun lan se nan tèt li », pou n pa bliye ke kalte refleksyon depann de eksperyans nou fè; sa pa depann de kapasite fizik nou; men tou, sa depann de larezon ke n ranmanse ak laj.

« Mache chache pa dòmi san soupe » – « Sa w fè se li w wè », pou n di ke pa gen meyè fason pou jwenn solisyon ak yon pwoblèm ke nan fouye zo nan kalalou, keseswa nan reflechi oswa nan aji; rezilta w gen nan menm w jodi a, se konsekans fason w te aji (pawòl ak aksyon) w ayè.

“Entèl pèdi yon fèy”, nou di pawòl sa, nan ka ke aksyon yon moun ap poze depaman ak reyalite a. Yon fason pou n di moun lan pèdi larezon li. Sa vle di aksyon moun nan ap poze oswa pawòl l ap repete paret pa rasyonèl. Sa vle di rasyonalite, se yon eleman endispansab nan ekilib yon kretyen vivan.

Si gen otè ki estime ke pwovèb yo, dikton yo, maksim yo ke nou jwenn nan lang moun pale, se konn sous sajès ak filozofi; se kon sa tou, genyen, tankou filozòf anpiris John Locke (1632-1704), ki te voye jete, kanal sa yo, kòm kanal fyab kote w ka tire pawòl laverite. Dayè, nan liv li a : An Essay Concerning Human Understanding (Esè sou fason moun konprann ak rezoud pwoblèm), ki te mete van nan vwal sistèm filozofi anpiris la, li voye jete ak tout fòs li kwayans ki fè konnen ke pwovèb se prensip natirèl, ki te tou grave nan lespri nou depi n soti nan vant manman nou. Kòm egzanp, li pran timoun ansanm ak kategori moun ann Ewòp ke yo te konn rele nan tan lontan « enbesil » ak « sovaj » yo. Li pran egzanp sa yo pou l demontre ke si timoun, enbesil ak sovaj pa konnen pwovèb ke l site nan liv li a, enben, sa se yon prèv ke prensip sa yo pa natirèl epi yo pa jwenn akò ki vreman inivèsèl sou baz rezònman. Nan lespri Locke, sèl fason moun kapab ranmase lakonesans se sou baz eksperyans. Ak pozisyon sa a, deja an nou imajine konpleksite kesyon pou n ta koupe an moso epistemoloji ayisyen an, sèlman sou baz sa kèk pwovèb yo esplike. Paske nan denye ka sa a, bagay la mongonmen pou n ta pale de epistemoloji ayisyen kòm yon filozofi anpiris sèlman; oswa yon konesans anpirik ki swadizan koupe fache ak rezònman? Ban m kontinye fouye pou m wè nan ki enpas yon konklizyon kon sa kapab lage nou si n ta deside redwi epistemoloji ayisyen ak anpiris pou kont li sèlman, san konsidere, enpòtans yon tip apwòch olistik epi tout lòt mòd kognitif ak sous valid pou chache lakonesans ke epistemoloji afriken ofri nou.

Kisa ki apwòch anpirik?

Se yon teyori filozofik ki deklare ke konesans moun genyen soti dirèkteman e sèlman de eksperyans ou fè ak senk (5) sans ou. Antan ke branch nan epistemoloji, li pa chita sou ensten/entwisyon. Tout konesans li bay valè se sa ke w wè, tande, santi, manyen elt… Lekòl sou panse sa a bay enpresyon ke l pa kwè nan rezònman apriori (dediksyon) pou ranmase ak analize lakonesans. Se nan konesans aposteriori (endiksyon) bay li kwè. Selon otè k ap bay filozofi sa a jarèt, tout konsèp, tout konesans epi tout jeneralite syantifik kapab redwi ak sa yo rele sansasyon ak pèsepsyon. Sofis[3] Grèk yo te deklare nan sans sa a : « L’homme est la mesure de toute chose ». Epi filozòf John Locke, yon potorik gason nan lekòl panse sa, konsidere lespri moun tankou yon “Tabula rasa” (Locke, 1690), sa vle di ki vini nan monn lan vid nèt san ankenn lide ladan. Anpiris tradisyonèl yo ensiste anpil pou di ke eksperyans nou fè ak sans nou se premye gid ki ka pèmèt nou konprann monn ki viwonnen nou an. Se sèl metòd ak kondisyon ki ka pèmèt ou konnen epi dekouvri laverite. Si yon opinyon oswa yon jijman pa chita sou prèv eksperyans ba w, ou sipoze konsidere l tankou yon bagay ensèten, swa ki pa veridik oswa ki se yon sipèstisyon (Hossain, 2014).

Ban m fè ti rete sou dènye pawòl sa ki raple m kritik ke rasyonalite afriken an, ki bay epistemoloji ayisyen koulè l, sibi anpil anba plim syantifik oksidantal neyokolonyalis yo. Nan tradisyon kilti ayisyen an, ki bati sou chantye vizyon olistik afriken an, sous sinatirèl ak paranòmal mache men nan men ak vwa larezon sou wout chache konnen. Alòs, èske se pa krache sou divèsite epistemoloji ayisyen an ofri nou, si n ta deklare ak awogans ke li se senpleman yon epistemoloji anpiris? Èske pale de epistemoloji ayisyen sou fòm de konesans anpirik, se pa yon bonèt twò jis, alamòd oksidantal, nou vle taye mete nan tèt li? Èske se pa yon prèv vyolans epistemik ke pèspektiv pèp ki pa oksidantal yo ap sibi depi senk (5) syèk (Ani, 2013)? San ezite m ap reponn wi, paske nan fason Hossain (2014) esplike a, lekòl panse anpiris jan otè oksidanto yo te aprann nou li a, pa sèlman ka pote benefis; men, li lage nou nan tchouboum eskizofreni entèlèktyèl, pou jan li separe monn lan an de (2) moso : 1) sijè a ki la pou l pèsevwa (wè, tande, santi, goute, touche), epi 2) objè a ki la pou sijè a pèsevwa (dekouvri). Nan ka sa a, mwen gen dout ke filozofi anpiris pou kont li, san maryaj ak lòt filozofi, ka bay mwayen fyab pou n dekouvri konesans ki valid, paske l pa rekonèt relasyon dyalektik ki egziste ant eleman objektif ak sibjektif sou wout chache konnen.

Afwosantrisite, panse antikolonyalis, revolisyon ayisyen nan 1791 : pansè filozofi politik?

N’Sengha (2005) te ekri li nan analiz li fè sou teyori lakonesans kay afriken an, lè l presize ke travay refleksyon kritik nan kominote syantifik afwodesandan yo, sou loksidan ak tout epistemoloji yo, se yon pati enpòtan nan epistemoloji afriken an. Mwen genyen anpil rezon pou mwen ta deklare ke premye teyorisyen ak teyorisyèn paradigm afwosantrisite, panse antikolonyalis yo e menm ideyal demokratik sou libète ak egalite rasyal k ap banbile nan le monn lan sèjousi, se te aktè ak aktris ki te fè revolisyon an 1791, pou yo soti nan esklavaj sou tè d Ayiti (Zile Sendomeng).

Premye refleksyon teyorik paradigm (kouran) afwosantrisite ak antikolonyalis te deja ap manifeste nan lide ak aksyon zansèt afriken nou yo, ke ewopeyen yo te kidnape soti ann Afrik vin foure nan lesklavaj nan Amerik ansanm ak amerendyen yo. Paske selon sa listwa rapòte, se te nan relijyon Vodou a, ki se yon eritaj kiltirèl afriken, ke endijèn sa yo te konn pwize sous enspirasyon, pou reziste mati yo t ap sibi, epi defye sistèm pezesouse yo te anba li a nan Zile Sendomeng (Hurbon, 1975). Youn nan definisyon Asante ak Mazama (2005) pwopoze nou de konsèp afwosantrisite a, se ke se pa yon bit rayisans kont ewopeyen; men, se sitou yon mwayen pou pèmèt pitit lafrik tou patou sou latè, fè jefò chache konprann sa k ap pase nan monn lan apati de pwenn d vi pa yo tou. Sa se yon fason pou yo te goumen kont ideyoloji ejemonik ak enperyalis ki te vle fè kwè tout sa k gen awè ak Ewòp se bon bagay santi bon; ke se sèlman lide ki soti sou kontinan Lewòp ki valab epi ki se modèl inivèsèl pou nou aji ak panse.

Revolisyon ayisyen an vin leve rido sou tout kontradiksyon sa yo ke nou ka idantifye depi peryòd Siècle des Lumières nan Lafrans (syèk moun eklere, oswa ki gen limyè).

Nan 18yèm syèk, lesklavaj te tounen yon foto sistèm filozofi politik kilti oksidantal la. Libète, ki parèt yon konsèp ki reprezante antitèz lesklavaj te reprezante nan je pansè eklere yo tankou pi gwo valè politik inivèsèl, kidonk ki ta sipoze pou tout moun. Sepandan, nan tèks ke filozòf sa yo te ekri, menm si yo te konn montre yo estomake devan pratik esklavajis la, nan reyalite teren an yo pa t bay sitiyasyon esklav yo regle anyen pou yo. Se vre abolisyon lesklavaj te ka parèt tankou yon pasaj oblije ke ideyal libète kòm valè inivèsèl ta pra l akouche. An tou ka, se pa t ak lide ni aksyon revolisyonè nan Lafrans nan peryòd sa a ki te bay esklav yo libète. Se jisteman zèv esklav sa yo menm ki te bay tèt yo libète. Zile Sendomeng, youn nan koloni ki te pi rich nan monn lan, se te la menm kalte revolisyon sa te pran chè. An 1791, demi milyon esklav ak zam kaba lame fransèz epi fòse yo (Komisè Sonthonax ak Polverel) rekonèt abolisyon lesklavaj. Sa se pa yon liberasyon pou perle des antilles sèlman; men yo te fè l layite nan tout rès koloni franse nan monn. Yon lame ke Toussaint Louverture te alatèt li, te rive genyen lame angle tou, epi bay mouvman abolisyonis la jarèt nan peyi Angletè, kote yo te oblije fè yon kanpe sou kòmès negriye a an 1807. Men avan, an 1801, Toussaint Louverture, yon ansyen esklav, ki vin tounen gouvènè Sendomeng te ekri yon konstitisyon pou koloni a, ki se youn nan premye fòm dokiman kon sa sou tè-a, ki sanble trase wout pou sistèm demokrasi ak egalite rasyal, epi defini ki sa k sitwayènte (Buck-Morss, 2000; Tavarès, 2006).

Yon siy ke malgre tout maspinay ki t ap fèt sou lespri ak kraze zo nèg ak nègès sa yo depi plizyè jenerasyon nan lakou Sendomeng; rasyonalite (larezon) yo te soti ak li ann Afrik la, ki te pèmèt abitan sou kontinan sa envante epi pratike lasyans te rete ankè (Asante & Abarry, 1996; Diop, 1981). Èske revolisyon ayisyèn sa a, se pa ta rezilta tou yon makònay byen sere, yon kalibray san fay ant yon latriye zouti kognitif (sinatirèl, natirèl, paranòmal), filozofi olistik imanis epistemoloji afriken an ofri a, nan kokennchenn zak rezistans ak revòl ki rive ranvèse yon lòd mondyal ki te gen tout machin sistèm politik ak ekonomik epòk la yo anba men yo?

Nan ankadre ki pral vini an ki prezante yon lèt orijinal an Franse chèf Nèg ak Nègès ki te revolte nan Mwa Jiyè 1792 te voye bay Asanble Jeneral nan Metwopòl Lafrans, nou ka jwenn yon apèsi de ki sa k t ap bouyi nan tèt aktè ak aktris revolisyon ayisyen an.

Ankadre 1 : Lettre originale des chefs des Nègres révoltés, à l’assemblée générale, aux comissaires nationaux et aux citoyens de la partie française de Saint-Domingue du mois de juillet 1792

Messieurs, ceux qui ont l’honneur de vous présenter ces Mémoire est une classe d’hommes que vous avez jusqu’à présent méconnus pour vos semblables, et que vous avez couvert d’opprobre en les accablant de toute lignominie attaché à leur malheureux sort, ce sont des hommes qui ne savent choisir les grands mots mais qui vont vous montre ce et à toute la terre la justice de leur cause; enfin ce sont ceux que vous appelez vos esclaves et qui réclament les droits que toute hommes peut prétendre.

Trop long-tems Messieurs par un abus qu’on ne peut que trop accuser d’avoir lieu par notte peu d’entendement et notte egnorance depuis long-tems dis-je nous avont été les victimes de votte cupidité et de votte avarice, sous vos coups de fouet barbare nous vous accumulions les trésors, dont vous jouissiez dans cette Colonies, l’espèce humaine souffrait de voir avec qu’elle barbaries vous traitiés ces hommes comme vous oui des hommes et sur qui vous n’avez d’autre droit que celui du plus fort et du plus barbare de nous vous en faisiez un trafique vous vendiez des hommes pour des cheveaux et c’est encore le moindre de vous forfaits aux yeux de l’humanité, notre vie ne dépendoit que de vos caprices, et quant il s’agissent de vous recréer cetait sur un homme commes vous qui bien souvent n’avait d’autre crime que celui d’être sous vos ordres.

Nous sommes noirs, il est vrait mais detes nous Messieurs vous qui êtes si judicieux qu’el est cette loy qui dit que l’hommes noirs doit appartenir et être une propriété à l’homme blancs certainement que vous ne pourrez pas nous la faire voir ou si elle existe ce n’est que dans votte imagination toujours prête a en former de nouvelles des lors que c’est à votte avantage, oui Messieurs nous sommes nés libre comme vous, et ce n’est que par votre avarice et notre ignorance qui est tenu dans l’esclavage jusqu’à ce jour, et nous ne pouvons voir ni trouver le droit que vous prétendez avoir sur nous, ni rien qui puisse nous le prouver placé sur la terre comme vous étant tous enfans d’un même perre créé sur une même image nous sommes donc vos égaux en droit naturel et si la nature se plait a diversifier les couleurs dans lespèce humain il n’est pas un crime detre noir ni une avantage detre blanc et s’il y a quelques annés qu’existoient des abus dans la Colonies, cetoit avant qu ‘une heureuse révolution qui a eu lieu dans la Mere Patries et qui nous a frayé le chemin que notre courage et nos travaux sauront nous faire gravir pour arriver au temple de la Liberté comme ces braves Français qui sont nos modèles, et que tou lunivers contemple, trop long-tems nous avons porté nos chaînes sans penser à les secour, mais toute autorité qui n’est pas fondé sur la vertu et sur l’humanité et qui ne tent qu’a assujettir a l’esclavage celui qui est son semblable, doit avoir une fin et telle est la votre vous Messieurs qui prétendez nous assujettir a l’esclavage n ‘avez vous pas, jurer de maintenir la constitution française dont vous êtes membres et que ait elle c’ette respectable constitution et quelle est sa loix fondamentale, avez vous oublié que vous avez formellement jurée la déclaration des droits de V hommes qui dit que les hommes naissent libres et égaux en droit et que les droits naturels sont la liberté, la propriété la sûreté et la résistance a loppression, si donc comme vous ne pouvez le nier vous avez juré nous sommes dans nos droits et vous devez vous reconnoitre parjure et par vos décrets vous reconnaissez que toute homme est libre, et vous voulez maintenir la servitude pour quatre cens quatrevingt mille individus qui vous font jouir de tout ce que vous possadez vous nous offret par vos envoyés de nous donner la liberté aux chef c’est encore une de vos maximes en politiques c’est à dire que ceux qui nous aurait été de moitié dans nos travaux serait livré par nous pour êtres vos victimes non nous préférons la mort mille fois que dagir de cette sorte vis à vis de nos semblables et si vous voulez nous accorder des biens faits qui nous est due il faut qu’il rejaillissent sur tous nos frères.

Vous Messieurs de l’Assemblé Général en qui le sort de cette Colonies est confié, il est encore temps de la preserver de sa destruction totale, reflechisset a ce mémoire peset vos intérêt, et apprenet que nous saurons mourir si vous persister à nous refuser ce qui nous et nos semblables demande.

Vous Monsieur le Comissaire Nationale vous qui êtes venu dans cette Colonie pour pacifier les troubles, et qui êtes envoyé par la Nation et le Roi, vous avez été témoin des débats qui a eu lieu à l’Assemblée Nationale pour la liberté de l’homme, remplissez vos devoirs et soyet juste à l’égard de tous les hommes, ils sont également chers à l’humanité qui fait la base de vos principes.

Vous Citoyens de la Colonie en général ne voyet plus en 1′ hommes noir qu’un de vos frères ne lui refuset pas ce titre d’hommes qui lui appartient et soyet juste envers lui alors vous verrez la prospérité régné dans cette Contré, alors vous jouiret de vos revenus vous serez chez vous ils vous aimera comme son père et son bienfaiteurs.

Vous Citoyens de Couleurs en particulier n’oubliez jamais que si vous tenez ce titre respectable ce n’est que par le travail des hommes que vous voulez égorger souvenet vous qu’ils sont vos frères vos parens et que leur sang coule dans vos vaines souvenet vous dis-je que un de vos braves Frères fut victime pour vous, et qu’il y eut nombre d’autres sacrifiés par vos ennemis, n’oubliet pas sur-tout qu’Ogé est mort victime de la liberté et souvenet vous qu’on fit le sermen dans l’exécrable Assemblé Provincial de verser jusqua la dernière goutte de sang plutôt que de permettre l’exécution du décret du 15 mai, en votre faveur.

Et vous qui avez traversé mères pour combattre des hommes qui veulent reclamer leur droit c’est à dire ceux qui leur appartient et que vous avet vous même jurer de faire observer avez vous oubliez tous vos traveaux pour parvenir à l’égalité avez vous oublié que si vous aviet succombé, ce que vous auriez souffert vous êtes victorieux vous êtes parvenu au but que vous cherchiez a atteindre et bien patriote français penset en vous que ceux que vous voulez combattre soutiendront jusqu’au moment où leur droit leur seront accordet, et qu’il préfère vivre libre que de vivres esclaves.

Messieurs vous avet vu en peu de mots notre façon de pensé elle est général et c’est après avoir consulté tous ceux à qui nous sommes liés pour une même cause que nous vous présentons nos demandes, que voici.

Premièrement la liberté général de tous les hommes détenus dans l’esclavage.

Deuxièmement amnistie général pour le passé.

Troisièmement la garantie de ses articles par le gouvernement Espagnol.

Quatrièmement les trois articles ci-dessus sont la base et les seul moyen de pouvoir avoir une paix qui soit respectable pour les deux partis sauf après l’acceptation qui sera faite au nom de la Colonies et approuvé de M. le Lieutenant Général et des comissaires nationaux civils de la présenté au roi et à l’assemblé nationale si comme nous le desirons les articles ci dessus soient accepté.

Nous nous obligeons à ce qui suit savoir premièrement de mettre bas les armes, deuxièmement de rentrer chacun dans l’habitation ou il appartenait et d’y reprendre ses travaux moyennant un prix qui sera fixé par anné pour chaque cultivateur qui commencera a courir du tems qui sera fixé.

Voilà Messieurs la demande.

Voilà Messieurs la demande des hommes qui sont vos semblables et voila leur Dernier résolution et qu’il sont résolu de vivre libres ou de mourir.

Nous avons l’honneur d’être Messieurs, vos trés-humble et obéissant serviteur,

Signés, Biassou, Jean-François et Belair.

Sous : Piquionne (1998)

Pozisyon anti-kolonyalis nan epistemoloji ayisyen an kontinye blayi kò l nan limanite depi apre revolisyon sa a; men, sou lòt fom, sitou nan domèn syans moun ak literè, pou dekolonizasyon epistemik, patikilyèman nan zèv gwo pansè kontanporen soti sou : 1) Jacques Stephen Alexis (Reyalis mèveye), 2) Antênor Firmin (Antwopoloji pozitif ); 3) Jean Price-Mars (Endijenis); 4) Louis Mars (Etnosikyatri); 5) Suzanne Cormharie-Sylvain (Antwopoloji Feminis Afwosantris)[4]; 6) Felix Morisseau-Leroy (Renesans Kreyòl); 7) epi Serge Madhère (epistemoloji peristilistik).

Yon tantativ definisyon sou epistemoloji ayisyen

Selon analiz m sot fè nan premye liy yo, m kapab di ke epistemoloji ayisyen se yon teyori ke tout moun ki benyen nan kilti peyi d Ayiti genyen sou nati lakonesans; sou chemen yo ka itilize pou ranmase lakonesans; nan ki kondisyon yo konn evalye validite lakonesans; ki rezon ki fè yo pran wout chache konnen; epi ki wòl yo panse lakonesans jwe nan egzistans moun an jeneral.

Nan lide pa m, epistemoloji afriken/epistemoloji endijèn se premye matris kote epistemoloji ayisyen an pran sous li. Se yon epistemoloji kote mwayen sinatirèl (divinasyon ak revelasyon), natirèl (entuisyon ak larezon) ak paranòmal (klèvwayans ak telepati), menm jan ak tradisyon oral yo reprezante sous valab pou dekouvri konesans.

Se yon teyori lakonesans ki bay anpil enpòtans ak entèdepandans/entèkoneksyon. Apwòch olistik sa pa fè separasyon ant sijè a (ajan kognitif la) ak objè l ap konnen an; li pa nan dozado ant kò ak lespri, ni ant lasyans ak relijyon, ni ant larezon ak santiman, ni ant pwofàn ak sakre, ni ant maskilen ak feminen. Sou pwen maskilen ak feminen an, epistemoloji ayisyen an raple nou yon epistemoloji feminis. Anplis, menm jan epistemoloji ayisyen an sanble tèt koupe ak kouran panse yo rele anpiris lan ki soti nan epistemoloji oksidantal la, nan jan ayisyen bay eksperyans moun fè anpil enpòtans; men dapre kèk evenman istorik ki te rive nan fen 19yèm syèk sou tè d Ayiti, nou reyalize a klè ke, aktivite yo rele rasyonalizasyon an genyen fondasyon li nan panse pèp sa byen fon.

Pa egzanp se sou tè d Ayiti, kèk valè yo di k inivèsèl tankou « libète ak egalite » nan sistèm demokrasi rive pran tout sans li nan kad revòl gason ak fanm yo te mete nan lesklavaj yo. Larivyè lannmou sa ke pèp ayisyen genyen pou libète ak egalite nan lespri pa m kapab esplike tou pou ki sa, pa rete anpil espas pou dogmatis (dogmatisme) nan fonksyònman sosyete ak panse ayisyen. Se kòm si, pwoblematik ki poze nan epistemoloji oksidantal la tankou : obligasyon pou ajan kognitif la demontre ke konesans li jwenn lan se laverite, epi san paradòks la pa sanble konsène epistemoloji ayisyen an.

Selon sa James McClellan III (2010) rapòte nan istorik li fè sou kòkòday ant kolonyalis ak lasyans sou ansyen rejim, lè Ayiti te « La perle des Antilles »; kolon ewopeyen yo te kreye yon sosyete savant ki te gen renome entènasyonal epi ki t ap pouse gwo rechèch ak piblikasyon monte nan domèn sante ak syans natirèl pou fè machin kolonyal la mache; sosyete syantifik sa te rele : « Le cercle des Philadelphes ». Men dapre sa otè a dekouvri nan moman sa kolonizatè yo pat janm panse fonde yon inivèsite nan koloni an, malgre sete yon konsèp ki te gentan alamòd lakay yo ak nan kèk peyi afriken depi plizyè syèk

Lajounen jodi, ann Ayiti tout moun gen dwa gen opinyon sou tout bagay. Se yon sosyete kote w ka tande plizyè vwa ap pale ansanm. Tout metòd sanble valab pou pwodui konesans ki laverite. Pa genyen yon sèl otorite devan lakonesans. Pa egzanp, inivèsite ak inivèsitè yo pa vreman gen lavwa ochapit nan zafè k regade fonksyonman ak devlopman sosyete ayisyen an. M poko konnen eske se akòz kolon yo pat montre n enpòtans enstitisyon sa pou pwodiksyon lakonesans oswa se paske genyen de (2) epistemoloji (vizyon di monn) kap twoke kònn yo : afriken/endijèn ak ewopeyen nan peyi a depi tan lakoni? Depi apre lendepandans, tout kesyon sosyal oswa ki ijan pou devlopman nasyon an se nan literati (woman ak pwezi) yap analize yo e se yon bagay ki nòmal nan je tout ayisyen ak ayisyèn.

Alèkile, lè m konsidere tout sa m sot esplike piwo a sou epistemoloji ayisyèn an : plas pliralite nan metòd ayisyen/ayisyèn itilize pou chache konnen; lefèt ke pa gen dògmatis epi ni yon grenn lwa jeneral kap gouvène nan panse pèp sila; m ap mande tèt mwen kijan teyori anachis sou lakonesans (Feyerabend, 1979) te kapab ede m konprann epistemoloji sa lajounen jodi? Men m jan tou, m ap poze kesyon si se pa yon epistemoloji ki rive nan yon kafou kote li oblije konstwi tèt li pou pèmèt lasyans ak tout nasyon an alawonbadè rive pran yon lòt direksyon?

Sou pratik syans sikoloji ann Ayiti nan 21 inyèm syèk la

Ak fenomèn kolonyalis, esklavajis epi neyokolonyalis ki tabli kò l sou linmanite depi senk syèk, modèl panse mèt-esklav vin tounen nòm inivèsèl pou defini gwoup moun yo t ap eksplwate yo, epi tout lide ak konpòtman ki gen rapò ak Lafrik. Nan sans sa a, panse ayisyen an pa egzante. Ata menm lasyans, sitou filozòf syans moun (Emmanuel Kant, David Hume, Claude Levy-Bruhl, pou m site sa yo sèlman) gen men tranpe nan fè maspinay sou panse ak kilti pèp afwodesandan yo. Se te menmman parèyman nan sikoloji, ak tout sa k konsène sante mantal (Ani, 2013; Nobles, 1986).

Se pou rezon sa depi kèk tan, anpil gran pansè afwodesandan atire atansyon kominote syantifik la sou difikilte oswa echèk sikoloji ki santre sou loksidan an pou l panse sou moun ki gen eritaj kiltirèl afriken epi pou l bay lespri yo laswenyay yo bezwen. Otè yo plenyen de malè ki pandye sou tèt nou, lè espesyalis oksidantal chita lakay yo epi bati sistèm nozolojik (etid kritè pou defini maladi) epi itilize yo pou kole etikèt malad mantal ki bezwen tretman alòs ke se biznis ideyoloji ejemonik kolonyal k ap regle (Hickling & Hutchinson, 2000).

Sikyat ayisyen Louis-Mars (1906-2000), pitit teyorisyen kouran endijenis ak pyonye syans etnoloji ann Ayiti, te suiv tras papa l (Jean Price-Mars) nan sans sa a. Ak entèrè l pou Vodou epi mouvman dekolonizasyon, li deside envante yon konsèp ki rele Etnosikyatri (ethnopsychiatrie). Dapre li, se pa paske yon pèp pa gen tradisyon ekri ki byen kanpe ki pou ta fè pèp sa a pa gen konesans. Etnosikyatri se pitit syans sikyatri ki gen marasa l nan tout kilti kote gen moun (Mars, 1951; Raphael, 2010). Nan Amerik di Nò, otè afwodesandan yo deside goumen nan menm lanse paradigm afwosantris, anti-kolonyal la pou pèmèt eritaj afriken nan pratik syans sikoloji jwenn plas li bò tab la nan fason n ap konseptyalize epi trete tout sa k gen rapò ak fenomèn lespri epi konpòtman moun, sitou sa k gen orijin kiltirèl afriken (Nobles, 1986).

Dapre obsèvasyon ke m fè, e sou baz sa m konnen, li ra, sinon li menm enposib pou jwenn nan kourikoulòm kote y ap anseye sikoloji ann Ayiti, yon kou apa ki entwodui etidyan ak etidyant yo, oswa pèmèt yo espesyalize nan apwòch ki rele etnosikyatri ki te wè jou nan tèt yon ayisyen (Mars, 1951); men ke yon espesyalis Georges Devereux[5] (1908-1985) deside difize lakay li anfrans kote l pase pou fondatè paradigm lan.

Wade Nobles, yon sikològ sosyal afwoameriken, nan liv li ekri sou sikoloji afriken (1986), rapòte yon lis non ke etidyan ak etidyant ayisyen k ap resevwa fòmasyon nan inivèsite Ayiti, ap etidye tankou gwo pansè, poutan ki te patisipe ak travay yo nan ranfòse lide rasis ke moun ki gen koulè po fonse t ap sibi anba men ewodesandan. Nou vle pale de : Carl Gustave Jung (Sikanaliz), Francis Galton (Sikoloji entèlijans), Edward L.Thorndike (kouran beavyoris), Stanley G. Hall (Sikoloji devlopman moun), Mac Dougal (Sikoloji sosyal). Nou te ka ajoute toujou nan lis sa, anpil lòt syantifik syans moun ki trè popilè ke entèlèktyèl ayisyen renmen site, ki te dekri tout pèp ki gen kilti ki depaman ak ewodesandan, tankou èt ki enferyè nan zafè entèlijans ak emosyon/santiman. Ipotèz sou enferyorite mantal moun nwa oswa afwodesandan sa a, se souvan ak tès sikolojik, sitou sa k evalye entèlijans oswa kapasite entèlèktyèl ki debouche sou Kosyan Entèlèktyèl (Quotient Intellectuel) yo konn eseye konfime yo (Madhère, 1989; Nobles, 1986 ).

Nan sans sa a, nou panse ke syans sikoloji ann Ayiti dwe kite bèso ti bebe l ap dodo mea ladan an, epi sispann rete chita tann ke se espesyalis ki soti lòtbòdlo ki pou vin ba li otorizasyon pou louvri je l sou ijans ak enpòtans :

  • Tip apwòch olistik ke epistemoloji afriken/endijèn ofri kòm premye remèd kont eskizofreni entèlèktyèl;
  • Adaptasyon teyori sikolojik yo epi kreyasyon/validasyon zouti evalyasyon yo selon reyalite kiltirèl ayisyen an jan Cenat ak Derivois kòmanse fè l nan validasyon tradiksyon Kreyòl kèk zouti nan domèn sikopatoloji (2014, 2015);
  • Itilize epi edike popilasyon an sou lamàn kèk pwodwi kiltirèl ayisyen :
    • Lang Kreyòl pou avantaj li kòm lang matènèl nan aprantisaj an jeneral;
    • Diferan mòd jwèt (teke mab, woule sèk, monte kap, wòslè, vèvè) pou ansèyman matematik ak matyè syantifik (Madhère, 1992, 2012); epi pou mete kanpe pwogram tretman ak estimilasyon kognitif ki ka ede konbat baboukèt nan lespri elèv lekòl ak tout lòt ajan kognitif k ap evolye ann Ayiti (Blanc, 2016).

Mwen konnen ke nan kou sikometri (evalyasyon sikolojik) ke yo anseye nan depatman sikoloji Ayiti yo, yo toujou avèti pwofesyonèl ki pral itilize enstriman y ap etidye yo, ke tès sa yo nan kòkòday ak lakilti, pwen d vi espesyalis ki envante yo a (Madhère, 1989; Sternberg & Gringorenko, 2004). Selon sa m konnen, depi goudoudougou 2010, anpil bèl jefò fèt, nan òganizasyon evènman ak piblikasyon syantifik sou konsekans sikolojik ak sikopatolojik evenman twomatojèn sa a (pou yon envantè piblikasyon sa yo, nou ka refere nou ak tèks : Blanc, 2015). Men, li enposib pou n ta jwenn yon tès (zouti sikometrik) ki pou evalye entèlijans timoun ak gran moun nan peyi a e ki pa enpòte. Tout se toujou zouti ki te elabore ak pwodui kiltirèl ansyen pwisans kolonyal yo, souvan ke yo kenbe nan vèsyon angle (Wechsler, 2014) oswa franse pou travay ak popilasyon ayisyen an, yon pèp afwokarayibeyen ki pale plis kreyòl. Alòs ke youn nan kondisyon estanda (san pati pri) pou administre yon zouti kon sa fòk li vini nan lang sa a ke moun lan pale alèz. M ap raple ke kapasite vèbal (konprann, pale, vokabilè, konseptyalizasyon) nan tradisyon oksidantal la, se youn nan konpozant entèlijans, menm jan ak sa yo rele vitès w ap sèvi ak enfòmasyon anviwònman w ba w pou reyaji (vitesse de traitement de l’information) (Wechsler, 2014; Sparov & Davis, 2000), poutan nan kilti ayisyen an nou toujou gen tan devan nou pou n regle tout bagay. Lekòl pa fòse timoun travay vit lakay nou. Dayè langaj popilè a fè diferans ant « lè blan ak lè ayisyen ». Epi nou jwenn konesans jeneral tou ki se yon konpozant kèk tès sa yo evalye ak konesans moun lan de dat istorik, domèn konesans epi kèk moniman nasyonal, elt (Wechsler, 2014). Enstriman sa yo pa ko janm pase nan paswa etid syantifik, ki demontre ke yo adapte (valid) nan kontèks sosyokiltirèl ayisyen an epi respekte estanda yo, jan yo te tabli l nan tradisyon oksidantal la ki ekspòte tès sa yo.

Sou kesyon sa a, gen travay espesyalis ayisyen, Doktè Serge Madhère, nan evalyasyon sikolojik depi plizyè dizèn lane. Madhère marye epistemoloji jenetik, kouran sosyo-konstriktivis (socio-constructivisme) ak konsèp epistemoloji peristilistik ki simante sou silo kiltirèl ayisyen. Kalte travay sa yo merite anpil atansyon ann Ayiti. Selon Madhère (2014), « apwòch epistemik peristilistik la vize pou wete baryè epi degaje pasaj toutotou konesans natirèl pou pèmèt chak moun, ki nòmalman dispoze, kòmanse dekouvri konesans ak sans, depi nan matris silo kiltirèl Ayiti a, jouk li rive aprann konprann chanjman (dinamik) nan lavi nou, alantou nou, ak listwa nou kòm moun ». Atravè plizyè piblikasyon ak kominikasyon syantifik, otè a mete anpil aksan sou nesesite pou yon lòt redefinisyon de nosyon entèlijans lan, ki ka pèmèt nou konsidere nan tout dimansyon yo reyalite sosyokiltirèl timoun k ap grandi nan kominote afwodesandan yo, tankou lakay nou (Madhère, 1989, 1992, 2012, 2014).

Sous : Madhère (2014)

Dènye pawòl

Sa w pa konnen pi gran pase w… Men se mèt kò ki veye kò!

Si genyen yon reyalite sijè a pa metrize, ki egziste pa deyò; men li ka fè konfyans ak enfòmasyon sans li, ba li sou tèt li (kò ak lespri); paske pa gen moun ki ka konnen l epi pran swen tèt li pi byen ke pwòp li menm.

Mwen sot fè rale mennen vini sou konsèp teyori lakonesans ak lasyans, ke yo rele « epistemoloji ». Li difisil pou jwenn nasyonalite premye moun ki reflechi sou nosyon sa a, menm si gen otè ki fè kwè ke se yon ewopeyen ki te premye itilize neyolojis lan nan 19yèm syèk. Paske dapre virewon mwen fè nan dokiman sa yo ki deja disponib, m remake pa gen epistemoloji jeneral san epistemoloji rejyonal. Yon epistemoloji se pitit yon analiz ke chak pèp sou latè oswa yon syans akouche. Adjektif ayisyen apre konsèp epistemoloji a, nan fason mwen sot itilize l la, pa gen anyen awè ak kesyon jenetik. Men, sa mande pou n konsidere jeyografi nou, ansanm ak la kilti epi evènman istorik ki te rive nan lavi nasyon nou. Se tout faktè sa yo ki enfliyanse konpreyansyon ak esplikasyon nou sou monn ki viwonnen nou an, epi sou konpleksite kondisyon nou sou latè. Etandone ke ayisyen fè pati kòt fanmi Homo Sapiens, teyori nou devlope sou lakonesans gen trè ak fason lòt pèp sou planèt la wè kesyon an tou.

Apre tout sa nou sot pale sou relasyon ant epistemoloji ayisyen ak epistemoloji afriken ki bay tout modalite kognitif nan wout chache konnen valè (sinatirèl, natirèl, paranòmal); Èske nou ka krache sou itilite operasyonalizasyon modèl teyorik yo pou n devlope nouvo zouti, esplike pi byen reyalite nou epi pwopoze solisyon ki adapte ak pwoblèm kominote nou menm jan sa fèt nan tradisyon oksidantal la sitou nan sak regade pratik syans sikoloji? Repons ak kesyon sa pral depann de ki kote nou plase nan deba epistemolojik ki divize syantifik ki kwè nan jistifikasyon entènalis lakonesans (sou kont ajan kogntif la); ak sa k ta sanble plis rapwoche de pozisyon ekstènalis neyopozitivis (neo-positivisme) ki prefere konesans ki lokalize nan kontèks sosyal la e ki pase pa eksperyans senk (5) sans nou ban nou ak tout siyal nou kapte nan anviwonman nou (Ogungbure, 2013).

Referans

Ani, N.C. (2013). Appraisal of African Epistemology in the Global System. Alternation 20,1 (2013) 295 – 320 ISSN 1023-1757

Asante, M. & Mazama, A. (2005). Encyclopedia of Black Studies. London : Sage Publications. http://www.mawelulu.net/downloads/encyclopedia of black studies.pdf

Asante, M. & Abarry, A.S. (1996). African Intellectual Heritage. Philadelphia : University Press.

Asante, M. (1996). The principal issues in Afrocentric Inquiry. In Asante M. & Abarry, A.S. African Intellectual Heritage (p. 256-281). Philadelphia : University Press.

Bachelard, G. (1980). Epistemologie (3e eds). Paris : Les presses Universitaires de France.

Beauvoir, M. (2006). Herbs, and Energy : the holistic medical system of the Haitian people. In Bellegarde-Smith, P. & Michel, C. (113-133) (Dir). Haitian Vodou. Bloomington/Indianapolis : University Press.

Blanc, J. (2016). Et si la psychologie cognitive pouvait casser le mythe que le Kreyòl n’est pas une langue scientifique? In Piron, F., Regulus, S. & Dibounje Madiba, M.S. (dir). Justice cognitive, libre accès et savoirs locaux. (p. 249-264). Québec : Éditions science et bien commun.

Blanc, J. (2015). Evènement sismique de 2010 en Haïti et psychopathologies : facteurs de risques pré, péri et post-traumatiques. Thèse de doctorat de Psychologie. Université de Paris 13.

Browaeys, M.J (2004). Complexity of epistemology : Theory of knowledge or philosophy of science? Fourth Annual Meeting of the European Chaos and Complexity in Organisations Network (ECCON), 22-23 October 2004, Driebergen, NL.

Buck-Morss, S. (2000). Hegel and Haiti. Critical Inquiry, Vol. 26, No. 4. (Summer, 2000), pp. 821-865.

Cenat, J.M. & Derivois, D. (2015). Psychometric properties of the Creole Haitian version of the Resilience Scale amongst child and adolescent survivors of the 2010 earthquake. Comparative PsychiatryNov, Volume 63, Pages 96–104(2) : 388-95. doi : 10.1016/j.comppsych.2013.09.008

Cenat, J.M. & Derivois, D. (2014). Assessment of prevalence and determinants of posttraumatic stress disorder and depression symptoms in adults survivors of earthquake in Haiti after 30 months . J Affect Disord. Apr;159 : 111-7. doi : 10.1016/j.jad.2014.02.025.

Crosley, R. (2000). The Vodou quantum leap. Alternate realities, power, and mysticism. Saint-Paul, Minnesota : Llewellyn Publications.

Descartes, R. (1637). Discours de la Méthode. Paris : GF Flammarion.

Diop, C. A. (1981). Civilisation ou barbarie. Paris : Présence africaine.

Feyerabend, P. (1979). Contre la Méthode. Paris : Éditions du Seuil.

Hickling, F.W. & Hutchinson, G. (2000). Post-colonialism and mental health : Understanding the roast breadfruit. Psychiatric Bulletin, 24 : 94-95.

Hossain, F. M. A. (2014). A Critical Analysis of Empiricism. Open Journal of Philosophy, 4 : 225-230. http://dx.doi.org/10.4236/ojpp.2014.43030.

Hurbon, L. (1975). Le culte du vaudou. Histoire – Pensée – Vie. In Casalis, G. Davy, M.M., Gallay, P., Hurbon, L., Pâques, V. & Sinda, M. Croyants hors-frontières. Paris : Les Éditions Buchet/Chastel, 1975, 251 pp. Collection : Deux milliards de croyants.

James F. F. (1854). Institutes of Metaphysic, The theory of knowing and being. Edinburgh & London : Blackwood & sons.

Locke, J. (1690). An Essay Concerning Human Understanding. The Pennsylvania State University.

McClellan III, J.E. (2010). Colonialism and Science. United States of America : University of Chicago Press.

Mars, L. (1951). Nouvelle contribution à l’Étude de la Crise de possession. Psyché, revue internationale des sciences de l’homme et de psychanalyse, Maryse Choisy (Ed.), Paris, 6e année, numéro 60, octobre 1951, pp. 640-669. Texte repris dans l’ouvrage collectif : Les Afro-Américains (préface de Théodore Monod). Dakar, I.F.A.N., 1953, vol; in 4°.

Madhère, S. (2014). Lit, Lang, ak Silo Kiltirèl pou Levasyon ak Transfòmasyon Ayiti. Prezantasyon pou Jounen Entènasyonal Kreyòl. New York : Brooklyn College.

Madhère, S. (2012). Haitian Culture, Math-Science Instruction, & Maieutics. Paper Presented at the Conference on Educating Multilingual Haitian Children CUNY Graduate Center May 2012.

Madhère, S. (1992).  Children’s game as teaching tools. June 1992, Finesse magazine 15.

Madhère, S. (1989). Models of Intelligence and the Black Intellect. The Journal of Negro Education, Vol. 58, No. 2 (Spring, 1989), pp. 189-202.

Nobles, W. (1986). African Psychology. California : Black Family Institute Publication.

N’Sengha, M. N. (2005). African Epistemology. In Asante, M. & Mazama, A. (Dir). Encyclopedia of Black Studies. London : Sage Publications, pp.39-44.

Ogungbure, A. A. (2013). Towards an Internalist Conception of Justification in African Epistemology. Thought and Practice : A Journal of the Philosophical Association of Kenya (PAK). New Series, Vol.6, No.2, December 2014, pp.39-54.

Piquionne, N. (1998). Lettre de Jean-François, Biassou et Belair. Annales historiques de la Révolution française, n°311, 1998. pp.132-139; doi : 10.3406/ahrf.1998.2095.

Raphaël, F. (2010). L’ethnopsychiatrie haïtienne : un enracinement dans l’histoire du pays. L’Autre. 2010-3 (Volume 11) DOI : 10.3917/lautr.033.0323.

Riopel, M. (2013). Épistémologie et enseignement des sciences. Université du Québec à Montréal. Disponib nan sit : https://sites.google.com/site/epistemologieenseignement

Sparrow, S.S. & Davis, S.M. (2000). Recent Advances in the Assessment of Intelligence and Cognition. J. Child Psychol. Psychiat. Vol. 41, No. 1, pp.117–131.

Sternberg, R.J. & Gringorenko, E.L. (2004). Intelligence and culture : how culture shapes what intelligence means, and the implications for a science of well-being . Phil. Trans. R. Soc. Lond. B (2004) 359, 1427–1434 doi :10.1098/rstb.2004.1514

Tavarès P. F. (2006). À propos de Hegel et Haïti. Lettre de Pierre Franklin Tavares à Jean Ristat. L’Humanité. Samedi, 2 décembre, 2006.

Vonarx, N. (2008). Vodou et pluralisme médico-religieux en Haïti : du vodou dans tous les espaces de soins. Anthropologie et Sociétés vol.32, no 3 : p. 213–231.

Wechsler Intelligence Scale for Children®-Fifth Édition. (WISC®-V) (2014).United States of America : Pearson.


  1. http://www.cnrtl.fr/definition/Science
  2. Yon pèp nan preistwa ki t ap viv nan Lès Afrik e ki vin pran avans sou lòt pèp nan domen teknik ak atistik.
  3. Filozòf ki t ap viv nan menm peryòd ak gwo filozòf Sokrat ki te konn pale ak fè rezònman, e ki te konn vann ansèyman filozofik yo pou kòb.
  4. Remak pèsonèl.
  5. http ://www.ethnopsychiatrie.net/Pratiquer_l'ethnopsychiatri.htm