Cadre théorique : Colonisation et écologie sociale / Kad teyorik: Kolonizasyon ak ekoloji sosyal

1 Kolonizasyon ak Ekoloji Sosyal : Konsekans Fizyolojik, Sikolojik, ak Enfliyans yo sou Lasante

Serge Madhère

Nòt byografik

Serge Madhère fèt Baradè, Ayiti. Li fè klas primè ak segondè yo nan Pòtoprens, nan lekòl Jean Marie Guilloux epi Séminaire Collège Saint Martial. Pou etid inivèsitè yo, li ale dabò a Paris an Frans kote li fè yon lisans nan Sikoloji (Paris 5 – Sorbonne, 1975). Ansuit li janbe Nouyòk (nan New York University) kote li fè dabò yon metriz nan Sikometri ak Evalyasyon (1977), ansuit yon doktora nan Statistik (1981). Pandan plis pase 20 lane, li te pwofesè Statistik ak Metòd Rechèch nan Howard University nan Wachintonn, Etazini. An 1997 yo admèt Serge Madhère kòm manm “New York Academy of Sciences”. Li pa janm sispann pote kontribisyon l pou avansman lang Kreyòl Ayisyen an: Sa fè senkant an (50) li nan batay sa a. Depi 2013 Doktè Madhère an Ayiti kote li mete sou pye yon sant yo rele “Teknasium” ki ap eseye soutni teknoloji pou edikasyon.

  1. Twòkèt la
  2. Chay Manman-Penba a
    • Kolonizasyon an
    • Demolisyon ekoloji sosyal
    • Angrenaj Aparèy Kolonyal la
  3. Krebetizasyon kòm Kondisyònman
    • Idantite ak rapò sosyal
    • Sans moral epi rapò nou ak pouvwa
  4. Konsekans fizyolojik
    • Konsekans sou Selil Kò a
    • Konsekans sou Sistèm Pwoteksyon Iminitè
    • Konsekans sou sistèm andokrin ak aktivite metabolik
    • Konsekans sou Sistèm Newo-relè Otonòm
    • Konsekans sou Sistèm Lenbik
  5. Konsekans Sikolojik
    • Newosiyal
    • Aktivite kognitif
    • Ekilib emosyonèl
  6. Enfliyans sou Lasante
    • Enfliyans dirèk ak endirèk
  7. Dènye Mo a
  8. Referans

Twòkèt la

Fò w konn la pou w al la

Genyen yon pwen kote Sikoloji Afrikèn ak Sikoloji Ewopeyèn kapab petèt tonbe dakò. Se kote yo toude poze yon prensip bwamitan ki di : Si w vle konprann konpòtman yon moun jodi a, chèche konnen sa ki te rive l lontan, sitou depi l te timoun. Kidonk pa gen pyès loray-kale. Menm prensip la valab si n ap eseye analize sitiyasyon tout yon nasyon. Fòk nou pa sispann reflechi sou sa ki te pase depi lè kominote a te fèk ap fòme. Kolonizasyon se yon evènman istorik ki peze ak tout pwa lou manman-penba l sou jan lavi a deplòtonnen pou nou kòm yon ras moun sitou nan Amerik la. Jeneralman se istoryen ki etidye yon sijè tankou kolonizasyon. Mande yon sikològ abòde sijè sa a, se kòmsi w mande yon moun detere defen manman l. Sijè a deja chaje ak anpil emosyon. Anplis, pou nou menm sikològ ki desandan Nèg Lafrik, nou nan yon pozisyon delika pou n mennen operasyon sa a, paske nou alafwa ajan (nan wòl nou kòm syantifik) epitou nou se matyè operasyon an menm (nan sitiyasyon nou kòm ansyen kolonize). Se poutèt sa nou bezwen yon bon zouti teyorik solid pou gide travay nou[1].

Zouti teyorik nou adopte pou atik sa a se yon modèl ki rele INGAM mwen te devlope ansanm ak kèk lòt kòlèg (Madhère, Harrell, & Royal, 2009) pou nou te fè limyè sou koneksyon ki genyen ant ekoloji sosyal, jenomiks, ak lasante. Pou kominikasyon sa a, mwen pran sèlman yon pan nan modèl total la (yon “lèz-modèl”) pou m kapab layite kesyon kolonizasyon an byen. Mwen fè yon pase men ladan pan sa a (parapò ak orijinal la). Men, nan fondalnatal li, se menm modèl la. Kòm apwòch metodolojik, yon modèl toujou gen yon ekzijans apa, paske se yon reyaksyon an chenn w ap suiv pou w wè kòman varyab yo makònen youn ak lòt. Kidonk li mande pou w eseye esplike ni deklanchman ni fonksyònman tout dispozitif (mekanis) ki pwodui yon fenomèn. Nan kad yon analiz kote nou pral kanpe sou yon bit sikolojik pou n egzamine kolonizasyon, nou gen pou n chèche repons sou 4 kesyon :

  1. Ki dispozisyon ki te pran pou Ewopeyen yo rive rasanble tout kantite moun sa yo anba jouk kolonizasyon?
  2. Nan ki degre popilasyon ki tonbe anba kolonizasyon yo aksepte vale pwazon sa a?
  3. Ki kote sistèm kolonyal la jwenn kapasite sa a pou l kontinye repwodui tèt li depi syèk?
  4. Nan nivo endividyèl, (dèske se sikològ nou ye), ki kote dlo pase pou l antre nan bwa joumou?

Genyen plizyè lòt fouyapòt ki soulve menm mòd kesyon sa yo deja (Price-Mars, 1928; Ani, 1994; Trouillot, 1990). Yon pyonye dirèk sou chantye a nan domèn sante mantal se Frantz Fanon (1967). Men n ap fè jefò pou laji wout la yon ti jan pi plis pase Fanon, sitou sou bò fizyoloji a, paske nou anmezi tire pwofi sou kèk rezilta nan byoloji molekilè ki pa te ko disponib 60 lane de sa. Pou lapriyè a pa twò long, men sa modèl la sanble. Li parèt konplike, men manman lide a senp : kolonizasyon an rive kreye yon seri kondisyon ki kite plizyè mak grave fon ni sou kò nou, ni sou bonnanj nou, epi ki kontinye ap fè dega sou sante nou.

tablo-1-lez-model-ingam
Lèz-modèl INGAM

Chay Manman-Penba a

Kolonizasyon an

Lakataw fè klaw, Langinen tande

Pou kòmanse, li enpòtan pou n bay yon definisyon klè sou kisa nou rele kolonizasyon an. Kolonizasyon se dappiyank ak dechèpiyay yon gwoup moun ki sot deyò vin fè sou resous yon lòt popilasyon apre yon maspinay pwenn-fèpa. Tousuit nou kapab wè se pa egzakteman menm definisyon an nou ta jwenn nan yon diksyonè ewopeyen. Nan pèspektiv popilasyon ki sibi maspinay la, kolonizasyon an se yon katastwòf kolektif. Dapre modèl INGAM lan, anpil fwa se yon katastwòf kolektif ki kreye kondisyon pou fè maladi vin tonbe sou yon popilasyon. Yon katastwòf kolektif kapab yon evènman oswa yon seri evènman lanati oubyen lèzom pwovoke ki pral devaste anviwònman kote yon popilasyon ap viv. Paregzanp, yon gwo tranblemanntè, yon kokenchenn siklòn, yon sechrès san fen, eksplozyon yon vòlkan se mòd dezas lanati kapab pote; lagè ak lesklavaj se mòd dezas lèzom kreye tanzantan nan listwa limanite.

Mouvman kolonizasyon Ewopeyen yo kòmanse depi fen 15èm syèk la se yon veritab katastwòf kolektif li deklannche sou 2 kontinan. Ani (1994) rele l nan lang Swahili yon “maafa”; nan langaj Amara yo (an Etyopi), yo pale de “maat-maik” : Toude ekspresyon yo vle di “yon kokenn chenn malè”. Nan Amerik la sèlman, jou bann dechèpiyè Ewopeyen yo debake, yo disparèt plis pase 100 milyon moun, ki te òganize an plis pase 65 nasyon. Gade kat jeyografik sa a ki montre popilasyon nan Nò kontinan an anvan Kristòf Kolon te mete pye.

Nasyon ki te deja abite kontinan an anvan Ewopeyen rive
Nasyon ki te deja abite kontinan an anvan Ewopeyen rive. Kredi pou imaj la : www.flyoverfeminism.com.

Nan peyi d’Ayiti, yo te sakrifye trapde an 25 lane prèske tout ras Tayino ki te sou zile a : An 1492, popilasyon Tayino a te estime a 1 500 000 moun; an 1495, li redui a 1 200 000; rive 1510, te gen mwens pase 60 000; an 1518, apèn si te rete 1 000.

Kòm kolonizasyon an pa tap kab fèt san bra ni san talan, Ewopeyen yo al pete yon dezyèm katastwòf kolektif sou kontinan Afriken an. Pandan tout listwa limanite, depi yo bezwen nenpòt resous (kit se materyo, kit se moun), se an Afrik yo toujou al chèche yo. Pou epòk la, se 13 a 16 milyon pitit Lafrik y al rache nan zantray li. Gen moun ki konprann se sou lakòt Lwès Lafrik la sèlman negriye yo tap frape. Non, yo te toupatou (Kenyatta, 1965). Gade kat jeyografik sa a pou nou konprann tout ekstansyon trafik kidnape Nèg lan te pran.

orijin-ak-destinasyon-moun-yo-te-kidnape-an-afrik-yo
Orijin ak Destinasyon Moun yo te Kidnape an Afrik yo. Kredi pou imaj la : Pearson Education Inc.

Yon fwa yo fin atrap moun yo, se nan kav yo te fèmen yo pandan plizyè jou. (Gade foto yo, dyagram 1.3, nan Zanziba). Gen yon rezon pou sa. Se pou desounen yo : kraze fe yo; mete bayonn sou 5 sans yo. Sa rele “privasyon sansoryèl”; e sikoloji eksperimantal ba nou enfòmasyon se youn nan teknik pi efektif pou fè lespri yon moun rale bak (“regrese”). Se yon lòt katastwòf pou anbake moun yo epi transpòte yo sou bato vin an Amerik. Yon bato ki ap fè trafik negriye te pote an mwayèn 200 a 250 moun lè l chaje nèt. Se sou dezyèm nivo anba pon batiman an yo te anpile yo (Dow, 1970). Espas sa a, ki pa te depase 5 pye nan wotè, te divize an 2 platfòm (Al gade foto bato a). Sou chak platfòm yo, se 7 pye-kare sèlman yo te kite pou chak nèg/nègès, kidonk se yon mòg vivan (www.Spartacus-educational.com).

kavo-pou-kenbe-kaptif-yo-nan-zile-zanziba1
Kavo pou kenbe kaptif yo nan Zile Zanziba. Kredi pou imaj yo : Dreamstime.com

 

kavo-pou-kenbe-kaptif-yo-nan-zile-zanziba2
Kavo pou kenbe kaptif yo nan Zile Zanziba. Kredi pou imaj yo : www.holidaybug.com

 

kondisyon-transpo-sou-yon-bato-negriye1
Kondisyon Transpò sou yon Bato Negriye. Kredi pou imaj yo : eenigheid.slavenhandelmcc.nl

 

kondisyon-transpo-sou-yon-bato-negriye2
Kondisyon Transpò sou yon Bato Negriye. Kredi pou imaj yo : Gummybear15.blogpost.com

Vwayaj la, soti sou lakòt Lwès Lafrik pou rive nan zile Karayib la, te dire minimòm 50 jou. (Plis tan toujou si bato a pral Etazini oswa si li soti Zanziba, sou lakòt Lès Lafrik). Si moun yo vomi akòz maldemè, oswa si yo bade, yo oblije rete lonje anchene nan salte a. Imajine ki pwoblèm ijyèn sa poze. An menm tan tou, nan sikonstans sa a, sa fòse moun yo devlope yon fòm tolerans pou malpwòpte. Yon lòt gwo traka toujou : Kote moun yo mare nan jouk anba lakal batiman an, yo pa jwenn ase lè pou yo respire (Equiano, 1996). Mòd transpò sa a se pa ni 2 ni 3 kadav li bay. Sou 16 milyon yo te pran an, se 12 milyon apeprè ki rive vivan nan fen vwayaj la. Pami yo, anpil devlope pwoblèm respiratwa serye. Pi devan n a ekzamine konsekans fizyolojik yo.

Lè moun sa yo resi debake, se atò kalvè a kòmanse pou yo kòm esklav sou plantasyon yo. Mwen pap antre nan detay mati ak atwosite esklav yo sibi. Gen plizyè istoryen ki ba nou sou 2 chèz kòman sa te ye (Fouchard, 1972; Gisler, 2000; Talleyrand, 2002; 1977). Mwen kite aspè klinik lan pou lòt kolèg nan senpozyòm sa a menm ki pral pote ekleraj serye sou twoma sikolojik esklavaj la koze. M ap konsantre pito sou konsekans sosyo-ekolojik manch-long kolonizasyon an.

Demolisyon ekoloji sosyal

Jete, bliye – Ranmase, sonje

Nan definisyon tou senp li, ekoloji eseye sènen tout eleman nan anviwònman fizik kote yon popilasyon abite. Ekoloji sosyal li menm santre sitou sou aranjman moun yo fè antre yo pou yo kapab viv. Yon premye kesyon ki te enterese nou se ki dispozisyon Ewopeyen yo te pran pou yo rive rasanble tout kantite moun sa yo anba jouk kolonizasyon. An repons ak kesyon sa a, nou pral ekzamine 5 gwo angrenaj nan aparèy kolonyal la. Se driverans, dechoukay kiltirèl, krebetizasyon, trafik sèks, ak anbwataj sosyo-ekonomik. Senk angrenaj sa yo reprezante kakas machin lan menm : Nou di yo “estriktirèl”. Apre sa, nou gen pou n etidye mouvman ak kadans aparèy la yon fwa li kòmanse fonksyone. Konsa nou va gade 4 aspè fonksyonèl ki vize kreye yon “espas sikolojik” pou telegide konpòtman kolonize yo. Analiz fonksyonèl sa a ap tou pèmèt nou reponn dezyèm ak twazyèm kesyon nou te poze yo : Dabò, nan ki degre popilasyon ki tonbe anba kolonizasyon yo aksepte vale pwazon sa a? Ansuit, ki kote sistèm kolonyal la jwenn kapasite sa a pou l kontinye repwodui tèt li depi syèk?

Angrenaj Aparèy Kolonyal la

Driverans

Nenpòt katastwòf kolektif genyen kòm konsekans ki pi grav (paske li dire pi lontan) deplasman fòse. Se pa tout lè, pandan yon dezas, gen anpil moun ki mouri yon sèl kou. Men katastwòf la toujou lage yon mas moun nan kouri, nan trennen, nan drive de zòn an zòn. Se konsa kolonizasyon an bwote moun pa pil e pa pakèt soti sou yon kontinan al sou yon lòt. Men li pa lage yo tout yon sèl kote. Li gaye yo de zile an zile. Li kreye yon fenomèn driverans : Moun y ap drive epi lavi yo tounen yon rans. Menm lè bato negriye a fin debake yo nan yon zòn, pa gen garanti y ap kapab fè vye zo la. Kolon ki achte esklav la konn prese revann li, paske gen yon bon valè lajan ki kab fèt plop-plop nan tranzaksyon sa a sèlman. Plizyè dokiman istorik montre, nan lespri kolon an, twoupo esklav li yo te vo plis lajan pase tè oswa lòt bagay li te posede. Menm pou yon timoun, li te kapab touche yon bon kòb : Dokiman piblik yo klè sou sa. Nan zòn Nouvèl Angletè ozetazini, kote tè pa te bon mache, yon kawo tè (apeprè 3 “acres”) tap vann pou 21 dola. Men pou w achte yon esklav, fòk pòch ou te fon anpil. Gade yon anons pou lavant piblik alankan (ki vle di nan machanday) ki kapab ba nou yon ti apèsi sou sa. 1250 dola pou yon Negro! Nou konprann ki kote ekspresyon Kreyòl sa a soti, lè nou vle di yon bagay koute chè anpil : nou di “se tèt nèg”.

anons-piblik-pou-esklav1
Anons Piblik pou Esklav (a)

 

anons-piblik-pou-esklav2
Anons Piblik pou Esklav (b)

Zafè pri yon esklav vo a se pa te yon senp opinyon pèsonèl kèk kolon ki gen gwo je. Se te yon politik piblik. An 1825, lè Lafrans ekzije pou Ayiti dedomaje kolon yo pou pèt yo fè akòz lendepandans lan nou pran an, lajan yo mande a (150 milyon fran lò) se pou esklav yo, se pa pou plantasyon yo. (Se vre yo drese lis abitasyon kolon yo. Men apretou, yo vann ni Kebèk ni Lwizyàn ki pi gwo lontan pase Ayiti pou po patat. Gade kat konparatif nan Tablo sa a).

konparezon-ant-diferan-teritwa-nan-amerik-la-lafrans-te-posede
Konparezon ant diferan Teritwa nan Amerik la Lafrans te posede. Kredi pou imaj la : www.mhschool.com.

Menm apre lendepandans lan, fenomèn driverans lan kontinye. Afòs li pase pasay, Ayisyen an vin devlope yon santiman kòmkwa li pa lakay li. Santiman sa a gen rasin nan yon reyalite. Sa fè syèk y ap bwote Ayisyen al diferan kote al travay, anpil fwa nan move kondisyon : Panama, Kiba, Repiblik Dominikèn, Bahamas, Etazini, Kanada, Giyàn, Lafrans, elt… Jodi a, 25% popilasyon Ayisyèn lan ap viv nan yon lòt peyi kote, pou m repete Manno Charlemagne, yo se “esklav modèn aletranje, k ap vann souf yo pou 2 penich”. Nan 75% ki rete yo, anpil ap reve ki jou pou yo menm tou pati.

Kondisyon ‘Modèn’ Driverans Ayisyen Kredi : Desen Klodi Lemoine nan liv Piti Piti Plen Kay (S. Madhère, 1987)
Kondisyon ‘Modèn’ Driverans Ayisyen.
Kredi : Desen Klodi Lemoine nan liv Piti Piti Plen Kay (S. Madhère, 1987)

Lè yon moun pa gen yon kote fiks pou li rete, ni li pa gen yon lojman desan, maladi pa janm lwen. Dabò moun lan ekspoze ak plis mikwòb epi tout kalite mikwòb. Kondisyon sanitè yo difisil. Ou pa jwenn dlo pou w lave w. Ou pa gen kote pou w fè bezwen w. Moun ap viv pil sou pil. Si youn tonbe malad, li kapab kontamine tout lòt yo. Nan sitiyasyon kolonizasyon an, kontak ak yon popilasyon diferan konn tounen sous epidemi. Nan epòk kote Ewopeyen yo te lanse mouvman kolonizasyon an, te gen anpil fleyo ki tap touye moun kou mouch lakay yo (Cohn, 2002). Kidonk yo trennen dèyè yo anpil vye maladi tankou varyòl, tifoyid, yon lapès klou-nan-lenn (“peste bubonique”) ki pa t ekziste sou kontinan Amerik la. Maladi sa yo pou kont yo pral devaste anpil moun nan popilasyon lokal yo. Nan epòk pa nou an nan peyi d Ayiti, gen evidans se solda Nasyonzini yo ki vin pote viris kolera a isit, yon maladi ki te disparèt nan peyi a depi sou tan benbo. Gen plizyè santèn Ayisyen ki gen tan mouri anba maladi a. N a wè pi devan an detay kòman tout kondisyon ekolojik sa yo, ki asosye ak fenomèn driverans lan, gen yon latriye konsekans fizyolojik sou moun.

Dechoukay Kiltirèl

Anpil fwa, lè y ap pale de relasyon yon koloni genyen ak peyi metwopòl la, yo souliyen piyay ki fèt sou resous koloni an. Men gen yon konsekans kolonizasyon an pote dèyè l ki pi rèd toujou, ki fè li merite non katastwòf kolektif la. Li eseye demoli tout aranjman sosyal popilasyon lokal yo te deja mete sou pye. Se yon veritab dechoukay kiltirèl ki lanse. Kolon an pran yon bann dispozisyon pou anpeche popilasyon lokal la ta janm rive gen “levray”, sa vle di priz sou okenn levye kiltirèl oswa sou okenn enstitisyon. Konsa atak fèt sou lang lokal yo. Kolon an fè espre li melanje moun ki soti nan diferan tribi e ki pa pale menm lang dekwa pou yo pa rive kominike youn ak lòt. Si, malgre sa, yo ta fè radiyès kreye yon lòt langaj, kolon an deklare se pa yon lang li ye tout bon : Se ti nèg ki ap jebede. Si li remake nou prete dezoutwa mo nan lang pa l la, li klewonnen se prèv langaj nou an se yon ti bata pa l la, ki pa tèm, kidonk ki pap janm gen okenn avni ni nan lasyans, ni nan literati, ni nan filozofi. Li manje manje bliye sou ki kote lang ewopeyen yo soti epi kòman yo te devlope. Lè kolon an vin pantan sou senbòl ‘Akan’ yo nan Ghana, oswa ‘Tusona’ yo nan Angola, oswa ‘Vèvè’ yo an Ayiti, olye li rekonèt yo kòm kokenn sistèm ideyogram ki charye gran kapasite pou lide konplèks, abstrè oswa andaki (Diop, 1963), li pito di w se majigridi.

Ideyogram : Akan (Ghana)
Ideyogram : Akan (Ghana)

 

ideyogram-akan-ghana-tusona-angola-ak-veve-ayiti2
Ideyogram : Tusona (Angola)
ideyogram-akan-ghana-tusona-angola-ak-veve-ayiti3
Ideyogram : Vèvè (Ayiti)

Pèsekisyon fèt kont relijyon w (Mbiti, 1990), paske kolon an di tout kwayans ou yo se sipèstisyon epi Granmèt pa w la se Satan ki la pou li fè mal sèlman. Nan fason w te konn kreye fanmi w, ou pran yon michan kalòt marasa : Sou yon bò, kolon an bezwen ni fanm ni gason grennen pitit ba li adwat-agòch pou l kab vin gen plis esklav gratis ticheri; sou yon lòt bò, li deklare antant ki te konn genyen ant nèg ak nègès pou yo tabli yon fwaye oswa yon lakou pa lejitim ni devan lalwa ni devan Bondye. Kote kolon an jwenn lekòl, bibliyotèk, ak inivèsite, li kraze yo; si li kwaze ak kèk grandèt ki gen plis konesans pase l (Van Sertima, 1983), li touye yo oswa li fòse yo kraze rak : konsa pa gen moun ki rete pou ba w sans konesans lan, pou kadre l ak ni listwa w ni kondisyon lavi w; epi li pi fasil pou kolon an mete non pa l sou sa grandèt ou yo te pwodui, dèske pa gen temwen ankò.

Tout sa kolon an wè ki twò bèl, menm si yo te deja nan kav, li leve yo pote ale nan mize lakay li. Li eseye detwi san kite tras tout gwo kay ak gran vil zansèt ou yo te bati, apre sa li fè pawòl pou di se nan kounouk oswa nan raje ou te abitye viv. Si w deplwaye entelijans pou w rive bati yon sitadèl sou pwòp fòs kouray ou, li vle simen latwoublay pou w pa ba l non potorik gason nan listwa lakay ou. Li wete dwa lajan nan men w, paske l di kòb pa w la se sou kòb pa l la pou l depann; epi se lakay li pou w depoze l; lè w bezwen, l a prete w. Li demonte sistèm jistis pa w la ki te baze sou sans moral ak sajès grandèt ou yo; li ranplase l dabò ak yon “Kòd pou Nèg” (jan Trouillot an 1977 te rele “Code Noir” la) epi ak yon seri lwa li ekri nan yon jagon ou mal pou konprann. Si kounye a ou wè twòp pou ou, ou pran lyann, w al nan mawon, kolon an deklare mawonnaj se vagabondaj (Talleyrand, 2002). Lè yon moun pa gen priz sou okenn nan levye kiltirèl yo (ni legliz, ni lekòl, labank, tribinal, lapolis, jounal, radyo, elt…), li pa fasil pou l rete kanpe, ni menm pou l leve kanpe; pye l pa janm asire. Se sa ki fè Kreyòl la di : “Ayiti se tè glise”.

Evidans sou Ansyen Sivilizasyon Nèg d’Afrik malgre Dechoukay Kiltirèl

evidans-sou-ansyen-sivilizasyon-neg-dafrik-malgre-dechoukay-kiltirel1
Lalibela, Etyopi. Kredi pou imaj yo : bootsintheoven.com

 

evidans-sou-ansyen-sivilizasyon-neg-dafrik-malgre-dechoukay-kiltirel2
Tanp Gede nan Malindi, Kenya. Kredi pou imaj yo : www.art.com

 

evidans-sou-ansyen-sivilizasyon-neg-dafrik-malgre-dechoukay-kiltirel3
Gran Miray Zimbabwe. Kredi pou imaj yo : gridclub.com

 

evidans-sou-ansyen-sivilizasyon-neg-dafrik-malgre-dechoukay-kiltirel4
Sitadèl Henry I, nan Nò Ayiti. Kredi pou imaj yo : www.worldfortravel.com

Krebetizasyon

Yon fwa mouvman dechoukay kiltirèl la byen avanse epi l ap woule swa, li lanse yon lòt angrenaj ki rele krebetizasyon. [Lòt otè ki dekri menm fenomèn lan pale de “kokobetizasyon” (Laila Williams) oswa de “demounizasyon” (Patrick Sylvain)]. Krebetizasyon se yon konsèp ki makònen ansanm 2 mo : krebete ak betize. Nou defini l kòm yon demach ki itilize prensip kondisyònman klasik pou kenbe yon kolonize nan yon eta krebete e anpeche l rekonèt tèt li kòm grandèt-majè an prezans ajan Metwopòl la. Obsèvasyon montre moun ki kolonize yo rete tankou ti petevi, oswa aji kòm de vivi-dan-griyen ki pa janm pa tèt anba devan kolon an. Yo toujou bezwen asistans li oswa benediksyon l nan tout bagay. Anplis kolon an gen dwa betize nou jan li vle, nenpòt lè lide l di l. Kòman angrenaj la mache? Krebetizasyon an baze sou yon teknik yo rele an Sikoloji kondisyònman klasik. Se yon teknik ki pèmèt ou vire repons (reyaksyon) yon sijè, soti sou yon amòs al sou yon lòt; li mache ni sou bèt (Pavlov) ni sou moun (Skinner). Premye amòs la natirèl; dezyèm amòs la atifisyèl, men li pwovoke menm repons lan. Premye moun ki te demontre prensip kondisyònman klasik la se te Pavlov. Devan yon chen ki grangou e ki mare, misye parèt ak yon moso vyann kòm yon amòs natirèl. Depi chen an wè vyann lan, li kòmanse souke ke l epi bouch li fè dlo (saliv) : Li pral manje. Sa pa pran tan pou yon premye koneksyon fèt ant amòs natirèl la ak reyaksyon chen an. Nan yon dezyèm faz eksperimantasyon an, Pavlov pran abitid sonnen yon ti klòch anvan li parèt ak moso vyann lan devan chen an. Kounye a, depi chen an tande klòch la, li konn vyann lan ap vini, li kòmanse souke ke l epi bouch li fè saliv : Se yon dezyèm koneksyon ki fèt ant toude amos yo, son klòch la ak moso vyann lan. Men chen an pral kontinye bay menm repons lan menm lè yo pa mete vyann lan devan l ankò. Kidonk vin gen yon twazyèm koneksyon ki tabli ant son klòch la (ki se yon amòs atifisyèl, paske li pa kapab satisfè grangou bèt la) ak konpòtman chen an : Chen an vin kondisyone. (Al gade dyagram lan). Nan ka n ap egzamine a, repons lan se yon anvi pou alemiyò tout moun genyen. Amòs natirèl la se konesans : Gen yon premye koneksyon ki fèt ant konesans ak alemiyò. Amòs atifisyèl la se lang (ak tout pawòl) kolon an : Yo fè yon dezyèm koneksyon ant li ak konesans. Kidonk, apre yon tan, lespri kolonize a vin asosye lang (pawòl) kolon an ak alemiyò, menm lè pa gen okenn benefis reyèl dèyè l ankò. Se lè sa a nou tonbe nan krebetizasyon. Tankou nan tout aplikasyon eksperimantal kondisyònman klasik, amòs atifisyèl la pa kapab satisfè okenn bezwen tout bon vre. Men nou kouri kanmenm dèyè boul malatchong lan. Se si tèlman vre anpil nan nou jije reyisit akademik ak sosyal dabò sou baz kapasite yon moun pou li pale lang kolon an. Nou vin bay kolon an yon kokenn pouvwa. Li pwofite ranfòse demach la grasa yon sistèm lekòl li met an plas. Te gen yon epòk, Blan an pa te vle kolonize a konn li ni ekri, pou li te kapab kenbe l pi byen nan eta krebetizasyon an. Men dwòlman dwòl, lè nou vin gen posiblite al lekòl, se kòmsi nou vin tonbe nan yon “pèlen tèt”, pou m repete Franketienne. Nou adopte yon sistèm edikasyon kote nou lage fòmasyon lespri pitit nou yo nan men kolon an je-fèmen. Sa vin kwense n nan yon dyagonal kote n toujou nan fè teyat, nan “jwe wòl” tout tan, pou benefis dezoutwa kolon nou bezwen konprann nou; 10 milyon moun ki nan pèp nou an, nou pa gen anyen serye pou n pale ak yo. Nou fè Blan an (tout Blan) yon kredi konpetans, san n pa pran tan mande konbyen nan yo ki gen okenn konpetans tout bon vre. Nou mete nan tèt nou se kolon an sèl ki pou valide refleksyon nou, travay nou ak lavi nou. Se sa ki fè nou aji devan l tankou ti moun piti.

Krebetizasyon kòm Kondisyònman
Krebetizasyon kòm Kondisyònman

Genyen fòmann nan sistèm kolonyal la ki la pou kenbe angrenaj krebetizasyon an byen luile, paske tanzantan yo raple nou kòman nou se sovaj, nou se yon ras enferyè. Paregzanp an Ewòp, nan fen diznevyèm syèk la, se te Gobineau. Si kòm sikològ n ap suiv etid ki pibliye nan domèn entelijans, n ap remake chak 25 lane, gen yon “djannikon nan akademi”, yon “mèt doktrin” ki mete yon liv deyò pou di Nèg pa posede jenetikman menm kapasite entelektyèl ak Blan an : An 1969 nan Etazini, se te A. Jensen; an 1994, se vin R. Herrnstein ak C. Murray. Malgre rezònman mesye sa yo toujou montre inyorans yo sou kesyon jenetik, mòd liv sa yo toujou vann tankou pate cho. Kidonk, chak jenerasyon, kolon an mete pwazon an nan bibwon, li fè nou tòtòt li, nou vale l jouk li pase n nan san. Maleng lan vin pete nan figi nou, sou jan nou wè pwòp tèt nou, sou tout aspirasyon nou. Nou menm ankò twouve nou yon jan lèd; nou kòm rayi koulè nou, po bouch nou, zèl nen nou, cheve nou, fòm kò nou, anfen tout tèt nou, afòs nou gen foli blan. Nou pa renmen kote n fèt la; rèv nou se pou n ta viv devan papòt Blan an, menm si pou n pran imilyasyon (Fanon, 1967; Gilbert et al., 2009; Price-Mars, 1928). Si tout yon sosyete rive pase nan angrenaj krebetizasyon an, alò tout popilasyon an vin desann pwòp valè l kòm moun; li vin tounen yon krebetay, sa vle di, yon bann tèt betay krebete.

Trafik Sèks

Travay krebetizasyon an, ki pèmèt kolon an trete kolonize a kòm timoun, vin yon jan pi fasil pou fèt paske sèten nan nou se pitit kolon an tout bon vre. Se yon rapò papa ak pitit. Yo pa toujou byen egzamine fasad sa a nan kolonizasyon an. Wi, gen otè ki pale de kadejak blan an te konn fè sou ti nègès (National Humanities Center, 2007). Jenn ti gason yo pa te alabri nonplis (Foster, 2011). Men se panko la mwen ta renmen rive. Mwen pito vle souliyen kòman trafik latrèt la se te yon trafik sèks tou. Li pa fasil pou rasanble done chifre dirèkteman sou sa, paske pa gen yon grefye tribinal ki ta fou pou l al kenbe rejis fidèl kote zak sa yo enskri. Men genyen lòt mwayen pou rive fè limyè sou kesyon an. Kòm sikològ, nou konnen pafwa yon eleman enfòmasyon enpòtan se grefe li grefe sou yon lòt. Konsa gen plizyè dokiman, tankou anons pou lavant esklav alankan (machanday), ki pote evidans endirèk vin devan nou. Paregzanp, tande sa yon anons ki parèt nan New Hampshire (Etazini) nan lane 1857 di :

Sarah, yon ti nègès ki pwòp anpil, ki bèl, ki entelijan… Li bon kuizinyè epi l konn koud… Li kapab bay yon gason ki selibatè anpil sèvis nan kay la.

Kisa pou yo te di w ankò?

Anons piblik konsa disponib pa santèn nan achiv yo. Nan Sen Domeng, nou jwenn yo sou tit “Affiches Américaines”. Te gen yon ekspresyon an Anglè nan epòk la ki te pale de ti nègès yo kòm “fancy maids”. Mo “fancy” a nan sans sa a pa vle di “sofistike”, men pito “kapris”. Kidonk “fancy maids” se te “ti konpay pou kapris” : Pa te gen benyen kache lonbrik!

yon-lavant-alankan-nan-hanover-nh-an-1855
Yon Lavant Alankan nan Hanover, NH an 1855. Kredi pou imaj la: la www.raunerlibrary.blogspot.com

Si w twouve mòd dokiman sa yo pa gen ase pwa kòm evidans, nou kapab ekzamine kantite ti milat ki fèt nan yon peyi. Istoryen rapòte Prezidan Ameriken Jefferson fè sis pitit ak fanm Nwa : sis pitit se pa kab yon aksidan! Nan Etazini, pami popilasyon Ameriken Nwa yo, deja an 1870 se plis pase youn sou 10 ki te milat. Chif sa a se petèt twòkèt la sèlman, paske se pa tout kwazman ki mennen gwosès. Men chif la sifi pou revele kòman pratik sa a pa ta kab yon bagay ki rive sou aza. Se prèv kolon an pa tap chèche kay Afriken an gwo kouray ak talan sèlman; li te dèyè plezi seksyèl tou. Antouka, genyen 2 konsekans ki enpòtan pou nou sonje : (a) Se pratik sa a ki trase yon teren kote lòbèy prejije koulè a vin pete nan mitan nou, (yon pwoblèm ki travèse tout listwa Ayiti jouk jounen jodi); (b) Si landwat prejije koulè a se yon “konplèks siperyorite”, (kote ti nèg ak po klè a pran pòz pafwa li sipèryè ti nèg ak po nwa a), lanvè enseparab prejije koulè a se yon “konplèks enferyorite”, (kote ti nèg ki gen foli blan an gen yon java anvlimen nan fon nanm li, dèske li pa janm kab rive fè Blan (li ta renmen) ki pwòp papa l la aksepte l tout bon vre). Apre yon etid sikodinamik sou yon echantiyon Nèg Ameriken, Kardiner ak Ovesey (1962) konkli mòd konplèks sa yo se pi move mak ki rete sou pèsonalite yon moun depi graj lopresyon fin fwote sou li. Gen kèk trajedi terib ki pase deja epi ki kontinye ap rive anndan plizyè fanmi Ayisyèn. Fòk nou prepare kòm sikològ pou n konn ki jan n ap trete ka sa yo.

Anbwataj Sosyo-ekonomik

Benefis ki te fèt grasa trafik negriye a epi kolonizasyon an vin pèmèt òganize travay ak pwodiksyon yon lòt fason sou latè. Se yon tounan istorik. Kidonk, anndan chak sosyete, li vin posib pou anbwate popilasyon an nan diferan kategori sosyo-ekonomik. Anbwataj la pa tap kapab mache kòm angrenaj si pa te gen diferans nan levray, kidonk priz diferan moun genyen sou levye kiltirèl yo. Gwoup ki kontwole levye kiltirèl yo se yo ki rive koupe fache ak lamizè. Sa a se yon prensip ki valid ni pou grenn moun ni pou tout yon nasyon. Anndan yon peyi kèlkonk, plis yon moun gen priz sou levye kiltirèl ak enstitisyonèl yo, se plis l ap gen yon pozisyon sosyo-ekonomik pi favorab sou nechèl sosyal la. Li menm ak akolit li yo kab bay Leta presyon pou li òganize tout bagay nan avantaj pa yo. Enstitisyon yo ba yo preferans an jeneral. Tout privilèj se pou yo. Se sa ki fè Kreyòl la di w : “Gran nèg se leta”. Se sa ki rele pouvwa lajan. Nasyon ki kontwole zouti kiltirèl yo (enfòmasyon, edikasyon, sinema, relijyon, elt…) se yo menm tou ki reyisi mete men sou pi fò richès sou latè beni. Yo pratike yon fòm lamedsin ki koute anpil lajan. Se yo menm ki ap distribye medikaman. Nan nenpòt bout ou abòde kesyon an, plis yon moun gen kòb, plis li fasil pou l rive jwenn aksè ak sèvis sante. Kominote ki pi pòv yo pa gen klinik. Si yo gen klinik, pa gen medikaman ni doktè pafwa. Jouk anndan ofis doktè a, tretman an konn pa menm. Anpil fwa se mezi lajan w, mezi wanga w.

An rezime, tout senk angrenaj sa yo nan aparèy kolonyal la, ki an plas depi plizyè syèk, pa janm sispann mache jouk jounen jodi.

Yon espas sikolojik an 4 pwen kadino

Kote k gen chenn… toujou gen kou : toujou gen bawo ak bouwo

Yon fwa angrenaj aparèy kolonyal la ap vire tout silenn, li fasil pou kolon an trase epi defini pou kolonize a yon “espas sikolojik”. Se anndan espas sa a anpil nan atitid nou ak santiman nou boujonnen. Se yon kalòj ak griyaj : Nou kapab wè deyò, men se ladan l, wè pa wè, konpòtman nou deplwaye. Espas la genyen 4 fasad : idantite nou, rapò nou youn ak lòt, sans moral nou, epi rapò nou ak pouvwa. Kidonk nou wè jan nou bare nan 4 pwen kadino. Li enpòtan pou nou pran tan egzamine yo chak an pwofondè. Pou nou mennen egzamen dimansyon sa yo byen, fòk nou pran an konsiderasyon yon prensip modèl INGAM lan mete an limyè pou nou : Konpòtman yon grenn endividi, alewè pou tout yon gwoup, se yon sistèm dinamik (ki gen mouvman ladan) kote relasyon yo pa toujou lineyè, (yo tout pa fèt an liy dwat). Kidonk, premye devwa nou kòm syantifik se chèche idantifye tout pol fòs opoze ki ap plede redi anndan chak sikui. Chans pou nou, anpil fwa mouvman yo pa fèt nan bourara. Si n pran tan obsève, nou kab remake yon alevini, soti nan yon pol atraksyon al nan yon lòt : Tout kou gen kontrekou. Se tolalito sa a pou n suiv ak atansyon si n vle rive konprann espas sikolojik la fen e byen.

Idantite ak rapò sosyal

Sikoloji Afriken an aprann nou pou nou pa etidye idantite san nou pa gade rapò sosyal an menm tan. Nan fondalnatal filozofi l nan domèn sa a (“epistemoloji” l), li gen yon konsèp ki rele “umuntu” (nan kilti Achewa) oswa “ubuntu” (nan lang Nguni Bantu), ki menm di klèman pa gen idantite san rapò sosyal (Sindima, 1990). Pou m repete prensip la jan Desmond Tutu (1992) rapòte l : “Si nou pat sa n ye a, mwen pa tap sa m ye a. Se paske nou ekziste ki fè mwen tou kab ekziste”. Nan kilti Amara (an Etyopi), yo gen yon mo “sew” ki ale nan menm sans lan (Tedla, 1995). Lakay nou, an Kreyòl, nou rantre menm konsèp la nan sans laj mo “moun” lan. Lè nou di : “Entèl ou wè la a se moun!”, sa vle di li pa wè tèt li sèlman, li konn viv ak lòt moun. Sonje tou kòman nou sèvi ak pwonon “nou” an nan lang Kreyòl. Sikoloji Afriken an ensiste pou l fè nou byen konprann : chak fwa aktivite 2 dimansyon yo (idantite ak rapò sosyal) pa akòde ansanm, moun lan pa kab kenbe ekilib mantal li (Gbadegesin, 1991; Phinney and Ong, 2007).

Fòmasyon ak Devlopman Idantite

(a) An liy ak prensip “umuntu” a, n ap defini idantite kòm totalite karakteristik (pyès fabrik) yon moun kole ansanm pou pèmèt li rekonèt sa li ye nan nannan l, double ak santiman l sou sa li kwè li vo. Kidonk yon moun pa tou fèt ak tout idantite w tou rèk. Se devlope w devlope l, apati sa ki disponib nan kominote w, nan echanj ak moun ki enpòtan pou lavi w, grasa yon jefò marasa pou w pa gaye, epi pou w jwenn yon ekilib kote w fè sa w ye a vin egal ak sa w vo. Akòz dechoukay kiltirèl la, aparèy kolonyal la rive defòme jan moun lan wè pwòp tèt li. Li deranje (pafwa elimine) echanj ki genyen ant moun lan ak lòt moun ki (ta dwe) enpòtan pou li. Kolonizasyon an kreye yon dekalaj miwo-miba ant sa moun lan ye ak sa li kwè l vo. Men yon dyagram ki kapab bay yon lide sou fòmasyon idantite a.

Fòmasyon Nannan Idantite yon Moun S = Siyalman; V= Valè. Yon moun seleksyone pami siyalman ak valè ki disponib alantou w.
Fòmasyon Nannan Idantite yon Moun
S = Siyalman; V= Valè. Yon moun seleksyone pami siyalman ak valè ki disponib alantou w.

Pou rezoud dekalaj la, anpil nan kolonize yo eseye aliyen tout pawòl ak atitid yo pou mete yo konfòm ak tout sa Blan an espere. Kolonize a vin anvi demontre kòman li rejte kilti pa l la san rezèv, epi li plonje tèt li nètalkole nan kilti kolon an. Men demach la pa toujou fasil, paske pafwa li kreye sa yo rele “disonans kognitif” (Festinger, 1962). Sa vle di gen moman youn nan kilti yo ap bay enfòmasyon ki depaman ak lòt la, tankou 2 enstriman ki pa akòde nan yon òkès. Nan sikonstans sa yo, olye pou kodenn lan tounen yon pan, li tounen yon frize. Yon mafwezay fèt : Se yon mafwezay po-nwè / mas-blan. Nan kilti lakay nou, se jou fèt-dè-mò (2 Novanm) nou konn wè Gede yo kache je yo ak yon linèt epi blanchi figi yo. Nan relijyon ak filozofi Vodou, yo mete Gede yo nan menm kòtfanmi ak Lwa tankou Bawon Sanmdi, Bawon Lakwa, Bawon Simityè, ki kanpe nan chak dètou chimen lavi ap endike pasaj Lanmò a. Reprezantasyon lanmò sa a se li menm, selon mwen, ki prensipal mak-fabrik tout aktivite Gede yo ni nan fòm (aparans) ni nan fon (sibstans). Tout lòt konpòtman Gede yo (tankou di mo sal, oswa pale “franse”, oswa pase otorite Leta nan rizib) se menm mesaj lanmò a yo charye. Se sou baz koneksyon sa a, m asosye mafwezay po-nwè / mas-blan an ak lanmò. Mwen tou pwofite vin ak yon konsèp “gedeyizasyon” pou dekri mafwezay sa a, ansanm ak presyon lanmò sa a, epi tout sa yo trennen dèyè yo. Mwen defini gedeyzasyon an kòm lakwobat yon lespri kolonize oblije ap fè san rete pou wè si l ta antre ak tout fòs nan moul yon lòt kilti ki pa pa l [3]. Nan yon sans pi laj, gedeyizasyon se tout aktivite yon moun angaje ladan l ki kab lakòz fòs lanmò rive toufe fòs lavi. Menm si jefò moun lan ta parèt pwofitab, li rete enseparab de yon demach lanmò. Se kout tiwèl douvan dyòl tonm : Kolonize a rantre kò l nan yon move jwèt-konsanti, yon konplo pou touye pwòp tèt li.

Mwen makònen lide Fanon (1967) ansanm ak lide Bulhan (1985), Anderson (1991), epi pa Harrell (1999) pou m mete bwa dèyè konsèp gedeyizasyon an. Kontribisyon Fanon an klè kou dlo kokoye depi nan ekspresyon mafwezay po-nwè / mas-blan an. Harrell ajoute presizyon sou koneksyon ki ekziste ant kilti ak imaj mantal yo. Dapre Harrell, rezon ki pouse moun lage kò yo nan mafwezay la pa marye tèlman ak yon reyalite men plis ak yon imaj yo genyen nan tèt yo : Blan an pi bon. Kanta pou Anderson, li te fè yon travay kote li te layite sa l rele nan lang pa l “acculturative stress”. Dapre Anderson, mafwezay la se yon defi; se yon kokenn sous kristè oswa strès sikososyal. Kristè (strès) se yon reyaksyon ki deklannche lè yon moun pa santi li gen ase resous pou li fè fas kare epi degaje l regle yon sitiyasyon. Gen plizyè evènman nan lavi ki kapab bay moun kristè, tankou yon lanmò nan fanmi w, yon divòs, yon dilèm ou pran ladan, presyon nan travay, yon sitiyasyon vyolans, elatriye… Mòd evènman sa yo konn pa dire twò twò lontan; men pafwa sèten sitiyasyon konn vin tabli an pongongon, an pèmanans. Nou di yo vin kwonik. Nan ka n ap egzamine an, youn nan sous kristè kwonik se gedeyizasyon an. Pwoblèm idantite li poze a bay yon kristè (strès) ki pi malouk pase tout lòt paske (a) moun lan pa kab kouri pou li, (b) se moun lan ankò ki ap bay baka a manje. Mafwezay oswa gedeyizasyon toupatou devan je nou nan peyi a : Nan lang nou pale, nan jan n abiye, nan abitid n ap pran nan manje n. Nou kite akasan pou n tonbe nan manje pay mayi (“corn flakes”). N ap mete rad “pèpè” san gad dèyè, san mande poudi l bon nan yon peyi chalè twopikal konsa. Imajine konbyen Ayisyen ki oblije ap kenbe yon bwa franse an sosyete, alòske se nan lang Kreyòl la yo vreman alèz. Pa gen lontan, Blanc (2016) fè yon atik ki dekri fenomèn sa a ak tout valè kristè li pote kay etidyan nan Inivèsite a.

b) Eksperyans lavi a konn anpeche dechoukay kiltirèl la kreye twòp defòmasyon nan jan yon moun wè pwòp tèt li. Nan sikonstans sa a, li pi fasil pou yon moun aliyen san douk sa li kwè li ye ak sa li kwè li vo. Kidonk kolonize a kapab refize mache opa. Li vle montre menm kòman pawòl li ak atitid li pa aliyen sou sa kolon an ekzije. Piwèt sou piwèt, li pa janm ret anplas lontan ase pou konpòtman l konfòme ak anyen. Li se yon ponpadò oswa yon kabradò. Li gen tanperaman yon chwal malen, e se pa fasil pou mennen l nan chimen jennen. Reyèlman vre, pi fò wanga kolon an prepare pou pran nanm li, li vire yo nan sans pa l. Sa pa vle di li pa santi kristè sikososyal. Men sèl fason pou li jere kristè a se nan envante bagay epi re-envante pwòp tèt li. Li konnen reyalite kolonyal la ekziste. Men li gen yon soupap kote lespri l kapab pase nan yon lòt espas. Anndan espas sa a, li fè jefò pou li kreye “konsonans kognitif”, sa vle di yon jan pou tout enstriman yo byen akòde avèk vwa pa l. N ap pwopoze yon nouvo konsèp pou dekri kouray ak entèlijans ki soutni rezistans sa a; nou asosye l ak yon pèsonaj nan kilti Ayisyen ki se Ogoun-Badagri, e nou rele l badagrizasyon. Nou defini badagrizasyon kòm tout jefò kalkile, nan disiplin ak tèt-ansanm, yon Nèg ap deplwaye san rete pou l evite ak tout fòs li mafwezay kiltirèl, epi pou l ede dezantòtye nanchon l anba pèlen-tèt kolonyal. Nan yon sans pi laj, badagrizasyon se tout aktivite yon moun angaje ladan ki kapab kontribye pou lavi rive pran pye kote lanmò tap domine. Se vreman nan kapasite pou badagrizasyon sa a tout kont-chante ak ti istwa nan kilti nou pran sous.

Devlopman Rapò Sosyal

Rapò sosyal yo gen tandans fè tolalito ant 2 pol atraksyon : Izolman ak atachman. Lè yon moun pa gen priz sou okenn levye kiltirèl yo, pa gen anyen ki previzib. Ou pa janm konn kote w gad. Ou oblije tout tan sou pinga w. Si anplis ou konstate zòt ki gen pouvwa pran abitid sèvi ak sèten moun nan pwòp kominote w pou fè w malveyans, ou vin pa an konfyans. Anpil fwa w pa konnen ki sans pou w bay pawòl, entansyon, ak aksyon moun ki alantou w. Sa vin kreye mefyans alawonnbadè (Schul, Mayo, Burnstein, 2008). Kolonizasyon an tire pwofi sou sa pou li louvri zèl li. Kidonk “enpreviziblite” a pote mefyans. Depi mefyans tabli, mal pou gen atachman. Se atachman, kidonk kapasite pou yon moun devlope kèk kontak fyab epi dirab, ki baz tout lòt fòm sipò sosyal. Si li pa fouti boujonnen, sa ki pral leve nan plas li se yon santiman izolman (loneliness an Anglè). W ap viv ak lenpresyon tout moun lage w. Ou menm konn rive panse “moun yo pa vle wè w”.  Anpil sikològ (House, Landis, & Umberson, 1998; Uchino, 2006) kondui plizyè etid ki detaye tout makòn pwoblèm sa yo, e yo pale de enpòtans sipò sosyal pou evite kèsere (anksyete), dekourajman ak lavi a (depresyon), laperèz ak santiman pèsekisyon. Kilti nou an Ayiti konprann byen sa sipò sosyal la vo. Se konsèp sa a ki bay yon nosyon tankou “vye moun pa m” tout sans li. Anpil Ayisyen, lè yo pa santi yo byen, yo di w : “Mwen pral nan tretman nan peyi m”. Moun sa a te mèt deja an Ayiti, sa l vle di se andeyò, nan gran lakou kote “demanbre” l yo ye, kote li gen fanmi ak lòt “vye moun” li yo. Lè w gen yon moun ki pre w, ou santi w kapab toujou konte sou li, pafwa menm ou (te) gen relasyon entim avè l, ou di tou “se vye moun mwen”. Sou bit ekoloji sosyal, mefyans ak mank atachman trennen dèyè yo izolman : Chak koukou klere pou je l; zafè kabrit pa zafè mouton. Izolman an kite chak moun an grennsenk, nan yon sitiyasyon frajil kote resous pèsonèl yo kapab pa sifizan pou fè fas ak difikilte lavi a. Izolman an anpeche monte òganizasyon sosyal, kote tèt-ansanm ta rive fèt epi lide rezistans ta kapab brase. Sou dimansyon sa a tou, zansèt nou yo te konprann jwèt la byen depi lontan : Tout mouvman mawonnaj la se la li soti. Menm lide a rete vivan nan plizyè pwovèb Kreyòl tankou : “Yon sèl dwèt pa manje kalalou” oswa “se kolonn ki bat”. Aparèy kolonyal la mete plizyè angrenaj an mach pou atachman an pa janm fèt. Pou mefyans kapab paweze, li bloke priz sou levye kiltirèl yo. Kontak fyab epi dirab mal pou devlope lè yon moun an sitiyasyon driverans. Si pa gen sipò sosyal, pa gen defans serye devan mafwezay oswa gedeyizasyon ak kristè sikososyal. Tout kondisyon sa yo asosye ak latwoublay fizyolojik, dega sou lasante, ak mòtalite (Zhang, Norris, Gregg, & Beckles, 2007). N a ekzamine sa nan pwochen seksyon an.

Sans moral epi rapò nou ak pouvwa

Angrenaj krebetizasyon an pa senpleman aji sou mòd edikasyon nou resevwa lekòl la. Si se te sèl dispozitif la, anpil nan nou ta chape. Krebetizasyon an prevwa 2 lòt fason yo kab fè nou mache. Youn anvizaje yon fòs deyò ki pou bay presyon : Li defini baz rapò nou ak pouvwa. Lòt la jwe sou yon fòs anndan nou ki pouse nou reyaji san mank : se sans moral nou.

Rapò nou ak pouvwa

Sou yon bit sikolojik, sitiyasyon nou viv nan kolonizasyon an sanble anpil ak kondisyon lavi yon timoun ki grandi nan maltretman. Kidonk analiz nou sou pwen sa a kapab tire pwofi nan rechèch ki fèt sou maltretman timoun (Malinosky-Rummel ak Hansen, 1993). Maltretman an te mèt fizik (bat), mantal (jouman), oswa seksyèl. Travay sa yo montre nou premyèman kòman moun ki viktim sistèm lan gen tandans blame pwòp tèt li ak parèy li yo : “nou merite chatiman vre”. Dezyèmman, viktim lan sispèk Mèt la (moun ki an kontwòl sitiyasyon an) konn tout bagay epi li gen je ak zòrèy toupatou. Pa gen mwayen chape anba l. Twazyèmman, gen yon kwayans ki devlope fòk viktim lan gen yon respè ak yon soumisyon total devan yon otorite si total : Se koube w osnon yo kraze zo w. Nou achte tout konsepsyon sa a lajan kontan nan men kolon an. Se li ki defini rapò nou ak pouvwa. Nou gen anpil krentif devan chèf, (sitou si l se blan). An menm tan, nou gen foli chèf, pou nou kab vin gen otorite san limit sa a. Moun ki anba chèf la kòm sibòdone a pa anyen. Si l manke fè wòklò, se pou l peye bouch li; se pou yo “fè l konn jòj”.

Tansyon ant lakrentif sou yon bò ak foli chèf sou yon lòt bò kapab rive domine tout pèsonalite a. Li vin kreye yon dinamik ak 4 vitès. Dabò n ap viv anpil fwa ak yon santiman ensekirite paske nou pè, si nou pa gen pouvwa, lòt moun parèy nou kab pran wotè sou nou, maltrete nou, fè nou abi, oswa senpleman derespekte n. Ansuit, prèske an reyaksyon kont ensekirite sa a, anpil nan nou devlope yon tandans pou nou anfle tèt nou, deklare “nou pa kanmarad” lòt moun, fè dyòlè, egzajere tout kote n pase, fè lwanj pou pouvwa oswa enpòtans nou genyen. Fòk yo wè puisans nou alawonn-badè. Si nou pa kapab montre puisans lan aklè, nou pretann nou gen yon “Pwen”, (swa se yon “eritaj”, swa se “achte” n achte l). Twazyèmman, malgre etalaj pouvwa a, anpil fwa nou pa kapab bliye mechanste nou te sibi anba men kolon an. Sa vin fè gen yon raj ki ap bouyi anndan nou anba anba. Malerezman, olye nou vire raj la kont kolon an (nou panse ki twò fò), se sou pwòp frè n nou soti pou n pase l, paske n pa kwè yo kab koresponn ak nou (Wilson, 1990). Lè katriyèm vitès la antre, li lage yon mank moderasyon nan fason nou jere otorite. Li nouri yon panchan lakay nou ki pouse n alekstrèm pou ti krik ti krak. Se kòmsi lespri nou se yon teren aksidante ki tout an pik oswa falèz. Sikoloji dekri mòd atitid sa yo selon yon chema an 2 moman : Se tout nèt oswa anyen ditou. Si chema sa a jeneralize nan plizyè lòt domèn, li pap pa bay pwoblèm nan nenpòt sitiyasyon konplèks ki ta ekzije yon touch delika oswa yon apwòch an graden. N a anvizaje posiblite sa a pi devan lè n ap egzamine sèten nan sistèm fizyolojik yo.

Sans moral

Se sans moral nou, kòm yon fòs anndan nou, ki la pou gide nou. Men dabò li pa devlope yon sèl kou. Ansuit sikonstans lavi a dikte jouk nan ki pwen fòs sa a kab byen grandi. Angrenaj krebetizasyon an fonksyone yon jan pou li bloke devlopman sans moral nou. Piaget (1932) aprann nou sans moral la pap janm grandi nòmalman nan yon sitiyasyon gwo-ponyèt kote chodyè puisans lan bouyi yon sèl bò. Li rele sa yon relasyon “pouvwa san simetri” (“pouvoir asymmétrique”). Nan ka sa a, tablo a prezante kòm yon jwèt pwenn-fèpa. Kohlberg (1963) montre nou gen twa gran etap nan devlopman sans moral. Nan premye etap la, sa sèlman ki konte se plezi oswa pinisyon. Nan dezyèm etap la, liy nou mache sou li a se ajisteman sosyal : toujou mete konpòtman n an règ ak otorite, omwens pou l pa twò depaman ak pa moun ki alantou n yo. Rezònman nou alò se : si tout moun fè l, mwen mèt fè l tou. Nan twazyèm etap la, se konsyans nou ki gide aksyon n : Nou gen prensip pou lavi pèsonèl nou, epi nou ta renmen pou sosyete a mache selon prensip tou. Angrenaj kolonizasyon an bloke pi fò moun sou premye etap la. Li abitye n ak yon sistèm kote se plezi oswa fwèt-kach ki fè nou mache. Larezon pa ladan. Kòm nou te deja wè, krebetizasyon an fè kolonize yo devlope yon mantalite betay krebete. Se pa nenpòt ki betay non; se yon mantalite kabrit. Nou konnen, dapre pwovèb la, “kabrit di sa ki nan vant li, se li ki pa l”. Kidonk, viv pou moman prezan an : Ou wè jodi, ou pa konn demen. Mantalite sa a pi vit deplòtonnen kay moun ki nan yon sitiyasyon frajil, kote anyen pa asire. Pou sans moral moun ki kolonize a ta pran yon vitès siperyè pou rive nan twazyèm etap la, fòk li ta gen priz sou moso nan lavi l. Men se kolon an ki an kontwòl. Lespri kolonize a twouve l nan yon sitiyasyon depandans total li aksepte totalman : Tout bagay se moun ki pou fè l pou li. Menm panse li pap pran chans panse. Li vin tounen yon lapòpòt mantalman : Li bay legen; li dakò remèt kontwòl lavi a bay kolon an. Olye nou pran tan fè pou tèt pa nou, nou pito ap kouri dèyè sa ki “tou pare”, (sitou si se Blan ki ap bay li).

Apre ti diskisyon brèf sa a sou ‘espas sikolojik’ la, nou wè kòman lespri kolonize a bare. Gen anpil nan nou ki gen konsyans sou limit sa yo. Se sa ki esplike anpati poukisa nou konn anvi kite peyi a pou n al aletranje. Men fòk nou pa bliye espas sikolojik la, kòm yon kalòj, se anndan nou li ye. Eske n pa toujou vwayaje ak tout kalòj nou? Pafwa aletranje, yo petèt konn ba nou yon pi bèl kalòj, ki parèt pi gran. Konbyen nan nou ki sonje se souvan yon kalòj ‘antre-pa-soti’? (Kreyòl pale, Kreyòl konprann). Dèske espas sikolojik la se yon kalòj ki pran plas anndan nou, nou tou wè li pral gen enpak sou tout lòt ògàn reyèl ki anndan nou yo tou. Kidonk se nòmal pou nou reflechi sou aktivite fizyolojik yo.

Konsekans fizyolojik

Se mèt kò ki veye kò… (Si w pa konn kò w, ou pa kab veye l.)

Kounye a nou fin ekzamine espas sikolojik la ak tout kondisyon sosyo-ekolojik kolonizasyon an kreye alantou l, nou pral deplòtonnen konsekans fizyolojik yo an 5 seksyon. N ap gade sa ki pase anndan selil kò a, ansuit nan sistèm pwoteksyon iminitè a, apre nan sistèm andokrin la; n ap rapousuiv ak konsekans sou poto sèvo a ak nwakou a, pou nou fini ak sistèm kouwòn lenbik la. Tout enfòmasyon mwen pral pote nan seksyon sa a benefesye avans ki fèt pandan 20 dènye lane yo sou byoloji molekilè, san konte devlopman teknik pou vizyalizasyon tankou MRS (“magnetic resonance spectroscopy”).

Konsekans sou Selil Kò a

Konsekans fizyolojik kolonizasyon an kòmanse depi ak kondisyon transpò esklav yo. Yo touche kò a jouk nan nannan, sa vle di nan nivo selil yo menm. Chak selil nan kò a bezwen enèji pou l kapab fonksyone byen. Enèji sa a li pwodui l nan yon silo kote li stoke yon seri filaman ak ti grenn yo rele mitokondri.

pwodiksyon-eneji-anndan-selil-nan-ko-yon-moun
Pwodiksyon Enèji anndan Selil nan kò yon moun. Kredi pou imaj la : www.Galleryhip.com

Pou enèji a pwodui, fòk selil la jwenn tout valè oksijèn li bezwen an. Si l manke oksijèn, (yon kondisyon yo rele ipoksemi oswa ipoksi), nivo enèji a vin bese, aktivite yo ralanti. Gen eleman ADN anndan silo a, (yo rele ADN mitokondriyal), ki kòmanse dekrenmen jouk selil la kab rive mouri. Nou te mansyone kòman, pandan transpò anba lakal bato a, moun yo te manke lè pou yo respire. Sa lakòz anpil pami yo devlope yon pwoblèm souf kout ki se sentòm ipoksi. Fouyapòt wè menm pwoblèm lan alèkile kay moun ki ap fè djòb dayiva oswa avyatè sipèsonik. Nan kisa fenomèn sa a enterese nou kòm sikològ? Se selil sèvo a, plis pase tout lòt yo, ki mande plis oksijèn pou yo mache byen. Sizoka gen ipoksi, se premye kote konsekans yo manifeste. Tousuit gen yon bès karebare ki fèt nan kapasite sèvo a pou l asire ekilib, pou pèmèt yon moun rekonèt kote l ye, pou l angaje nan kominikasyon vèbal, oswa pou asimile aprantisaj. Rechèch dekri sa kòmsi moun lan te grave fon ak yon mak (sekèl) “ipoksik-iskemik” (Busl & Greer, 2010).

Se vre, gen moman pandan vwayaj transatlantik la, kapitèn lan ak sibreka yo te konn kite esklav yo monte sou pon batiman an pou y al pran yon ti van. Men avèk pratik sa a tou te gen yon lòt risk fizyolojik : Si twòp oksijèn anvayi yon sèl kou, sa kapab filange ògan nan sistèm respiratwa a. Se yon pwoblèm ki konn rive menm nan sal operasyon. (Yo rele l oxygen reperfusion injury, an Anglè). Gen espesyalis (Carden & Granger, 2000) ki rapòte sa konn lakòz yon kriz kadyak oswa yon “estwok” (konjesyon serebral) lapoula.

Enèji ki pwodui nan silo mitokondri yo nesesè pou aktivite metabolik ki ap fèt anndan selil la. Aktivite metabolik la kontrarye depi gen pwoblèm nan transpò oksijèn. Selil la vin anba sa yo rele “strès oksidatif”. Reyèlman vre, nan tout reyaksyon chimik ki ap fèt pou transfòmasyon metabolik yo, gen yon seri eleman ki vin rete an grennsenk ap flote (Harman, 1972). Yo rele eleman sa yo “radikal oksijèn lib” (free oxygen radicals, an Anglè). Mo “radikal” la nan ekspresyon sa a vle di “chouk”. Eleman sa yo fin dechennen anndan selil la; prezans yo kreye dezòd paske pafwa y al kole kò yo sou lòt molekil epi tou gate karaktè molekil sa yo (Ramaligan & Kim, 2012; Nunomura et al., 2005). Men yon chema ki bay yon egzanp pou ede n wè pi klè kòman strès oksidatif la rive.

sikilasyon-oksijen-ak-fomasyon-radikal-oksijen-lib
Sikilasyon Oksijèn ak Fòmasyon Radikal Oksijèn Lib
sikilasyon-oksijen-ak-fomasyon-radikal-oksijen-lib2

Se konsa dega konn fèt sou ADN nan selil la. Kòm fòk dega sa yo repare, toutotan kò a kapab, li fè travay reparasyon an epi li pwodui nouvo selil. Men gen yon pri pou peye. Kwomozòm ki repwodui nan nouvo selil yo pèdi piti piti sou longè yo : Pwent ki la kòm bouchon pou pwoteje rès enfòmasyon jenetik yo vin pi kout. Yo rele pwent sa yo “telomè”. Yon fwa pwent lan tonbe nèt, jèn yo menm ki sou kwomozòm lan pa alabri. Pou evite pi gwo malè, repwodiksyon sispann. Dapre sèten byolojis (Balaban, Nemoto, Finkel, 2005), se ratresisman telomè yo ki bay siy yon moun ap vyeyi. Plis ou sibi twoma, plis nivo strès oksidatif la ogmante; plis strès oksidatif la monte, se plis pwent telomè yo tonbe; plis telomè yo pèdi pwent yo, se plis ou vyeyi anvan lè. Nou wè poukisa Kreyòl la konn di : “Nou panko jèn, nou vye”.

chanjman-nan-kwomozom-ak-telome-yo1
Chanjman nan Kwomozòm ak Telomè yo. Kredi pou imaj yo : www.aid-n.com

 

chanjman-nan-kwomozom-ak-telome-yo2
Chanjman nan Kwomozòm ak Telomè yo. Kredi pou imaj yo : www.medicalnewstoday.com

 

chanjman-nan-kwomozom-ak-telome-yo3
Chanjman nan Kwomozòm ak Telomè yo. Kredi pou imaj yo : www.lookfordiagnosis.com

Konsekans sou Sistèm Pwoteksyon Iminitè

Konsekans fizyolojik yo kontinye akòz kondisyon driverans ki ekspoze moun anba diferan kalite jèm maladi (patojèn). Gen senk fason ki pi kouran pou fèblès anpare yon moun, pou maladi grav mete l sou lagraba, oswa pou lanmò pote l ale. Danje a kab soti nan bakteri (tankou nan ka tibèkiloz), nan viris (tankou nan ka epatit), nan pwazon (tankou nan ka mòtora), nan mal-manje (malnitrisyon oswa moun nan pran abitid manje yon seri bagay ki pa bon pou kò a), epi nan vyolans (si yon moun pran yon katouch oswa yon kout manchèt).

prensipal-koz-maladi-ak-lanmo
Prensipal Kòz Maladi ak Lanmò

Nan 2 premye ka yo, jèm lan soti deyò pou l vin anvayi selil la. Nan twazyèm ka a, se yon dereglaj ki gaye anndan. Pou vyolans lan menm, an jeneral se san yon moun yo mete deyò. Nou kab konprann, kòm sikològ, kòman konpòtman jwe yon wòl sansib pou mete kòz sa yo an mouvman. Pafwa se yon senp neglijans ki sèvi kòm amòs la, (tankou si yon moun pa lave men l apre l fin twalèt). Gen lòt sikonstans kote yon moun ap brave danje : l amize l ap pran risk initil, kòmsi l ap jwe lago-kache ak maladi a, (tankou lè yon moun pran abitid fimen). Finalman gen de lè konpòtman an planifye pandan lontan, (tankou lè yon moun pral tire vanjans sou yon lòt).

Yon fwa youn nan kòz maladi yo deklannche, kò a oblije defann tèt li. Genyen tout yon sistèm li mete anplas pou bare maladi. Se tout koleksyon mwayen pwoteksyon yo ki rele sistèm iminitè a. Gen plizyè eleman nan san yon moun ki pare pou pote lamenfòt lè gen yon atak sou kò a. Pami yo nou kab site makwofaj (pou konbat enfeksyon), plakèt (pou ede san kaye), netwofil (pou konbat anflamasyon), ak mastosit (pou dilate/kontrakte venn yo).

Gen yon sibstans ki asosye sitou ak makwofaj yo, ki piti anpil men ki jwe yon wòl enpòtan nan pwoteksyon kò a : yo rele li sitokin. Se li menm ki aji kòm yon lavangad, pou bay premye rèl la depi gen yon danje, epi pou mennen lòt eleman sekirite yo egzakteman kote pwoblem lan ye a. Sitokin yo suiv tanperati kò w pou detekte si w pa gen lafyèv. Si w blese, se yo ki kouri rasanble plakèt yo kote blese a ye a, kòmsi pou yo ta bouche twou a. Si w pran yon zòk oswa yon zòboy, se yo ki ede kontwole anflamasyon an dabò epi (pi ta) dezanflamasyon an. Anndan sistèm pwoteksyon iminitè a, se sitokin yo ki pi enterese yon sikològ, paske yo voye tout enfòmasyon yo ranmase yo bay sèvo a. Kidonk yo pèmèt yon moun fè yon evalyasyon rapid sou kòman l santi kò l (Maier and Watkins, 1998). Si eleman nan sistèm iminitè a pa rive fè travay yo kòmsadwa, alò defans moun lan vin febli. Maladi antre sou li trapde, pafwa yo plizyè alafwa. Gerizon an menm vin pa fasil : Jan pwovèb la di a, lè maladi ap vini se sou chwal; men lè pou l ale se sou bourik.

ajan-pou-pwoteksyon-kont-jem-maladi
Ajan pou Pwoteksyon kont Jèm Maladi. Kredi pou imaj la : www.eic.edu

Konsekans sou sistèm andokrin ak aktivite metabolik

Tout varyasyon nan ekoloji sosyal la deklannche yon kaskad reyaksyon nan sistèm andokrin lan. Ak sistèm andokrin lan, konsekans fizyolojik yo touche plis ògàn. Se sistèm andokrin lan ki pèmèt chak ògàn yo mache yon fason ki kòdyòm, kidonk ki byen balanse. Dèske sistèm sa a konekte ak aparèy metabolik la (kote kò a transfòme tout sa yon moun manje), se kòmsi tout lavi nou te depann de li. Pou li fè yon gwo travay konsa, sistèm andokrin lan sèvi ak òmòn (Eisenberger, Taylor, & Gable, 2007).

sistem-andokrin-lan-nan-pami-tout-ogan-yo
Sistèm andokrin lan nan pami tout ògàn yo. Kredi pou imaj la : www.goddessignited.com

Kòm nou kab wè, sistèm lan laj anpil, men nou kapab sible pwen ki pi kritik yo pou fonksyònman sikolojik. Genyen yon trafik enpòtan ki ap fèt sou yon sikui ki gen senk estasyon. Li derape depi nan glann pineyal la, l al pase nan ipotalamis, li chankre sou glann pituitè, li plonje al sou glann tiwoyid, pou l vin bout sou glann adrenal yo. Nan chak pwen sa yo, gen yon òmòn pou fè travay la. Plizyè fouyapòt remake nivo òmòn yo varye selon kalite rapò sosyal yon moun genyen. Si nou pran chak pwen sou sikui a, nou kab gade kòman òmòn li an sibi enfliyans rapò sosyal yo. Konsa nou kab ekzamine dabò twa òmòn ki se oksitosin (oxytocyn, an Anglè), kòtisòl, ak melatonin. Apre n a konsidere wòl yon lòt òmòn ki kontwole aktivite metabolik yo : yo rele l T3 (tri-iyodo-tiwonin).

pwen-enpotan-nan-trafik-sikui-andokrin-lan-pipta
Pwen enpòtan nan trafik sikui andokrin lan : PIPTA

Melatonin lan se yon òmòn ki soti nan “glann pineyal” la, e ki kontwole òlòj byolojik nan kò moun. Se yon chèf eskwad ki bay kilè pou chak aktivite fèt epi konbyen tan pou yo dire. Sa vle di li enpòtan pou tout fonksyon siklik yo, (sa vle di ki ap vire fè laviwonn-dede). Konsa se grasa li moun kapab fè diferans reyèlman ant lajounen ak lannuit, paske klète se yon amòs ki fè glann pineyal la mache (Turek & Gillette, 2004). Lè yon moun pa dòmi oswa mal dòmi, nivo melatonin li ap varye. Moun lan kab kòmanse santi li kagou oswa delala. Piti piti moun lan kapab menm vin dezoryante (pèdi lakat). Melatonin lan mete ansanm ak vazopresin (òmòn kay glann pituitè a) pou kontwole konbyen fwa yon moun bezwen fè pipi nan yon jounen. Plis toujou, genyen kèk endis ki ta vle montre kòman melatonin lan enfliyanse sistèm pwoteksyon iminitè nou. Rechèch rapòte ensidans kansè pi wo pami moun ki travay lannuit (kidonk yo sispèk òlòj melatonin yo deregle) pase pami moun ki travay lajounen.

Oksitosin lan mache ak ipotalamis la. Se yon òmòn ki rann pi fasil sikilasyon yon seri lòt sibstans ki rele andòfin (“endorphin”). Sibstans sa yo se yo ki bay yon moun tout sansasyon byennèt, ki fè w santi w swa, dous, e rilaks, ki kalme doulè w (Lee et al., 2009). Sekresyon oksitosin depann de kontak afektif yon moun genyen avèk lòt moun ou fye. Parekzanp, atirans ki genyen ant de moun ki renmen fè nivo oksitosin yo monte. Okontrè lè yon moun ap viv nan izolman, san okenn sipò sosyal, san kontak ki fyab epi dirab, pa genyen anyen ki pou deklannche travay oksitosin lan. Tout sa yo rele “memwa sosyal” la mache pi byen grasa oksitosin (Guastella et al., 2008). Paregzanp, lè yon Ayisyen ki nan chirepit ak yon lòt moun di li “mwen make figi w”, se yon enfòmasyon li enskri nan memwa sosyal li grasa oksitosin.

Kòtisòl la mache ak glann adrenal yo. Se yon òmòn ki sekrete sitou lè yon moun santi li menase oswa li an danje. Li pèmèt moun lan vin pi veyatif, e li prepare l pou l kouri oswa pou l goumen. Kidonk kòtisòl la gen yon wòl itil epi pozitif lè gen ijans. Men si, pou tikrik tikrak, nivo òmòn sa a monte, ògàn yo ap fin fatige jouk yo pwodui twòp sibstans (kòtikosteroyid) ki pa bon ni pou ren w ni pou kè w. Twòp kòtisòl ralanti aprantisaj ki mande “memwa espasyal”, kote pou w sonje oswa gen tan wè pozisyon yon objè ki ap vire nan lespas (De Quervain et al., 1998).

Gen yon glann nan sistèm andokrin lan ki rele tiwoyid (an Fransè, thyroide). Se devan gòj la nou jwenn li. Men se li ki kontwole kòman lòt ògàn yo transfòme tout sa nou manje. Li bay kontwòl depi sou apeti rive sou sa ki dwe flòch. Li oblije byen kalibre tout tan. Si li twò sere, moun lan pa sou manje; si li twò lach, moun lan ap fè safrete. Fòk tiwoyid la ap byen mache pou dijesyon kapab byen fèt, pou pa gen konstipasyon, pou fwa a pa kite move grès (lipid) kaye nan venn yo, pou ren yo filtre kòmsadwa. Si tiwoyid la ap bay ratman, konn gen kèk pwoblèm anplis, tankou “gwo kou” (an Fransè, goitre), fatig, gòj anwe, cheve tonbe, epi règ ki pa regilye kay yon fi. Sa ki pi enteresan toujou se enpak rapò sosyal yo sou aktivite metabolik yo. Eksperyans lavi kourant montre kòman yon jenn ki gen ‘chagren damou’ konn pèdi apeti. Rechèch ki pi serye konfime koneksyon sa a. Konsa yon moun ki santi tout fanmi ak zanmi lage l (san sipò sosyal) gen plis difikilte pou li kontwole nivo glikoz nan san l. Plis yon moun oblije ap debat anba veksasyon rasis (coping with racism an Anglè), se plis LDL-kolestewòl li grenpe (Mwenda, Sims, Madhère, et al., 2011).

Konsekans sou Sistèm Newo-relè Otonòm

N ap rantre kounye a nan katye-jeneral kò a. Se la tout gwo desizyon yo fèt, sitou sa ki konsène kiyès nou ye vre, kidonk idantite n.

Nou te diskite tout kontrent ki genyen pou yon kolonize devlope idantite l alèz, e kòman sa bay kristè. Se konsekans kristè sa a nou pral ekzamine. Lè yon moun gen kristè (strès), l ap santi chòk yo dabò sou “poto sèvo” a (an Fransè, yo di tronc cerebral; an Anglè, brainstem). Poto sèvo a se pati ki anlè tèt mwèl ki kouri nan rèl do nou an (“mwèl epinyè”). Li gen twa pati : pwolonjman mwèl la (“medulla oblongata”), chou vètebral la (an Anglè, yo rele l pons; an Fransè, bulbe rachidien), ak bonèt-medyàn sèvo a (an Anglè, midbrain; an Fransè, mésencephalon).

poto-sevo-a
Planch Anatomik sou brenn lan.

Reyèlman vre, poto sèvo a se tankou yon potomitan li ye paske li chita nan pwen santral anba fetay sèvo a. Se poto sèvo a ki kontwole anpati kòman sistèm nè otonòm lan (SNO) fonksyone. Konsa sistèm lan jwe yon wòl enpòtan nan respirasyon, nan tansyon (ateryèl), nan batmannkè, nan toudisman, nan feblès manm yo, nan santi doulè, nan pase saliv epi vale, nan swe, nan lajè nawè-je nou dilate, nan fòs vwa, nan konsantrasyon, elt… Nenpòt latwoublay nan youn nan fonksyon sa yo fasil pou detekte. Se de siyal vizib nou kapab obsève kay yon moun ki sou strès. Moun lan kapab santi l ap toufe; ton vwa l kapab chanje; li kab pèdi konsantrasyon epi li pran depale.

Poto sèvo a sèvi kòm yon pwen relè pou tout enfòmasyon ki sot anba nan rès kò a epi ki ap monte al nan katye-jeneral sèvo a. Se la yon premye triyaj rapid fèt (nan yon krib ki rele “fòmasyon retikile”) epi distribisyon an kòmanse. An n pran paregzanp yon sitiyasyon kote yon moun sou strès. Selon fòs strès la, poto sèvo a kapab dirije enfòmasyon an sou diferan sikui. Si strès la fò anpil, l ap pase nan yon liy eksprès pou l rive trapde sou nwakou a (yo rele cervelet an Fransè oswa cerebellum an Anglè). Nan ka sa a, moun lan kapab pèdi ekilib fizik li; li kapote tonbe anba sezisman. Si fòs strès la modere, enfòmasyon an pase sou yon sikui ki yon jan mwen rapid, kote siyal eletrik yo chanje an siyal chimik ki rele “newotransmetè”. Nan ka sa a, se ekilib mantal la ki touche; moun lan vin santi tèl ou tèl emosyon. Si strès la sansib men li pa twò fò, enfòmasyon an ale sou sikui ki pran plis tan an. Li suiv yon aks “PIPTA”, nou te dekri depi lè nou tap ekzamine sistèm andokrin lan. Nan ka sa a, reyaksyon an al parèt nan sistèm metabolik la, kote se ren an oswa kè a ki peye sa (Mwendwa, Sims, Madhère, et al., 2011). Si kristè a dire twò lontan, gen plis pase yon sèl sikui ki kapab vin aktif.

Kèlkeswa sikui ki aktif la, rezilta final la al manifeste sou lòb fwontal sèvo a. Se la yon dènye triyaj fèt pou rann pi fasil nenpòt aktivite ki mande rezònman, jijman, ak desizyon tèt klè. N a wè plis sou sa pi devan.

Konsekans sou Sistèm Lenbik

Kouwòn lenbik la se kòm badji kò a : Se la tout sekrè entim regle; se la emosyon yo parèt, grandi, epi jere. Sa ki pou soti, soti; sa pou n kenbe kache, ret kache.

Sistèm Kouwòn Lenbik la
Sistèm Kouwòn Lenbik la. Kredi pou imaj la : www.mmcneuro.wordpress.com

Pati sa a nan sèvo a fòme yon demi-sèk, epi l gen de [2] ògàn ki pi enpòtan ladann. Se talamis la, ak amigdal la (amygdala an Anglè). Se talamis la ki fè yon dezyèm filtraj sou tout enfomasyon senk [5] sans yo ap kolekte tout alantou nou, plis sa nou santi nan trip nou. Rapid faya li konpare sa ki nouvo ak sa nou te konn deja. (Li travay tèlman vit, li konn gen tan wè sa ki ap vin devan l lan anvan menm tout enfòmasyon an fin rive sou li). Si enfòmasyon an cho, (paske li pote anpil danje oswa anpil jwisans), talamis la voye l bay amigdal la pou verifikasyon. Si enfomasyon an pa cho, li distribye l nan diferan lòb sèvo a pou entèpretasyon detaye epi pi bon konpreyansyon. Kapasite talamis lan pou li fè travay konpilasyon ak konparezon sa a vin tabli l kòm premye liy referans nou : se li ki toujou kapab di nou kote nou ye, kiyès nou ye. Se “sizyèm sans” nou, bonnanj nou, nanm nou. Si pa malè talamis lan ta vin pran yon gwo chòk, moun lan kapab tonbe nan koma.

Amigdal la se yon sant jwisans ak panik alafwa. Pa gen anyen ankò ki konte la a. Lè talamis la voye yon enfòmasyon vini, se verifye l san pèdi tan sou yon balans 2-plato : èske li pral bay anpil plezi oubyen èske li pral bay panik? Amigdal la sitirè, li pa gen pwoblèm pèmèt tout anvi paweze. Si gen diferan estimilis ki pote plezi an menm tan, se sa ki pral bay plis plezi nan moman an ki gen priyorite. Pami tout chwa yo, plezi seksyèl la toujou gen yon tretman premye klas. Yon lòt kote, enfòmasyon ki tonbe a kapab deklannche laperèz, sitou si li sanble (de prè oubyen de lwen) ak yon move eksperyans moun lan te viv deja. Tout ansyen move souvni yo, depi laj ti katkat, sere fon nan sa yo rele “memwa emosyonèl” moun lan, (anndan yon lòt pati kouwòn lenbik la ki rele ipokanp). Se poutèt sa yo konn dekri amigdal la kòm achiv memwa danje. Si degre laperèz la pa twò wo, reyaksyon an se yon senp kèsere (anksyete). Si degre laperèz la depase limit, reyaksyon an se panik. Lè sa a se rèl, anmwe lagad, moun lan vin agresif. Sikològ yo di tout ensten animal yo reparèt. Reyèlman vre, an Kreyòl nou di : “Tout plim sou do m kanpe”, oswa “m oblije mete grif mwen deyò”.

Konsekans Sikolojik

Kote dlo pase pou l antre nan bwa joumou?

Lè n ap pale de konsekans sikolojik yo, nou oblije konsidere ni domèn afektif (ki jan yon moun santi l), ni domèn kognitif (ki jan yon moun jere enfòmasyon ak lòt amòs). Kominikasyon ant diferan selil nan sèvo a rive fèt grasa yon seri sibstans chimik yo rele newosiyal oswa newotransmetè. Se yon sistèm ki konplèks nan chapant li, epi ki delika anpil nan fonsyònman l. Fòk ni volim, ni faz-tenmpo, ni limit-gachèt chak newosiyal byen kalibre. Gade dyagram 4.1 an ki montre n sa. Krebetizasyon ak kristè, menm lè l pa fò anpil, kapab deregle echanj siyal ant newòn yo (sa yo rele sèvis newo-transmisyon an).

newotransmete-rezo-siyal-nan-sistem-ne-yo
Newotransmetè : Rezo Siyal nan Sistèm Nè yo. Kredi pou imaj la : www.genius.com

Newosiyal

Se mo newotransmisyon ak newotransmetè yo ki panko rantre nan vokabilè Kreyòl la. Men nosyon an deja ekziste nan kilti a. Paregzanp, lè yon mizik fè yon Ayisyen plezi anpil, nou konn tande li di “sa a mache nan san m, nan mwèl mwen”. Kidonk li dekri yon eksperyans dinamik ki fè l santi yon bagay ap deplase de pwen an pwen nan tout kò l. Lasyans vin ede nou defini ak presizyon sa bagay sa a ye ki “mache nan san an” : Se newotransmetè. Nou kapab site 4 pami newotransmetè yo ki enpòtan anpil : se sewotonin, dopamin, asetilkolin, ak gaba (gama-aminobòtirik asid).

Sewotonin lan pote siyal ki enflyanse konpòtman moun plizyè fason. Li kontwole apeti an jeneral (ni pou manje ni pou sèks). Lè nivo sewotonin lan twò wo, li bay ajitasyon, toudisman, batmannkè. Moun lan rete li swe anpil, epi saliv li seche, bouch li vin chèch. Okontrè, lè nivo sewotonin lan twò ba, sa lakòz yon moun gen depresyon, apeti l koupe, li gen maltèt, anvi seksyèl li gate (Leibowitz, 1990).

Dopamin lan pote siyal ki aji sou tensyon ateryèl yon moun. Li ede veso sangen yo dilate epi li pèmèt glann renal yo prije sòti (ekskrete) enpe sodyòm (sèl). Dopamin lan kontwole tou kowòdinasyon nan ti mouvman piti. Fòk li byen kalibre pou mouvman yo pa fèt brip-brip. Lè nivo dopamin lan deregle, moun lan kapab gen latranblad san rete, tankou nan maladi Pakinson. Dopamin enpòtan anpil finalman pou yon moun konn sa ki rele plezi. Nivo dopamin lan monte lè yon moun santi l ap jwi. Se pa sèlman jwisans nan kò w, se nan tout bagay yon moun renmen fè, kidonk kote li gen motivasyon (Willner et al., 2005).

Kanta asetilkolin lan se yon sibstans ki enpòtan tou dabò pou gran mouvman kò a : Li jwe yon wòl ni nan paralizi ni nan gwo kriz kote moun lan ap bat atè (tankou malkadi). Dezyèmman, li ede memwa yon moun byen mache. Se grasa asetilkolin yon moun kapab raple l de bagay ki senp, ki panko gen twòp sans oswa “chaj emosyonèl”. Paregzanp, si w gen yon lis non moun ak nimewo telefòn yo pou w sonje, se asetilkolin ki pou ede sèvo a pase siyal yo. Nenpòt lè yon timoun ap bat yon leson pakè (sitou nan yon lang etranjè li pa metrize), se asetilkolin. Ansuit asetilkolin jwe yon wòl nan devlopman mouvman repetitif ak otomatik. Li fasilite aprantisaj tout woutin yon moun bezwen pou l fè yon travay, kit se pyano l ap jwe, kit se yon goyin l ap manyen. Finalman, asetilkolin pèmèt yon moun triye pami plizyè amòs (estimilis) ki ap vin jwenn ou yon sèl kou. Konsa w kapab fè yon desizyon rapid sou kiyès ki pi enpòtan nan moman an, kidonk sou kiyès pou w konsantre (Platt & Riedel, 2011). 4.1.4. Gaba se yon newotransmetè ki nan tout sòs, paske wòl pa l se bay kontwòl. Alòske prèske tout lòt newotransmetè yo gen tandans deklannche, eksite kidonk akselere yon reyaksyon, gaba li menm aji pou l ralanti (“inibe”) reyaksyon an. Konsa li kontwole entansite doulè yon moun santi; li ede balanse tonalite (fòs) miskilè; li teke fren w lè anksyete ta vle anvayi. Nan maladi tankou malkadi (epilepsi), kote anpil ond eletrik soti pou neye lòb tanporal sèvo a yon sèl kou, se nivo gaba a ki pou rive kalma kriz la (Li & Xu, 2008; Petroff, 2002).

Ti kont-randi brèf sa a sou wòl 4 newotransmetè sèlman vize pou bay yon apèsi sou konsekans emosyonèl yo lè genyen yon dereglaj. Nou wè kòman chanjman nan yon sèl grenn lan kapab reponn sou divès fonksyon; alewè lè se plizyè ki afekte alafwa.

Aktivite kognitif

Sa yo rele aktivite kognitif la se jan nou jere, òganize, epi transfòme enfòmasyon pou nou fè l tounen konesans. Aktivite kognitif sa yo pran divès fòm tankou konsantrasyon (atansyon), memwa, aprantisaj sou baz asosyasyon, aprantisaj sou baz fabrikasyon  (manipilasyon), konpreyansyon (sans), kalkil sou senbòl tankou chif, klasman, analiz, sentèz, rezònman sou baz resanblans (“analoji”), rezònman sou baz règ lojik (dediktif), jijman, desizyon, echanj pou n transmèt yon komisyon osnon fè yon moun chanje konviksyon, anfen kreyasyon. Prèske tout fonksyon sa yo gen tandans fèt nan lòb sèvo a ki dèyè fwon nou an (“lòb fwontal”). Genyen sikui ki devlope pou chak aktivite yo nan diferan pati nan lòb la. Paregzanp, aktivite ki mande analiz lojik yo plis devlope sou bò gòch la (“emisfè gòch”), alòske aktivite kreyasyon yo plis limen bò dwat la (“emisfè dwat”). Sistèm edikasyon kolonyal la ekzije anpil memwa; li prefere aprantisaj sou baz asosyasyon; li rekonpanse sitou echanj pou transmèt komisyon. Nan sans sa a, li pa devlope tout kapasite n; lespri nou grandi avèk yon fòs-kote. Pedagoji lekòl kolonyal reprezante anplis yon sous kristè, ki pral aji sou newosiyal yo. Nenpòt varyasyon nan newosiyal yo ki depase yon limit, enfliyanse tousuit kòman nou jere enfòmasyon nou resevwa. Rannman newòn yo varye. Paregzanp, si nivo yon newotransmetè tankou asetilkolin deregle lakay yon moun, li kapab vin gen yon twouvid nan memwa l pandan yon ti bout tan. Si se dopamin lan ki ap varye rapid-faya, kapasite pou asosye lide oswa imaj youn ak lòt vin antrave tou (Malenka, 2003). Men se pa newotransmetè sèlman ki aji sou aktivite kognitif yo. Ni sistèm metabolik la ni sistèm iminitè a kontribye nan voye done pou modifye travay lòb fwontal la. Paregzanp, si nivo lipid ki rele trigliserid la (triglyceride an Anglè) vin twò wo, sa konn afekte ni langaj moun lan ni kapasite l pou l fè distenksyon ki pèmèt li òganize bon klasman (Sims, Madhère, Callender, & Campbell, 2008). Menm jan tou, òmòn gen yon wòl yo jwe. Rechèch montre lè nivo kòtisòl la depase, moun lan mal pou bay menm pèfòmans lan sou diferan tach ki mande analiz. Men se nan travay glann tiwoyid la yon sikològ ap jwenn rezilta ki pi frapan yo. Tiwoyid la pwodui 2 òmòn : Youn ki rele tiwoksin (“thyroxine”), yon lòt ki rele T3 (“tri-iyodo-tiwonin”). Pwodiksyon òmòn sa yo fèt ak yon melanj “iyod” (“iode” oswa “iodine”), ki pami sa yo rele “oligo-eleman” yo e ki se yon nitriyan enpòtan yo jwenn nan sèl. Sèvo a bezwen iyod pou li bay bon rannman. Lè manke òmòn sa a, (lè gen “ipotiwoyidis”), gen yon gwo reta mantal ki manifeste. Sikològ yo pale de kretinis : Moun lan mal pou konprann oswa li toujou konprann mal. Se kòmsi w te an afè ak yon zonbi. Nou wè kounye a poukisa zonbi a reveye yon fwa yo ba l goute sèl : Se tiwoyid la ki pran yon boustè!

Ekilib emosyonèl

Yon varyasyon nan newosiyal yo, sitou si li fèt bridsoukou oswa si l vin pèmanan (kwonik), kapab kapote ekilib afektif yon moun. Nan lang ak kilti pa nou, nou gen kèk ekspresyon ki dekri sa byen : Nou di moun lan “gaye” (si ka a panko twò grav) oswa “tèt li chape / pati” (si ka a sanble l pèdi).

Pwoblèm emosyonèl yo manifeste sou divès fòm tankou kèsere (anksyete), depresyon, lèt-pase (“post-partum”), kolbosay amou-pwòp, restadwòg (adiksyon), mani dwèt-long (“kleptomanie”), strès-dosou-twoma (“PTSD” an Anglè), kolè-malè, lide touye-tèt (suisid), laperèz san kontwòl (“panique”), epitou yon degre dereglaj fann-nanm, (lakay Ewopeyen an, se sa yo rele “schizophrénie”; lakay nou, yo di se yon “koutmò”). Si se yon ògàn nan kouwòn lenbik la menm ki afekte, pwoblèm lan kapab vini ak yon santiman pèsekisyon ki bay panik, kote moun lan ap rele “y ap vin pran m”. Natirèlman, kòm sikològ, nou pa kapab fin konprann manifestasyon pwoblèm sa yo san nou pa mete yo nan kad kiltirèl yo. Men modèl INGAM lan raple nou pou nou pa bliye kad istorik la nonplis. N ap repete l yon lòt fwa ankò : Pa gen loray-kale. Konpreyansyon kilti a ap bankal san konesans listwa nou kòm pèp. Yon fwa nou kòmanse mennen bon refleksyon sou listwa nou, n ap reyalize kilti nou ak lang Kreyòl la chaje ak ekspresyon ki montre koneksyon ant fizyoloji ak emosyon. Paregzanp si nou pa apresye konpòtman yon moun ditou, nou konn di : “Bagay sa yo bay moun kèplen”. Gen kèk move eksperyans nou fè nan lavi a, nou di ki ‘anmè kou fyèl’. Si, lè yon moun konstate reyisit yon zanmi, olye l kontan pou li, jalouzi fè l pale l mal, nou di ‘kè moun sa a graj’. Nou konn tande ekspresyon : ‘sezisman manke touye m’. Tout pawòl sa yo se pa sèlman imaj. Modèl INGAM lan montre byen kòman repons afektif la li menm kapab makònen ak lòt reyaksyon fizyolojik. Nan dyagram modèl la, gade koneksyon ant ekilib emosyonèl la ak aktivite metabolik yo, ki pwolonje rive jouk nan sistèm iminitè a. Se konsa yon santiman kòlè (“agresivite/grenn demonte”) kab mennen anflamasyon : Lè yon moun gen yon raj ki monte l, nivo yon sitokin ki rele “intèloukin-6” (IL-6) monte tou nan san l (Mwendwa, Ali, Sims, Madhère, 2013). Nan eksperyans lavi kourant, lè yon moun gen yon sèl laperèz ki pran l, li konn santi san l vin frèt. Se varyasyon nan sitokin yo toujou, ki balanse selon tanperati kò a, ki bay sansasyon sa a. Anvan m fini ak chapit sa a, li enpòtan pou m raple n tout chenn reyaksyon an dekwa pou pa gen mal konprann : Se yon pwoblèm sosyo-ekolojik (levye kiltirèl) ki kab tounen yon tèt-chaje sikososyal (strès), ki li menm pral souke poto sèvo a oswa kouwòn lenbik la, epi mete newosiyal yo an boulatcha jouk lòlòj moun lan vire, ekilib mantal li deranje.

Enfliyans sou Lasante

Lè nen pran kou, je kouri dlo

Modèl INGAM lan derape nan kolonizasyon; li trase plizyè sikui. Tout sikui sa yo debouche sou lasante kòm rezilta final.

Enfliyans dirèk ak endirèk

Konpòtman ak lasante

(a) Genyen kèk koneksyon ki evidan, tankou relasyon ant repons iminitè yo avèk eta sante a. Tout moun kab admèt tou wòl sansib faktè sikolojik yo jwe nan sèten maladi newolojik. Paregzanp yon kriz malkadi (epilepsi) prezante yon tablo kote yon seri gwo dechaj eletrik kòmanse nan lòb bò tanp lan (tanporal), epi yo pote boure an menm tan sou tout sèvo a trapde (Goldberg and Coutler, 2013). Poutan sa ki konn sèvi kòm amòs pou kalite dechaj sa a se kristè (strès) oswa mank somèy, yon bwi kreve-tenpan, oswa yon enfeksyon moun trape ak vè-teniya nan vyann kochon (Newton, 2012). Amòs sikososyal sa yo aji pou louvri vàn newotransmetè yo san kontwòl. Se poutèt sa tretman an sible nivo yon lòt newotransmetè, grasa yon medikaman tankou “gabapantin”, ki kapab bese kouran an epi retabli balans lan.

aktivite-epileptik-nan-sevo-a1
Aktivite epileptik nan sèvo a. Kredi pou imaj yo : www.superphotoscannerwallpaper.blogpost.com

 

aktivite-epileptik-nan-sevo-a
Aktivite epileptik nan sèvo a. Kredi pou imaj yo : www.superphotoscannerwallpaper.blogpost.com

(b) Kote koneksyon an pa evidan tousuit, se la modèl INGAM lan pi itil. Modèl la raple nou paregzanp vyolans se pa sèlman yon pwoblèm pou n kite nan men lapolis sèlman. Se yon pwoblèm sante piblik tou : Yon fi kapab trape maladi lè gang vakabon fè kadejak sou li. Gen kèk konpòtman tou ki konsène ijyèn piblik nou pa kapab esplike si nou pa remonte fon nan peryòd kolonizasyon an. Paregzanp, tolerans popilasyon an pou salte, ki fè machann lan pa ezite monte sou yon pil fatra pou l ap vann manje, nou kapab retrase l depi nan kondisyon transpò a sou bato negriye yo. Enfòmasyon sa a ta petèt itil nan yon kanpay piblik pou chanje vye abitid si nou vle asenisman anviwònman n ap viv la.

(c) Sou menm woulib la, nou kab pran yon maladi tankou “anemi falsifòm” (an Anglè, sickle-cell anemia). Se mank oksijèn ki fè globil wouj nan san yo kolboso; yo vin pran fòm yon sòkò (Rees, Williams, & Gladwin, 2010). Maladi sa a te deja ekziste nan plizyè zòn an Afrik. Men sanble bagay yo gen tandans vin pi grav pou desandan moun yo te bwote nan vwayaj latrèt la. Reyèlman vre, dapre done epidemyolojik ki disponib, gen 20 % ka anemi falsifòm yo ki parèt andeyò Lafrik, alòske gen apèn 8 % popilasyon Nèg ki ap viv andeyò kontinan an. Maladi sa a layite plis kay Nèg Ameriken pase kay nenpòt lòt gwoup etnik nan peyi Etazini. Nou oblije mande si rezon an pa soti an pati nan yon frajilite ki kreye petèt depi lè transpò a tap fèt pandan trafik negriye a.

(d) An nou sènen kesyon sante a pi pre toujou. Pou montre kòman sikoloji li menm kapab mache bradsou-bradsa ak lamedsin, gen 2 aspè nan sante nou bay plis konsiderasyon la a. Rechèch ki fèt nan sikoloji ak newosyans yo depi 1990 chanje konpreyansyon medsen yo sou sèten maladi. Paregzanp an nou pran maladi entatad (Alzheimer’s), kote piti piti moun lan pèdi bousòl chak jou pi plis, epi memwa l ap depafini jouk li pa anmezi rekonèt pwòp fanmi l. Yo reyalize kounye a selil sèvo yo pa detwi nèt nan ka sa a. Se pito souplès yo vin pèdi (plasticity an Anglè), poutèt yon pil pwoteyin yo rele beta-amiloyd (β-amyloid, an Anglè) ki vin kòmkwa ansable yo (Nussbaum ak Ellis, 2004). Se sa ki esplike poukisa, menm lè maladi a nan yon eta avanse, moun lan konn gen “moman lisidite” : pafwa li kapab montre yon konpòtman prèske nòmal sou sèten pwen, alòske defisi a total sou tout rès pwen yo. Pou plis ekleraj sou wòl beta-amiloyd la, fouyapòt vin oblije ap gade tout lòt faktè ki kab afekte souplès ak rannman selil sèvo yo. Se la a vyeyisman jenetik, strès, ak dezekilib emosyonèl vin antre nan jwèt la. Tout kondisyon ki agrave faktè sa yo (tankou pwoblèm idantite oswa vyolans kwonik) vin merite konsiderasyon.

Pèsepsyon ak lasante

Kanta pou pèsepsyon malad la li menm, yo te konnen depi lontan kòman se yon faktè enpòtan ki enfliyanse degre koperasyon malad la pou l suiv tretman an fidèlman, (sa yo rele “aderans” lan). Yon medsen te mèt ap preskri tout pi bon medikaman ki ekziste, si malad la kenbe yo anba lang li apre pou l krache yo, tretman an pa fouti pwogrese. Men kounye a yo reyalize pèsepsyon malad la kapab ede doktè a depi nan dyagnostik la, paske rechèch sikolojik yo montre gen yon relasyon ant repons iminitè yo ak etadespri malad la, poutèt aktivite sitokin yo (Maier & Watkins, 1998). Nan kilti pa nou, nou fè fas ak yon lòt defi anplis. Anpil moun konn di mal yo soufri a “se pa maladi doktè”. Kidonk konpreyansyon moun lan sou maladi a deja wete l sou chimen yon klinik medikal. Tandans ki pi kouran pou esplike konpòtman sa a se dekri l kòm yon zafè sipèstisyon. Men mo sipèstisyon an soti nan domèn relijyon. Kidonk li pa kapab sèvi reyèlman kòm yon zouti syantifik pou esplike anyen. Sikoloji a ofri pito konsèp pèsepsyon an. Nan peyi tankou Etazini, yo deja devlope kèk enstriman sikometrik (tankou SF-36, sou baz travay Stewart ak Ware, 1992) pou pèmèt yon priz pi solid sou varyab pèsepsyon an. Nou bezwen reyalize menm mòd travay la nan kominote pa n lan. Se yon filyè kote medsen ak sikològ nou yo kapab kòmanse kole zepòl ansanm.

Dènye Mo a

Sa m a di lakay lè m a rive

Kominikasyon m lan eseye prezante nou yon modèl pou montre kòman kolonizasyon an kreye kondisyon ki peze jouk kounye sou sante nou. Mwen ensiste anpil sou dispozitif ki deklannche reyaksyon siko-fizyolojik yo, paske objektif mwen se te demontre “kote dlo pase pou l antre nan bwa joumou”. San yon demach konsa, nou kapab pa janm fin konprann poukisa joumou lafanmi koule. Mwen espere nou reyalize modèl la pa aplikab senpleman pou evènman pase. Li ofri kèk konsèp ki kapab ede tou nan analiz plizyè sitiyasyon ki ap pann jodi a sou tèt sosyete nou an kòm de malè pandye. Paregzanp, konsèp gedeyizasyon ak mafwezay po-nwè / mas-blan an sanble tonbe daplon pou n ekzamine konpòtman moun ki ap “douko” po yo nan chèche vin pi klè. Ansuit, peyi a genyen yon mòd lekòl ki sanble rive nan dènye bout li : kèlkeswa jan nou vle mezire l, lekòl sa a pwodui plis echèk pase reyisit. Analiz sou idantite ak sans moral la, san konte wòl strès ak newosiyal yo, kapab itil si nou deside egzamine sistèm edikasyon nou an, pou wè si nou ta devlope yon lòt pedagoji epi ba lekòl nou yo yon lòt direksyon. Plis toujou, nasyon an sot viv yon goudougoudou ki fòse prèske yon milyon edmi moun al viv nan kan, anba tant, pandan plizyè mwa (dapre chif OIM ak Primati a, 2015). Se pa de abitid ki te antre nan kilti nou ditou. Se pa konsa nou te janm konn jere malè n. Nan kouri pou lapli, n al tonbe nan gran rivyè. Konsèp driverans lan kapab ede nou analize konsekans eksperyans sa a sou konpòtman, dereglaj òmonal, ak mòtalite. Finalman, depi kèk tan, gen plizyè konpayi minyè ki ap rantre an Ayiti vin dèyè lò ak kuiv, elt… Nou mèt atann pwoblèm ipoksemi an pral poze pou moun ki ap desann al travay nan twou min yo. Konesan jan mank oksijèn deranje sèvo, fòk nou menm sikològ ta kòmanse veye si yon pousantaj pami travayè sa yo pa pral plonje pi fon nan krebetizasyon. Pa manke lòt santye rechèch ki ta merite eksplore. Mwen ta swete modèl INGAM lan sèvi kòm youn nan zouti nou pou travay sa a. M ap kite nou ak yon pawòl mwen te ranmase anba bouch yon ansyen filozòf Nò Afriken (an Ejip) yo te rele Akhenaton (~1375-1300 A.K.). Li te di konsa : “Konesans se yon zouti. Ganyen l panko anyen. Se konn manyen l ki tout.”

Referans

Ani, M. (1994). Yurugu : An African-Centered Critique of European Cultural Thought and Behavior. Trenton, NJ : Africa World Press.

Anderson, L.P. (1991). Acculturative Stress : A theory of relevance to Black Americans. Clinical Psychology Review, 11 : 685-702.

Balaban, R.S., Nemoto, S., & Finkel, T. (2005). Mitochondria, oxidants, and aging. Cell, 126 : 483.

Blanc, J. (2016). E si Sikoloji Kognitif ka demanti lejann ke Kreyòl pa lang lasyans? Classiques des Sciences Sociales. 12 p.

Bulhan, H.A. (1985). Frantz Fanon and the Psychology of Oppression. New York : Plenum.

Busl, K.M., & Greer, D.M. (2010). Hypoxic-ischemic brain injury. Neurorehabilitation, 26, 1 : 5-13.

Carden, D.L., & Granger, D.N. (2000). Pathophysiology of ischaemia-perfusion injury. Journal of Pathology, 190, 3 : 255-266.

Cohn, S.K. (2002). The Black Death : End of a paradigm. American Historical Review, 107, 3, 703-737.

De Quervain, D.J., Roozendal, B., & McGaugh, J.L. (1998). Stress and glucocorticoids impair retrieval of long-term spatial memory. Nature, 394, 6695 : 787-790.

Diop, C.A. (1963). The Cultural Unity of Black Africa. Chicago : Third World Press.

Dow, G.F. (1970). Slave Ships and Slaving. Westport : Negro Universities Press.

Epel, E.S., Lin, J., et al. (2006). Cell aging in relation to stress arousal and cardiovascular disease risk factors. Psychoneuroendocrinology, 31, 3 : 277-287.

Eisenberger, N.I., Taylor, S.E., & Gable, S.L. (2007). Neural pathways link social support to attenuated neuro-endocrine stress response. Neuro Image, 35 : 1601-1612.

Equiano, O. (1996). Equiano’s Travels. London : Heineman (reprinted from 1789).

Fanon, F. (1967). Black Skins White Masks. New York : Grove Press.

Festinger, L. (1962). Cognitive dissonance. Scientific American, 207, 4 : 93-107.

Foster, T.A. (2011). The sexual abuse of Black men under American slavery. Journal of the History of Sexuality, 20, 3 :445-464.

Gbadegesin, S. (1991). African Philosophy : Traditional Yoruba Philosophy and Contemporary African Realities. New York : Peter Lang.

Gilbert, S.C., Crump, S., Madhère, S., & Schutz, W. (2009). Internalization of the thin ideal as predictor of body dissatisfaction and disordered eating in African, African American, and Afro-Caribbean college students. Journal of College Student Psychotherapy, 23, 3 : 196-211.

Gisler, A. (2000). L’église et l’esclavage aux Antilles Francaises. In L. Hurbon (Ed). Le Phénomène Religieux dans la Caraibe. Paris : Karthala.

Goldberg, E.M., & Coutler, D.A. (2013). Mechanisms of epileptogenesis : A convergence on neural circuit dysfunction. Nature Reviews. Neuroscience, 14, 5 : 337-349.

Guastella, A.J., Mitchell, P.B., & Mathews, F. (2008). Oxytocin enhances encoding of positive social memories in humans. Biological Psychiatry, 64, 3 : 256-258.

Harman, D. (1972). The biologic clock : The mitochondria. Journal of American Geriatric Society, 20, 145.

Harrell, J.P. (1999). Manichean Psychology. Washington, DC : Howard University Press.

Hempel, C.G. (1968). Explanation in science and history. In P.H. Nidditch (Ed.) The Philosophy of Science. London : Oxford University Press. Pp 54-79.

House, J.S., Landis, K.R., & Umberson, D. (1998). Social relationships and health. Science, 241 : 540-545.

Kardiner, A. & Ovesey, L. (1962). The Mark of Oppression. New York : World Publishing.

Kenyatta, J. (1965). Facing Mt Kenya : The tribal life of the Gikuyu. New York : Vintage.

Kohlberg, L. (1963). Development of children’s orientations toward a moral order. Vita Humana, 6 : 11-32.

Lee, H.J., MacBeth, A.H., & Pagani, J.H. (2009). Oxytocin : The great facilitator of life. Progress in Neurobiology, 88, 2 : 127-151.

Leibowitz, S.F. (1990). The role of serotonin in eating disorders. Drugs, 39, Suppl 3 : 33-48.

Li, K. & Xu, E. (2008). The role and mechanism of γ-aminobutyric acid during central nervous system development. Neuroscience Bulletin, 24, 3 : 195-200.

Madhère, S., Harrell, J.P., Royal, C.M. (2009). Social ecology, genomics, and African American health. Journal of Black Psychology, 35, 2 : 154-179.

Maier, S.F. & Watkins, L.R. (1998). Cytokines for psychologists : Implications of bidirectional immune-to-brain communication for understanding behavior, mood, and cognition. Psychological Review, 105,1 : 83-107.

Malenka, R.C. (2003). Synaptic plasticity and AMPA receptor trafficking. Annals of New York Academy of Sciences, 1003 : 1-11.

Malinosky-Rummel, R. & Hansen, D.J. (1993). Long-term consequences of childhood physical abuse. Psychological Bulletin, 114, 1 : 68-79.

Mbiti, J.S. (1990). African Religions and Philosophy. New Hampshire : Heinemann.

Mwendwa, D.T., Sims, R.C., Madhère, S., et al. (2011). The influence of coping with racism and stress on lipid levels in African Americans. Journal of the National Medical Association, 103, 7 : 594-601.

Mwendwa, D.T., Ali, M.K., Sims, R.C., & Madhère, S. (2013). Psychometric properties of the Cook-Medley hostility scale and its association with inflammatory markers in African Americans. Psychology, Health, and Medicine, 18, 4 : 431-444.

National Humanities Center (2007). On the masters’ sexual abuse of slaves. Slave Narratives. www.nationalhumanitiescenter.org/pds. 1-7.

Newton, C.R. (2012). Epilepsy in poor regions of the world. Lancet, 380, 9848 : 1193-1201.

Nunomura, A., Castellani, R.J., & Zhu, X. (2005). Involvement of oxidative stress in Alzheimer’s disease. Journal of Neuropathology and Experimental Neurology, 65, 7 : 631-641.

Nussbaum, R.L., & Ellis, C.E. (2004). Alzheimer’s disease and Parkinson’s disease. In A.E. Guttmacher, F.S. Collins, & J.M. Drazen, (Eds). Genomic Medicine. Baltimore, MD : Johns Hopkins University Press. Pp 93-105.

Petroff, O.A. (2002). Gaba and glutamate in the human brain. Neuroscientist, 8, 6 : 562-573.

Phinney, J.S. & Ong, A.D. (2007). Conceptualization and measurement of ethnic identity. Journal of Counseling Psychology, 54, 271-281.

Piaget, J. (1932). Moral Judgment of the Child. London : Kegan Paul Co.

Platt, B. & Riedel, G. (2011). The cholinergic system. Behavioural Brain Research, 221, 2 : 499-504.

Pohanka, M. (2011). Alzheimer’s disease and related neurodegenerative disorders : Implication and counteracting of melatonin. Journal of Applied Biomedicine, 9, 4 : 185-196.

Price-Mars, J. (1928). Ainsi parla l’Oncle. Port-au-Prince.

Primature Haïtienne (2015). Bilan Petro-Caribe, p. 207. Port-au-Prince.

Ramalingam, M., & Kim, S.J. (2012). Reactive oxygen/nitrogen species and their functional correlations in neurodegenerative diseases. Journal of Neural Transmission, 119, 8 : 891-910.

Rees, D.C., Williams, T.N., & Gladwin, M.T. (2010). Sickle-cell disease. Lancet, 376, 9757 : 2018-2031.

Schul, Y., Mayo, R., & Burnstein, E. (2008). The value of distrust. Journal of Experimental Social Psychology, 44, 5 : 1293-1302.

Sims, R., Madhère, S., Callender, C., & Campbell, A. (2008). Patterns of relationships between cardiovascular disease risk factors and neurocognitive function in African Americans. Ethnicity and Disease, 18 : 471-476.

Sindima, H. (1991). Bondedness, moyo, and umunthu as the elements of Achewa spirituality. Ultimate Reality and Meaning, 14, 1 : 5-20.

Spartacus Educational. www.spartacus-educational.com.

Stewart, A. & Ware, J.E. (1992). Measuring Function and Well-Being : The Medical Outcomes Study. Raleigh : Duke University Press.

Talleyrand, A.C. (2002). Si le sucre pouvait parler. Port-au-Prince : Presses Nationales.

Tedla, E. (1995). Sankofa : African Thought and Education. New York : Peter Lang.

Trouillot, M.R. (1977) Ti dife Boule sou Istwa Ayiti. New York : Koleksyon Lakansyèl.

Trouillot, M.R. (1990). Haiti : State Against Nation. The origins and legacy of Duvalierism. New York : Monthly Review Press.

Turek, F.W., & Gillette, M.U. (2004). Melatonin, sleep, and circadian rythms. Sleep Medicine, 5, 6 : 523-532.

Uchino, B.N. (2006). Social support and health : A review of physiological processes. Journal of Behavioral Medicine, 29 : 377-387.

Van Sertima, I. (1983). Blacks in Science : Ancient and Modern. New Brunswick, NJ : Transaction Books.

Wentzensen, I.M., Mirabello, L., et al. (2011). Association of telomere length and cancer. Cancer Epidemiological Biomarkers, 20, 6 : 1238-1250.

Willner, P., Hale, A., & Argyropoulos, S. (2005). Dopaminergic mechanisms of anti-depressant action in depressed patients. Journal of Affective Disorders, 86, 1 : 37-45.

Wilson, A. (1990). Black-on-Black Violence : The Psychodynamics of Black Self Annihilation in the Service of White Domination. Bronx, NY : Afrikan World Infosystems.

Zhang, X., Norris, S.L., Gregg, E.W., & Beckles, G. (2007). Social support and mortality among older people with diabetes. Diabetes Educator, 33 : 273-281.


  1. Nan derape refleksyon nou sou kolonizasyon ak sikoloji, nou te tire pwofi nan travay filozòf Hempel (1968) sou diferans nan apwòch metodolojik ant lasyans ak listwa.

Partagez ce livre