Épilogue/Epilòg

Florence Piron

Kòm editris epi fanm k ap milite anfavè kòz jistis kognitif la, piblikasyon liv espesyal sa a nan Edisyon science et bien commun se yon fyète pou mwen. Premye bagay ki bay liv sa a tout valè li se sijè a menm, k ap raple nou pou nou pa janm bliye plas esklavaj transatlantik la nan pase ak prezan pèp Amerik, Afrik ak Ewòp yo. Kit yo se desandan esklav oswa esklavajis, sitwayen peyi sa yo, fanm kou gason gen yon dèt memwa pou peryòd lawont ak vyolans sa a nan listwa limanite. Tras sichik peryòd sa a kontinye parèt aklè, pa egzanp nan alyenasyon epistemik entelektyèl peyi Sid yo, ki tiraye ant tantasyon pou yo imite entelektyèl peyi Nò yo ak volonte pou yo chèche yon otantisite lokal. Apre sa, liv la diferan tou paske kontni an trete nan plizyè lang, san konte chwa otè yo fè, non sèlman pou yo tradui entwodiksyon yo an kreyòl, men tou pou yo pibliye kèk chapit sèlman an kreyòl. Konsa, Judite Blanc ak Serge Madhère te vle sèvi egzanp pou yo demontre (E la, se pa ak voye monte tankou « Fòk nou ta… » yo montre sa) kijan kreyòl la se yon lang fètefouni, rich, entelijan ki pèmèt nou analize, reflechi, panse. An nou espere egzanp sa a yo bay la ap enspire epi ankouraje anpil lòt otè, fanm kou gason, pou yo suiv menm chemen an.

***

En tant qu’éditrice et militante en faveur de la justice cognitive, je suis très fière de la publication de ce livre singulier aux Éditions science et bien commun. Ce livre est tout d’abord très précieux par son thème qui nous rappelle de ne jamais oublier la place de l’esclavage transatlantique dans le passé et le présent des peuples d’Amérique, d’Afrique et d’Europe. Qu’ils soient les descendants des esclaves ou des esclavagistes, les citoyens et les citoyennes de ces pays ont une dette de mémoire envers cette désolante et violente période de l’histoire humaine, dont les traces psychiques sont encore bien visibles, notamment dans l’aliénation épistémique des intellectuels du Sud, déchirés entre la tentation de l’imitation du Nord et la recherche d’une authenticité locale. Ensuite, ce livre est singulier par son plurilinguisme et par le choix délibéré de ses auteurs non seulement de traduire en créole l’introduction, mais de publier certains chapitres seulement en créole. Judite Blanc et Serge Madhère ont ainsi voulu montrer par l’exemple  (et non par des incantations du type « il faudrait ») que le créole est une langue intelligente, riche, inventive qui permet d’analyser, de réfléchir, de penser. Espérons qu’ils inspireront et encourageront de nombreux auteurs et auteures à suivre leur chemin!